Liv Mòmon an—Yon Trezò Inestimab nan Vwayaj Nou An
Pandan n ap fè fasten ak pawòl Kris yo nou jwenn nan Liv Mòmon an, Lespri a ap ede nou konprann verite etènèl yo.
Èske w ka sonje yon moman kote yon moun te ba ou yon kado ki te chanje lavi ou? Oktòb sa a fè 40 ane depi m te resevwa yonn nan pi gran benediksyon nan lavi m. Pandan m te nan lekòl segondè, m te remake ke yonn nan elèv nan klas nou an te gen yon limyè ki te diferan de limyè majorite lòt jèn moun yo. M te renmen rete bòkote l. Yon jou li te di m li se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou. Apresa li te ofri m yon kado: yon kopi Liv Mòmon an. Li te envite m pou li kèk paj epi rankontre avèk de zanmi ki ta ka reponn kesyon m yo. Zanmi sa yo sete misyonè yo.
Lè m te rankontre misyonè yo, yo te anseye m doktrin Kris la epi yo te envite m pou m te suiv envitasyon pwofèt Mowoni an “Lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.” (Mowoni 10:4).
M te li plizyè paj nan Liv Mòmon an epi m te priye. Malgre m patko gen yon konpreyansyon pwofon konsènan tout bagay misyonè yo t ap anseye m, m te santi nan kè m, ke bagay m t ap li yo te bon epi yo soti nan Bondye. M te resevwa konfimasyon pwomès Mowoni an: “Epi pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay” (Mowoni 10:5).
Apre m te fin batize nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo, kèk zanmi te eseye konvenk mwen ke m te pran yon move desizyon. Men chak fwa m te rankontre dout ak opozisyon, m te resevwa konfimasyon atravè etid ekriti yo ak lapriyè pou m te rete fidèl a alyans m te fè avèk Bondye yo. Depi lèsa a, Liv Mòmon an se konpayon m epi l vin tounen trezò inestimab nan vwayaj mwen nan mòtalite a.
Liv Mòmon an plis pase jis yon liv. Li se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, ke plizyè ansyen profèt te ekri atravè lespri pwofesi ak revelasyon.
Pi gran evènman ki anrejistre nan Liv Mòmon an se ministè pèsonèl Senyè Jezikri a nan pami Nefit yo yon ti tan apre Rezirèksyon Li a. Liv Mòmon an “esplike doktrin levanjil la, li trase plan sali a epi li di lèzòm kisa yo dwe fè pou yo gen lapè nan lavi sa ak sali etènèl nan lavi k ap vini an” (Entwodiksyon Liv Mòmon an).
Premye edisyon Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj konsènan Jezikri a te pibliye nan yon ti vil nan eta New York, an Mas 1830. Pwofèt Joseph Smith te gen 23 ane lè l te konplete tradiksyon liv la an 1829. Li te tradui prèske tout liv la nan mwens ke 75 jou. epi pwosesis enprime a te pran anviwon sèt mwa.
Jodia, apwoksimatifman, 80,000 misyonè aplentan nan plis pase 150 peyi ap sèvi kòm volontè, ki dedye lavi yo pou rann temwayaj ke Liv Mòmon an se laverite epi li temwaye konsènan Jezikri.
Nan seminè ki pi resan pou nouvo dirijan misyon yo an Jen ane sa a, Prezidan Russell M. Nelson te pataje temwayaj puisan li sou Liv Mòmon an: “Liv Mòmon an se … pawo1l Bondye. Li anseye doktrin Kris la epi eksplike plis konsènan Ekspyasyon Sovè a pase [jan] okenn lòt liv fè sa.”
M ta renmen ofri twa sijesyon ki ka ede apwofondi konvèsyon nou nan Jezikri atravè yon etid nan Liv Mòmon an.
1. Rete Dilijan ak Konsistan nan Etid nou Chak Jou.
Tankou Alma ak pitit gason Mozya yo, nou dwe “[fouye] ekriti yo avèk dilijans, pou [nou] ka konnen pawòl Bondye” epi pou nou ranfòse nan laverite (Alma 17:2).
Pandan sèvis nou kòm dirijan misyon nan Misyon Atlanta Georgia a, nou te ankouraje chak misyonè pou yo te etidye Liv Mòmon an pandan omwen 30 minit chak jou. Angajman sa a te ogmante lafwa nou epi ede nou rete tann mirak.
Li posib ke apre misyon an nou ka pa gen menm kantite tan disponib pou etid ekriti yo chak jou, men, m pwomèt ou, si w bay priyorite a etid Liv Mòmon an sensèman, nan lapriyè chak jou, w ap jwenn pi gran fòs espirityèl ak konfyans nan Senyè a ak nan pwomès Li yo.
2. Fè Etid Ou Pi Siyifikatif nan Fè Fèsten avèk Pawòl Kris yo.
Nefi te anseye, “Fè yon festen ak pawòl Kris yo; paske pawòl Kris yo ap di nou tout sa nou dwe fè” (2 Nefi 32:3.
Fè festen vledi plis pase jis li—sa vledi savoure, medite, ak aplike. Pandan w ap etidye Liv Mòmon an, konsidere fason pou w fè etid ekriti ou yo pi siyifikatif. Pa egzanp:
-
Itilize èd pou etid yo ki disponib nan app Bibliyotèk Levanjil la.
-
Idantifye verite etènèl ki ede nou konprann plan Bondye a epi pouse nou fè ak kenbe alyans avèk Pè Selès nou an.
-
Souliye fraz ki siyifikatif yo epi anrejistre enpresyon w yo pou prezève sa w aprann pandan etid ou a.
Liv Mòmon an gen pouvwa pou reponn kesyon nanm nou yo. Jan Nefi te di, nou ta dwe “konpare tout ekriti yo avèk nou, pou nou kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23).
Lè nou fè festen avèk pawòl Kris yo, y ap ouvri pòt pou revelasyon epi montre nou sa nou dwe fè nan plizyè sikonstans nan lavi nou pou apwoche pi pre Li.
3. Rann Temwayaj Ou sou Verite ki nan Liv Mòmon an.
Menmjan Leyi te vle pataje fwi pyebwa lavi a avèk fanmi l la (gade 1 Nefi 8:12), lè nou akeri yon temwayaj konsènan Liv Mòmon an, nou devlope anvi pou pataje lajwa ki vini nan konnen levanjil Jezikri a.
Yonn nan misyonè nou yo, Sè Benson, k ap patisipe avèk nou nan sesyon sa, te pataje avèk mwen santiman li pou ede tifrè li a. Nan moman sa a, li t ap prepare pou rantre nan inivèsite epi li pa t sèten konsènan sèvi yon misyon. M te santi enpresyon pou m te envite Sè Benson li Liv Mòmon an pandan kat premye mwa nan misyon l, make ekriti prefere l yo, epi apresa pou l te voye kopi sa a bay frè l la.
Sè Benson te voye kopi Liv Mòmon ki make a, epi l te envite frè l la pou l li ladan l chak swa. Nan apre, li te pataje avèk mwen: “Anvan misyon m nan, frè m nan pa t sèten ke li te vle sèvi yon misyon aplentan. Dousman, avèk letan, pandan l t ap li Liv Mòmon an, li te jwenn pi plis lajwa nan lavi l epi l te kòmanse konsidere sèvi yon misyon.”
De semèn anvan Sè Benson te fini misyon li, frè li a te resevwa apèl misyon li. Kounyea, l ap sèvi nan Misyon Tuxtla Gutierrez la nan Meksik. Atravè Liv Mòmon an, Eldè Benson te vin wè lavi li avèk klète spirityèl, sa ki te pòte l sèvi Seyè a epi kwè ke bagay yo t ap byen pase. Desizyon sa a sete yon mirak—ki te enfliyanse pa pouvwa pawòl Kris yo.
Frè m ak sè m yo, mwen ankouraje nou chak pou apwofondi etid nou nan Liv Mòmon an. Mwen konnen pandan n ap fè festen avèk pawòl Kris yo ki nan Liv Mòmon an, Lespri a ap ede nou konprann verite etenèl yo ak pataje temwayaj nou avèk konviksyon avèk moun Senyè a prepare pou tande mesaj Li a. Seyè a te di, “Moun ke m chwazi yo tande vwa m w epi yo pa fè kè yo di” (Doktrin ak Alyans 29:7. Mwen temwaye ke moun ki mande Bondye avèk lafwa yo ap resevwa yon temwayaj konsènan verasite Liv Mòmon an atravè pouvwa Sentespri a. Konsènan sa, mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.