Konferans Jeneral
Konekte Kè nou avèk Jezikri: Kado Sakre Mizik nan Primè a
Konferans jeneral oktòb 2025


10:37

Konekte Kè nou avèk Jezikri: Kado Sakre Mizik nan Primè a

Chan Primè yo se diskou pou disip Jezikri yo, yo se temwayaj sou verasite levanjil retabli a, ak priyè ki mete an mizik.

Youn nan benediksyon sèvis mwen nan Primè se jan kè m vin aprann renmen nan langaj ke lang mwen pa pale. Mwen jwenn lajwa nan konekte avèk Sen parèy mwen yo atravè langaj nou pataje nan mizik sakre yo. Espesyalman atravè senp kantik Primè yo, Sentespri a travèse baryè lang yo epi Li ranpli kè mwen avèk ti vwa dous Li. Nan vwa timoun yo, lanmou Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, pwoklame nan yon verite ki klè ak penetran.

Byenke mwen pa t grandi nan Primè, Lespri a te tousuit anseye m karaktè sakre kantik yo, e yo vin fè pati adorasyon pèsonèl mwen. Chante Primè yo pote yon enfliyans sakre nan lavi mwen e yo eklere nanm mwen, yo anseye m verite etènèl, epi yo atire m pi pre Sovè a ak levanjil Li a.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye kijan “chante kantik yo se youn nan pi bon fason pou nou aprann doktrin levanjil retabli a.” Mo sa yo vrè pou nou tout men yo se verite espesyalman pou timoun yo. Mizik Primè se youn nan zouti ki pi plen tandrès Bondye pou plante semans temwayaj yo nan kè disip pi jèn Sovè a yo. Paran, dirijan, ak anseyan yo nouri semans sa yo lè yo temwaye ak envite temwayaj timoun yo sou tout sa y ap aprann konsènan Pè Selès la; Pitit Li a, Jezikri; ak Sentespri a.

Nan plizyè dènye ane sa yo nan sèvis mwen, m te pase anpil tan ap chante ak aprann mizik Primè yo pandan m t ap reflechi sou kèk kesyon:

  • Kijan chante Primè nou aprann nan anfans nou yo kapab vin yon langaj espirityèl timoun yo itilize pou yo temwaye pou tout rès lavi yo?

  • Kijan chante verite levanjil yo ka ede timoun yo sonje Senyè a kòm yon pati nan alyans yo epi prepare yo pou òdonans Li yo?

  • Kijan chante Primè yo kapab ede ekri lwa Bondye yo nan kè jèn disip sa yo?

Lè Primè te kòmanse an 1878, Premyè Prezidant Jeneral la, Aurelia Spencer Rogers, te obsève kijan “chante te nesesè.” Mizik te toujou santral nan anseye timoun yo levanjil la. Chante Primè yo kapab vin premye langaj spirityèl timoun yo paske melodi senp ak memorab yo eksprime verite levanjil yo. Chante sa yo gen pouvwa pou yo rete avèk timoun yo pou tout yon lavi, pou vin fè pati lavi disip yo epi yon metòd natirèl ak nòmal pou yo rann temwayaj de Sovè a.

Anseye Doktrin Jezikri a Atravè Kantik

Chante Primè yo kapab zouti puisan pou anseye doktrin nan. Gen de chante ki rakonte istwa lavi ak ministè Sovè a. Gen lòt ki anseye leson sou kalite L yo, tankou lafwa Li, lesperans Li, ak charite Li. Epi chante ki pi sakre yo temwaye konsènan Ekspyasyon enfini Li a ak lanmou ki ap koule soti nan aksyon sali sa a.

Yon pwofèt Senyè a, Prezidan Russell M. Nelson, te anseye: “[Mizik] kapab egzèse yon enfliyans kontinyèl pou byen ki ale odela epòk timoun yo piti a. … Li gen pouvwa pou l ofri yon nouriti spirityèl. Li gen pouvwa gerizon Li gen pouvwa pou fasilite adorasyon; li pèmèt nou kontanple Ekspyasyon [Sovè] a ak Retablisman levanjil la ak prensip sali avèk òdonans egzaltan l yo. Mizik ofri yon pouvwa pou ede nou eksprime panse nan lapriyè nou yo epi rann temwayaj sou verite sakre yo.”

Antanke paran, dirijan, ak anseyan, efò nou enkli ede timoun yo gen aksè nan benediksyon yo pwomèt sa yo, nan anseye yo avèk entansyon verite levanjil yo nou jwenn nan mizik la. Prezidan Nelson te anseye tou ke “timoun yo kapab aprann doktrin nan lè y ap aprann chante menmjan yo kapab aprann doktrin nan nan yon klas.” Chante sa yo kapab ofri yon rezèvwa diskou plen-lafwa ki oryante timoun yo al jwenn Sovè a epi ki ede yo devlope yon devosyon pou levanjil Li a.

Ekriti yo anseye ke chan ki sòti nan kè moun ki jis yo se yon plezi pou Sovè a. Mwen ka sèlman emèveye sou plezi vwa pi jèn disip Sovè sa yo pote a. Mwen konnen chante nan espri lapriyè yo monte nan syèl la kòm ekspresyon lafwa ki envite Sentespri a pou l konfime verite etènèl yo epi tou dousman e ak tandrès li envite lòt moun aksepte apèl Sovè a pou yo suiv Li epi vini lakay la. Jan Èldè Henry B. Eyring te raple nou, se nan moman sa yo kote nou santi Lespri a ke nou gen prèv sou Ekspyasyon Sovè a k ap travay nan lavi nou.

Enprime Verite a nan Kè nou

Mizik Primè yo kapab yon mirak ke timoun nou yo ap pòte pandan tout pakou lavi disip yo. Yon chante nou aprann lè nou gen sizan gen pouvwa pou l rete avèk nou—epi li kapab retounen dè dizèn ane pita nan moman desizyon, tantasyon, chagren, oswa lajwa. Petèt nan dènye ane nou yo, pawòl nan chante “I will Follow God‘s Plan [M ap suiv Plan Bondye]” yo gendwa sèvi kòm yon ankraj spirityèl ki fè eko a temwanyaj Apot Pòl la sou asirans pwomès Bondye yo pou nou. Oubyen yo gendwa raple nou ke kòm Bondye kenbe pwomès Li, alyans Li yo ofri yon gwo konsolasyon ak yon refij epi yo envite nou pou nou mete espwa nou ak asirans fèm nou nan Jezikri ak nan pouvwa ekspiyasyon L la.

Manm adilt toupatou nan mond lan, nan moman difikilte, souvan sonje epi retounen nan kantik Primè nou te aprann lè nou te timoun yo. Pou anpil nan nou, chante sa yo te soutni achitekti kòmansman lafwa nou nan Jezikri a epi yo te souvan premye plas kote konvèsyon nan levanjil Li a te kòmanse. Paran, dirijan, ak anseyan yo nouri lafwa sa a atravè ane yo nan anseye, chante, ak temwaye bay timoun yo avèk swen.

Yon sè te pataje avèk mwen ke li te apresye mizik Primè yo, epi apre 20 an, li bay chante sa yo kredi pou akselerasyon konvèsyon kontinyèl li nan levanjil Jezikri a. Yon lòt manm te temwaye kijan Primè te plante yon semans lafwa lè li te jèn epi sa sete rezon ki te fè l te kapab retounen nan Legliz Senyè a nan trantèn ni. Sovè a te pwomèt, Epi “[Konsolatè] a … ap moutre nou tout bagay, l ap fè nou sonje tout bagay.” Chante Primè yo kapab yon fason pwomès sa a akonpli.

Yon lòt chante Primè nou renmen, kaptire pouvwa yon lafwa senp ak yon temwayaj dirab:

Pandan m ap mache ak Jezi al lakay mwen nan syèl la,

L ap beni m avèk Lespri Li, epi ranpli m ak lanmou Li,

Chanje kè m ajamè, L ap ede m wè pi klè.

M ap mache avèk Jezi, epi L a mache avèk mwen.

Lè timoun yo ap chante, y ap eksprime dezi yo pou vin yon disip epi y ap aprann modèl yon lavi alyans. Sentespri a kapab itilize mizik pou grave verite etènèl yo nan kè sansib yo. Epi, lè moman an rive, timoun yo kapab chwazi pou yo branche ak vire kè yo ak lavi yo bay Jezikri nan fè ak kenbe alyans sakre avèk Li.

Sonje Alyans Nou yo epi Prepare pou Òdonans yo

Mizik sakre kapab ede nou ekri doktrin Kris la nan nanm nou epi prepare nou pou n resevwa òdonans Li yo. Li lye doktrin Sovè a avèk memwa nou epi memwa sa a avèk lavi disip nou nan Li.

Antanke dirijan Primè, nou gen opòtinite ak responsablite sakre pou nou asire ke nou anseye mizik nan Primè yo avèk lajwa, avèk yon konpreyansyon sou doktrin nan, epi avèk Sentespri a. Sa enkli envite timoun yo pou yo pote atansyon a kijan yo santi yo pandan y ap chante epi ede yo rekonèt ke santiman sa yo soti nan Sentespri a. Efò sa yo ede prepare timoun nou yo pou òdonans sakre yo, tankou batèm ak konfimasyon, epi enspire yo pou yo sonje alyans yo pandan y ap renouvle pwomès yo fè Bondye yo regilyèman.

Nan Dènye Soupe a, apre Sovè a te fin enstitiye Sentsèn nan, Matye te ekri ke “apre yo [te] fin chante kantik espesyal […], yo soti, y ale sou mòn Olivye a.” Chak semèn, manm Legliz ki batize ak konfime nan Legliz retabli Senyè a, sa enkli timoun ki gen uit an ki te batize, prepare pou yo pran Sentsèn Senyè a. Atravè chante kantik sakre, kongregasyon pitit Bondye yo gen opòtinite pou yo prepare kè yo pou òdonans sakre sa a pou yo pran non Li sou yo, pou yo toujou sonje L, epi respekte kòmandman L yo.

Temwayaj Final

Zanmi byeneme m yo, mwen temwaye ke chante Primè yo anseye verite etènèl ak doktrin ki mennen nou jwenn Jezikri ak levanjil Li a. Mwen envite nou pou nou konsidere ki verite fondamantal ki te ekri nan kè nou atravè senp ansèyman ki nan chante sa yo epi pou nou rann temwayaj de verite sa yo bay disip pi jèn Sovè a yo pandan n ap anseye yo bòn nouvèl levanjil la atravè chante yo.

Mwen konnen Papa nou Ki nan Syèl la, nan lanmou enfini Li, te voye Pitit Gason Byenenme L la sou tè a pou anseye nou, pou montre nou chemen an, epi pou rachte nou atravè Ekspyasyon L la.

Mwen konnen ke lavi Sovè a ak ministè L la vrè ak pèsonèl. Ekriti yo ranpli avèk istwa sou gerizon Li, bonte Li, ak mirak Li.

Mwen konnen Pè Selès la tande ak reponn priyè sensè pitit Li yo, kèlkeswa laj, sikonstans, oswa lang yo. Li koute siplikasyon trankil kè nou yo.

Mwen temwaye ke nan Jetsemane, Jezikri te pote pwa peche, angwas, ak doulè nou yo. Li te soufri volontèman akozde lanmou Li pou nou epi Li te rann posib pou nou resevwa padon epi pou nou retounen lakay nou.

Mwen konnen nou se pitit literal Bondye, nou te kreye daprè imaj Li, nou dote avèk yon potansyèl divin, epi Li envite nou pou nou retounen al viv avèk Li si nou chwazi pou nou suiv Jezikri.

Mwen konnen Jezikri se egzanp pafè nou, epi lè nou suiv Li nan sèvi, nan padone, ak renmen lòt moun, nou vin plis tankou Li jou apre jou.

Epi mwen konnen ke tanp sakre Senyè a yo se kay Li isit la sou tè a. Nan yo, nou fè alyans sakre, nou resevwa benediskyon etènèl, epi nou aprann plis de Li epi nou plis santi prezans Li. Tanp lan se yon lye aprantisaj, lapè, ak preparasyon pou lavi nou.

Mwen temwaye ke efò nou fè pou nou ansenye ak chante chante Primè sa yo pou timoun nou yo se pa senpleman yon bon pati nan tradisyon relijyon nou. Yo se diskou pou disip Jezikri yo, temwayaj konsènan verasite levanjil retabli a, ak priyè ki mete an mizik. Mizik sakre kapab briye Limyè Kris la sou moun k ap tande a epi li kapab devèse l nan kè moun k ap chante a. Zanmi m yo, Jezi toujou vle pou nou yon reyon solèy. Mwen temwaye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Dallin H. Oaks, “Worship through Music,” Ensign, Nov. 1994, 10

  2. “Chan moun ki jis yo se yon priyè devan Senyè a”(Doktrin ak Alyans 25:12).

  3. “Mizik sakre se yon pati fondamatal nan reyinyon sentsèn ak lòt reyinyon Legliz la. … Manm yo rasanble nan reyinyon sentsèn la pou sonje Jezikri nan pran sentsèn nan. Yo rasanble pou bati lafwa ak temwayaj yo epi pou yo adore Pè Selès la ak Jezikri. Mizikta dwe chwazi pou ede akonpli objektif sa yo. … Kantik sentsèn la ta dwe fè referans a sentsèn nan menm oswa a sakrifis Sovè a” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 19.3, 19.3.2, Bibliyotèk Levanjil la).

  4. “M ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m ap make lòd mwen yo nan lespri yo.” (Jeremi 31:33).

  5. Aurelia Spencer Rogers, nan “A History of the Primary Organization,” history.ChurchofJesusChrist.org.

  6. Russell M. Nelson, “Power and Protection Provided by Worthy Music” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 4 Me, 2008), 4, 5, speeches.byu.edu.

  7. Russell M. Nelson, nan “Keep Singing Songs That Teach Doctrine, Says President Nelson” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

  8. “Nou espere dirijan, ansenyan, ak manm ki aple pou pale yo ap chèche nan Liv kantik yo pou jwenn diskou ki reprezante ak fòs ak bote nan vèsè. …

    “Mizik gen gwo pouvwa pou l mennen fanmi yo nan yon pi gwo spirityalite ak devouman pou levanjil la. Sen Dènye Jou yo dwe ranpli fwaye yo avèk son mizik sakre. …

    “Anseye pitit ou pou yo renmen kantik yo. Chante yo nan jou Saba yo, nan sware familyal nou, nan etid ekriti, ak tan priyè nou yo. Chante pandan w ap travay, jwe, ak vwayaje ansanm. Chante kantik yo antanke bèseuz pou bati lafwa ak temwayaj pou timoun piti nou yo”(“First Presidency Preface,” Hymns, ix, x).

  9. Gade Doktrin ak Alyans 25:12.

  10. “Si w te santi enfliyans Sentespri a … , ou ka pran l kòm yon prèv ke Ekspyasyon an ap travay nan lavi ou“ (Henry B. Eyring, “Gifts of the Spirit for Hard Times,” [Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 10 Sep. 2006] 5, speeches.byu.edu).

  11. Gade nan Ebre 6:17–19.

  12. Gade Mowoni 7:41.

  13. Jan 14:26.

  14. “I Will Walk with Jesus,” Hymns—For Home and Church, Libreri Levanjil la.

  15. Matye 26:30.

  16. “Malgre sentsèn nan se pou manm Legliz yo, anyen pa ta dwe fèt pou anpeche lòt moun pran li” (Manyèl Jeneral, 18.9.3). An patikilye, li apwopriye pou kite timoun piti yo pran sentsèn nan anvan yo rive nan laj responsablite pou yo kapab devlope yon pi gwo apresyasyon pou sakrifis Jezikri a epi prepare pou fè alyans sakre avèk Bondye nan lavni.

  17. Gade “ll envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20-21.

  18. Gade “Raconte-moi les histoires de Jésus,” Chants pour les enfants, 36.

  19. Gade “La Prière d’un Enfant,” Chants pour les Enfants, 6-7.

  20. Gade “Gethsémané,” Cantiques—Pour le foyer et l‘église.

  21. Gade “Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants, 2-3.

  22. Gade “Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants, 40-41.

  23. Gade “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants, 99.

  24. Gade “Brillant pour lui,” Chants pour les enfants, 38.