Konferans Jeneral
Ajenou Enbleman Devan Lotèl Yo
Konferans jeneral oktòb 2025


11:24

Ajenou Enbleman Devan Lotèl Yo

Lè nou fè alyans epi nou onore alyans nou yo, nou lye tèt nou avèk Sovè a, nou gen pigran aksè a mizèrikòd, pwoteksyon, sanktifikasyon, gerizon ak repo Li.

Mèsi koral la, pou temwayaj nou atravè nouvo kantik sa a.

Nouvo kantik sentsèn nan “Pen Lavi a, Dlo Vivan an” ranpli nanm mwen. Yon liy nan kantik la di konsa, “M vini devan lotèl la, pou m ofri Li kè brize mwen.”

Konpreyansyon m te apwofondi nan pawòl sa yo tousuit apre fanmi m te kite Newbury Park, Kalifòni, pou n t al sèvi nan Misyon Ogden Uta a an 2015. M te resevwa yon envitasyon pou m t al vizite BazAyeryèn Hill Air Force la tou pre Layton, Utah. Mwen potko janm al nan yon baz militè, ni tou m potko janm rankontre yon chaplen militè, ni gason ak fi k ap travay pou bay sekirite ak pwoteksyon pou peyi yo a.

Chaplen Harp, tankou dèmilye lòt Chaplen volontè ak pwofesyonèl ki ap sèvi nan prizon, lopital, ak enstalasyon militè nou yo nan tout mond lan, te enspire m ak edifye mwen. Dènye etap nou nan baz la sete sanktyè a. Mwen te mande chaplen an si l te administre sèvis pou tout moun ki vle rekeyi yo, priye, medite ak adore. Li te ale devan miray ki sou devan andedan chapèl la, epi l te rale yon kwa dèyè rido a. Li te di li itilize kwa a pou sèvis Pwotestan ak Katolik yo. Mwen te mande kisa li itilize pou frè ak sè jwif nou yo, epi l te ale nan lòt bò a devan miray la epi l te rale yon Etwal David.

Apresa, m te made, “Kisa w fè pou sèvis Sen Dènye-jou yo?” Li te pouse senbòl sa yo soukote epi l te lonje dwèt li sou yon gwo lotèl anbwa nan mitan sanktyè a. Li te di, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo prepare epi beni pen ak dlo sou lotèl la. Mwen te mande l si gwo lotèl ki sanble l fiks la te retire anvan sèvis frè ak sè Jwif, Mizalman, Katolik, oubyen pwotestan yo. Li te di ke, lotèl la rete anplas, pou plizyè nan diferan relijyon sa yo itilize nan yon fason kèlkonk.

Abraram te bati yon lotèl, li te mare Izaak, epi l te pare pou l te sakrifye sèl pitit gason l lan la, men, men l te bloke, epi l te deklare, jan Seyè a te deklare a, “Men mwen”! Konbyen fwa Gran Mwen Menm nan oubyen yonn nan pwofèt Li yo te di volontèman, “Men mwen”?

Pandan diskou sou Mòn nan, Sovè a te envite nou pou nou rekonsilye avèk frè ak sè nou yo anvan nou apwoche devan lotèl la. Pòl te anseye ke nou “sanktifye” sou lotèl la atravè Ekspyasyon Jezikri a.

Pwofèt Leyi “te kite kay li … ak bagay ki gen anpil valè li yo. … [Apresa] li te bati yon lotèl …⁠ epi l te fè yon sakrifis … , epi l te bay Seyè a remèsiman.”

Bib la ak Liv Mòmon an anseye nou pou nou adore Pitit Gason an sou lotèl. Poukisa?

Premye paran nou yo, Adan ak Èv, te bati epi yo te adore devan lotèl. Apre yo te fin chase yo nan Jaden Eden nan epi yo te adore pandan “plizyè jou,” yon zanj te vizite yo epi l te poze yon kesyon enpòtan ke yo ta ka poze nou chak: “Poukisa w ap ofri Seyè a sakrifis?”

Adan te reponn, “M pa konnen.”

Repons zanj lan a admisyon enb Adan an te etonan: “Bagay sa … a se resanblans sakrifis Sèl Pitit Literal Papa a. … Se sa ki fè, ou dwe fè tout sa w gen pou fè nan non Pitit Gason an, epi pou w repanti epi w dwe rele Bondye nan non Pitit Gason an tout tan.”

Tab sentsèn nan ak lotèl tanp yo senbolize sakrifis Jezikri a ak Ekspyasyon enfini Li a.

Lè nou fè epi nou onore alyans nou yo, nou resevwa òdonans sentsèn nan legliz la ak dotasyon ak sèlman nan tanp, nou lye tèt nou avèk Sovè a, nou resevwa pigran aksè a mizèrikòd Li, pwoteksyon, sanktifikasyon, gerizon, ak repo Li.

Mizèrikòd ak Pwoteksyon Atravè Alyans

Lè m te yon jèn-gason-15 zan, m sonje m te mande papa m si m te ka sote reyinyon sentsèn nan—yon sèl Dimanch an Janvye pou yon jwèt foutbòl espesyal Ameriken. Li te di mwen gran ase pou m te fè chwa sa a pou tèt mwen epi l te mande m pou m te konsidere yon moso konsèy. Li te di, “Si w chawazi pou w manke sentsèn nan yon fwa, li pi fasil pou w chwazi manke l ankò.”

Si Sovè a se gran konektè a, enben, advèsè a se separatè a. Satan tante nou pou separe nou avèk plas adorasyon ki konsakre nou yo epi ak pwoteksyon Jezikri. Lè nou adore Sovè a, nou resevwa, “pouvwa pou nou ale kont kouran natirèl mond la.” Lè nou pase tan an kominyon avèk Li, Nou gen yon pwomès pou nou “delivre anba Satan.” “Epi, si nou kenbe alyans nou yo, L ap dote nou avèk pouvwa gerizon fòtifyan Li ….” O, ala mwen cheri eksperyans kominyon nou avèk Sovè a atravè alyans ki fèt devan lotèl yo.

Lè nou bati yon konpreyansyon sou Ekspyasyon etènèl Sovè a liy apre liy, presèp apre presèp, sa ban nou yon vaksen espirityèl kont riz advèsè a. Jèn Elder Jaggi nan Meksik, Zuster Jaggi an Bèljik, ak lòt misyonè atravè mond la plis ka wè zanmi yo jwenn benediksyon batèm ak resevwa don Sentespri a si zanmi sa yo ale nan reyinyon sentsèn nan premye semèn kontak la fèt la.

Yon jèn adilt nan Tonga oubyen Samoa ka ap pi souvan al sele nan kay Seyè a si yo prepare epi yo resevwa dotasyon yo tousuit apre yo fin gradye nan lekòl. Nan dotasyon an, yo envite manm yo pou yo viv, obeyi, ak kenbe senk lwa ki pote pouvwa ak pwoteksyon. Lè nou fè alyans avèk Seyè a, yon relasyon resipwòk fòme. Nou montre lwayote ak amou nou pou Li. Fòs ak pouvwa nou grandi avèk chak pwomès nou fè epi nou kenbe.

Refleksyon ak Sanktifikasyon

Lè nou mete ajenou avèk imilite epi senbolikman devan lotèl Seyè a yo, se yon okazyon pou nou reflechi, “pou nou egzamine ògèy ki nan kè [nou], … [pou nou gen imilite] devan Bondye.” Avan m te sòti avèk zanmi m yo lè m te jèn, manman m te konn di souvan, “Sonje kiyès ou ye, epi tanpri, fè nou konnen lè w retounen lakay.” Gen kèk nuit, m pat tcheke paske m te rive lakay twò ta. M regrèt m te rate vizit enpòtan sa yo avèk Manman m nan.

Jodia, m paka tann pou m verifye relasyon m avèk Pè Selès la. Nan modèl adorasyon pèsonèl mwen chak jou, mwen ajenou nan lapriyè, bò kabann mwen oubyen m rasanble avèk fanmi mwen, epi mwen imajine m ajenou devan lotèl yo, ap reflechi ak egzamine lavi mwen. Mwen panse a sentsèn nan, menm moso pen antye yo, ki kase epi ki chire pou nou, yo chak se yon senbòl kò brize Redanmtè nou an. Mwen raple m ansèyman Prezidan Dallin H. Oaks ki te di “chak moso pen unik, menmjan moun ki manje l yo unik.” Lè m ajenou nan lapriyè, mwen panse a fason m ka bay Bondye volonte m.

Èldè David A. Bednar te ansenye: “Òdonans sentsèn nan se yon envitasyon sakre ki repete pou nou repanti sensèman epi pou nou renouvle espirityèlman. Pran sentsèn nan, nan limenm e pa limenm, pa rachte peche. Men, si nou prepare nou byen epi nou patisipe nan òdonans sakre sa a avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, lè sa a, pwomès la sèke n ap kapab toujou gen Lespri Senyè a avèk nou. Epi, avèk pouvwa sanktifyan Sentespri a kòm konpanyon konstan nou, nou kapab toujou jwenn yon remisyon pou peche nou.”

Lè Amy avèk mwen gade eksperyans lavi nou pi pre, nou selebre don lanmou ak sakrifis pafè Jezikri a. Nou wè tou kijan raj lanfè te lage. Kouman nou ka simonte rega jijman, anksyete, depresyon, kansè, dyabèt, entimidaston entènèt, vòl idantite, avòtman, ak pèdi yon pitit, yon frè, yon papa? Paske Jezi te pran tas anmè tranbleman an, tas laraj la—pou mwen, pou fanmi m, pou nou tout!

Sovè a nan Jetsemane

Jetsemane, tablo Adam Abram, koutwazi altusfineart.com © 2025

Tas “anmè a” Li te bwè nan Jaden Jetsemane a ak soufrans Li “ki te vin pi di” sou kwa a nan kalvè a, pèmèt nou depoze difikilte, ensolans, vyolans, ak tranbleman yo sou lotèl Seyè a, epi pou nou “sanktifye nan resevwa Sentespri a,” tout tan.

Sè Patricia Holland te di, “Priyè pi pwofon m pou nou ak pou mwen jodia se pou nou livre tèt nou konplètman devan lotèl pwomès ak lapè Bondye yo kèlkeswa kote nou ye ak kèlkeswa sa nou te fè.”

Yon Kote ki gen Gerizon ak Repo

Lè nou vini devan lotèl la, se pa yon rekonpans n ap genyen; n ap aprann konsènan Moun ki bay don an. Nan aprantisaj, ak alyans ki lye nou sa a, gerizon vini. Nefi te di, “Li te chaje m avèk lanmou li, jistan kò m ta boule.” Epi Sovè ki renmen nou an te envite, “Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, epi repanti pou peche nou yo, konvèti pou m kapab geri nou?”

Lè de pigran pitit fi nou yo, Mackenzie ak Emma, te piti, yonn nan istwa favori yo sete The Chronicles of Narnia: istwa Lyon an, ak Sòsyè a, ak Amwa Rad la. Nou tout te renmen lyon an, Aslan. Yonn nan sware ki pi inoubliyab pandan n t ap li liv la sete lè gwo lyon an te bay lavi l pou Edmund. Sa memorab paske paran yo ak pitit fi yo te gen dlo nan je lè Sòsyè a te tiye lyon an sou tab anwòch la. Sa te memorab paske esperans te pèsiste malgre trajedi a, jiskaske sa ki espektakilè a te pase. Son lajwa te rezone nan ti chanm nan lè Aslan te resisite epi l te di, “Si Sòsyè a te konnen vrè siyifikasyon sakrifis, … li t ap konnen ke si yon viktim volontè ki pat komèt ankenn trayison te mouri nan plas yon trèt, Tab Anwòch la t ap krake, epi lanmò limenm t ap [kòmanse demare].”

Jezikri geri tout blesi. Jezikri fè l posib pou nou viv ankò.

Nan diskou konferans jeneral Oktòb 2022 li a, Prezidan Russell M. Nelson te dekri yon gwoup vizitè ki te vini nan pòt ouvèt yon tanp. Yon tigason te la. Prezidan Nelson te ansenye:

“Lè gwoup vizitè a te antre nan sal dotasyon an, tigason an te lonje dwèt sou lotèl la, kote moun mete ajenou pou fè alyans avèk Bondye yo, epi l te di, ‘Oh, sa bèl. Sa se yon kote pou moun repoze pandan pakou yo nan tanp lan.’

“…Li pwobableman pa t gen okenn ide sou koneksyon dirèk ant fè yon alyans avèk Bondye nan tanp lan ak bèl pwomès Sovè a:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba nou repo..

“Pran jouk mwen an sou nou, epi aprann de mwen; … epi n ap jwenn repo pou nanm ou.

“‘Paske jouk mwen fasil, e chay mwen an pa lou’ [Matye11:28–30; anfaz ajoute].”

“Pitit Gason Lòm nan pa gen kote pou l depoze tèt li,” malgre sa, Li te envite disip Li yo sou tab sentsèn nan pou yo repoze avèk Li. Lè “nanm ki enb mete ajenou deval lotèl yo,” lapè vini an abondans. Bra Sovè nou an lonje; tab li a pare. Vin adore Pitit Gason Bondye a sou Lotèl sakre Li yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade 3 Nefi 18:4–9.

  2. Pen Lavi, Dlo Vivan an,” Kantik—Pou Lakay ak Legliz, Biblyotèk Levanjil.

  3. Gade nan Moroni 45.

  4. Jenèz 22:11.

  5. Gade Jenèz 31:11; 46:2; Egzòd 3:4; 1 Samyèl 3:4–10; Ezayi 6:8; Abraram 3:27.

  6. Gade Matye 5:23–24.

  7. Gade Ebre 10:10–14.

  8. 1 Nefi 2:4, 7.

  9. Gade Moyiz 5:5; Gid Pa Sijè, “Jezikri, Types of, in Anticipation.”

  10. Moyiz 5:5–8.

  11. Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 27.2, Bibliyotèk Levanjil la.

  12. Gade 1 Timote 5:15; 3 Nefi 6:16; 11:29–30.

  13. Gade “TPran Kè Mwen Epi Konsakre lake l,” Kantik—Pou Lakay ak Legliz.

  14. Dale G. Renlund, “Jwenn Aksè a Pouvwa Bondye atravè Alyans,” Liahona, Me 2023, 37.

  15. Alma 15:17.

  16. Russell M. Nelson, “Tanp ak Fondasyon Espirityèl Nou,” Liahona, Nov. 2021, 94.

  17. Gade Ezayi 28:10, 13.

  18. Gade Quentin L. Cook, “Objektif Misyonè ak Leson yo Aprann” (Mesaj li te adrese nan seminè pou nouvo dirijan misyon yo, 19 Jen, 2025).

  19. (Gade Manyèl Jeneral, 27.2.

  20. Gade D. Todd Christofferson, “Youn nan Kris,” Liahona, Me 2023, 77–80.

  21. Gade Neil L. Andersen, “Tanp yo, Kay Senyè a, Kouvri tout Tè a,” Liahona, Me 2024 2024, 111–14.

  22. Alma 15:17.

  23. Gade 1 Korentyen 11:28.

  24. Dallin H. Oaks, “Mesaj Entwodiksyon” (mesaj ki te adrese nan seminè pou nouvo dirijan misyon yo, 25 Jen 2017).

  25. David A. Bednar, “Toujou Kenbe yon Remisyon Peche nou,” Liahona, Me 2016, 61–62.

  26. Gade Ezayi 51:17, 22; 3 Nefi 11:11.

  27. Doktrin ak Alyans 19:18.

  28. Russell M. Nelson, “Non Kòrèk Legliz la,” Liahona, Nov. 2018, 88.

  29. 3 Nefi 27:20.

  30. Yon Je Fikse: Panse ak Ansèyman Patricia T. Holland, comp. Mary Alice Holland McCann (2025), 135.

  31. Gade Doktrin ak Alyans 88:33.

  32. 2 Nefi 4:21.

  33. 3 Nefi 9:13.

  34. The Lion, the Witch and the Wardrobe (New York: HarperCollins, 1994), 178–79.

  35. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022, 95–96.

  36. Matye 8:20, Nouvo Vèsyon Entènasyonal.

  37. Gade nan Lik 22:14, Nouvo Vèsyon Entènasyonal. Recline soti nan Grèk anapipto, ki endike libète ak repo. Aksyon pou yo repoze a sete yon rapèl sou liberasyon Izrayelit yo anba esklavaj an Ejip.

  38. Byenveni Lakay ou,” Kantik—Pou Lakay ak Legliz.