Fè Pati Pa w la ak Tout Kè Ou
Fè Sovè a konfyans sifizaman pou angaje w, ak pasyans ak dilijans, nan fè pati pa w la ak tout kè ou.
Ane pase, pandan yon vwayaj pou ale Ewòp, mwen te vizite ansyen lye travay mwen an, Lufthansa German Airlines nan Ayewopò Frankfort la.
Nan fòmasyon pilòt li yo, Lufthansa opere plizyè similatè vòl sofistike ki ka rekreye prèske tout kondisyon vòl nòmal ak vòl ijans. Pandan anpil ane m yo kòm kapitèn avyon, mwen te oblije pase yon vòl kontwòl nan similatè vòl la chak sis mwa pou m te ka kenbe lisans pilòt mwen an ajou. Mwen byen sonje moman strès ak anksyete entans sa yo, men an menm tan tou, mwen sonje santiman akonplisman an apre m te fin pase tès la. Mwen te jèn nan tan sa yo, e m te renmen defi a.
Pandan vizit mwen an, youn nan dirijan Lufthansa yo te mande si m ta renmen eseye epi kondui similatè B747 la yon fwa ankò.
Anvan m te gen tan pou m totalman reflechi sou kesyon an, mwen te tande yon vwa—ki te etonamman sanble ak pa mwen—ki te di, “Wi, mwen ta renmen sa anpil.”
Osito m te di pawòl sa yo, yon sounami panse te inonde lespri mwen. Sa te gen lontan depi m te pilote 747 la. Lèsa a, mwen te yon jèn kapitèn ki te plen asirans. Kounyea mwen te gen yon repitasyon pou m te onore kòm yon ansyen chèf pilòt. Èske m ta pral anbarase tèt mwen devan pwofesyonèl sa yo?
Men li te twò ta pou m te rekile, konsa, mwen te enstale m nan chèz kapitèn nan, mwen te mete men m sou kontwòl familye ak byeneme yo, epi yon fwa ankò, mwen te santi alegrès vòl la pandan 747 la t ap gwonde sou pis la epi dekole al nan imitasyon syèl ble fantezis la.
Mwen kontan pou m di vòl la te reyisi, avyon an te rete entak, tou kòm imaj mwen de mwenmenm.
Malgre sa, eksperyans la te fè m enb. Lè m te nan pik jenès mwen, pilote te vin prèske yon dezyèm nati. Kounyea, sa te mande m tout konsantrasyon mwen pou m te fè bagay debaz yo.
Lavi Disip Mande Disiplin
Eksperyans mwen nan similatè vòl la sete yon rapèl enpòtan ke vin bon nan nenpòt bagay—keseswa pilote avyon, rame, koud, sekle, oubyen konnen—mande otodisiplin ak pratik.
Ou gendwa pase dèzane ap akeri yon konpetans oubyen devlope yon talan. Ou gendwa travay sitèlman rèd ke sa vin yon dezyèm nati pou ou. Men si w panse sa vledi ou ka sispann pratike ak etidye, ou gradyèlman pèdi konesans ak kapasite ou te akeri yon fwa a.
Sa aplike a talan tankou aprann yon lang, jwe yon enstriman mizik, ak pilote yon avyon. Li aplike a vin yon disip Kris tou.
An tèm senp, lavi disip mande disiplin.
Se pa yon antrepriz okazyonèl, e li pa rive pa aksidan.
Lafwa nan Jezikri se yon kado, men, resevwa li se yon chwa konsyan ki mande yon angajman avèk tout “pouvwa, panse, ak fòs” nou. Se yon pratik chak jou. Chak èdtan. Li mande aprantisaj konstan ak angajman detèmine. Lafwa nou, lwayote nou anvè Sovè a, vin pi solid pandan l ap teste kont opozisyon n ap rankontre isit nan mòtalite a. Li andire paske nou kontinye nouri li, nou kontinye aplike l aktivman, epi nou pa janm renonse.
Yon lòt bò, si nou echwe nan itilize lafwa ak pouvwa l pou konvenk la, n ap vin mwens sèten de bagay nou te yon fwa kenbe kòm sakre yo—mwens konfidan nan bagay nou te yon fwa konnen ki te vrè yo.
Tantasyon yo ki pa t ap janm atire nou kòmanse parèt mwens repousan e vin pi atiran.
Chalè temwayaj nou te genyen yè a pa ka rechofe nou pou twò lontan. Li bezwen nouriti konstan pou l ka kontinye brile avèk ekla.
Nan Nouvo Testaman an, Sovè a te anseye yon parabòl sou yon mèt ki te bay chak nan sèvitè l yo yon responsablite sakre—yon kantite lajan ki te rele talan. Sèvitè ki te itilize talan yo a avèk dilijans yo te ogmante yo. Sèvitè ki te antere talan pa l la te alafen pèdi l.
Leson an? Bondye ba nou don—pou konesans, kapasite, ak opòtinite—epi Li vle pou nou itilize yo ak agrandi yo pou yo ka beni nou ak beni lòt pitit Li yo. Sa p ap fèt si nou mete don sa yo byen wo sou yon etajè tankou yon twofe ke nou ap admire tanzantan. Don nou yo ap mayifye ak miltipliye sèlman si nou itilize yo.
Ou Gen Don
Ou ta gendwa di, “Men, Èldè Uchtdorf,” “M pa gen okenn don ni talan—omwen, okenn ki gen valè.” Petèt ou gade lòt moun ki gen don ki evidan ak enpresyonan epi ou santi w pito òdinè an konparezon. Ou petèt panse ke nan egzistans premòtèl la, nan jou gran festen don ak talan an, asyèt ou a te sanble l tristeman vid—espesyalman konpare avèk asyèt lòt moun yo ki ranpli e ap debòde.
O, ala m ta renmen anbrase ou epi ede w konprann gran verite sa a: Ou se yon èt limyè ki beni; pitit lespri yon Bondye enfini! Epi ou gen nan ou yon potansyèl ki depase kapasite w pou w imajine.
Jan powèt yo note a, ou vini sou tè a “ap trennen nyaj laglwa”!
Istwa orijin ou divin, e konsa destine w tou. Ou te kite syèl la pou vini isit la, men syèl la pa janm kite ou!
Pa genyen anyen ki òdinè nan ou.
Ou gen talan!
Nan Doktrin ak Alyans yo, Bondye te deklare:
paske, gen anpil don, epi Lespri Bondye a bay chak moun yon don.
Kèk moun resevwa youn, epi kèk lòt moun resevwa yon lòt, pou tout moun kapab pwogrese.”
Kèk nan don sa yo mansyone nan ekriti yo. Anpil pa mansyone.
Jan gran pwofèt Mowoni te di: “Pa nye don Bondye yo, paske yo anpil; epi yo sòti kote menm Bondye a. ” Yo gendwa manifeste nan “fason diferan … ; men se menm Bondye a ki fè yo tout.”
Se petèt vre ke don spirityèl nou yo pa toujou ekstravagan, men sa pa vledi yo mwens enpòtan. Èske m ka pataje avèk nou kèk don espirityèl ke m te remake nan manm nou yo atravè mond lan? Mande tèt ou si w beni avèk youn oubyen plis don tankou:
-
Montre konpasyon.
-
Remake moun ke yo neglije.
-
Jwenn rezon pou gen kè kontan.
-
Rete yon atizan lapè.
-
Note ti mirak piti yo.
-
Fè konpliman ki sensè.
-
Padonan.
-
Repantan.
-
Pèseveran.
-
Eksplike bagay yo ak senplisite.
-
Konekte avèk timoun.
-
Soutni dirijan Legliz yo.
Ou petèt p ap wè don sa yo ekspoze nan cho talan pawas la. Men, mwen espere ou ka wè konbyen yo presye pou travay Senyè a ak kijan ou petèt te touche, beni, oubyen menm sove youn nan pitit Bondye yo gras ak don w yo. Sonje: “Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”
Fè Ti Pati Pa w la
Frè ak sè byeneme m yo, chè zanmi, mwen priye pou Lespri Senyè a beni nou pou rekonèt don ak talan Bondye ba nou yo. Apresa, se pou, menmjan ak sèvitè fidèl yo nan parabòl Senyè a, nou ogmante yo ak mayifye yo.
Jou a pral vini kote nou pral kanpe devan Pè Selès konpatisan nou an pou nou rann kont de jerans nou. Li pral vle konnen kisa nou te fè avèk don Li te ba nou yo—an patikilye, kijan nou te itilize yo pou beni lavi pitit Li yo. Li konnen kiyès nou reyèlman ye, kisa nou te destine pou nou devni, epi konsa, L ap atann gwo bagay de nou.
Men Li pa atann ke nou fè yon gran vòl ewoyik, oubyen vole tankou sipèmann pou rive la. Nan mond Li kreye a, pwogresyon ap fèt gradyèlman e pasyaman—men avèk konsistans e san relach tou.
Se Jezikri ki te deja fè pati ekstraòdinè a lè Li te konkeri lanmò ak peche a.
Pati pa nou an se suiv Kris la. Pati pa nou se vire do bay peche, vire al jwenn Sovè a, epi mache nan chemen Li, yon pa alafwa. Si nou fè sa, avèk dilijans e fidèlman, n ap alafen debarase nou anba enpèfeksyon ak fot yo epi n ap vin rafine lantman, jiska jou pafè kote nou pral pèfeksyone nan Li a.
Benediksyon yo alapòte nou. Pwomès yo anplas. Pòt la ouvri byen laj. Se chwa pa nou pou nou antre epi kòmanse.
Kòmansman an gen dwa piti. Men sa OKE.
Kote lafwa fèb, kòmanse avèk yon esperans nan Kris Jezi a ak pouvwa Li pou pwòpte ak pirifye a.
Papa nou mande pou nou apwoche defi sa sou lafwa ak lavi disip la non pa kòm senp touris okazyonèl men kòm kwayan sensè ki abandone Babilòn epi fikse kè yo, lespri yo, ak pa yo nan direksyon Siyon.
Nou konnen ke efò nou yo poukont yo pa kapab rann nou selès. Men yo ka fè nou lwayal ak angaje anvè Jezikri, epi Li ka fè nou vin selès.
Gras ak Sovè byenneme nou an, pa gen okenn senaryo ki pa ka byen fini. Si nou mete espwa ak lafwa nou nan Li, viktwa nou asire. Li pwomèt nou aksè nan fòs Li, pouvwa Li, lagras abondan Li. Etap pa etap, tikal pa tikal, n ap pwogrese vin pi pre gran jou pafè kote nou pral viv avèk Li ak moun ki chè pou nou yo nan laglwa etènèl.
Pou nou rive la, nou dwe fè pati pa nou an jodia epi chak jou. Nou rekonesan pou pa nou te fè yè yo, men nou pa kanpe la. Nou konnen ke nou toujou gen yon wout long pou nou pakouri, etap pa etap, e nou pa dwe kite sa dekouraje nou.
Sa se esans moun nou ye a—kòm disip Jezikri.
Mwen egzòte ak beni chak manm nan Legliz la pou yo gen ase konfyans nan Sovè a pou angaje yo, avèk pasyans ak dilijans nan fè pati pa yo a ak tout kè yo—pou lajwa nou kapab konplè epi pou, yon jou, nou ka resevwa plenitid tout sa Papa a genyen. Konsènan sa, mwen rann temwanyaj mwen, nan non Jezikri, amèn.