Konferans Jeneral
Entwodiksyon
Konferans jeneral oktòb 2025


3:34

Entwodiksyon

Kounyea n ap avanse avèk konferans jeneral semianyèl sa a, k ap dewoule jan l te planifye a, avèk oratè ak mizik ki te asiyen pa Prezidan Nelson apre dèmwa preparasyon.

Chè frè m ak sè m yo, nou reyini pandan n ap deplore lanmò Prezidan byenneme nou an, Russell M. Nelson. M ap pale avèk nou antanke Prezidan Kolèj Douz yo, yon pozisyon nou te soutni m nan chak konferans pawas, pieu, ak konferans jeneral pandan sèt ane edmi ki pase yo.

N ap avanse avèk konferans jeneral semianyèl sa a, k ap dewoule jan l te planifye a epi avèk oratè ak mizik ki te asiyen pa Prezidan Nelson apre dèmwa preparasyon. Sèl sa ki ajoute se sa a, eksplikasyon m kòm entwodiksyon, epi diskou mwen nan plas Preziden Nelson nan dènye sesyon an Dimanch aprèmidi.

Sa a se premye fwa depi apeprè 75 ane ke yon Prezidan Legliz la mouri kèk jou avan yon konferans jeneral. Sa te mande pou nou planifye kijan nou ta ka fè reyinyon lidèchip vital yo an koneksyon avèk konferans jeneral la ansanm ak sesyon jeneral konferans yo, an menm tan ke n ap planifye fineray li osito ke posib. Prezidan Nelson te konprann enpòtans konferans jeneral pou ofri direksyon pou Sen yo nan mwa k ap vini yo. Nou onore li nan suiv plan li te planifye pou konferans la.

Nan moman tristès sa a, nou deja fè yon reyinyon pou rann Prezidan Russell M. Nelson omaj avan reyinyon konferans jeneral nou yo epi apresa nou planifye fineray li osito ke posib apre konferans la. Tout sa te fèt avèk apwobasyon fanmi Prezidan Nelson ak Kolèj Douz yo.

Puiske nou tout ki te asiyen pou pale nan konferans jeneral la ap vle konsakre tan ki asiyen pou nou an pou rann Prezidan Nelson yon omaj pèsonèl, nou te mande pou tout oratè yo nan konferans jeneral nou an limite kalite omaj sa yo a yon minimòm, epi ranvwaye omaj elabore yo pou fineray la, ke nou deja kòmanse planifye.

Omaj pèsonèl brèf pa m—ki adapte a konferans sa a epi ak omaj nou deja ofri yo—se sa a: mwen renmen Russell M. Nelson epi mwen te aprann plis sou levanjiI la ak lidèchip levanjil la atravè amitye m ak asosyasyon dirab mwen avèk li ke nan men tout lòt moun m konnen pèsonèlman. Li se modèl nou antanke yon sèvitè ak disip Senyè a, Jezikri. Konsènan bagay sa yo mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.