Yo Se JiJ Pwòp Tèt pa Yo
Si nou te egzèse lafwa nan Jezikri, si nou te fè ak kenbe alyans avèk Bondye, epi nou repanti de peche nou yo, ba jijman an ap agreyab.
Liv Mòmon an konkli avèk envitasyon enspiran Mowoni pou nou “vin jwenn Kris la,” “epi pèfeksyone nou nan Li,” e “debarase kò [nou] anba tout endiyite,” epi “renmen Bondye avèk tout pouvwa [nou], panse nou, ak fòs nou.” Sa ki enteresan, fraz final nan enstriksyon li a antisipe alafwa Rezirèksyon an ak Jijman final la.
Li te di, “Talè konsa m pral repoze nan paradi Bondye a, jiskaske lespri m ak kò m reyini ankò, epi m monte avèk triyonf anlè a, pou m rankontre nou devan ba tribinal plezan gran Jewova a, jij etènèl ni vivan yo ak mò yo.”
Mwen entrige pou jan Mowoni itilize mo “plezan an” pou l dekri jijman final la. Lòt pwofèt Liv Mòmon an tou dekri jijman an kòm yon “jou gloriye” epi yon jou nou ta dwe “espere avèk yon je lafwa.” Men souvan lè nou antisipe jou jijman an, gen lòt deskripsyon pwofetik ki vini nan lespri nou, tankou “lawont ak remò terib,” “enkyetid ak laperèz,” epi “mizè san fen.”
Mwen kwè ke kontras frapan nan langaj sa a endike ke doktrin Kris la te pèmèt Mowoni ak lòt pwofèt yo antisipe gran jou sa a avèk enpasyans ak antisipasyon chaje lespwa, olye de laperèz yo te avèti yo pou moun ki pa prepare espirityèlman yo. Kisa Mowoni te konprann ke ou avèk mwen bezwen aprann?
Mwen priye pou asistans Sentespri a pandan n ap konsidere plan bonè ak mizèrikòd Papa nou ki nan Syèl la, wòl ekspyasyon Sovè a nan plan Papa a, ak fason n ap “kapab responsab pou pwòp peche pa [nou] nan jou jijman an.”
Gran Plan Bonè Papa a
Objektif prensipal plan Papa a se pou bay pitit lespri Li yo opòtinite pou yo resevwa yon kò fizik, aprann “byen ak mal” atravè eksperyans mòtèl, grandi espirityèlman, epi pwogrese etènèlman.
Sa Doktrin ak Alyans yo rele “libète moral” la se pwen santral nan plan Bondye pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl pitit gason ak pitit fi Li yo. Prensip esansyèl sa a dekri tou nan ekriti yo kòm libabit ak libète pou chwazi ak pou aji.
Tèm “libabit moral la” enstriktif. Sinonim pou mo “moral” la enkli “bon,” “onèt,” ak “vètye.” Sinonim pou mo “libabit ”la enkli “aksyon,” “aktivite,” ak “travay.” An konsekans, “libabit moral” kapab entèprete kòm kapasite ak privilèj pou chwazi ak aji pou tèt pa nou nan fason ki bon, onèt, vètye ak vrè.
Kreyasyon Bondye yo enkli alafwa “bagay ki pou aji ak bagay ki pou sibi aksyon.” Epi libabit moral se “pouvwa aksyon endepandan” kreye divinman ki pèmèt nou antake pitit Bondye vin ajan pou aji e pa senpleman objè pou sibi aksyon.
Tè a te kreye kòm yon plas kote pitit Papa nou ki nan Syèl la ka sibi eprèv pou wè si yo t ap fè “tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.” Youn nan objektif prensipal Kreyasyon an ak egzistans mòtèl nou an se pou ban nou opòtinite pou nou aji epi devni sa Senyè a envite nou tounen.
Senyè a te enstwi Enòk:
“Gade frè w yo; yo se travay m fè avèk pwòp men pa mwen, epi m te ba yo konesans yo genyen an, nan jou m te kreye yo a; epi nan Jaden Edenn nan, m te bay lòm libabit li;
“Epi m te di frè w yo, epi m te ba yo kòmandman, pou youn renmen lòt, epi pou yo chwazi mwenmenm, Papa yo a.”
Objektif fondamantal pou egzèse libabit yo se pou youn renmen lòt ak chwazi Bondye. Epi de objectif sa yo aliyen presizeman avèk premye ak dezyèm gran kòmandman yo pou renmen Bondye avèk tout kè nou, nanm, ak lespri nou, epi pou nou renmen pwochen nou menmjan ak tèt nou.
Konsidere ke nou te resevwa kòmandman---pa sèlman avètisman oswa konsèy, men kòmandman---pou nou itilize libabit nou pou youn renmen lòt ak chwazi Bondye. Kite m sigjere ke nan ekriti yo, mo ki modifye “moral” la pa sèlman yon adjektif, men petèt tou yon direktif diven sou fason nou ta dwe sèvi ak libabit nou.
Yon kantik familye gen pou tit “Bien Choisir” pou yon rezon. Nou pa t beni avèk libabit moral pou nou fè sa nou vle lè nou vle. Okontrè, dapre plan Papa a, nou te resevwa libabit moral pou nou chèche epi aji dapre verite etènèl. Kòm “ajan pou tèt [pa nou],” nou ta dwe angaje nou avèk antouzyas nan bon koz, “fè anpil bagay ak pwòp volonte [nou], epi reyalize anpil jistis.”
Enpòtans etènèl libabit moral la souliye nan resi ekriti yo sou konsèy premòtèl la. Lisifè te rebele kont plan Papa a pou pitit Li yo epi li te chèche detwi pouvwa aksyon endepandan an. Remakableman, resitans satan an te konsantre dirèkteman sou prensip libabit moral la.
Bondye te eksplike, “Sepoutèt sa, akoz …Satan te revolte kont mwen, epi l chèche pou l detwi lib abit lòm, … Mwen te fè chase l,”
Plan egoyis advèsè a sete pou retire nan men pitit Bondye yo kapasite pou yo vin “ajan pou tèt pa yo” ki kapab aji nan la jistis. Entansyon li sete rann pitit Papa nou ki nan Syèl la tounen objè ki ka sèlman sibi aksyon.
Fè ak Devni
Prezidan Dallin-H. Oaks te aksantye sou fason ke levanjil Jezikri a envite nou alafwa pou nou konnen yon bagay epi pou nou tounen yon bagay atravè egzèsis jis libabit moral la. Li te di:
“Anpil ekriti Biblik ak modèn pale de yon jijman final kote tout moun ap resevwa rekonpans dapre aksyon yo oswa travay yo oswa dezi kè yo. Men gen lòt ekriti ki pale sou sa lè yo refere ak jijman nou an selon kondisyon nou rive atenn.
“Pwofèt Nefi dekri jijman final la an tèm de sa nou devni: ‘E si zèv yo te sal yo dwe vin sal; e si yo vin sal, li nesesè ke yo pa kapab rete nan wayom Bondye a’ [1 Nefi 15:33; anfaz ajoute]. Mowoni deklare, ‘Moun ki sal pral rete sal; epi moun ki jis pral rete jis’ [Mòmon 9:14; anfaz ajoute].”
Prezidan Oaks te kontinye: “Apati ansèyman sa yo nou konkli ke Jijman Final la se pa jis yon evalyasyon sou yon sòm total bon oswa move aksyon—nou te fè. Se yon konsta sou efè definitif aksyon nou ak panse nou yo—sa nou devni.
Ekspyasyon Sovè a
Zèv nou ak dezi nou yo sèlman pa kapab sove nou. “Malgre tout sa nou ka fè,” nou rekonsilye avèk Bondye sèlman atravè mizèrikòd ak lagras ki disponib gras ak sakrifis ekspyatwa enfini ak etènèl Sovè a..
Alma te deklare, “Kòmanse kwè nan Pitit Gason Bondye a, kwè li gen pou l vin rachte pèp li a, li gen pou l soufri epi pou l mouri pou l kapab ekspye pou peche yo; epi li gen pou l leve ankò nan pami mò yo, se sa ki pral reyalize rezirèksyon an; tout moun gen pou yo kanpe devan l nan dènye jou jijman an pou l jije yo daprè zèv yo.”.
“Nou kwè, akoz Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil yo.”. Nou ta dwe rekonesan dèske peche ak aksyon mechan nou yo p ap kanpe kòm yon temwanyaj kont nou si nou reyèlman “nedenouvo,” egzèse lafwa nan Redanmtè a, repanti avèk “senserite nan kè nou” ak “entansyon reyèl,” epi pèsevere jiska lafen.”
Lakrent Bondye
Anpil nan nou ka atann ke aparisyon nou devan ba Jij Etènèl la ap menmjan avèk sa k fèt nan yon tribinal mond lan. Yon jij pral prezide. Yo pral prezante evidans. Yo pral rann yon vèdik. Epi pwobableman n ap nan ensètitid ak lakrent jiskaske nou aprann rezilta final la. Men mwen kwè ke kalite dekstripsyon sa a pa egzat.
Sa ki diferan men ki gen rapò avèk krentif mòtèl nou souvan fè eksperyans yo se sa ekriti yo dekri kòm “krentif pou Bondye” oswa “krentif pou Senyè a.” Kontrèman avèk krentif mond la ki kreye enkyetid ak sousi, krentif pou Bondye se sous lapè, asirans, ak konfyans nan lavi nou.
Krent ki jis anglobe yon pwofon santiman reverans, respè, ak admirasyon pou Senyè a, Jezikri, obeyisans a kòmandman Li yo, ak yon antisipasyon sou Jijman Final la ak jistis sou responsablite Li. Krentif pou Bondye grandi apati yon konpreyansyon kòrèk sou nati divin ak misyon Redanmtè a, yon dispozisyon pou soumèt volonte nou anba volonte pa Li, ak yon konesans ke tout gason ak tou fi pral responsab pou pwòp dezi, panse, pawòl ak aksyon mòtèl pa yo nan jou Jijman an.
Krentif pou Senyè a se pa yon apreyansyon ak yon retisans sou lefèt ke nou pral retwouve nou nan prezans Li pou n al jije a. Okontrè, se pèspektif pou nou finalman rekonèt bagay yo jan yo ye tout bon vre epi jan yo pral ye tout bon vre.
Tout moun ki te viv, k ap viv kounyea, epi ki gen pou vin viv sou tè a “ap gen pou kanpe devan tribinal Bondye, pou li jije yo dapre sa yo te fè kit zèv yo te bon kit yo te move.”
Si dezi nou sete pou lajistis epi zèv nou yo bon---ki vle di nou te egzèse lafwa nan Jezikri, fè epi respekte alyans avèk Bondye, epi repanti pou peche nou yo—enben, ba jijman an ap plezan. Jan Enòs te deklare a, nou pral “kanpe devan [Redanmtè a]; lèsa a [nou] pral wè figi l ak kè kontan.” Epi, nan dènye jou a, nou pral “resevwa rekonpans nan lajistis.”
Men, si dezi nou sete pou fè mal epi zèv nou pa t bon, enben, ba jijman an apral fè nou tranble. N ap gen “yon konesans pafè,” yon “souvni klè,” ak yon “konesans klè konsènan kilpabilite [nou] .” “Nou p ap oze leve tèt devan Bondye nou an; epi nou t ap pi kontan si nou ta kapab kòmande wòch yo ak mòn yo pou yo tonbe sou nou pou yo kache nou devan prezans Li.” Epi, nan dènye jou a, nou pral “resevwa rekonpans [nou] pou mal nou te fè.”
Alafen, nou se jij tèt pa nou. Pèsonn pa p bezwen di nou kote pou n ale. Nan prezans Senyè a, n ap aksepte sa nou te chwazi devni nan lavi mòtèl nou epi n ap konnen poukont nou ki kote nou dwe ye nan etènite a.
Pwomès ak Temwayaj
Konprann ke Jijman Final la kapab plezan se pa yon benediksyon ki rezève sèlman pou Mowoni.
Alma te dekri pwomès benediksyon ki disponib pou chak disip devwe Sovè a. Li te di:
“Mo restorasyon an vledi, fè mal retounen nan mal, oubyen chanèl nan chanèl, oubyen dyabolik nan dyabolik—byen nan sa ki byen; lajistis nan sa ki jis; mizèrikòd nan sa ki gen mizèrikòd.
“… Fè zafè ki jis, jije avèk lajistis, epi fè byen tout tan; epi si w fè tout bagay sa yo w ap resevwa rekonpans ou; wi mizèrikòd ap restore pou ou ankò; lajistis ap restore pou ou ankò; yon jijman ki jis ap restore pou ou ankò, epi w ap resevwa byen kòm rekonpans ankò.”
Mwen temwaye jwayezman ke Jezikri se Sovè byeneme nou. Pwomès Alma a vrè e li aplikab pou noumenm avèk mwen---jodia, demen, ak pou tout letènite. Mwen temwaye konsa, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.