Konferans Jeneral
Gade Bondye epi Viv
Konferans jeneral oktòb 2025


14:14

Gade Bondye epi Viv

Se sèlman lè yo vire gade Bondye ke moun yo, fanmi yo, epi menm nasyon yo kapab fleri.

Mwa Jen pase a, yon terib aksidan te rive nan peyi Lesotho, nan zòn Sid Afrik. Yon ti bis ki t ap transpòte ven jènfi nan Branch Maputsoe a nan Legliz la ak sèt nan dirijan yo te nan wout pou kapital la, Maseru, pou yon rasanbleman jènfi nan Distri yo a. Pandan yo t ap vwayeje sou yon otowout de liy nan maten, yon machin ki t ap vini nan direksyon opoze a, nan eseye depase yon lòt machin, te rantre nan liy kote bis la te ye a. Pa t gen okenn espas ni tan pou evite yon kolizyon dirèk, epi nan lespas kèlke segond machin yo te frape ansanm, woule kite wout la, epi pran dife.

Antou, kenz moun te mouri nan aksidan an, enkli sis jènfi, de dirijant Jènfi, ak prezidan Branch la ak madanm li. Sivivan yo, manm fanmi yo, ak zanmi yo te eksprime tout kalite emosyon, enkli moman kòlè, depresyon, e menm kilpabilite. Malgre santiman ak kesyon san repons sa yo, youn te rekonfòte lòt epi yo te vire jwenn Bondye atravè mizik sakre, ekriti yo, ak lapriyè, kote yo te jwenn konsolasyon. Yon sivivan laj disetan, Setso’ana Selebeli te temwaye, “Jezikri renmen nou epi la avèk nou, menmsi kè nou blese.”

Manm yo nan Lesotho

Yon jènfi ak yon dirijant ki te nan lopital pou tretman paske yo te boule, te etidye Liv Mòmon an ansanm. Youn te di, “Dènyèman, nou t ap li nan Mowoni, epi Mowoni di egzakteman sa m santi yo. … Lè li pale, se tankou l ap di, ‘Ou dwe aprann pawòl sa yo paske yo te ekri pou ou pou ede ou travèse eprèv sa a.’”

Antèman nan Lesotho

Nan yon sèvis fineray konbine pou moun ki te peri yo, Swasanndis Entèrejyon an, Èldè Siyabonga Mkhize, te konseye, “Nou tout dwe vire jwenn Senyè a nan moman sa a epi mande Li pou rekonfòte kè nou epi … pou kalme doulè nou santi a.” Prezidant Jènfi ki te soti nan Branch Leribe tou pre a, Manmpho Makura, te egzòte, “Vire kote Senyè a, epi jwenn fòs pou aksepte volonte Li. Jezikri se ‘kòmansman ak finisman lafwa nou’ [Hebrews 12:2]. Pa detounen rega nou, men vire gade Li.”

Vire Gade Li. Pawòl li yo fè eko ak konsèy Alma te bay pitit gason li an Elaman: “Gade Bondye pou ou kapab viv.” Alma te site eksperyans Leyi ak pèp li a avèk Liahona a kòm yon modèl: “Li fasil pou w koute pawòl Kris la k ap montre w chemen dwat bonè etènèl la, tank li te fasil pou zansèt nou yo okipe konpa ki t ap dirije yo nan chemen dwat tè pwomiz la.” Alma te di, “Si yo te gade yo t ap kapab gen lavi. … Epi si nou … gade nou kapab gen lavi pou tout tan.”

Nan yon lòt okazyon, Alma te site egzanp sèpan eren an Moyiz te leve sou poto a lè ansyen Izrayelit yo te aflije anba sèpan mòdan yo. Senyè a te di Moyiz pou fè pòtre yon sèpan epi mete li sou tèt yon poto avèk pwomès ke “depi sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi l ap viv.” Alma te eksplike ke pòtre an eren an sete yon modèl oswa senbòl sou Kris la, ke yo ta pral leve anlè sou kwa a. Anpil te gade epi yo te viv, men gen lòt ki, selon pawòl Alma, te “si andisi” ke yo pa te vle gade epi yo te peri.

Alma te mande:

“Si nou te ka sèlman vire je nou gade pou nou te kapab geri, èske nou pa t ap vire tèt nou byen vit, oubyen èske nou ta pito fè kè nou di nan enkwayans, epi fè endolans, pou nou pa ta gade, pou nou kapab peri?”

“ … Donk voye je nou gade epi kòmanse kwè nan Pitit Gason Bondye a, ke l ap vin rachte pèp li a, epi ke li pral soufri epi mouri pou li ekspye pou peche yo; epi ke li pral leve ankò nan pami mò yo, sa ki pral reyalize rezirèksyon an; ke tout moun gen pou kanpe devan li, nan dènye jou jijman an pou li jije yo daprè zèv yo.”

Natirèlman, konsèy pou “Gade Bondye epi viv la” genyen siyifikasyon pou nou non sèlman nan letènite, men tou fè tout diferans la nan nati ak kalite lavi mòtèl nou. Sonje pawòl jèn Sè Selebeli nan Lesotho a ke nou te deja mansyone yo—“Jezikri renmen nou epi la avèk nou, menmsi kè nou blese.”

Se tou natirèl nan yon mond dechi—kote dyab la ap fè raj epi kote tout moun enpafè—ke ap gen desepsyon ak ofans, soufrans ak chagren, echèk ak pèt, pèsekisyon ak enjistis. Se sèlman lè yo vire gade Bondye ke moun yo, fanmi yo, epi menm nasyon yo kapab fleri. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Paske Sovè a, atravè Ekspyasyon enfini Li a, te rachte nou chak anba feblès, erè yo, ak peche, epi paske Li te fè eksperyans tout doulè, enkyetid, ak fado nou te janm genyen [gade Alma 7:11–13], konsa, lè nou repanti vrèman epi chèche èd Li, nou ka elve pi wo pase mond frajil sa a kote n ap viv la.”

Pa gen okenn pwomès ki repete pi souvan nan ekriti nan Liv Mòmon an pase sa a: “Toutotan nou respekte kòmandman m yo, n ap pwospere nan peyi a: men toutotan nou pa respekte kòmandman m yo, m ap rejte nou nan prezans mwen.” Eksperyans ke pèp nan Liv Mòmon yo te viv atravè syèk yo demontre verite a nan pawòl sa yo. “Pwospere” te vledi jwi gidans ak benediksyon syèl yo nan lavi yo. “Pwospere” te vledi atenn nivo byennèt ekonomik ki te pèmèt yo marye, elve fanmi yo, epi reponn a bezwen lòt yo. “Pwospere” te enkli kapasite pou yo te simonte difikilte ak eprèv. Atravè gras Kris la, “tout bagay te mac[he] ansanm pou byen [yo],” te rafine yo, epi apwofondi relasyon yo avèk Li.

Alma te eksplike ke gade Bondye se kenbe kòmandman Li yo, kriye nan pye Li tout tan pou sipò Li, mande Li konsèy nan tout sa n ap fè, epi kite kè nou ranpli avèk remèsiman pou Li lajounen kou lannuit. Nou jwenn kòmandman ak konsèy Bondye yo nan ekriti yo ak nan pawòl sèvitè Li yo. Prensip ak ideyal yo ki pwononse nan “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” se yon egzanp klè. Yon lòt se gidans nou jwenn nan livrè Pou Fòs Jèn yo. Tèm Jènjan ak Jènfi yo pou ane sa a se “Gade sou Kris la,” ki soti nan direksyon rekonfòtan Senyè a pou Joseph Smith ak Oliver Cowdery a: “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.” BwochiPou Fòs Jèn yo pale de plizyè nan kòmandman ak prensip Bondye ki pi ijan yo epi anseye kijan pou gade Senyè a nan pran bon desizyon. Se yon gid non sèlman pou jèn yo men pou nou tout.

Kòm yon egzanp trè enpòtan, Pou Fòs Jèn yo gen konsèy enpòtan nan chapit ki rele “Kò nou Sakre” a. Li enstwi, “Trete kò ou—ak kò lòt moun—avèk respè. Lè w ap pran desizyon sou fason pou w abiye, sou kwafi, ak sou aparans ou, mande tèt ou, “Èske m ap onore kò mwen kòm yon kado sakre Bondye ban mwen?”

Pou Fòs Jèn yo deklare pi lwen, “Kenbe sèks ak santiman seksyèl yo sakre. Ou pa dwe itilize yo kòm sijè plezantri oubyen divètisman. Andeyò maryaj ant yon gason ak yon fi, sa pa kòrèk pou touche pati prive ak sakre kò yon lòt moun menmsi li abiye. Lè w ap chwazi sa pou w fè, sa pou w gade, li, koute, ak panse, ak poste, oubyen tèks, evite tout bagay ki ka volontèman reveye emosyon seksyèl nan lòt moun oubyen nan oumenm.”

Sa raple nou egzòtasyon resan Prezidan Nelson nan:

“Pa gen anpil bagay ki pral konplike lavi nou pi rapidman pase vyolasyon lwa [chastete a]. Pou moun ki te fè alyans avèk Bondye yo, imoralite se youn nan fason ki pi rapid pou pèdi temwayaj nou.

“… Pouvwa pou kreye lavi a se yon grenn privilèj divinite a ke Pè Sekès la pèmèt pitit Li yo nan mòtalite a egzèse. Konsa, Bondye tabli prensip klè pou itilizasyon pouvwa vivan ak diven sa a. Entimite fizik se sèlman pou yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt.

“Pifò moun nan mond lan pa kwè sa a, men opinyon piblik se pa yon sous verite. Senyè a te deklare ke okenn moun ki pa gen chastete pa p rive nan wayòm selès la. … Si w gen pwoblèm chastete, mwen ankouraje ou pou repanti. Vin jwenn Kris la epi resevwa pwomès Li pou padon konplè a pandan w ap repanti totalman pou peche ou yo [gade Ezayi 1:16–18; Doktrin ak Alyans 58:42–43].”

Sonje ke nan pwomès Liv Mòmon an, opoze pwosperite se pa te pòvrete—sete soti nan prezans Senyè a. Prezans Li refere a enfliyans Lespri Li nan lavi yon moun. Tout moun vini avèk Limyè Kris la lè yo vin nan mond lan. Anplis, kèk moun aji pou yo ka batize ak resevwa don ak limyè adisyonèl Sentespri a. Li pote enspirasyon ak gidans, li amelyore ak rafine don ak kapasite ki andedan moun, epi ede pou evite enfliyans mal yo, move desizyon yo, ak enpas yo.

Tankou ou, mwen konnen kèk moun ki yon fwa te jwi don Sentespri a men ki pèdi benediksyon sa a, akoz yo pa respekte kòmandman Bondye yo. Youn an patikilye vini nan lespri mwen, yo te anile apatenans li nan Legliz la akoz transgresyon. Li te di ke premye reyaksyon li sete santi li ofanse. Li te santi ke sete dirijan enpafè ki te jije li. Li te konnen konduit li a pa te bon, men li te rasyonalize l nan lonje dwèt sou defo ak feblès lòt moun. Apre yon ti tan, li te kòmanse santi li konfòtab nan yon mòd lavi andeyò Legliz la san obligasyon apèl, san atant pou asiste nan sèvis adorasyon ak sèvi lòt moun.

Sa te kontinye pou yon ti tan, men li te pi pwofondeman kòmanse santi absans Sentespri a—prezans Bondye—nan lavi li. Pa eksperyans, li te konnen kisa sa te ye pou genyen, jou apre jou, rekonfò, gidans, ak konfyans ki soti nan Lespri a, epi sa te manke li. Finalman, li te fè sa li te bezwen fè pou repanti epi kalifye yon fwa ankò pou batize nan dlo ak nan Lespri a.

Sanble pa gen okenn fen nan diferan sous moun gade pou yo ka jwenn sans, bonè, ak èd yo. Pifò ap “gade pi lwen mak la.” Men nou pa dwe tounen “timoun, k ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin [oswa lamòd] pote yo ale.” Lè nou vire gade Bondye, nou ka jwenn lapè nan difikilte, epi lafwa nou ka kontinye grandi menm nan moman dout ak pwoblèm spirityèl. Nou ka resevwa fòs anfas opozisyon ak izolasyon. Nou ka rekonsilye ideyal la avèk reyalite prezan an. Vrèman, pa gen okenn lòt fason pase sa Bondye Limenm te òdone a, “Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye, epi pa gen lòt.”

Gade Bondye vledi ke Li pa jis youn nan priyorite nou; men okontrè, sa vledi ke Li se sèl pi gwo priyorite nou. Mwen raple m aksidan terib sa a ankò nan Lesotho a nan mwa Jen dènye a. Sou kabann lopital li, youn nan dirijant Jènfi ki te siviv yo, ki pa te kwè nan Bondye anvan li te antre nan Legliz la, te di ke objektif li kounyea se dekouvri poukisa lavi li te epanye. “Sèvi Bondye san rete se fason m ap rive jwenn yon repons, si m rive jwenn yon repons,” li te deklare. “Mwen te abitye panse ke mwen renmen Bondye, men kounyea, mwen vrèman, vrèman, vrèman, vrèman renmen Li. Kounyea Li se priyorite [nimewo-en] nan lavi mwen.”

Mwen rann temwayaj de Papa a, Pitit Gason an, ak Sentespri a ki, nan inite, pawòl, panse, ak aksyon pafè se yon sèl Bondye, sou ki nou kapab gade pou tout sa ki bon. Mwen rann temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a, kote pouvwa pou akonpli pwomès mèveye sa a soti a: “Leve tèt gade m, epi pèsevere jiska lafen, epi n ap viv; paske, moun ki pèsevere jiska lafen, m ap ba li lavi etènèl.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Ryan Jensen, “Survivors of Deadly Bus Crash in Lesotho Share Grief—and Faith—in Wake of Tragedy,” Church News, 18 Jiyè 2025, thechurchnews.com; Ryan Jensen, “‘God Is Still God’—Remembering the Lives Lost in Lesotho Bus Accident,” Church News, 19 Jiyè 2025, thechurchnews.com.

  2. Alma 37:47.

  3. Alma 37:44.

  4. Alma 37:46; anfaz te ajoute.

  5. Gade Resansman 21:5–9.

  6. Resansman 21:8.

  7. Gade Alma 33:19.

  8. Alma 33:20.

  9. Alma 33:21–22. Pitit pitit gason Alma a, Nefi, nan rann temwayaj sou Sovè a, te ajoute, “Epi, menm jan tout moun ki te leve tèt gade sèpan an te viv, se konsa tout moun ki gade Pitit Gason Bondye a ak lafwa, si yo gen yon lespri kontri, y ap viv, menm nan lavi etènèl” (Elaman 8:15).

  10. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022, 96.

  11. 2 Nefi 1:20.

  12. Women 8:28.

  13. Nou ka wè toutotou nou fwi ki soti nan gade Bondye epi gen Lespri Li avèk nou. Pa egzanp, rechèch yo dekouvri ke “devlopman spirityèl asosye avèk pwoteksyon kont depresyon ak sibtans abizif epi avèk prepare jèn adilt yo pou relasyon ki pi ansante, travay ki pi detèmine, ak pi gwo rezilyans emosyonèl”(Cornelia Powers, “The New Spiritual Leader on Campus,” Atlantic, Me 18, 2025], theatlantic.com.

    Nivo solitid kwonik, izolasyon emosyonèl, ak anksyete nan popilasyon jeneral la an kontras avèk mòd lavi ki jeneralman pi ansante, vitalite fizik ak mantal, pi gwo nivo edikasyon, ak pèspektiv pozitif ki baze sou lafwa pami Sen Dènye Jou yo. Se pa ke noumenm, antanke pèp, pa janm fè eksperyans pwoblèm ki kouraman egziste yo nan mond lan. Okontrè, se paske lè nou vire gade Jezikri, nou ka triyonfe.

  14. Gade Alma 37:35–37.

  15. Gade Doktrin ak Alyans 68:4.

  16. Doktrin ak Alyans 6:36.

  17. Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Ede Fè Chwa (2022), 24, 25.

  18. Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Liahona, Nov. 2023, 118; anfaz nan orijinal.

  19. Gade Jan 1:9; Moroni 7:16; Doktrin ak Alyans 84:45–46; 93:2.

  20. Jakòb 4:14.

  21. Efezyen 4:14.

  22. Ezayi 45:22.

  23. Mapule Joyce Takane, nan Jensen, “Survivors of Deadly Bus Crash in Lesotho Share Grief—and Faith—in Wake of Tragedy,” thechurchnews.com.

  24. Gade 1 Jan 5:7; 3 Nefi 11:36; Doktrin ak Alyans 20:28; Gid Ekriti yo, “Bondye, Divinite,” Bibliyotèk Levanjil.

  25. 3 Nefi 15:9.