Soutyen Otorite Jeneral yo, Swasanndis Entèrejyon yo, ak Ofisye Jeneral yo
Frè m ak sè m yo, kounyea mwen pral prezante Otorite Jeneral yo, Swasanndis Otorite Entèrejyon yo, ak Ofisye General yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo pou vòt soutyen nou.
Tanpri eksprime sipò nou nan fason abityèl la. Si gen nan nou ki opoze a nenpòt nan pwopozisyon sa yo, n ap mande nou kontakte prezidan pieu nou.
Konsa, Yo pwopoze pou nou soutni Dallin Harris Oaks kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Moun ki dakò, tanpri montre sa.
Nenpòt moun ki opoze, kapab manifeste sa.
Yo pwopoze pou nou soutni moun sa yo kòm manm Kolèj Douz Apot yo: Dallin H. Oaks, Jeffrey R. Holland, Henry B. Eyring, Dieter F. Uchtdorf, David A. Bednar, Quentin L. Cook, D. Todd Christofferson, Neil L. Andersen, Ronald A. Rasband, Gary E. Stevenson, Dale G. Renlund, Gerrit W. Gong, Ulisses Soares ak Patrick Kearon.
Moun ki dakò, tanpri manifeste sa.
Moun ki opoze, kapab endike sa.
Yo pwopoze pou nou soutni manm Kolèj Douz Apot yo antanke pwofèt, vwayan, ak revelatè.
Tout moun ki dakò, tanpri manifeste sa.
Avi kontrè, si genyen, fè menm siy nan.
N ap note ke 2 nouvo Swasanndis Entèrejyon te soutni pandan reyinyon lidèchip konferans jeneral la epi anons la te parèt sou sit Legliz la. Nou envite nou pou nou soutni frè sa yo nan nouvo tach yo.
Moun ki dakò, tanpri manifeste sa.
Nenpòt moun ki opoze, fè menm siy nan.
Yo pwopoze pou nou soutni lòt Otorite Jeneral yo, Swasanndis Entèrejyon yo, ak Ofisye Jeneral yo jan yo prezantman konstitiye a.
Moun ki dakò, ka manifeste sa.
Moun ki opoze, si genyen, ka manifeste sa.
Mèsi, frè m ak sè m yo, pou vòt soutyen nou an favè lidèchip nan Legliz la.
Chanjman nan Swasanndis Entèrejyon yo
Swasanndis Entèrejyon sa yo te soutni pandan yon sesyon lidèchip ki te fè pati konferans jeneral la:
Bhanu K. Hiranandani ak Fernando Vivas.