Konferans Jeneral
Ankouraje Youn Lòt
Konferans jeneral oktòb 2025


11:53

Ankouraje Youn Lòt

Se sèl Senyè a ki byen konnen limitasyon ak kapasite endividyèl nou yo, e poutèt sa, Li se sèl moun ki vrèman kalifye pou jije pèfòmans nou.

Resaman mwen te li yon eksperyans ki te vrèman touche m. Sa te fèt nan USA Masters Track and Field National Championship (Chanpyona Nasyonal Atletis pou Mèt yo nan Etazini—yon konpetisyon pou granmoun aje.

Youn nan patisipan nan evenman 1.500 mèt la sete Orville Rogers ki gen 100 ane. Otè a ekri:

“Lè pistolè demaraj la te tire, tout atlèt yo te derape, avèk Orville ki te imedyatman plase an dènye plas, kote li te rete poukont li pou tout rès kous la, ap trennen tou dousman. [Lè] dènye atlèt nan kous la akote Orville te fini, Orville te toujou gen de tou edmi pou l fè. Prèske 3.000 espektatè te chita trankilman ap gade li k ap fè wonn teren an dousman—konplètman, an silans, ak malalèz poukont li.

“[Men] lè li te kòmanse dènye tou a, foul la te leve kanpe, pou ankouraje ak aplodi. Lè li te resi rive nan dènye tou a, foul la te anlyès. Avèk kri ankourajman dèmilye spektatè yo, Orville te fè apèl a dènye rezèv enèji li yo. Foul la te eksploze avèk kontantman pandan li t ap franchi liy final la epi resevwa akolad konpetitè li yo. Orville te enbleman ak rekonesans voye men bay foul la epi mache kite teren an avèk nouvo zanmi li yo.”

Sa se te senkyèm kous Orville nan konpetisyon an, epi nan chak lòt evènman yo li te pran dènye plas tou. Gen moun ki te gendwa tante pou jije Orville, nan panse ke li pa ta dwe nan konpetisyon an nan laj li—ke li pa te gen plas li nan kous la paske li grandman te pwolonje chak evènman li yo pou tout lòt moun yo.

Men, menmsi li te rive an dènye, Orville te bat senk rekò mondyal jou sa a. Okenn moun ki t ap gade l nan kous la pa t ap imajine sa posib, men ni spekatè yo ni konkiran yo pa te jij yo. Orville pa te kraze okenn règ, epi ofisyèl yo pa te bese okenn nan nòm yo. Li te kouri menm kous la epi li te ranpli menm kondisyon avèk tout lòt konkiran yo. Men degre difikilte li—nan ka sa a laj ak kapasite fizik limite li—te an konsiderasyon pou plase li nan divizyon laj 100 ak plis la. Epi nan divizyon sa a, li te bat senk rekò mondyal.

Menmjan sa te mande Orville anpil kouraj pou monte sou teren an chak fwa a, sa mande anpil kouraj pou kèk pami sè ak frè nou yo kanpe sou teren lavi a chak jou, konesan ke moun gendwa jije yo enjisteman menm lè y ap fè tout sa yo kapab kont defi entimidan pou yo suiv Sovè a ak onore alyans yo avèk Li.

Kèlkeswa kote n ap viv nan mond lan kèlkeswa laj nou, se yon bezwen imen fondamantal pou nou tout santi yon santiman apatenans, pou nou santi yo vle nou e yo bezwen nou epi lavi nou gen objektif ak siyifikasyon, kèlkeswa sikonstans oswa limitasyon nou yo.

Nan dènye liy dwat kous la, foul la te masivman aklame Orville, pou ba li fòs pou kontinye avanse. Li pa t enpòtan ke li te fini an dènye. Pou patisipan yo ak foul la, sa te byen plis pase yon konpetisyon. Nan anpil fason, sa sete yon bèl egzanp sou lanmou Sovè a an aksyon. Lè Orville te fini, yo tout te rejwi ansanm.

Menmjan ak Chanpyona Masters yo, kongregasyon ak fanmi nou yo ka tounen zòn rasanbleman kote nou ankouraje youn lòt—kominote alyans ki alimante pa lanmou Kris la pou youn lòt—nan ede youn lòt simonte kèlkeswa defi nou fè fas, pou bay youn lòt fòs ak ankourajman san jije youn lòt. Nou bezwen youn lòt. Pouvwa diven soti nan inite, epi se pousa Satan detèmine pou l divize nou.

Malerezman, pou kèk nan you, ale legliz kapab difisil pa moman pou anpil rezon diferan. Li kapab yon moun k ap lite avèk kesyon sou lafwa oubyen yon moun ki gen anksyete sosyal oubyen depresyon. Li kapab yon moun ki soti nan yon lòt peyi oubyen ki nan yon lòt ras oubyen yon moun avèk eksperyans diferan nan lavi yo ki fè yo santi yo pa nan plas yo. Li kapab menm paran ki gen ti bebe oswa timoun piti ki manke dòmi epi akable emosyonèlman oswa yon moun ki selibatè nan yon kongregasyon ki plen koup ak fanmi. Li kapab yon moun k ap rasanble kouraj pou retounen apre plizyè ane l pase lwen oubyen yon moun ki gen yon santiman pèsistan ke l pa alawotè epi pa p janm nan plas li.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Si yon koup nan pawas nou divòse, oubyen yon jèn misyonè retounen lakay li anvan lè, oswa yon tinedjè gen dout sou temwayaj li, yo pa bezwen jijman nou. Yo bezwen fè eksperyans lanmou Jezikri ki reflete nan pawòl ak aksyon nou yo.”

Eksperyans nou nan legliz la sipoze ofri koneksyon vital avèk Senyè a e avèk youn lòt ki tèlman nesesè pou byennèt espirityèl ak emosyonèl nou. Karakteristik alyans nou fè avèk Bondye yo, kòmanse avèk batèm, se responsablite nou pou nou renmen ak pran swen youn lòt antanke manm nan fanmi Bondye a, manm nan kò Kris la, epi pa pou jis tcheke yon lis bagay yo atann nou akonpli.

Lanmou ak atansyon kretyen pi elve ak pi sakre. Lanmou pur Kris la se charite. Jan Prezidan Nelson te anseye, “Charite pouse nou ‘pou nou youn pote fado lòt’ [Mozya 18:8] olye nou lage fado nou youn sou lòt.”

Sovè a te di, “Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye” Epi Prezidan Nelson te ajoute: “Charite se karakteristik prensipal yon vrè disip Jezikri.” “Mesaj Sovè a klè: Vrè disip Li yo sipòte, edifye, ankouraje, pèsyade, ak enspire. … Jan nou pale avèk lòt moun e konsènan lòt moun … vrèman enpòtan.”

Ansèyman Sovè a sou sa a vrèman senp. Li rezime nan ansyen Règ Lò a: Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo. Mete w nan plas moun sa a epi trete yo jan ou ta renmen pou yon moun trete w si ou ta kanpe nan plas yo.

Tretman kretyen pou lòt moun ale byen odela fanmi ak kongregayson nou yo. Li enkli sè ak frè nou ki gen lòt kwayans oswa san lafwa ditou. Li gen ladan sè ak frè nou yo ki soti nan lòt peyi ak kilti, ansanm ak moun ki gen konviksyon politik diferan yo. Nou tout fè pati fanmi Bondye a, e Li renmen tout pitit Li yo. Li vle pou pitit Li yo renmen Li epi tou renmen youn lòt.

Lavi Sovè a sete yon egzanp lanmou, rasanbleman, ak soutyen menm pou moun ke sosyete a te jije kòm moun ki bani ak enpur. Li se yon egzanp yo kòmande nou pou nou suiv. Nou isit la pou nou devlope atribi kretyen yo epi finalman vin tankou Sovè nou an. Levanjil Li a se pa yon lis bagay pou nou fè; se yon levanjil sa nou devni—devni jan Li ye ak renmen jan Li renmen. Li vle pou nou devni yon pèp Siyon.

Lè mwen te nan fen 20tèn mwen, mwen te travèse yon peryòd gwo depresyon, epi pandan tan sa a, sete kòmsi reyalite ke Bondye egziste a te toudenkou disparèt. Mwen pa kapab totalman eksplike santiman an otreman ke di mwen te santi m konplètman pèdi. Depi lè m te tou piti, mwen te toujou konnen Pè Selès mwen an te la e ke mwen te kapab pale avèk Li. Men pandan moman sa a, mwen pa tt konnen si te gen yon Bondye ankò. Mwen pa te janm fè eksperyans anyen konsa avan nan lavi m, epi mwen te santi m kòmsi tout fondasyon mwen te ebranle.

Pou rezon sa a, li te difisil pou m te ale legliz. Mwen te ale, men sete an pati paske mwen te pè pou moun pa te rele m “inaktiv” oswa “fèb nan lafwa”, epi mwen te pè pou m pa t vin yon pwojè ke yo asiyen yon lòt moun. Sa mwen vrèman te bezwen pandan tan sa a sete pou m santi lanmou sensè, konpreyansyon, ak sipò moun ki bò kote mwen yo, men pa jijman.

Kèk nan sipozisyon mwen te pè pou moun pa t fè sou mwen, mwen menm m te konn fè yo sou lòt moun lè yo pa te vin legliz regilyèman. Eksperyans pèsonèl douloure sa a te anseye m kèk leson plen valè sou rezon nou resevwa kòmandman pou nou pa jije youn lòt enjisteman.

Èske gen moun nan mitan nou ki ap soufri an silans, ki pè pou moun pa konnen lit y ap kache yo paske yo pa konnen kijan moun pral reyaji.

Se sèl Senyè a ki konnen vrèman byen nivo difikilte aktyèl nou chak ap travèse nan kous lavi nou—fado yo, defi yo, ak obstak yo n ap fè fas ke souvan lòt moun pa ka wè. Se sèl Limenm ki konplètman konprann blesi ki chanje lavi yo ak twoma kèk nan nou gendwa te viv nan pase nou ki toujou ap afekte nou nan prezan an.

Souvan, nou menm jije tèt pa nou sevèman, nan panse ke nou ta dwe pi lwen pase kote nou ye sou pis la. Se sèl Senyè a ki vrèman byen konnen limitasyon ak kapasite endividyèl nou, e poutèt sa, Li se sèl moun ki vrèman kalifye pou jije pèfòmans nou.

Frè ak sè m yo, an nou aji tankou spektatè sa yo nan istwa a epi ankouraje youn lòt nan chemen lavi disip nou kèlkeswa sikonstans nou! Sa pa mande pou nou kraze règ yo ni bese nòm yo. Sa anfèt se dezyèm gran kòmandman an—pou renmen pwochen nou tankou tèt nou. Epi jan Sovè a te di, “Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo … , se pou mwen nou te fè li,” pou byen oubyen pou mal. Li te di nou tou, “si nou pa fè youn nou pa pou mwen.”

Pral gen moman nan lavi nou chak kote se nou ki pral moun ki bezwen èd ak ankourajman an. An nou pran angajman kounya pou nou toujou fè sa youn pou lòt. Lè nou fè sa, n ap devlope pi gran inite epi n ap fasilite yon espas pou Sovè a fè travay sakre Li a nan geri ak transfòme chak nan nou.

Pou sila pami nou yo ki santi y ap trennen dèyè nan kous lavi sa a, vwayaj sa nan mòtalite a, tanpri kontinye avanse. Se sèl Sovè a ki kapab jije vrèman byen ki kote ou ta dwe ye nan pwen sa a, e Li konpatisan e jis. Sovè a se Gran Jij pou kous lavi a, e se sèl Limenm ki vrèman konprann ak ki nivo difikilte w ap kouri, mache oswa trennen. Li pral konsidere limitasyon nou yo, kapasite nou, eksperyans nou yo nan lavi a, ak fado kache n ap pote yo, ansanm ak dezi yo nan kè nou. Ou gendwa aktyèlman ap bat rekò mondyal senbolik tou. Tanpri, pa pèdi espwa. Tanpri kontinye avanse! Tanpri rete! Ou vrèman nan plas ou! Senyè a bezwen ou, epi nou bezwen ou!

Kèlkeswa kote w ap viv nan mond lan, li pa enpòtan si li lwen anpil, tanpri toujou sonje Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè w la konnen ou vrèman epi renmen ou pafètman. Yo pa janm bliye ou. Yo vle mennen w lakay ou.

Kenbe je w sou Sovè a. Li se ba fè w la. Pa lage Li. Mwen temwaye ke Li vivan epi ke ou kapab fè Li konfyans. Mwen temwaye tou ke L ap ankouraje w pou w avanse.

Se pou nou suiv egzanp Sovè a epi ankouraje youn lòt se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jeffrey C. Strong, korespondans pèsonèl; te itilize ak pèmisyon.

  2. Youn nan priyorite prezidans nou an se pou sè nou yo ka rive santi yon santiman apatenans nan legliz la epi espesyalman nan Sosyete Sekou. Mwen te gen anpil okazyon pou m li lèt ak tande eksperyans ki vrèman fè m lapenn.

  3. Gade 1 Korentyen 12:26.

  4. Gade Henry B. Eyring, “Our Hearts Knit as One,” Liahona, Nov. 2008, 68–71; gade tou Ulisses Soares, “Yonn nan Kris la,” Liahona, Nov. 2018, 37–39; “One in Christ” (videyo), Libreri Levanjil.

  5. Gade 3 Nefi 11:29.

  6. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 100. Nan menm diskou an, li te di “Chirepit ekate Lespri a—chak fwa.”(paj 100). Mwen ta renmen ajoute panse jijman yo konsènan lòt moun kapab ekate Lespri a tou. Lè nou meprize lòt moun ak panse kritik nou, sa se prèv ògèy, epi Prezidan Henry B. Eyring te di “ògèy se gran enmi inite” (“Our Hearts Knit as One,” 70).

  7. Gade J. anette Dennis nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou, “Come and Take Your Place as Covenant Women of God [Vini epi pran Plas ou antanke Fi Alyans Bondye]” (Diskou li te prezante nan Inivèsite Brigham Youn nan, 1e Me, 2024), Medyatèk Levanjil la; gade tou Mozya 18:8-10.

  8. Gade 1 Korentyen 12:14–26.

  9. Gade Mowoni 7:47.

  10. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” 101; anfaz ajoute.

  11. Jan 13:35; anfaz ajoute.

  12. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” 100, 99.

  13. Gade Matye 7:12.

  14. Lè nou suiv Sovè a epi nou gen dezi pou vin tankou Li, nou pral fè efò pou wè tout moun jan Li wè yo, epi amezi nou kontinye priye pou kado charite a, yon santiman lanmou ak atansyon sensè ka evantyèlman grandi nan kè nou. Nou pral devlope yon dezi pou “sipòte, edifye, ankouraje, pèsyade, ak enspire” lòt moun, pa paske nou oblije men paske n ap gradyèlman vin tankou Sovè nou an (Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Atizan Lapè,” 100). Sèvis pastoral kretyen pou lòt moun ap reflete kimoun nou ye, pa sa nou .

  15. Gade Mozya 23:15.

  16. Gade, pa egzanp, Matye 9:10-13; Mak 1:40-42; Lik 8:13-48; 14:13-14; Jan 4:7-26; 5:2-9; 8:3-11.

  17. Gade 3 Nefi 27:27; gade tou Robert C. Gay, “Pran Non Jezikri sou Tèt Nou,” Liahona, Nov. 2018, 97–100.

  18. “Sèl solisyon pèmanan pou divizyon ki separe nou se pou nou chak suiv ansèyman Sovè a epi gradyèlman vin menm jan avèk Li” (Dallin H. Oaks, nan Joel Randall, “Following Christ Is ‘a Continuous Commitment and Way of Life,’ President Oaks Teaches European Saints from Belgium,” Church News, 14 Jiyè 2025, thechurchnews.com).

  19. Dallin H. Oaks, “Defi pou nou Chanje a,” Liahona, Jan. 2001, 40–43.

  20. Gade Jan 13:34.

  21. “Apèl vibran nou lanse bay manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pou yo fè efò pou yo vin yon pèp Siyon ki gen yon sèl kè ak yon sèl lespri epi ki demere nan lajistis” (Quentin L. Cook, “Kè yo makonnen ansanm nan Lajistis ak Inite,” Liahona, Nov. 2020, 21).

  22. Gade J. anette Dennis, “Why I Choose to Stay” (Diskou li te prezante nan Inivèsite Brigham Young nan, 2 Me, 2024), Medyatèk Levanjil la.

  23. Gade Tradiksyon Joseph Smith, Matye 7:1-2 (nan Matye 7:1, nòt anba paj a); Alma 41:14.

  24. Gade J. Anette Dennis, “Jouk Li Fasil, epi Fado Li Lejè,” LiahonaNov. 2022, 80–81.

  25. Gade Alma 7:11–12.

  26. Gade Matye 22:36–40.

  27. Matye 25:40.

  28. Doktrin ak Alyans 38:27.

  29. Gade Sòm 145:8-9; Efezyen 2:4-5.

  30. Gade Tamara W. Runia, “Repantans ou pa bay Jezikri Fado; Li ogmante lajwa Li,” Liahona, Me 2025, 91.

  31. Gade Doktrin ak Alyans 137:9.

  32. Gade Women 8:38-39.

  33. Gade Patrick Kearon, “Entansyon Bondye a se Mennen Ou Lakay,” Liahona, Me 2024, 87–89.

  34. Gade Jan 1:1, tit chapit la ak vèsè 1; 1 Nefi 11:24–25.

  35. Gade Jeffrey R. Holland, “Demen Senyè a Pral Akonpli Mèvèy nan Mitan Nou,” Liahona, Me 2016, 127.