Senplisite nan Kris la
Aplike doktrin Kris la nan yon fason senplifye ak konsantre ap ede nou jwenn lajwa nan lavi chak jou nou.
1. Entwodiksyon
Sa gen tranntwa ane, mwen te resevwa apèl pou m te sèvi kòm misyonè nan Misyon Ogden nan Utah a. Natirèlman, akoz mwen soti an Ewòp, kèk tradisyon lokal nan Uta tankou “jele vèt ak kawòt” ak “pòmdetè fineray” te yon tijan etranj pou mwen!
Sepandan, mwen te pwofondeman enpresyone pa devosyon ak kalite disip anpil nan Sen yo, gwo kantite moun ki te asiste reyinyon Legliz yo, ak nan nivo pwogram Legliz yo t ap fonksyone byen. Lè m te rive nan fen misyon, mwen te vle asire m ke lajwa mwen te santi an epi fòs espirityèl ak matirite mwen te obsève a t ap disponib tou pou fanmi mwen nan lavni. Mwen te detèmine pou m te retounen byen vit pou m t al viv lavi m nan “lonbraj kolin etènèl yo.”
Sepandan, Senyè a te gen lòt plan. Nan premye jou Dimanch lakay nou an, evèk saj mwen an te aple m pou m te sèvi kòm prezidan Jènjan nan pawas nou an. Pandan m t ap sèvi gwoup jènjan mèveye sa a, mwen te aprann byen vit ke lajwa ki vini kòm yon disip Kris la pa gen anpil rapò avèk gwosè reyinyon Legliz yo oubyen ak nivo pwogram yo.
Konsa, lè m te marye ak bèl madanm mwen Margret, nou te deside ak kè kontan rete an Ewòp epi elve fanmi nou nan peyi nou, Almay. Ansanm nou te temwen sa Prezidan Russell M. Nelson te anseye sa gen plizyè ane a: “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou l wè avèk sikonstans lavi nou, men li gen tout bagay pou wè avèk sa nou fokis nan lavi nou.” Lè lavi nou konsantre sou Kris la ak mesaj levanjil Li a, nou ka fè eksperyans tout benediksyon yon disip kèlkeswa kote n ap viv.
2. Senplisite Ki nan Kris la
Sepandan, nan yon mond ki vin mwens an mwens relijye, pi konplèks, pi dewoutan, avèk mesaj ak egzijans diferan e souvan kontradiktwa, kijan nou ka evite je nou vin bouche epi kè nou vin di epi rete konsantre sou “bagay klè ak presye yo” nan levanjil Jezikri a? Pandan yon epòk konfizyon, Apot Pòl te bay Sen Korent yo bon konsèy lè li te raple yo pou yo konsantre sou “senplisite ki nan Kris la.”
Doktrin Kris la ak lwa levanjil la tèlman senp ke menm timoun piti ka konprann yo. Nou ka jwenn aksè a pouvwa redanmtè Jezikri a epi resevwa tout benediksyon espirityèl Papa nou ki nan Syèl la prepare pou nou lè nou egzèse lafwa nan Jezikri, repanti, vin batize, sanktifye pa don Sentespri a, epi pèsevere jiska lafen. Prezidan Nelson te dekri vwayaj sa a admirableman kòm “chemen alyans lan” ak pwosesis pou vin yon “disip devwe Jezikri”
Si mesaj sa a tèlman senp konsa, poukisa souvan moun santi l tèlman difisil pou yo viv lwa Kris la epi suiv egzanp li? Li posib ke nou mal entèprete senplisite kòm yon bagay ki fasil pou reyalize san efò oswa dilijans. Suiv Kris la mande efò konstan ak chanjman kontinyèl. Nou bezwen “[debarase nou] de lòm natirèl la epi [vin tankou yon timoun] piti.” Sa a enkli mete “konfyans nou nan Senyè a” epi kite konpleksite a ale, menm jan timoun piti yo fè. Aplike doktrin pur Kris la nan yon fason senplifye ak presi ap ede nou jwenn lajwa nan lavi nou chak jou, ban nou gidans nan apèl nou yo, reponn kèk nan kesyon lavi a ki pi konplèks, epi ban nou fòs pou nou fè fas ak pi gwo defi nou yo.
Men, kijan nou ka pratikman enplante senplisite sa a nan vwayaj tout yon lavi nou kòm disip Kris la? Prezidan Nelson te raple nou pou nou konsantre sou “verite pur, doktrin pur, ak revelasyon pur” pandan n ap chèche suiv Sovè a. Regilyèman mande, “Kisa Senyè a, Jezikri, ta renmen m fè?” ap revele direksyon pwofon. Suiv egzanp Li ap ofri nou yon chemen asire atravè ensètitid. ak yon men gidan plen lanmou pou nou kenbe jou apre jou. Li se Prens Lapè a ak Bon Bèje a. Li se Konsolatè ak Liberatè nou. Li se Wòch nou ak Refij nou. Li se yon Zanmi—zanmi pa w ak zanmi pa m! Li envite nou tout pou nou renmen Bondye, kenbe kòmandman L yo, ak renmen pwochen nou.
Lè nou chwazi pou nou suiv egzanp Li epi avanse avèk lafwa nan Kris la, anbrase pouvwa Ekspyasyon li a, epi sonje alyans nou yo ak pwomès Bondye te ban nou yo, lanmou ranpli kè nou, espwa ak gerizon fòtifye lespri nou, epi rankin ranplase pa rekonesans ak pasyans pou tann benediksyon yo pwomèt yo. Pafwa, nou ka bezwen pran distans ak yon sitiyasyon ki pa bon pou sante nou oubyen chèche èd yon pwofesyonèl. Men, nan chak ka, aplikasyon prensip senp levanjil yo ap ede nou fè fas ak defi sa yo nan fason Senyè a.
Pafwa nou souzestime fòs nou resevwa nan aksyon senp tankou lapriyè, jèn, etid ekriti, repantans chak jou, pran sentsèn chak semèn, ak adore nan kay Senyè a regilyèman. Men, lè nou rekonèt ke nou pa bezwen “fè yon gwo bagay” epi nou santre tèt nou sou yon doktrin pur ak senp la, nou kòmanse wè kijan levanjil la “mache yon fason remakab” pou nou, menm nan sikonstans ki pi difisil yo. Nou jwenn fòs ak “konfyans devan Bondye,” menm lè nou gen lapenn. Èldè M. Russell Ballard te raple nou anpil fwa, “Se nan senplisite sa a [nou] pral jwenn … lapè, lajwa, ak bonè.”
Aplike senplisite ki nan Kris la fè nou bay moun priyorite sou pwosesis yo epi relasyon etènèl sou konpòtman tanporè yo. Nou konsantre sou “bagay ki pi enpòtan yo” nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a olye nou pase tan nan jere sèvis pastoral nou. Nou libere tèt nou pou nou bay priyorite a bagay nou kapab fè olye pou nou kite bagay nou pa kapab fè yo ap peze nou. Senyè a te raple nou: “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.” Ala yon gwo ankourajman pou nou aji avèk senplisite ak imilite, kèlkeswa sikonstans nou.
3. Oma Cziesla
Grann mwen Marta Cziesla sete yon bèl egzanp sou fason pou fè “ti bagay senp” pou reyalize gwo bagay. Avèk amou, nou te rele l Oma Cziesla. Oma te anbrase levanjil la nan ti vilaj Selbongen nan Prusse de Lès la ansanm avèk grann grann mwen nan dat 30 Me 1926.
Marta Cziesla (dwat) nan jou batèm li.
Li te renmen Senyè a ak levanjil Li a epi li te detèmine pou l te respekte alyans li te fè yo. An 1930 li te marye avèk granpapa m, ki pa t manm Legliz la. Nan pwen sa a, sa te vin enposib pou Oma t ale nan reyinyon Legliz yo, paske fèm gran papa m nan te a plizyè èdtan de kongregasyon ki te pi pre a. Men li te konsantre l sou sa l te kapab fè. Oma te kontinye priye, li ekriti yo, epi chante chan Siyon yo.
Gen moun ki te ka panse li pa t aktif nan legliz li ankò, men sa pa t vre ditou. Lè matant mwen ak papa m te fèt, san prètriz nan fwaye a e san reyinyon Legliz yo oubyen aksè a òdonans toupre, li te fè sa l te kapab ankò epi li te konsantre sou anseye pitit li yo “pou priye, epi pou mache dwat devan Senyè a.” Li te li ekriti yo pou yo, li te chante chan Siyon yo avèk yo, epi natirèlman li te priye avèk yo—chak jou. Yon eksperyans Legliz ki santre 100 pousan sou fwaye.
An 1945, granpapa m t ap sèvi nan lagè a byen lwen lakay li. Lè lènmi yo te rive tou pre fèm yo a, Oma te pran de pitit li yo epi l te kite fèm yo te renmen anpil la dèyè pou l t al chèche refij nan yon kote ki te pi an sekirite. Apre yon vwayaj difisil ak menasan pou lavi, yo te finalman jwenn refij nan mwa Me 1945 nan nò Almay. Yo pa t gen anyen ki te rete apa rad ki te sou yo. Men, Oma te kontinye ak sa l te kapab fè : li te priye ak pitit li yo—chak jou. Li te chante avèk yo chante Siyon li te aprann pa kè—chak jou.
Lavi a te trè difisil, epi pandan plizyè ane li te konsantre sèlman sou asire ke te gen manje sou tab la. Men, an 1955, papa m, ki te gen 17 ane lè sa a, ta pral nan yon lekòl pwofesyonèl nan vil Rendsburg. Li te pase bò yon bilding epi li te wè yon ti pankat sou deyò a ki te ekri “Kirche Jesu Christi der Heiligen der Letzten Tage”—“Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.” Li te panse, “Sa enteresan; sa a se legliz Manman m nan.” Konsa, lè li te rive lakay li, li te di Oma ke li te jwenn legliz li a.
Ou ka imajine kijan Oma dwe te santi l apre prèske 25 ane san okenn kontak avèk Legliz la. Li te detèmine pou l t ale dimanch apre a epi li te konvenk papa m pou l akonpaye l. Rendsburg te plis pase 32 kilomèt de ti vilaj kote yo te rete a. Men, sa pa t ap anpeche Oma ale legliz. Dimanch apre a, li te monte sou bisiklèt li ansanm ak papa m epi li t al legliz.
Lè reyinyon sentsèn nan te kòmanse, papa m te chita nan dènye ranje a, avèk espwa ke sa pa t ap pran tan pou fini. Legliz sa a sete legliz Oma a, se pa t pa li. Sa li te wè pa t trè ankourajan: se sèlman kèk fi aje ki t ap asiste ak de jèn misyonè ki te anfèt ap dirije tout bagay nan reyinyon an. Men apresa, yo te kòmanse chante, epi yo te chante chante Siyon yo ke papa m te tande depi l te tou piti yo: “Venez, venez, sans craindre le devoir,” “O mon Père,” “Au grand prophète.” Lè l te tande ti twoupo sa a ap chante chante li te konnen depi l te timoun yo, sa te touche kè l, epi li te konnen imedyatman e san okenn dout ke Legliz la te vrè.
Premye reyinyon sentsèn grann mwen te ale apre 25 ane sete reyinyon kote papa m te resevwa yon konfimasyon pèsonèl sou verasite levanjil retabli Jezikri a. Li te batize twa semèn apre, nan dat 25 Septanm 1955, ansanm ak granpapa m ak matant mwen.
Sa fè plis pase 70 ane depi ti reyinyon sentsèn sa a nan Rendsburg la. Mwen souvan panse ak Oma, kijan li dwe te santi l nan nuit solitid sa yo, lè l t ap fè ti bagay senp li te kapab fè yo, tankou priye, li, ak chante a. Pandan m kanpe la jodi a nan konferans jeneral la ap pale de Oma m nan, detèminasyon li pou l te kenbe alyans li yo ak konfyans li nan Senyè a malgre difikilte li yo ranpli kè m avèk imilite ak rekonesans—pa sèlman pou li men pou anpil nan Sen ekstraòdinè nou yo atravè mond lan ki konsantre sou senplisite ki nan Kris la nan sikonstans difisil yo, petèt ki pa wè anpil chanjman kounyea men ki gen konfyans ke gwo bagay ap rive yon jou nan lavni.
4. Bagay Piti ak Senp yo
Mwen aprann atravè pwòp eksperyans pa m ke ti bagay senp levanjil yo ak konsantre fidèlman sou Kris la mennen nou nan vrè lajwa, reyalize gwo mirak, epi ban nou konfyans ke tout benediksyon yo pwomèt yo pral rive. Sa a se vre pou ou menm jan li se vre pou mwen. Nan pawòl Prezidan Jeffrey R. Holland, “Gen kèk benediksyon ki vini rapidman, gen kèk ki pran plis tan, epi gen kèk k ap vini sèlman nan syèl la; men pou moun yo ki anbrase levanjil Jezikri a, yo vini.” Konsènan sa mwen temwaye tou nan non Jezikri, amèn.