Pouvwa Sèvis Pastoral pou Youn nan
Lè nou sèvi youn nan, nou envite youn nan pou l vin jwenn Jezikri epi pou adore nan kay Senyè a.
Sè m ak frè m yo, mèsi pou devosyon fidèl nou nan vin jwenn Jezikri pandan moman difisil sa yo. Nou mèveye; nou bèl; nou chak se yon pitit Bondye. Priyè mwen se pou nou rekonèt enfliyans Sentespri a pandan n ap vin epi ede youn lòt vin disip devwe Jezikri, ak santi lajwa Li pandan n ap adore nan kay Senyè a.
Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Kounyea se moman an pou noumenm, avèk mwen, prepare pou Dezyèm Vini Senyè nou ak Sovè nou an, Jezi, Kris la. Kounyea se moman pou nou fè angajman n kòm disip vin pi gwo priyorite nou. Nan yon mond ranpli ak distraksyon ki bay vètij, kijan nou ka fè sa?”
Li te bay repons lan: “Adorasyon regilye nan tanp lan ap ede nou. Nan kay Senyè a, nou fokis sou Jezikri. … Nou vini pou aprann konnen Li. … Chak moun k ap chèche Jezikri sensèman ap jwenn Li nan tanp lan.”
Donk, kijan nou ka vin epi ede youn lòt moun vin disip devwe Jezikri? Nou fè sèvis pastoral pou youn nan. Sèvi nan fason Sovè a mande konpasyon, jantiyès, pasyans, ak lanmou san jijman. Lè nou sèvi youn nan, nou envite youn nan pou l vin jwenn Kris epi pou adore nan kay Senyè a pou l resevwa pouvwa redanmtè Li. Otreman di, nou ede youn lòt vin disip devwe pandan n ap sèvi youn nan nan fason ki mennen nan kay Senyè a.
Nou aprann nan men Senyè Jezikri pouvwa sèvi youn nan avèk lanmou epi san jijman. Ou sonje fanm Samaritèn nan bò pi a. Fi sa a te petèt santi l t pa enpòtan, poukont li, dekouraje, ak inapèsi. Li te ka santi li pa te nan plas li. Atravè lavi li, li te gen senk mari, epi mesye li t ap viv avèk li a pa t mari li. Gen moun ki siman te pote yon jijman enjis san yo pa t konnen sikonstans lavi li. Sa se petèt youn nan rezon ki fè li te vin bò pi a poukont li nan moman ki te pi cho nan jounen an. Epoutan, li sete youn nan premye moun Jezikri te deklare ke li se Mesi a. Pou li, fanm sa a sete yon pitit fi Bondye.
Jezikri te anseye fanm nan ke atravè Li yon moun ka resevwa lavi etènèl nan bwè nan dlo lavi a. Li te deklare, “Nenpòt moun ki bwè dlo a m ap ba li a … li p ap janm swaf ankò; paske dlo m ap ba li a … ap tounnen … yon sous dlo nan li k ap ba li lavi ki pap janm fini an.”
Fanm Samari a te santi lanmou Sovè a epi li te resevwa yon temwayaj atravè Lespri a ke Li se Mesi a. Apre temwayaj sa a, li te retounen nan vil la epi envite lòt moun vin wè, epi anpil moun te kwè Jezi sete “vrèman Kris la, Sovè mond lan.” Kris la te sèvi youn nan avèk lanmou; kòm rezilta, lòt moun te vin disip devwe Li.
Nou aprann sou pouvwa sèvi youn nan avèk konpasyon apati apot Kris yo, Pyè ak Jan. Ou sonje yon nonm, ki te enfim depi l te fèt, ki te kouche bò pòt tanp lan chak jou ap mande lajan. Nonm sa a te petèt santi l pa t enpòtan, poukont li, dekouraje, e inapèsi. Li te ka santi li pa te nan plas li.
“Epi, Pyè te di li, Mwen pa gen ni ajan ni lò; Men, sa m genyen an, [m] ap ba [ou] li: Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache.”
Pyè te pran men dwat nonm lan, li leve l’ anlè, epi nonm lan geri. Tousuit apre mirak la, nonm nan te antre nan tanp lan avèk Pyè ak Jan, “ap mache, ak sote, epi fè lwanj pou Bondye.” Pyè ak Jan te sèvi youn nan, nan fason ki te mennen nan kay Senyè a, epi nonm nan te vin tounen yon disip devwe Kris la.
Zanmi m yo, te gen moman nan lavi m kote mwen menm tou mwen te santi m pa t enpòtan, poukont mwen, dekouraje, e inapèsi. Mwen te santi kòmsi mwen pa te nan plas mwen. Mwen te batize epi konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo lè m te gen 19 an. Yon ane apre, mwen te aksepte yon apèl pou sèvi kòm misyonè aplentan, men te gen anpil bagay mwen pa t ko aprann sou istwa Legliz la.
Nan kòmansman sèvis misyonè mwen an, mwen te aprann ke te gen yon peryòd kote moun ki te desandan Nwa Afriken yo pa t gen dwa jwi tout benediksyon adorasyon nan kay Senyè a. Aprann sa a pou lapremyè fwa te pote santiman kòlè, konfizyon, dout ak laperèz. Santiman sa yo te tèlman entans ke m te pèdi kapasite m pou rekonèt Sentespri a pandan yon sezon.
Erezman, mwen te gen yon konpayon misyonè ekstraòdinè, Kevin Vick, ki te fè sèvis pastoral pou mwen avèk lanmou, pasyans ak jantiyès. Chak swa, pandan li t ap obsève santiman dout ak ensètitid mwen yo, li te konn di jèn Èldè a tou senpleman: “Èldè Johnson, mwen renmen w.” Apre apeprè de semèn, mwen te deside aksepte lanmou Kevin nan. Mwen te jwenn kouraj pou m te priye Papa nou ki nan Syèl la nan non Jezikri. Pandan m t ap priye a, m te santi m atire pa seksyon 6 nan Doktrin ak Alyans yo, vèsè 21–23, ki di:
“Gade, mwen se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. … Mwen se limyè ki klere nan fènwa a. …
“… Sonje lannuit ou te kriye nan pye m nan kè ou, pou ou te ka konnen verite bagay sa yo.
“Èske m pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?”
Pandan m t ap li a, mwen te sonje. Mwen te sonje jou m te jene ak priye pou m te konnen ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye epi Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an. Mwen te sonje alyans mwen te fè nan kay Senyè a ki konekte m avèk Jezikri nan yon fason pèsonèl ak entim. Mwen te santi lanmou Sovè a, mizèrikòd Li, ak asirans Li ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Li sou tè a epi li nesesè pou prepare nou pou Dezyèm Vini L la. Paske m te sonje, m te kapab rekonèt Sentespri a ankò epi konprann pi byen ke Jezi se Kris la epi mwen se disip Li.
Pafwa n ap gen kesyon ki san repons ak santiman ke nou pa enpòtan, nou dekouraje, solitè, ak inapèsi. Men, zanmi mwen yo, nou dwe avanse avèk lafwa nan Jezikri epi sonje pawòl Li yo:
“Nou gen pou n gen tribilasyon nan mond lan: Men, pran kouraj; lemonn deja pèdi devan mwen.”
Mwen se yon temwen de reyalite sa a ak benediksyon Sovè a pwomèt la.
Donk, kisa nou ka fè pou asire ke sèvis pastoral nou anvè youn nan pi efikas? Viv doktrin Kris la ap ede nou. “Viv doktrin Kris la” jan Prezidan Nelson te dekri a, “ka pwodui anviwònman vètye ki pi puisan an, epi kreye elan espirityèl nan lavi nou.
Pandan n ap fè efò pou nou viv lwa pi elve Jezikri yo … Sovè a ap leve nou depase atrakasyon mond dechi sa a kote L ap beni nou avèk plis charite, imilite, jenewozite, jantiyès, oto-disiplin, lapè ak repo.”
“Elan [spirityèl sa a], ki pwodui nan viv doktrin Kris la,” jan Èldè Dale G. Renlund eksplike a, “non sèlman alimante transfòmasyon nati divin nou an destine etènèl nou, men li motive nou tou pou nou ede [sèvi] lòt moun nan fason ki apwopriye.” Eldè Renlund raple nou ke “travay Sovè a se geri [pou fè nou vin an antye]. Travay pa nou se pou nou renmen—pou renmen ak sèvi nan yon fason ki pèmèt lòt moun rapwoche yo pi pre Jezikri.”
Kapasite nou pou viv doktrin Kris la pral amelyore grasa etid Liv Mòmon an chak jou ak pran sentsèn chak semèn. Prezidan Nelson te deklare ke Liv Mòmon an “anseye doktrin Kris la … [epi] ofri konpreyansyon ki pi konplè e [pi klè] sou Ekspyasyon Jezikri a ke n ka jwenn nenpòt kote.” Mwen renmen liv sa a. Epi patisipe nan òdonans sentsèn nan lapriyè chak semèn ap ogmante konpreyansyon nou sou Ekspyasyon Jezikri a epi ofri renouvo espirityèl, rekonfò, ak pouvwa sentete nan lavi nou. Sonje, “nan òdonans [prètriz yo], pouvwa sentete a manifeste,” epi pouvwa sa a ki soti nan Jezikri a ranfòse dezi nou ak kapasite nou pou nou sèvi chak moun.
Etid mwen nan Liv Mòmon an ak pran sentsèn minimize santiman dekourajman yo, ranfòse detèminasyon m pou m sèvi youn nan nan fason Sovè a, epi ede m fè lavi disip mwen vin pi gwo priyorite mwen.
Zanmi m yo, mwen pwomèt ke si nou viv doktrin Kris la epi sèvi youn nan, nan fason ki mennen nan kay Senyè a, n ap kapab avanse avèk lafwa nan Jezikri menm nan mitan kesyon san repons ak santiman ke nou pa enpòtan, poukont nou, dekouraje, ak inapèsi. N ap envite youn nan pou l vin jwenn Jezikri epi pou l adore nan kay Senyè a pou l resevwa pouvwa redanmtè ak lanmou Li. Nan kay Senyè a, n ap “santi mizèrikòd [Sovè a].” [N] ap jwenn repons pou kesyon ki plis ap twouble [nou] yo. [Epi n] ap pi byen konprann lajwa nan levanjil Li a.” Nan non Jezikri, amèn.