Pwofèt Bondye yo
Pou koute epi obeyi vwa pwofèt la li enpòtan pou nou akwoche ak tout bon bagay jiska Dezyèm Vini an.
Jèn byenneme mwen, ala yon bèl sesyon konferans nou genyen! Nou deja tande twa Apot Jezikri k ap viv nan tan pa nou. Ala yon gwo benediksyon! E nou gen pou n tande yon lòt ankò, Èldè Henry B. Eyring. Festen espirityèl la ap kontinye!
Lè mwen te pale ane pase, nou te aprann kijan pou nou afwonte mond sa a atravè eksperyans David avèk Golyat la. Ou sonje 5 wòch David yo? Jodia, m ap pataje yon istwa Ansyen Testaman an m te li lè m te gen laj nou, sa ki te kite m avèk yon anvi pou m te vin tankou pwotagonis li. Bib la pa di nou non li, se poutèt sa n ap rele li fi Chounèm nan paske sa sete non lavil li a.
Yon jou, pwofèt Elize t ap pase nan Chounèm, e nou li ke te “gen yon fi fòmidab; epi li [te envite Elize] pou li manje avèk li. “Depi lèsa a, chak fwa Elize te pase lavil Chounèm, se lakay mandanm sa a li manje.” Mwen imajine pwofèt Elize te tèlman kontan jwenn envitasyon pou vin manje lakay li! Li te deja pase plizyè fwa, men yon jou madanm nan te di mari li, “Gade! Mwen vin konnen [mesye] sa a se yon pwofèt Bondye.”
Madanm nan di, “Gade, mwen vin konnen.” Sanble li te envite Elize lakay li san konnen li sete yon pwofèt; li te resevwa temwayaj li atravè Sentespri a nan koute avèk atansyon sa Elize te di ak anseye. (Sonje, pa te gen foto nan epòk sa a! Konsa, li te difisil pou rekonèt pwofèt la sou vizaj li.)
Men istwa a pa fini la. Yon jou, madanm nan te di mari li, “An nou bati yon ti chanm, … epi an nou mete pou li yon kabann, ak yon tab, epi yon chèz, yon chandelye: epi konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l kouche.”
Mandanm fidèl sa a te dispoze pou bati yon chanm nan kay li pou lè pwofèt la de pasaj nan lavil la, li te ka gen yon kote pou l rete!
Jodia, nou kapab aprann yon leson puisan nan eksperyans sa a.
Senyè a te temwaye bay madanm moun Choumèn nan ke Elize sete yon pwofèt Bondye, epi madanm nan te pran aksyon nan ouvri kay li pou resevwa li.
Nou menm tou nou kapab resevwa temwayaj pèsonèl sou pwofèt Bondye yo jodia epi ouvri kè nou ak panse nou—fwaye nou—pou mesaj Pè Selès la genyen pou nou nan dènye jou sa yo.
Jèn byenneme m yo, mwen envite nou poze tèt nou kesyon sa a: “Èske mwen genyen yon temwayaj pèsonèl sou pwofèt vivan Bondye yo?”
Ann kòmanse nan kòmansman an.
Kisa yon pwofèt ye? Yon pwofèt se yon moun Bondye aple pou pale pou Li. Genyen pwofèt sou tè a jodia, menmjan te genyen pwofèt nan ansyen tan yo.
Pwofèt yo se vwayan ak revelatè. Sa vledi yo kapab wè sa lòt moun pa kapab wè, epi yo kapab pwofetize sou evènman alavni yo. Yo kapab prepare nou tou pou kalamite yo. Pwofèt yo resevwa kòmandman ak revelasyon nan men Senyè a. Nevyèm atik lafwa a pale de revelasyon kontinyèl nan dènye jou sa yo. Li di, “Nou kwè bagay Bondye te revele, ak tout bagay Li revele kounyea, epi nou kwè Li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a.”
Èldè Gary E. Stevenson te di, “Senyè a kontinye revele kòmandman ak volonte Li bay pwofèt Li yo jodia paske Li vle dirije nou pou jwenn lajwa nan lavi sa a ak laglwa selès nan lavi k ap vini an.
Pwofèt yo pwoklame levanjil la tou epi yo se enstriktè ak mesaje Bondye enspire pou tout moun sou tè a.
Chak manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo se yon pwofèt, vwayan, ak revelatè. Nan sèvi kòm yon konsèy sou direksyon Senyè a, yo gen otorite pou deklare ak entèprete doktrin ak etabli règleman pou Legliz Li a. Yo priye e yo reflechi avèk atansyon, paske desizyon kowòm sa yo pran dwe alinanimite. Nan fason sa a, Senyè a asire nou ke volonte Li pral fèt.
Pwofèt yo temwaye de Kris la—egzistans Li, ministè Li, ak divinite Li.
An nou li kèk temwayaj pwofèt yo nan Liv Mòmon an.
Abinadi te pwoklame:
“Bondye li menm gen pou l desann nan pami lèzòm, epi li pral rachte pèp li a.
“Epi paske li abite nan kò fizik la, yo pral rele l Pitit Gason Bondye.”
Samyèl Lamanit la te temwaye ke Jezikri se “Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman”
Epi pwofèt Mowoni te di, “M te wè Jezi, epi … li te pale avèk mwen fasafas.”
Lè Kris la te vizite Nefit yo, youn nan premye bagay Li te fè sete aple Douz Apot. Epi Li te di moun yo, “N ap beni si nou koute pawòl douz moun m te chwazi yo.”
Kounyea, kite m pataje kèk pawòl pou paran yo oswa lòt manm fanmi ki ap elve timoun yo. Senyè a Limenm te anseye Adan ak Èv verite yo nan plan sali a. Apresa Li te di yo, “M ba w yon kòmandman, pou w anseye pitit ou yo bagay sa yo.”
Kisa sa vledi pou anseye libreman? Se aprann verite yo nan levanjil, genyen yon temwayaj pèsonèl de yo, epi pataje konesans sa avèk pitit nou yo. Se ankouraje moman pou ansèyman alafwa fomèl ak enfòmèl. Se viv selon konesans ak temwayaj sa a.
Liv Mòmon an dekri 2.060 jèn pitit gason yo kòm “moun verite ak panse klè, paske yo te aprann yo pou yo respekte kòmandman Bondye yo epi pou yo mache dwat devan li.” Jènjan sa yo te fidèlman obeyi Elaman, ki nan moman sa a sete chèf militè yo ak pwofèt yo tou, epi yo te rekonèt ke manman yo te ranpli kè yo avèk verite ak lafwa.
Paran, nan mond sa a kote gen anpil vwa ak pafwa anpil tenèb, Bondye Limenm kòmande nou pou nou elve timoun nou yo nan limyè ak verite. Li te konfye nou responsablite pou nou anseye pitit nou yo verite salvatris yo nan levanjil la. Si nou echwe nan tach sa a, mond lan p ap fè l.
Chè jèn zanmi m yo, mwen genyen yon envitasyon pou nou: Nan jou k ap vini yo, mwen envite nou mete nou ajenou, ouvri kè nou, epi priye Pè Selès la avèk kafwa, pou mande Li pou konfime pou nou pwofèt ak apot Li chwazi yo ki se vwa Li sou tè a jodia.
Madanm moun Chounèm nan te anseye nou ke nou kapab genyen temwayaj sa a atravè Sentespri a. Mwen pwomèt nou ke kou nou konnen yo se moun Bondye wenn, lavi nou ap pi fasil malgre difikilte sanrete yo, lè nou obeyi vwa yo avèk konfyans, lafwa, ak lespwa. Pou koute ak obeyi vwa pwofèt la li enpòtan pou nou akwoche ak tout bon bagay jiska Dezyèm Vini Sovè nou an.
Mechanste mond lan ap grandi, men Legliz Jezikri a ak wayòm Li a pi fò ke jamè. Siyon ap mete pi bèl rad li yo sou li, epi twòn Kris la pa p tonbe. Senyè a atann pou nou fèm nan temwayaj nou, pou nou plen ak lafwa, epi pou nou repanti chak jou. Sovè nou an, Jezikri, konte sou chak nan nou pou kontinye travay Li a.
Yon fwa, Pwofèt Joseph Smith te di, “Frè m yo, èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo kòz konsa?” Sepandan, kòm mesaj sa a se prensipalman pou noumenm, jèn yo, mwen ta renmen itilize mo jèn nan olye de frè. Nou pare?
“[Jèn yo], èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo kòz konsa? Ale an avan non pa an aryè. Kouraj, [Jèn] yo; epi an avan, an avan pou viktwa a! Fè kè nou rejwi, epi toujou kontan anpil.”
Mwen rekonesan pou gidans ak efò konsakre pwofèt vivan yo. Mwen rann nou temwayaj solanèl mwen ke se Bondye ki aple yo pou fè avanse, etabli ak gide wayòm Li a sou tè a jodia. E se konsa l ap toujou ye. Se toujou Senyè a k ap chwazi sèvitè Li yo. Nan non Jezikri, amèn.