Levanjil Jezikri a Santre sou Fanmi
Doktrin nou ak kwayans nou nan fanmi etènèl la fòtifye nou ak lye nou.
Frè m ak sè m yo, mwen remèsye nou pou priyè nou fè pou mwen yo. Mwen santi yo.
I.
Doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo santre sou fanmi. Yon bagay ki esansyèl a doktrin nou sou fanmi an se tanp. Òdonans nou resevwa nan tanp yo pèmèt nou retounen antanke fanmi etènèl nan prezans Papa nou ki nan Syèl la.
Rive pou konferans jeneral Avril 2025 la, Prezidan Russell M. Nelson te anonse konstriksyon 200 nouvo tanp. Li te renmen anonse nouvo tanp nan konklizyon chak konferans jeneral, epi nou tout te rejwi avèk li. Men, avèk gran kantite tanp ki aktyèlman nan premye stad planifikasyon ak konstriksyon yo, li apwopriye pou nou fè yon ti ralanti sou anons nouvo tanp. Konsa, avèk apwobasyon Kolèk Douz Apot la, nou p ap anonse okenn nouvo tanp nan konferans sa a. Pou lemoman, nou pral kontinye pandan n ap mete òdonans tanp yo aladispozisyon manm yo nan Legliz la toupatou nan mond lan, enkli kilè ak ki kote pou nou anonse konstriksyon nouvo tanp.
Pòsyon diskou m nan ke m fèk pwononse la a te ekri apre lanmò Prezidan byeneme nou an, Russell M. Nelson. Sa ki ap suiv kounyea la a te ekri epi apwouve kèk semèn anvan sa, men, li toujou reprezante ansèyman mwen, ki enspire pa Senyè a.
II.
Pwoklamasyon sou fanmian, ki te anonse egzakteman 30 ane desa, deklare ke “se Bondye ki òdone fanmi” epi “li esansyèl nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit Li yo.” Li deklare tou “kòmandman Bondye te bay pitit Li yo pou yo miltipliye epi pou yo ranpli latè a toujou valid.” Epi “nou deklare pi lwen ke Bondye kòmande pou pouvwa sakre pwokreyasyon yo sèvi sèlman ant gason ak fi ki marye legalman kòm mari ak madanm.” Jan Eldè Russell M. Nelson-alepòk te anseye yon asanble nan BYU ke fanmi an “esansyèl nan plan Bondye a. … Anfèt, youn nan objektif plan an se pou egzalte fanmi an.”
Yo pafwa rekonèt Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm yon Legliz ki santre sou fanmi. Se vre! Relasyon nou avèk Bondye epi objektif lavi mòtèl nou eksplike an tèm de fanmi. Levanjil Jezikri a se plan Papa nou ki nan Syèl la pou benefis pitit espri Li yo. Nou kapab vrèman di ke premye fwa yo te anseye nou plan levanjil la sete nan yon konsèy fanmi etènèl, li aplike atravè fanmi nou yo nan mòtalite a, epi destine li se pou egzalte pitit Bondye yo kòm fanmi etènèl.
III.
Malgre kontèks doktrinal sa a, gen opozisyon. Nan Etazini, n ap soufri yon deteryorasyon nan maryaj ak nan fè pitit. Pou prèske yon santèn ane pwopòsyon fwaye ki dirije pa yon koup marye yo te an deklen, ansanm ak to nesans yo. Maryaj ak kantite nesans nan pami manm Legliz nou yo pi pozitif, men y ap bese grandman tou. Li vital pou Sen Dènye jou yo pa pèdi konpreyansyon yo sou objektif maryaj ak valè timoun yo. Sa se lavni n ap lite pou li a. “Egzaltasyon se yon zafè fanmi,” Prezidan Nelson te anseye nou. “Se sèlman pa mwayen òdonans sali yo nan levanjil Jezikri a ke fanmi yo kapab egzalte.”
Deklen nasyonal nan maryaj ak nan fè pitit la konpreyansib pou rezon istorik, men valè ak pratik Sen Dènye jou yo ta dwe amelyore—non pa suiv—tandans sa yo.
Nan anfans mwen 70 ane desa, mwen te viv nan fèm granparan m yo nan yon anbyans kote tout sa ki te pase pandan jounen an sete anba direksyon fanmi an. Pa t gen televizyon ni lòt aparèy elektwonik pou distrè nou de aktivite familyal yo. An kontras, nan sosyete ibèn jodia, pa gen anpil manm ki fè eksperyans aktivite konsistan ki santre sou fanmi. Lavi ibèn ak transpò modèn, divètisman òganize, ak kominikasyon a grand-vitès rann fasil pou trete fwaye yo kòm yon pansyona, kote yo dòmi epi pran yon repa okazyonèl, men kote vrèman genyen mwens kontwòl parantal sou aktivite yo.
Enfliyans paran yo nwaye pa fason pifò nan manm Legliz yo jodia ap chèche jwenn pen kotidyen yo tou. Nan tan lontan, youn nan gwo enfliyans ki te inifye fanmi yo sete eksperyans nan fè efò ansanm pou atenn yon objektif komen—tankou kiltive latè oswa chèche pen kotidyen. Fanmi an sete yon inite pwodiksyon ekonomik, òganize ak dirije. Jodia, pifò fanmi yo se inite konsomasyon ekonomik, ki pa egzije yon nivo elve òganizasyon ak koperasyon familyal.
IV.
Pandan ke enfliyans paran yo ap diminye, Sen Dènye jou yo toujou gen responsablite Bondye ba yo pou anseye pitit yo prepare pou destine fanmi nou nan letènite (gade Doktrin ak Alyans 68:25). Anpil nan nou dwe fè sa menmsi se pa tout fanmi nou yo ki tradisyonèl. Divòs, lanmò, ak separasyon se reyalite. Mwen te fè eksperyans sa nan fanmi kote m te grandi a.
Papa m te mouri lè m te gen laj setan, konsa ti frè m ak ti sè m nan avèk mwen te elve pa yon manmanm vèv. Nan sitiyasyon ki te pi difisil yo, li te pèsevere. Li te poukont li ak brize, men ansèyman puisan li sou doktrin Legliz retabli a te gide nou. Li te priye anpil pou syèl la te ede l elve pitit li yo, epi li te beni! Nou te elve nan yon fwaye plen lajwa kote papa nou ki te desede a te toujou yon reyalite. Li te anseye nou ke nou te gen yon papa e li te gen yon mari epi nou t ap toujou rete yon fanmi grasa maryaj yo nan tanp lan. Papa nou te jis tanporèman lwen paske Senyè a te aple l pou yon lòt travay.
Mwen konnen ke anpil lòt fanmi pa gen lajwa tankou jan nou te genyen an, men chak manman selibatè ka anseye lanmou yon Pè Selès ak benediksyon evantyèl ki soti nan yon maryaj tanp. Ou ka fè sa tou! Plan Papa nou ki nan Syèl la asire ke sa posib pou tout moun. Nou tout rekonesan pou maryaj tanp ak pou benediksyon potansyèl nou resevwa lè nou sele kòm yon fanmi etènèl. Menmjan ak manman m, nou renmen site pwomès Leyi pou pitit gason li Jakòb la, ki di ke Bondye “pral konsakre afliksyon ou yo nan avantaj pa w” (2 Nefi 2:2). Sa aplike pou tout fanmi Sen Dènye jou, konplè oswa aktyèlman enkonplè. Nou se yon legliz fanmi.
Doktrin nou ak kwayans nou nan fanmi etènèl yo fòtifye nou ak lye nou. Mwen pa p janm bliye pwomès granpapa matènèl mwen, lè nou te timoun ki t ap viv nan fèm li a tou pre Payson, Utah. Li te ban m nouvèl trajik ke papa m te mouri nan yon kote lwen ki sete Denver, Colorado. Mwen te kouri antre nan chanm mwen epi m te ajenou devan kabann mwen ap kriye enkonsolab. Granpè te suiv mwen epi li te mete l ajenou l bò kote m nan epi li te di, “M ap papa w kounyea.” Pwomès plen tandrès sa a se yon egzanp puisan sou sa granparan yo ka fè pou konble vid yo lè fanmi yo pèdi oswa manke yon manm.
Paran, selibatè oswa marye—ak lòt, tankou granparan, ki jwe wòl sa a pou pitit yo—se mèt enstriktè. Ansèyman ki pi efikas yo se egzanp yo. Inite familyal la se andwa ideyal pou demontre ak aprann prensip etènèl yo, tankou enpòtans maryaj ak timoun, rezondèt lavi a, ak vrè sous lajwa a. Li se pi bon kote tou pou aprann lòt leson esansyèl lavi yo, tankou jantiyès, padon, kontwòl, ak enpòtans edikasyon ak travay onèt.
Evidaman, anpil manm Legliz gen manm fanmi yo renmen ki pa anbrase prensip ak atant yo nan levanjil la. Kalite manm sa yo bezwen lanmou ak pasyans nou. Nan rapò nou youn ak lòt, nou ta dwe sonje ke pèfeksyon n ap chèche a pa limite a sikonstans stresan mòtalite yo. Gran ansèyman nan Doktrin ak Alyans 138:57–59 la asire nou ke repantans ak pwogresyon spirityèl ka kontinye nan mond dèzespri a ki suiv mòtalite a. Sa ki pi enpòtan, pandan fanmi yo ini pou fòtifye youn lòt, nou tout ta dwe sonje ke peche ak erè inevitab nou tout fè eksperyans yo nan mòtalite a ka jwenn padon atravè repantans grasa Ekspyasyon gloriye ak salvatris Jezikri a.
V
Sovè nou an, Jezikri, se modèl siprèm nou. N ap beni si nou modle lavi nou dapre ansèyman Li yo ak sakrifis Li te fè a. Suiv Kris la epi konsakre tèt nou nan sèvis youn pou lòt se pi bon remèd kont egoyis ak endividyalis ki kounyea sanble tèlman nòmal la.
Paran yo gen yon devwa tou pou yo anseye pitit yo konesans pratik anplis de prensip levanjil yo. Fanmi yo ini lè yo fè bagay ki konsekan ansanm. Jaden familyal yo bati relasyon familyal. Eksperyans familyal nan kè kontan fòtifye lyen familyal yo. Kan, aktivite spòtif, ak lòt rekreyasyon espesyalman enpòtan nan soude fanmi yo. Fanmi yo ta dwe òganize reyinyon familyal pou sonje zansèt yo, sa ki mennen nan tanp.
Paran yo ta dwe edike pitit yo nan konpetans debaz pou lavi yo, enkli travay nan lakou ak nan fwaye a. Aprantisaj lang se yon preparasyon itil pou sèvis misyonè ak lavi modèn. Enstriktè pou sijè sa yo kapab se paran yo oswa granparan yo oswa manm fanmi elaji a. Fanmi yo pwospere lè yo aprann antanke yon group epi fè konsèy ansanm sou tout zafè ki enkyete fanmi an ak manm li yo.
Kèk moun ka di, “Nou pa gen tan pou anyen konsa.” Pou jwenn tan pou fè bagay ki vrèman volapèn yo, anpil paran pral reyalize ke yo kapab limen fanmi yo si yo etennaparèy teknoloji yo. Epi paran yo, sonje, sa timoun sa yo vrèman vle pou dine se tan avèk nou.
Gwo benedisyon tonbe sou fanmi ki priye ansanm, ajenou aswè ak maten pou ofri remèsiman pou benediksyon yo epi priye pou pwoblèm komen yo. Fanmi yo beni tou lè yo adore ansanm nan sèvis Legliz yo ak nan lòt anbyans devosyonèl. Lyen familyal yo fòtifye tou pa istwa fanmi yo, nan kreye tradisyon familyal, epi nan pataje eksperyans sakre. Prezidan Spencer W. Kimball te raple nou ke “istwa sou enspirasyon ki soti nan pwòp lavi nou ak lavi zansèt nou yo … se zouti ansèyman puisan.” Yo se souvan pi bon sous enspirasyon pou noumenm ak posterite nou.
Mwen temwaye de Jezikri, ki se sèl Pitit Gason Literal Bondye, Papa Etènèl nou an. Li envite nou pou nou suiv chemen alyans la ki mennen nan yon reyinyon familyal selès. Pouvwa sèlman yo nan prètriz la, ki dirije pa kle ki te retabli nan Tanp Kirtland nan, mete fanmi yo ansanm pou letènite (gade Doktrin ak Alyans 110:13–16). Yo aktyèlman ap egzèse nan yon kantite tanp k ap ogmante toupatou nan mond lan. Sa reyèl. Annou fè pati pa nou an ladan, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.