Konnen Kiyès Ou Ye Reyèlman
Kèlkeswa kote nou ye sou chemen disip nou an, lavi nou pral chanje fondamantalman si nou konprann pi byen kiyès nou reyèlman ye.
Sa gen plizyè ane, pitit fi nou an te fè yon eksperyans pwofon nan misyon li. Avèk apwobasyon li, m ap pataje yon ekstrè nan sa li te ekri nou nan semèn sa a:
“Yè, yon manm ki te retounen, te mande nou vin kote l pi vit posib. Lè nou te rive, nou te jwenn li atè a ap kriye san kontwòl. Atravè dlo nan je l, nou te dekouvri ke li te pèdi travay li, yo ta pral mete l deyò nan apatman li, epi yon fwa ankò vin sanzabri.”
Pitit fi nou an te kontinye: “M te kòmanse fouye nan ekriti m yo avèk anksyete, pou eseye jwenn yon bagay—nenpòt bagay—pou ede li. Pandan m t ap chèche vèsè pafè a, m te panse, ‘Kisa m ap fè konsa? Se pa sa Kris la t ap fè. Sa se pa yon pwoblèm m ka rezoud, men, sa se yon pitit fi literal Bondye ki bezwen èd mwen.’ Konsa, m te fèmen ekriti m yo, m te ajenou bòkote l, epi m te kenbe l pandan nou t ap kriye ansanm, jiskaske li te pare pou l kanpe epi fè fas a eprèv sa a.”
Apre madanm sa a te fin rekonfòte, pitit fi nou an te itilize ekriti yo pou eseye epi ede l konprann reyalite potansyèl diven li epi pou anseye l yonn nan verite ki pi fondamantal nan egzitans nou—ke nou se pitit gason ak fi byenneme Bondye, yon Bondye ki santi konpasyon pafè pou nou lè n ap soufri epi ki pare pou asiste nou lè nou kanpe debou ankò.
Li enteresan ke premye pwen doktrin ke misyonè nou yo anseye sèke Bondye se Pè Selès eman nou. Tout verite ki vin apre yo bati sou konpreyansyon fondamantal sou kiyès nou ye reyèlman an.
Susan H. Porter, Prezidan Jeneral Primè, te anseye: “Lè w konnen ak konprann kijan yo renmen w konplètman antanke yon pitit Bondye, sa chanje tout bagay. Sa chanje fason w santi w apwopo tèt ou lè w fè erè. Sa chanje jan w santi w lè bagay difisil ap pase. Sa chanje opinyon w sou kòmandman Bondye yo. Sa chanje opinyon w sou lòt moun ak sou kapasite w pou w fè yon diferans.”
Chanjman sa a ilistre lè n ap li konsènan eksperyans Moyiz te fè lè li t ap pale avèk Bondye fas-a-fas la. Pandan konvèsasyon sa a, Bondye te anseye Moyiz plizyè fwa sou eritaj diven li, lè l te di “Moyiz …, ou se pitit gason m.” Bondye te eksplike ke Moyiz te nan resanblans Sèl Pitit Gason Literal Li a. Moyiz te vin konprann kiyès li te ye klèman, ke li te gen yon travay pou l fè, epi l te gen yon Pè Selès ki renmen l.
Apre eksperyans sa a, advèsè a te vin tante l epi imedyatman adrese l, pou di l, “Moyiz, pitit gason lòm nan.” Se yon zouti regilye ak danjere nan asnal advèsè a. Pandan Pè Selès la ap raple nou avèk konsistans ak amou ke nou se pitit Li, advèsè a ap toujou eseye idantifye n pa feblès nou yo. Men, Moyiz te deja aprann ke li te plis pase yon “pitit gason lòm.” Li te deklare Satan, “Kiyès ou ye? Paske gade, mwen se yon pitit gason Bondye.” Se konsa tou, lè nou ap konfwonte difikilte mòtalite yo oubyen lè nou santi nenpòt moun ap eseye mete etikèt sou nou daprè feblès nou yo, nou dwe kanpe fèm nan konesans moun nou ye reyèlman an. Nou dwe chèche validasyon nou vètikalman, pa orizontalman. Epi, lè nou fè sa, nou menm tou, nou ka pwoklame kareman, “Mwen se pitit Bondye.”
Nan yon devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Ebyen, kiyès ou ye? Dabò e avantou, ou se pitit Bondye, yon pitit alyans, ak yon disip Jezikri. Lè nou anbrase verite sa yo, Papa nou ki nan Syèl la ap ede nou atenn objektif final nou pou viv etènèlman nan prezans sen Li a.”
Se pa yon koensidans ke nan pwobableman ekriti ki pi repete yo, Bondye raple nou relasyon nou avèk Li. Pami tout non Li ta ka sèvi pou idantifye L nan priyè sentsèn nan, Li mande pou nou rele Li “Bondye, Pè Etènèl la.”
Lè nou vin konnen kiyès nou ye reyèlman, n ap vin kwè avèk plis fèmte ke Pè Selès eman nou an ofri yon plan pou nou retounen al viv avèk Li ankò. Eldè Patrick Kearon te anseye, “Bèl plan Papa nou an, ‘plan mèveye Li a, te fèt pou mennen nou lakay, pa pou kite nou deyò. … Bondye ap chèche nou san rete.”. Panse a sa pou yon moman—Papa byenneme ki plen-pouvwa nou an ap “chèche nou san rete.”
Kèlkeswa kote nou ye sou chemen pou vin disip nou an, lavi nou pral chanje fondamantalman si nou konprann pi byen kiyès nou reyèlman ye. Èske m ka sijere de fason kote nou ka apwofondi konpreyansyon sa a.
Premyeman, Priyè
Lè Sovè a t ap kòmanse ministè mòtèl Li a, Li te jwenn enstriksyon pou ale nan dezè a pou L te “avèk Bondye.” Petèt nou ta dwe chanje etadespri nou soti nan senpleman resite priyè nou yo pou nou pran tan sifizan pou nou reyèlman kominike avèk Bondye, epi pou nou “avèk Bondye” chak jou.
M te dekouvri ke kalite priyè m yo amelyore lè m pran kèk minit pou m prepare pou m pale avèk Papa m. Ekriti yo montre nou ke sa se yon modèl ki mache. Kit se Joseph Smith; Nefi, pitit gason Elaman an; oubyen Enòs, yo tout gen yon fòm meditasyon ak refleksyon anvan kominikasyon yo ki anrejistre avèk Bondye. Enòs te di nanm li te grangou pandan pawòl papa l yo te penetre nan pwofondè kè li. Chak egzanp sa yo anseye nou nesesite pou nou prepare espirityèlman pou tan n ap pase chak jou “avèk Bondye.”
Seyè a te enstwi Nefit yo, “Lè n ap priye, antre nan chanm nou, epi lè nou fèmen pòt nou, priye Papa nou.”
Menmsi se yon klozèt oubyen yon chanm, prensip la se pou nou jwenn yon kote nou ka poukont nou pou nou priye, pou pèmèt nanm nou ka trankil, epi pou nou santi enspirasyon “ti vwa piti a.” Nou ka prepare nan medite sou bagay nou gen rekonesans pou yo ak kesyon oswa enkyetid nou ta renmen pote devan Papa nou. Nou ta dwe fè efò pou nou pa fè yon kalite priyè pakè, men, pou nou pale avèk Papa nou, awotvwa si sa posib.
M reyalize ke nan boulvès lavi nou yo, lè n ap lite avèk timoun piti yo oubyen n ap kouri ant reyinyon, nou ka pa gen liks klozèt trankil ak preparasyon reflechi—men, priyè silansye, rapid, ak priyè ijans sa yo ka gen plis siyifikasyon lè nou fè efò pou nou “avèk Bondye” pi bonè nan jounen an.
Ka gen kèk moun ki gen lontan yo pa priye oubyen lòt moun ki pa santi ke priyè yo te jwenn repons. M pwomèt ou ke Papa nou ki nan Syèl la konnen nou, renmen nou epi l vle tande vwa ou. Li vle kominike avèk ou. Li vle w sonje kiyès ou ye.
Eldè Jeffrey R. Holland te anseye resamman, “Kèlkeswa konbyen fwa w ap priye, priye plis. Kèlkeswa jan w ap priye rèd, priye p irèd.”
An plis de ogmante frekans ak senserite priyè nou yo, etidye Liv Mòmon an chak jou ak adorasyon nan tanp la pral ede prepare panse nou pou revelasyon. Pandan n ap fè efò pou amelyore kominikasyon nou avèk Pè Selès la, L ap beni nou pou nou santi nou se pitit Li pi pwofondeman.
Dezyèmman, Vin Konnen Ke Jezi Se Kris la.
Pi gran manifestasyon amou Pè Selès la pou nou kòm pitit Li se reyalite ke Li te voye Pitit Gason Li a, Sovè pèsonèl nou an, pou ede nou tounen lakay. Se poutèt sa, nou dwe vin konnen Li.
Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi kòm prezidan pieu, m te soumèt yon rekòmandasyon pou yon frè kòm ouvriye òdonans nan tanp la. Apre m te fin eksplike kijan li t ap yon ouvriye òdonans mèveye, mwen te aksidantèlman peze bouton “pa andose” a ki te soumèt rekòmandasyon an. Apre m te eseye retounen nan mesaj la san siksè, m te rele prezidan tanp la epi m te di, “M te fè yo erè tèrib.” San ezitasyon, prezidan tanp janti sa a te di, “Prezidan Eyre, pa gen anyen ou te fè ki pa ka padone ak korije alafen.” Ala yon gran verite. Reyèlman, Jezikri “puisan pou l sove.”
An 2019, te gen yon chanjman pwofon nan kesyon rekòmandasyon tanp yo. Anvan sa, yon kesyon yo te poze sete și ou gen yon temwayaj sou wòl Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè. Kounyea, li mande si ou gen yon temwayaj konsènan wòl Li kòm Sovè ak Redanmtè ou. Ekspyasyon Jezikri a pa sèlman travay pou lòt moun, li travay pou oumenm ak mewn menm. Li se Sovè mwen. Li se Sovè ou. Endividyèlman. Se sèlman atravè Li ke oumenm ak mwen ka retounen pou viv avèk Papa a.
Konsa, frè m ak sè m yo, an nou chèche Li. An nou etidye relasyon diven Li avèk Papa a epi avèk nou chak. An nou fè eksperyans kantik amou redanmtè ki vin jwenn nou chak pèsonèlman atravè Redanmtè a lè nou repanti. Lè nou vin konnen “limenm ki gen pouvwa pou sove a,” nou pral vin konprann ke, kòm pitit Bondye, nou se lajwa Li—fokis ki pi enpòtan Li a—epi nou chak merite sali.
M temwaye ke nou genyen yon Pè Selès ki renmen nou. Lè nou vin konnen verite etènèl sa a atravè priyè puisan, revelasyon pèsonèl, epi nou vin jwenn Jezikri, nou ka pwoklame kareman kounyeya ak toujou “Mwen se pitit Bondye.” Nan non Jezikri, amèn.