Konferans Jeneral
Vizaj Souriyan ak Kè Rekonesan
Konferans jeneral oktòb 2025


10:53

Vizaj Souriyan ak Kè Rekonesan

Grandè sen nou yo an Afrik la vin pi evidan toujou pandan y ap fè fas ak defi lavi yo ak egzijans yon Legliz k ap grandi.

Sa gen prèske yon ane, mwen te relve nan apèl mwen nan Prezidans Swasanndis yo, yon chanjman yo te anonse isit la nan konferans jeneral. Paske yo te li non mwen toupre non Otorite Jeneral ki t ap vin emerit yo, anpil moun te sipoze ke mwen t ap fini tan sèvis mwen tou. Apre konferans lan, mwen te resevwa anpil mesaj rekonesans ak bon souwè pou pwochen etap nan lavi mwen. Gen moun ki te menm ofri pou yo t achte kay mwen an nan Nò Salt Lake la. Sa te bèl pou m te wè kijan yo pral sonje mwen epi tou pou m te konnen ke nou pa p gen pwoblèm pou vann kay nou an lè m fini. Men, mwen poko rive la.

Nouvo tach mwen an te mennen Monica avèk mwen nan bèl Afrik, kote Legliz la ap pwospere. Sa te yon benediksyon pou m te sèvi pami Sen fidèl yo nan Zòn Afrik Disid la epi temwen lanmou Senyè a pou yo. Sa enspiran pou wè jenerasyon fanmi tout orijin, ki gen ladan yo anpil manm Legliz ki reyisi e ki byen edike, k ap konsakre tan ak talan yo pou sèvi lòt moun.

An menm tan, etandone demografi rejyon an, anpil moun ki gen mwayen modès ap rantre nan Legliz la epi transfòme lavi yo grasa benediksyon fidelite nan dim ak opòtinite edikasyon Legliz la ofri yo. Pwogram tankou Succeed in School (Reyisi nan Lekòl), EnglishConnect, BYU–Pathway, ak Fon Edikasyon Pèpetyèl la beni lavi anpil moun, espesyalman moun nan jenerasyon k ap grandi a.

Prezidan James E. Faust te deklare yon lè, “Yo di ke legliz sa a pa nesesèman atire moun ki gen anpil talan, men li pi souvan fè moun òdinè vin gran.”

Grandè sen nou yo an Afrik la vin pi evidan toujou pandan y ap fè fas ak defi lavi yo ak egzijans yon Legliz k ap grandi. Yo toujou apwoche li avèk yon atitid pozitif. Yo byen reprezante ansèyman byen koni Prezidan Russell M. Nelson an:

“Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou.

“Lè fokis lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil Li a, nou kapab santi lajwa kèlkeswa sa k ap pase—oubyen ki pa p pase—nan lavi nou.”

Yo jwenn lajwa malgre difikilte yo. Yo te aprann ke relasyon nou avèk Sovè a pèmèt nou abòde difikilte yo avèk yon vizaj souriyan ak yon kè rekonesan.

Sen Afriken yo

Kite m pataje kèk nan eksperyans mwen avèk Sen fidèl sa yo ki ilistre prensip sa a, kòmanse avèk Mozanbik.

Mozanbik

Sa gen kèk mwa, mwen te prezide yon konferans pieu pou yon pieu ki te gen ennan e ki te deja gen 10 inite. Plis pase 2.000 moun te ranpli ti chapèl la ak twa tant yo te mete deyò a. Prezidan pieu a gen 31 an, madanm li gen 26 an, epi yo gen de timoun piti. Li dirije pieu sa a k ap grandi epi ki difisil la san plenyen—sèlman avèk yon vizaj souriyan ak yon kè rekonesan.

Nan yon entèvyou avèk patriyach la, mwen te aprann ke madanm li te malad grav, epi li t ap lite pou l te pran swen li. Apre nou te fin pale de pwoblèm nan avèk prezidan pieu a, nou te bay mandanm li yon benediksyon prètriz. Mwen te mande patriyach la konbyen benediksyon patriyakal li bay an mwayèn.

“Uit a dis,” li te di.

Mwen te mande l, “Pa mwa?”

Li te reponn, “Pa semèn!” Mwen te konseye l ke bay tout kantite benediksyon sa yo chak wikenn nan pa t saj.

“Èldè Godoy,” li te di, “yo toujou ap vini chak semèn, enkli nouvo manm ak anpil jèn.” Ankò, san plenyen—sèlman yon vizaj souriyan ak yon kè rekonesan.

Apre sesyon konferans pieu Samdi swa a, sou wout mwen pou m t al nan otèl la, mwen te remake moun ki t ap achte manje bò wout la byen ta nan mitan lannwit. Mwen te mande chofè m nan poukisa yo t ap fè sa, lè li te si fènwa konsa olye de lajounen. Li te reponn ke yo t ap travay pandan jounen an pou yo te ka gen lajan pou yo te achte nan pita.

“O, yo t ap travay jodi a pou yo ka manje demen,” mwen te di.

Men, li te korije m: “Non, yo t ap travay pandan lajounen pou yo te ka manje aswè a.” Mwen te espere ke manm nou yo ta ka nan yon pi bon sitiyasyon, men li te konfime ke anpil moun te fè fas ak menm defi sa yo nan pati sa a nan peyi a. Nan demen maten, pandan sesyon Dimanch nou an, epi paske m te fèk okouran de sitiyasyon yo, mwen te vin pi touche pa vizaj souriyan yo ak kè rekonesan yo.

Zanbi

Sou wout pou nou t al nan reyinyon Dimanch la, prezidan pieu a avèk mwen te wè yon koup ki t ap mache sou wout la avèk yon tibebe ak de timoun piti. Nou te kanpe pou ofri yo yon woulib. Yo te sezi epi yo te kontan anpil. Lè m te mande ki distans yo te oblije mache pou yo te rive nan chapèl la, papa a te reponn ke sa te ka pran 45 minit rive inèdtan, sa depann de vitès timoun yo. Yo te fè vwayaj sa a ale vini, chak Dimanch, san plenyen—sèlman avèk vizaj souriyan ak kè rekonesan.

Malawi

Yon jou Dimanch anvan yon konferans pieu, mwen te vizite de branch ki te itilize yon lekòl piblik kòm chapèl. Mwen te choke wè jan bilding yo te enb e modès, yo pa t menm gen kèk ekipman debaz yo. Pandan m t ap rankontre kèk manm la a, m te pare pou m te prezante eskiz mwen pou move kondisyon kay reyinyon yo a, men yo te kontan dèske yo te gen yon kote toupre pou yo te rasanble, pou te evite mache lwen abityèl la. Yon fwa ankò, pa t gen okenn plenyen—sèlman vizaj souriyan ak kè rekonesan.

Zimbabwe

Apre yon fòmasyon lidèchip yon jou Samdi, prezidan pieu a te mennen m nan yon sèvis Dimanch yo t ap fè nan yon kay ke yo te lwe. Te gen 240 moun ki te prezan. Apre sa, evèk la te prezante 10 nouvo manm ki te batize nan semèn sa a. Kongregasyon an te reyini nan de ti chanm, ak kèk manm ki te chita deyò bilding lan tou, ap gade reyinyon an nan fenèt ak pòt yo. Pa t gen okenn plenyen—sèlman vizaj souriyan ak kè rekonesan.

Lesoto

Mwen te vizite bèl peyi piti sa a, ke yo rele “wayòm montay la” tou, pou m t al gade yon distri nan Legliz la ki t ap prepare pou l te vin tounen yon pieu. Apre yon Samdi plen reyinyon, mwen te asiste sèvis Dimanch yo nan youn nan branch yo nan yon kay yo te lwe. Sal sentsèn nan te plen nèt, avèk moun ki te kanpe deyò pòt la pou yo te patisipe. Mwen te di prezidan branch lan ke li te bezwen yon pi gwo kay. Pou sipriz mwen, li te enfòme m ke sete sèlman mwatye nan manm li yo. Lòt mwatye a pral asiste yon dezyèm reyinyon sentsèn apre dezyèm èdtan an. Yon fwa ankò, pa t gen okenn plenyen—sèlman vizaj souriyan ak kè rekonesan.

Mwen te retounen Lesotho nan apre akoz yon aksidan machin mòtèl ki te enplike plizyè nan jèn nou yo, ke Elder D. Todd Christofferson te deja mansyone maten an. Lè m te vizite fanmi yo ak dirijan yo, mwen te espere yon atmosfè tris. Okontrè, mwen te rankontre Sen solid ak rezistan ki t ap fè fas ak sitiyasyon an nan yon fason ankourajan ak enspiran.

Mpho Aniciah Nku

Mpho Anicia Nku, ki gen14 an, yon viktim aksidan an ki te siviv nan foto sa a, te byen ilistre sa nan pwòp mo pa li: “Fè Jezi konfyans epi toujou vire gade Li, paske atravè Li w ap jwenn lapè, epi L ap ede w nan pwosesis gerizon an.”

Sa yo se jis kèk egzanp kote nou wè atitid pozitif yo paske yo santre lavi yo sou levanjil Jezikri a. Yo konnen ki kote pou yo jwenn èd ak espwa.

Pouvwa Gerizon Sovè a

Poukisa Sovè a ka pote yomenm avèk nou sekou nan nenpòt sikonstans nan lavi nou? Nou ka jwenn repons lan nan ekriti yo:

“Epi, li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon. …

“… e li pral pran enfimite yo sou tèt, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd, … pou l kapab konnen … kouman pou l pote pèp li a sekou nan enfimite yo.”

Jan Elder Bednar te anseye a, pa gen okenn doulè fizik, angwas, oswa feblès nou santi ke Sovè a pa konnen. “Oumenm avèk mwen, nan yon moman feblès, ka rele byen fò: ‘Pèsonn pa konprann [sa m ap travèse a]. …’ Petèt pa gen okenn èt imen ki konnen. Men, Pitit Bondye a konnen epi Li konprann pafètman.” E poukisa? Paske “Li te santi epi Li te pote chay nou yo anvan nou te pote yo.”

M ap konkli avèk temwayaj mwen sou pawòl Kris yo ki nan Matye 11 la:

“Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n a viv ak kè poze.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, e chay m ap ban nou an pa lou.”

Menm jan ak Sen sa yo an Afrik la, mwen konnen pwomès sa a se verite. Li vre lòt bò a, epi li vre tout kote. Konsènan sa, mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. James E. Faust, “Senk Pen ak De Pwason,” Ensign, Me 1994, 5.

  2. Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 82.

  3. Alma 7:11–12.

  4. David A. Bednar, “Ekspyasyon an ak Vwayaj Mòtalite a,” Liahona, Avr. 2012, 19.

  5. Matye 11:28–30.