Konferans Jeneral
Senyè a Gade nan Kè Moun
Konferans jeneral oktòb 2025


10:41

Senyè a Gade nan Kè Moun

Tout sa Bondye bezwen pou akonpli objektif li yo epi pou ede nou vin moun li vle a se pou nou chak vire kè nou nèt ba li.

Lè yo te kòmande l pou l te chwazi nouvo wa Izrayèl la pami pitit gason Izayi yo, pwofèt Samyèl, pandan l t ap gade Eliyab, pi gran pitit gason Izayi a, te di avèk antouzyas: “Sètènman, se li menm Senyè a chwazi.” Men, Eliyab se pa t sèvitè Senyè a te chwazi a. Sovè a te avèti Samyèl: “Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwenm menm mwen gade sa ki nan kè moun.”

Byenke David gendwa pa t pi fò fizikman oswa gen plis talan pase frè l yo, kè li te fò nan je Bondye. Li te renmen Bondye ak tout kè l epi li te gen yon gwo dezi pou l te obeyi Li. Li te gen yon lafwa san fay nan lanmou, pouvwa, ak benediksyon Bondye te pwomèt yo, jan li te demontre nan apre lè li te goumen san krent epi li te venk Golyat avèk èd Senyè a.

Istwa sa a anseye nou ke tout sa Bondye bezwen pou akonpli objektif Li yo, epi pou ede nou vin moun Li vle nou vin ye a, se pou nou chak vire kè nou nèt ba Li. Li te kòmande yon avoka: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou la, ak tout kè ou.” Li te di pwofèt Joseph Smith: “Gade, Senyè a mande yon kè ak yon lespri ki byen dispoze.” Epi Sovè resisite a te fè Nefit yo envitasyon sa a: “Nou dwe ofri kòm sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri.”

Poukisa sa konsa? Sovè a te anseye ke si kè nou totalman tounen vin jwenn li, gras a sakrifis ekspyatwa li a, nou ka beni ak fòs ak don espirityèl nou bezwen pou nou simonte defi mòtèl nou yo, reziste tantasyon, resevwa direksyon ak konpreyansyon, epi santi lajwa ak lapè nan lavi nou. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.” Li te di Li kapab “fè bagay ki fèb yo vin fò” epi beni nou avèk tout sa nou bezwen pou nou reyisi nan lavi mòtèl sa a epi pou nou resevwa lavi etènèl. “Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo,” Li te di, “paske ya wè Bondye.”

Mwen kwè se poutèt sa, omwen an pati, Jezikri te souvan korije doktè lalwa yo ak Farizyen yo pandan ministè mòtèl Li a. Malgre yo te dilijan nan obsève lalwa Li, yo te fè sa pou move rezon. Li te repwoche yo, Li te di: “Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men kè yo byen lwen mwen.”

Sa a se yon rapèl serye pou tout disip Li yo ke se pa sèlman sa nou fè ki enpòtan—pawòl ak aksyon nou—men poukisa nou fè sa Jezikri mande nou fè a tou—dezi ak motivasyon nou yo. Li te di, “Paske mwen menm Senyè a, m pral jije tout moun daprè zèv yo, daprè santiman ki nan kè yo.” Papa nou ki nan Syèl la vle plis pase pou pitit Li yo ba Li aksyon obeyisans ak sèvis mekanik. Li vle nou fè bagay sa yo ak yon entansyon reyèl, paske nou renmen L ak tout kè nou. Li vle pou nou gen anvi vin tankou Li.

Kounyea, si sante espirityèl kè nou se yon gwo sousi pou Sovè a—paske se sa L ap chèche nan yon vrè disip—ki jan nou ka egzamine kè nou epi konnen si l bon nan je Bondye?

Resaman, lè madanm mwen avèk mwen te retounen sot nan misyon nou an nan Pòtigal, nou te fè yon seri tès sante pou evalye kondisyon fizik nou. Kèk nan tès sa yo ki te konsantre sou sante kè nou—tankou tès san, ekokadyogram ak tès estrès. Mwen kwè Sovè a ban nou yon seri tès espirityèl nou ka itilize pou evalye kondisyon espirityèl kè nou. Kite m pataje kèk nan yo avèk ou.

Evalye kè w ak tès espirityèl

Premyèman, konsantrasyon nou, Priyorite nou, ak Motivasyon nou yo

“Paske kote trezò nou ye se la kè nou ye tou, ” Jezi te anseye. Yon trezò se yon bagay ki gen anpil valè pou nou, yon bagay nou dedye efò ak atansyonpou li. Kote nou chwazi pou nou pase tan nou ak konsantre atansyon nou, osibyen ke sa ki motive nou pou nou fè sa nou fè yo, revele anpil bagay apwopo kè nou. Sovè a te avèti, pandan ke gen anpil moun Li aple, se kèk sèlman ki chwazi “paske kè yo tèlman chita sou bagay ki nan mond sa a, epi yo espereonè nan men lèzòm.” Èske mwen fè Sovè a yon priyorite nan lavi mwen? Èske je m sèlman fikse sou laglwa Li nan tout sa m ap fè?

Dezyèmman, Volonte nou pou nou obeyi kòmandman Bondye yo

Nan tout ekriti yo, Senyè a ak pwofèt Li yo asosye ògèy ak dezobeyisans avèk yon kè di. Nefi te egzòte frè l yo, li te di: “Kouman nou fè pa respekte kòmandman Senyè a yo? Gade kouman nou pral peri, poutèt kè nou di?” Senyè a te avèti Sen nan Missouri yo, “Men, yon moun ki pa fè anyen jistan yo kòmande l, epi ki resevwa kòmandman avèk yon kè ki gen dout, epi ki kenbe l avèk parès, moun sa a dane.” Malgre Sovè a pa atann pèfeksyon nan respekte kòmandman L yo, Li mande pou nou gen dezi a epi fè efò pou nou respekte yo avèk tout kè nou.

Twazyèmman, Dilijans nou nan etidye ekriti yo ak nan chèche revelasyon

Senyè a te konseye Oliver Cowdery pou l “kenbe pawòl sa yo nan kè l.” Yo envite nou pou nou etidye ekriti yo avèk dilijans epi, atravè pouvwa Sentespri a, pou nou chèche konprann epi temwaye de verasite levanjil la nan kè nou.

Pwofèt Abinadi te repwoche prèt mechan wa Noe yo paske yo pa t fè sa, li te di: “Nou pa dispoze kè nou pou l konprann; se poutèt sa, nou pa gen lasajès.” Èske m ap fè yon efò sensè pou m etidye ekriti yo chak jou epi pou m aplike kè m pou m konprann yo atravè lapriyè?

Katriyèmman, Panse ak Pawòl nou yo

Sovè a te anseye ke “se nan kè n tout move lide soti” epi “sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.” Kalite panse ak pawòl nou yo se yon bon endikatè sou pite kè nou. Èske m ap nouri twòp panse negatif apwopo aksyon oswa motivasyon lòt moun, oubyen apwopo mwenmenm? Èske mwen twò prese pou m jije ak kondane lòt moun? Èske m ap chèche eskiz oubyen jistifikasyon pou erè m yo? E pawòl mwen yo menm? Èske yo ankouraje epi enspire moun ki bò kote mwen? Oubyen èske yo souvan kreye konfli ak rankè?

Apre tès fizik mwen yo te fin fèt, doktè m nan te di m ke, an jeneral, kè m te an sante—men te gen kèk enkyetid ki te bezwen adrese kounyea, anvan yo vin grav. Apre sa, li te preskri kèk chanjman nan fason m ap viv. Menm jan an tou, pandan w ap fè evalyasyon espirityèl sa a nan kè w epi w remake kèk sentòm negatif k ap kòmanse fofile, tanpri pa panike! Sovè a ba ou medikaman ak trètman espirityèl ki ekselan pou ede ou. Li menm pwomèt nou l ap mete lòt santiman nan kè nou! Men kèk aksyon ki ka amelyore fòs espirityèl kè ou.

Amelyore Sante Espirityèl Kè w la

Premyèman, Ranfòse Relasyon w avèk Kris la

Lè nou konsakre tan chak jou pou nou pwoche bò kote Kris la, kè nou chanje. Etid ekriti yo chak jou, akonpaye pa lapriyè sensè ak jèn regilye, ap ogmante lanmou ou pou Sovè a epi ranfòse lafwa ou ak dezi ou pou repanti epi remèt kè ou bay Bondye avèk imilite. Konsidere egzanp sa a Nefi ban nou: “Se poutèt sa, m te kriye nan pye Senyè a; e li te vizite m, e li te touche kè m pou m te kapab kwè tout pawòl papa m te pale yo.”

Pandan n ap kontinye nouri semans lafwa a atravè bon dezi ak aksyon nou, n ap fè eksperyans menm sanktifikasyon kè nou ke Nefit yo te fè a: “Yo te jene e yo te priye souvan, yo te vin gen plis fòs nan imilite yo e yo te vin pi fèm nan lafwa Kris la jistan kè yo te pirifye e li te sanktifye; sanktifikasyon sa a te fèt paske yo te lage kè yo bay Bondye.”

Dezyèmman, Aliyen volonte ou avèk Volonte Li

Sovè a te anseye: “Si nou renmen m, se pou nou obeyi kòmandman m yo.” Li envite nou pou nou demontre lanmou nou nan fè ak kenbe alyans nou fè avèk Li yo. Si nou fè efò chak jou pou nou obeyi kòmandman L yo, repanti sensèman pou peche nou yo, epi pèsevere nan pran non Li sou nou epi aliyen volonte nou avèk volonte pa Li, nou ka beni avèk konpayi konstan Sentespri a.

Nefi te temwaye: “M konnen si nou suiv Pitit Gason an, avèk tout kè nou, san fè ipokrizi, ni foub devan Bondye, men avèk yon entansyon reyèl, si nou repanti pou peche nou yo, si nou temwaye devan Papa a pou fè konnen nou vle pran non Kris la sou tèt nou, pa mwayen batèm… , gade lè sa a n ap resevwa Sentespri a.” Sentespri a ap gide ou epi ede w konnen volonte Senyè a epi fè bon chwa.

Finalman, Sèvi Bondye ak Lòt moun avèk Tout Kè Ou

Sovè a envite tout moun pou nou “sèvi Li ak tout kè nou.” Lè nou chwazi fè chak bagay Senyè a mande nou fè—tankou respekte kòmandman yo, pran sentsèn nan, adore nan tanp, ak sèvi lòt moun—avèk yon kè sensè ak yon entansyon reyèl, chak aksyon sèvis ak adorasyon vin tounen yon eksperyans espirityèl puisan ki ranfòse lafwa nou ak temwayaj nou epi ki ranpli kè nou avèk lajwa ak lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou.

Kesyon pwofèt Alma a toujou ap rezone jodia: “Èske nou fèt espirityèlman nan Bondye?” Èske nou gen imaj li nan figi nou? Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”

Frè m ak sè m yo, mwen envite nou pou nou bay Sovè a tout kè nou jodia. Se pou chak zak adorasyon ak sèvis nou sensè ak entansyonèl. Mete distraksyon mond lan sou kote epi fè efò pou nou gen tan ki gen enpòtans pou Senyè a chak jou nan lavi nou. Repanti epi retounen vin jwenn Li ak tout kè ou, epi Li va padone ou epi L ap vlope ou nan bra lanmou Li. Pa chèche bagay nan mond sa a, men chwazi pou w kenbe je w fikse sou laglwa Li epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon. Li konnen panse w ak dezi ki nan kè w, epi pandan w ap vin jwenn Li,Ll ap beni w avèk fòs, konfyans, lapè ak lajwa nan lavi sa a epi avèk yon plas nan wayòm selès Li a pou tout letènite.

Mwen konnen Jezikri vivan. Li se Redanmtè nou. Epi Li renmen ou menm avèk mwen ak tout kè Li. Nan non Jezikri, amèn.