Konferans Jeneral
“Èske Ou Renmen Mwen?”
Konferans jeneral oktòb 2025


11:42

“Èske Ou Renmen Mwen?”

Si nou vle montre lanmou nou pou Bondye, nou ta dwe konprann kijan Li rekonèt lanmou nou.

Nan parabòl pitit gason gaspiyè a, gran frè a te gen difikilte okòmansman pou l te selebre lè ti frè l la ki te retounen lakay li apre yon peryòd move chwa ak “gaspiyaj byen l nan lavi debòch.” Ògèy ak awogans gran frè a te anpeche l anbrase lajwa retou frè l la ki te repanti a. Noumenm tou ka kite opòtinite yo pase bò kote nou san nou pa fè moun nou renmen yo konnen, atravè pawòl nou ak aksyon nou, lanmou sensè nou gen pou yo.

Gen anpil egzanp puisan nan ekriti yo sou lanmou sensè ki pataje ak resevwa: Nawomi ak Rit, Amon ak Wa Lamoni, pitit gason gaspiyè a ak papa l, Sovè a ak disip Li yo.

Lè yon moun bay lanmou gratis epi yo resevwa l sensèman, gen yon sekans vètye ki devlope avèk yon ogmantasyon lanmou ant moun ki bay la ak moun ki resevwa a.

Lanmou Bondye pafè, enfini, dirab, epi li “dous anpil.” Li ranpli nanm nan avèk “anpil lajwa.” Men, pafwa nou ka twouve l difisil pou nou rekonèt lanmou Bondye nan lavi nou. Sepandan, Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou anpil, vle nou fè eksperyans lanmou Li tèlman pwofondman ke Li “pale avèk nou dapre … konpreyansyon [nou].” Li ap eksprime lanmou Li pou nou nan fason nou menm, endividyèlman, ka rekonèt. Nou ka fè eksperyans lanmou Bondye pou nou lè nou obsève bote ki nan lanati, oubyen lè nou resevwa repons pou priyè nou, oubyen lè nou gen panse ki vin nan tèt nou nan moman egzakt bezwen nou, oubyen lè nou fè eksperyans moman dous lajwa yo. Pi gwo manifestasyon lanmou Papa nou ki nan syèl la pou nou ki rezone nan lespri ak nan kè nou se lè Li te pèmèt Pitit Gason byenneme Li a ofri Tèt li pou remisyon peche.

Menm jan ak gran frè pitit gason gaspiyè a, byen souvan nou konsantre sou tèt nou. Nou tèlman okipe ap chèche prèv lanmou Bondye pou nou, epi nou vin fristre lè nou pa wè li. Men, bèl paradòks la sèke plis nou konsantre sou montre lanmou nou pou Bondye, se plis nou rekonèt lanmou Li pou nou fasilman. Petèt se poutèt sa Sovè a te reponn kesyon “Kisa ki gwo kòmandman an?” avèk envitasyon senp ak enpòtan sa a: “Ou dwe renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou.”

Pafwa, fason nou montre lanmou nou pou moun nou pi renmen yo pa nesesèman fason yo rekonèt lanmou. Sa a ka fristran ni pou moun k ap bay la ni pou moun k ap resevwa a. Sa ta ka itil pou nou ta mande moun nou renmen yo kijan yo rekonèt lanmou lè l eksprime. Menm jan an tou, si nou vle montre lanmou nou pou Bondye, nou ta dwe konprann kijan Li rekonèt fason nou chak demontre lanmou. Erezman, Li klèman prezante plizyè fason nan ekriti yo pou nou montre lanmou nou pou Li.

Èske ou Renmen Mwen Plis Pase Moun sa yo?

Nan echanj enstriktif ant Pyè ak Senyè resisite a bò lanmè Tiberyad la, nou aprann fason nou ka montre lanmou nou pou Senyè a.

“Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen m plis pase sa yo? Li te di li wi, Senyè; ou konnen mwen renmen ou.”

Fraz kle nan vèsè sa a se “èske ou renmen m plis pase moun sa yo Nou montre lanmou nou pou Senyè a lè nou mete Li pi wo pase “sa yo,” epi “sa yo” kapab nenpòt moun, nenpòt aktivite, oubyen nenpòt bagay ki anpeche Li vin enfliyans ki pi enpòtan nan lavi nou.

Pa p janm gen ase tan nan yon jou, yon semèn, yon mwa, oswa yon ane pou nou fè tout sa nou bezwen oswa tout sa nou vle akonpli. Yon pati nan tès mòtalite a se sèvi ak resous presye tan an pou sa ki pi enpòtan pou byen etènèl nou epi kite bagay ki mwens enpòtan yo ale.

Prezidan Russell-M. Nelson te di: “Kesyon an pou nou chak … se menm nan … Èske w dispoze pou w kite Bondye vin pi gwo enfliyans nan lavi ou? Èske w ap pèmèt pawòl Li yo, kòmandman L yo, ak alyans Li yo enfliyanse sa w ap fè chak jou? Èske w ap pèmèt vwa Li gen priyorite sou tout lòt vwa? Èske w dispoze pou w kite tout sa Li vle pou w fè pran plas sou nenpòt lòt anbisyon w genyen? Èske w dispoze pou w soumèt volonte w anba volonte pa Li?” Nou demontre kijan de disip nou ye ak lanmou nou pou Bondye lè nou fè Li pi gwo priyorite nou.

Bay Mouton M Yo Manje

Nan vèsè ki vin apre a nan menm diskisyon sa a ant Pyè ak Sovè a, nou aprann yon lòt fason Senyè a rekonèt ekspresyon lanmou nou yo: “[Senyè a] di l ankò yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jonas, èske ou renmen mwen? Li reponn: wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Li te di l: Pran Swen Mouton M Yo.”

Nou montre lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la lè nou sèvi, koute, renmen, ankouraje, oswa sèvi pitit Li yo. Sèvis sa a ka vrèman senp tankou lòt moun san jije yo. Nan 76yèm seksyon Doktrin ak Alyans yo, nou jwenn yon ti apèsi sou karaktè moun ki pral eritye yon glwa selès yo: “Yo wè jan yo wè yo, epi yo konnen jan yo konnen yo.” Yo wè lòt moun jan Bondye wè yo a, epi Li wè yo jan yo ka vin ye a, avèk yon potansyèl diven gloriye.

Apre m te retounen lakay mwen soti nan misyon, mwen te reprann biznis antretyen gazon ke frè m yo avèk mwen te kòmanse lè nou te adolesan an. Mwen te okipe avèk etid inivèsitè m yo tou. Yon semèn prentan, gwo lapli ak egzamen final ki t ap pwoche te fè m santi m depase e an reta nan travay lakou m yo.

Nan mitan semèn nan syèl la te eklèsi, epi mwen te planifye pou m ratrape travay lakou a apre klas yo. Men, lè m te rive lakay mwen, kamyon m ak ekipman m yo pa t la. Avè kiryozite, mwen t al vizite lakou m te pwograme yo; chak gazon yo te deja byen koupe. Nan dènye lakou ki te nan pwogram nan, mwen te wè ti frè m nan ap mache dèyè machin pou koupe gazon an. Li te wè m, li te souri, epi l te fè m siy avèk men l. Anvayi pa rekonesans, mwen te ba l yon akolad epi mwen te remèsye li. Aksyon sèvis siyifikatif li a te pwofondeman ranfòse lanmou m ak lwayote m pou li. Sèvi youn lòt se yon fason endiskitab pou nou montre lanmou nou pou Bondye ak Pitit Gason byenneme Li a.

Konfese men Li nan tout bagay

Nou manifeste lanmou nou pou Bondye tou lè nou gen yon kè rekonesan. Senyè a te di, “Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen, … eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay.” Nou montre lanmou nou pou Bondye lè nou rekonèt Li kòm sous tout bon bagay nan lavi nou.

Nan premye jou lansman yon konpayi, mwen menm ak patnè biznis mwen an te konn priye sensèman anvan reyinyon enpòtan yo, pou nou te mande èd Papa nou ki nan Syèl la. Plizyè fwa, Bondye te reponn priyè nou yo, epi reyinyon nou yo te byen pase. Apre yon reyinyon, patnè biznis mwen an te fè remake ke nou te prese mande èd men nou te pran tan nou pou nou te di mèsi. Depi lèsa a, nou te pran abitid pou nou ofri priyè rekonesans sensè, pou nou rekonèt men Senyè a nan siksè nou yo. Nou montre lanmou nou pou Bondye avèk “yon atitid rekonesans.”

Si Ou Renmen Mwen, Kenbe Kòmandman M yo

Yon lòt fason nou montre lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme Li a se chwazi obeyi Yo. Sovè a te di, “Si nou renmen m, kenbe kòmandman m yo.” Kalite obeyisans sa a pa ni avèg ni obligatwa, men li se yon ekspresyon lanmou sensè ak volontè. Papa ki nan syèl la vle nou gen dezi pou n obeyisan. Sè Tamara W. Runia te rele sa “obeyisans afektye”. Li te di, “Menmsi nou poko gen yon obeyisans pafè kounye a, nou eseye obeyi pa afeksyon kounye a, nou chwazi rete, ankò e ankò, paske nou renmen Li.”

Papa nou ki nan syèl la ban nou libabit pou enspire nou pou nou vle chwazi Li. Travay ak laglwa li se pa sèlman pou reyalize lavi etènèl nou men li gen ladan l tou yon espwa ke pi gwo dezi nou se pou nou retounen al jwenn Li. Sepandan, Li p ap janm fòse nou obeyi. Nan kantik “Sachez que chacun peut choisir” la, nou chante:

Li ap rele, konvenk, dirije byen,

Epi beni ou ak sajès, lanmou ak limyè,

Nan fason enkoni, bon ak janti,

Men, li pa janm fòse lespri imen an.

Antanke dirijan misyon, madanm mwen, Christina, avèk mwen te jwenn enspirasyon nan men anpil misyonè ki te chwazi obeyi, pa sèlman paske se te yon prensip misyonè men paske yo te vle montre lanmou yo pou Senyè a nan enbleman chwazi pou reprezante Li.

Èldè Dale-G. Renlund te di: “Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis epi finalman pou yo vin tankou Li. Si Li te senpleman vle pou nou obeyisan, Li t ap itilize rekonpans ak pinisyon imedyat pou enfliyanse konpòtman nou.” Nou montre lanmou nou pou Bondye lè nou chwazi obeyi Li epi swiv li.

Papa nou ki nan syèl la ak Sovè nou an rekonèt lanmou nou genyen pou yo lè nou mete yo an premye nan lavi nou, lè nou sèvi youn lòt, lè nou rekonèt avèk rekonesans chak benediksyon ki soti nan men yo, epi lè nou chwazi obeyi yo epi swiv yo.

Mwen temwaye ke chak nan nou vrèman se yon pitit Bondye, epi Li renmen nou pafètman. Mwen temwaye ke Li anvi pou nou fè eksperyans lanmou Li nan fason nou rekonèt ak konprann. Epi bèl paradoks la se ke nou pral fè eksperyans lanmou Li pou nou pi pwofondman toujou lè nou montre lanmou nou pou Li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lik 15:13.

  2. Gade Women 8:35–39; Dale G. Renlund, “Eksperyans Lanmou Bondye” (devosyon Inivèsite Brigham Young, 3 Desanm 2019), speeches.byu.edu; Russell M. Nelson, “Lanmou Divin,” Liahona, Fevriye 2023, 12–17.

  3. 1 Nefi 8:11.

  4. 1 Nefi 8:12.

  5. 2 Nefi 31:3.

  6. Gade Jan 3:16.

  7. Gade 1 John 4:19.

  8. Matye 22:36–37.

  9. Malgre ke nou pa merite lanmou Bondye atravè aksyon nou yo, Li anvi rekonèt ekspresyon lanmou nou anvè Li nan tande priyè nou yo, beni nou, epi ede nou fè eksperyans lanmou Li pou nou.

  10. Jan 21:15.

  11. “Nou dwe mete Bondye an premye plas nan tout lòt bagay nan lavi nou. Li dwe vini an premye. …

    “Lè nou mete Bondye an premye, tout lòt bagay tonbe nan plas yo oubyen disparèt nan lavi nou. Lanmou nou genyen pou Senyè a ap gouvène deklarasyon afeksyon nou yo, egzijans sou tan nou, enterè n ap pouswiv yo, ak lòd priyorite nou yo” (Enseignements des présidents de l église: Ezra Taft Benson [2014], 40). Gade tou Dallin H. Oaks, “Bon, pi Bon, Pi Bon Toujou,” Liahona, Nov. 2007, 104–8.

  12. Russell M. Nelson,“Kite Bondye Gen Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 94.

  13. Jan 21:16.

  14. Gade Mozya 2:17.

  15. Doktrin ak Alyans 76:94.

  16. Doktrin ak Alyans 59:21.

  17. Gade Moyiz 1:4–7.

  18. Thomas-B. Monson, “An Attitude of Gratitude,” Ensign, Me 1992, 54.

  19. Jan 14:15.

  20. Tamara W. Runia, “Repantans Ou Pa Mete Fado sou Jezikri; Li Ogmante Lajwa Li,” Liahona, Me 2025, 92.

  21. Gade 2 Nefi 10:23–24; Elaman 14:30–31.

  22. Gade Moyiz 1:39.

  23. “Sachez que chacun peut choisir,” Cantiques, no. 155.

  24. Gade Mozya 5:2–5.

  25. Dale G. Renlund, “Chwasi Jodia,” Liahona, Nov. 2018, 104.

  26. Patrick Kearon, “Receive His Gift,” Liahona, Me 2025, 121–24.

  27. “Premye gran kòmandman nan tout letènite a se renmen Bondye avèk tout kè nou ak tout panse nou, ak tout lespri nou, epi ak tout fòs nou—sa a se premye gran kòmandman an. Men, premye gwo verite nan tout letènite a se ke Bondye renmen nou ak tout kè Li tout puisans li, tout lespri li, ak tout fòs li” (Jeffrey-R. Holland, “Demen Senyè a ap fè mèvèy nan mitan nou,” Liahona, Me 2016, 127).

  28. Hesed se yon modèl lanmou ak mizerikòd espesyal ke Bondye epwouve epi ofri tout moun ki fè yon alyans avèk Li. Epi nou rann resipwosite avèk hesed pou Li.

    “Paske Bondye gen yon alyans lamou pou moun ki fè alyans avèk Li, L ap renmen yo. L ap kontinye travay avèk yo epi ofri yo opòtinite pou yo chanje. L ap padone yo lè yo repanti. Epi si yo ta ale lwen, L ap ede yo jwenn wout pou yo tounen vin jwenn Li.

    “Yon fwa ou menm avè m fin fè yon alyans avèk Bondye, relasyon nou avèk Li vin pi sere pase anvan alyans nou an” (Russell-M. Nelson, “Alyans etènèl yo,” Liahona, Oktòb 2022, 6).