Konferans Jeneral
Epi Kounyea Mwen Wè
Konferans jeneral oktòb 2025


17:24

Epi Kounyea Mwen Wè

Enpak Liv Mòmon an nan lavi mwen, pa mwens mirakile pase mete krache ak tè sou je mesye avèg la.

Avèk lanmou sensè nou tout ap repete omaj Prezidan Oaks pou lanmò Prezidan Russell-M. Nelson lan. Epi avèk menm lanmou ak chagren pwofon, nou tout rekonèt trajedi yo nan Michigan resaman epi prèske chak jou nan tout mond lan. Nou aksepte bagay sa yo avèk lanmou ak konfyans nan Senyè a Jezikri.

Chapit nèf la nan Jan rapòte eksperyans Jezi ak disip Li yo ki t ap pase kote yon mandyan, avèg de nesans. Sa te pouse disip yo pou yo te poze Jezi plizyè kesyon relijye konplèks konsènan orijin ak transmisyon andikap mesye sa a. Mèt la te reponn nan fè yon bagay trè senp ak trè etonan. Li te krache atè a epi li te brase yon ti melanj ajil. Apresa Li te mete sa sou je mesye a, epi ba l enstriksyon pou lave je li nan pisin Siloe a. Ekriti yo di, nonm avèg la te fè tout bagay avèk obeyisans epi “li te [vin] wè. Ala evidans enpòtan, kontrèman ak dezi oswa agiman oswa menm malveyans an opozisyon ak verite a.

Ebyen, ak krent pou mirak sa a pa t ajoute plis sou menas Jezi te deja poze pou swadizan otorite yo, enmi Sovè a yo te konfwonte mesye ki te fèk wè a epi di l avèk kòlè, “Nou konnen [Jezi] se yon pechè.” Mesye a te koute pou yon moman, apresa li te di, “Mwen pa konnen si se yon moun k’ap fè sa ki mal osinon sa ki byen … Yon sèl bagay mwen konnen, … mwen te avèg, koulyea mwen wè.”

Jezi te bay premye siyifikasyon echanj sa a, lè l te di disip Li yo “sa te rive pou moun ka wè sa pouvwa Bondye ka fè.” Sonje byen ke de fwa nan resi sa a, aksyon Sovè a te refere antanke “onksyon” sou je mesye avèg la, yon aksyon ki dwe konplete pa lavman. Deskripsyon sa a “pou zèv Bondye kapab manifeste” ta ka posibman sigjere dewoulman yon òdonans.

Yon lòt verite ki evidan la a se enstriman yo Kreyatè syèl la ak tè a ak tout sa ki nan yo te itilize pou fè mirak sa a: krache ak yon men pousyè! Engredyan etranj sa yo deklare ke Bondye kapab beni nou avèk nenpòt metòd Li chwazi. Tankou Naaman ki p at vle ale nan rivyè Jouden an oubyen timoun Izrayèl yo ki te refize gade sèpan an sou poto a, ala li fasil pou nou inyore sous redanmsyon nou akoz engredyan yo ak enstriman yo ki telman senp ke yo ka anbarasan.

Men nou sonje apati Liv Mòmon an ke gen kèk bagay ki alafwa senp ak presye epi ke anvan nesans Jezi, sa te pwofetize ke “Li pa te bèl gason, li pa te gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pa te sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.” Konbyen fwa Bondye te voye mesaj majestye Li a atravè yon prezidant Sosyete Sekou ki fèk aple e trè anksye oswa yon ti gason ki pa enstwi sou yon fèm Nouyòk oswa yon nouvo misyonyè oswa yon tibebe kouche nan yon krèch.

Sa k gen nan sa si repons priyè nou yo vini nan fason senp oswa konpèks? Èske nou dispoze pou n pèsevere, pou kontinye eseye viv levanjil Kris la kèlkeswa kantite krache ak ajil sa pran? Sa k ap fèt la oswa rezon an gendwa pa toujou klè pou nou, epi detanzantan, nou tout pral santi nou yon ti jan tankou sè aje a ki te di: “Senyè, sa w panse de yon benediksyon ki pa degize?”

Ann konsidere evidans yon lòt verite, sa a se konsènan sent prètriz la. Pandan l t ap dokimante òganizasyon legliz la nan meridyen tan yo, premye fraz nan Lik la di konsa: “Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite,” don ke yo pa t resevwa akoz merit enpresyonan yo ni ki pat detèmine pa tradisyon oswa dwa nesans. Yo pa t soti nan yon lekòl divinite oswa nan yon seminè teyolojik. Yo konfere sèlman pa enpozisyon dèmen pa yon moun ki te gen men otorize poze sou li nan yon chèn entak ki remonte nan sous otorite divin nan, Senyè a, Jezikri.

Epi nan yon legliz ki konprann don mizèrikòd la, èske se pa t ap yon lòt evidans mèveye sou otantisite legliz sa a pou nou mennen benediksyon ak alyans sa yo ale jwenn zansèt desede nou yo, sila yo nan fanmi nou ki gentan ale avan nou yo? Èske yo ta dwe penalize yo paske yo pa te gen aksè a levanjil la oswa paske yo te fèt nan yon moman oswa nan yo plas kote òdonans ak alyans diven yo pa te disponib pou yo? Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen kay sakre, ki konsakre pou Senyè a kote travay sali ak mizèrikòd ap fèt pa pwokirasyon pou defen sa yo, pandan l ap ofri opòtinite pou adore ak òdonans pou moun ki vivan yo tou. Dapre sa mwen konnen, evidans patikilye sa a sou verite Bondye, lanmou inivèsèl Li pou moun ki vivan ak mouri a nou pa wè l ankenn lòt kote nan mond lan—eksepte nan sèl legliz ki demontre verite nan sans patikilye sa a: Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Premye rankont mwen avèk evidans reyèl verite ki te banm vizyon ak lavi a pa te vini avèk onksyon ajil oswa nan pisin Siloe a. Non, enstriman verite ki te pote gerizon Senyè a pou mwen an te soti nan yon liv, wi, Liv Mòmon an: Yon lòt Temwanyaj de Jezikri. Afimasyon yo konsènan liv sa a te sibi atak epi rejte pa kèk enkwayan, kolè yo pafwa matche ak ensilt moun sa yo ki te di nonm ki te geri a ke li pa t posib pou l te viv sa li te konnen li te te viv la.

Gen moun ki te di mwen ke fasonn liv sa a te vini an te enpratikab, enkwayab, anbarasan, e menm pwofan. Kounyea, sa se yon langaj ki di pou yon moun ki pretann yo konnen pa ki mwayen liv la te vini, paske sèl deskripsyon ki te bay konsènan mwayen sa yo sèke li te tradui “pa don ak pouvwa Bondye.” Se sa! Se tou. Antouka enpak Liv Mòmon an nan lavi mwen, pa mwens mirakile pase aplikasyon krache ak tè sou je mesye avèg la. Pou mwen, sete, yon baton sekirite pou nanm mwen, yon limyè revelasyon transandan ak penetran, yon ekleraj sou chemen mwen dwe mache lè bwouya tenèb yo vini. E asireman yo te vini, e asireman y ap vini.

Epi sou baz vizyon li te ban mwen sou lanmou inivèsèl ak gras redanmtris Sovè m nan, m ap pataje temwayaj mwen avèk nou, jistifye la a jan paran mesye ki te fèk beni an te di ke yo ta dwe tande pitit gason yo a paske li “nan laj.” Ebyen, mwen menm tou. Yo te vledi, Li gran ase pou yo pran l oserye. Ebyen, mwen menm tou. Nan de mwa m ap fete 85èm anivèsè m. Mwen konn rive toupre lanmò epi retounen. Mwen te mache avèk wa ak pwofèt, avèk prezidan ak apot. Pi bon toujou, pafwa mwen akable pa Sentespri Bondye a. Mwen kwè ke moun dwe bay temwayaj mwen omwen yon ti konsiderasyon.

Kounyea frè m ak sè m yo, mwen te rive gen konviksyon nan tout nanm mwen ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon vrè retablisman Legliz Nouvo Testaman an—e plis toujou—paske mwen pa t kapab nye evidans retablisman sa a. Soti nan premye eksperyans sa yo, mwen sipoze ke m te gen mil— dis mil?—lòt evidans ke sa mwen pale yo jodia se verite. Sepoutèt sa, mwen kontan kounyea pou m rejwenn zanmi mwen an koudakoud nan lari Jerizalèm yo, kote m ap chante avèk vwa m tou febli:

Grace Infinie—Christ m’a sauvé— (Gras Enfini—ala bèl son—)

De mon état déchu! (Ki sove yon dechi tankou m)

J’étais perdu, Il m’a trouvé, (Mwen te pèdi, Li twouve m)

Et m’a rendu la vue (Mwen te avèg, kounyea mwen wè).

Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jan 9:1–7.

  2. Gade Jan 9:13–25.

  3. Jan 9:3.

  4. Gade Jan 9:6, 11.

  5. Jan 9:3.

  6. Gade 2 Wa 5:1–15.

  7. Gade Resansman 21:4–9; 1 Nefi 17:41; Alma 33:18–22.

  8. Ezayi 53:2.

  9. Lik 9:1.

  10. Omni 1:20; gade tou Doktrin ak Alyans 20:35.

  11. Jan 9:23.

  12. Grâce Infinie,” Kantik pou Lakay ak Legliz, Bibliyotèk Levanjil.