Konferans Jeneral
Pou Tout Moun Kapab Edifye
Konferans jeneral oktòb 2025


11:21

Pou Tout Moun Kapab Edifye

Lè nou konsantre sou Jezikri, ansenye doktri ni an, epi aprann avèk dilijans, nou envite Sentespri a pou ranfòse lafwa nou nan Jezikri epi ede nou vin plis tankou Li.

Yo rakonte istwa yon jèn etidyan inivèsite ki t ap lite avèk yon klas difisil, konsa li te anplwaye yon titè pou te ede li. Prèske nan fen klas la, pwofesè a te anonse ke pou egzamen final la etidyan yo te gendwa pote yon moso papye epi yo te ka mete nenpòt sa yo te vle sou li. Kèk etidyan te prepare ti nòt avèk enfòmasyon ki te soti nan kou yo ak nan liv yo, ki lizib sèlman lè w itilize yon loup. Men jenòm nan te rive nan egzamen final la avèk yon fèy papye blanch ak yon etranje. Lè pwofesè a te poze misye kesyon, jenòm nan te reponn, “ Ou te di mwen ka pote yon moso papye avèk nenpòt bagay sou li.” Apresa li te mete papye a atè kote biwo li a epi li te di, “Mwen ta renmen pou titè m nan kanpe sou moso papye m nan.”

Sentespri a

Kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo, ki beni avèk konpayi presye yon manm nan Divinite a, nou ka jwenn èd titè pafè a. Sentespri a konnen tout bagay, temwanye de laverite epi “l ap fè [nou] sonje tout bagay.” Prezidan Russell M. Nelson te pale souvan sou enpòtans pou nou tande vwa Senyè a. Li te ansenye nou kijan pou nou envite Sentespri a pou L gide nou epi li te sipliye nou san rete pou nou ogmante kapasite espirityèl nou pou nou resevwa revelasyon.

Jodia mwen envite nou pou nou reflechi sou wòl Sentespri a, anrapò espesyalman avèk aprantisaj levanjil la lakay nou ak nan legliz la. Nou ka resevwa Sentespri a atravè priyè lafwa ak pandan n ap lite pou nou viv diy pou kado presye sa a. Manyèl enspire Legliz la Anseye nan Fason Sovè a demontre plizyè lòt prensip Senyè a te etabli pou ede envite enfliyans Sentespri a.

Envite Aprantisaj Dilijan

Youn nan prensip sa yo se envite aprantisaj dilijan. Nan lepase, nou te ka panse a ansèyman yo kòm yon chans yon paran oswa yon enstriktè genyen pou envite Lespri a nan pwòp preparasyon pa yo epi apresa pataje sa yo aprann yo avèk timoun yo oswa manm klas yo, ke wòl yo sete pou yo te koute. Men pi efikas toujou se lè noumenm antanke elèv, nou vini tou prepare, ak lè enstriktè yo kreye eksperyans aprantisaj ki ankouraje revelasyon pèsonèl dirèkteman nan kè nou ak nan lespri nou. Apresa, pandan n ap resevwa opòtinite pou n pataje sa n ap aprann atravè etid nou ak nan men Sentespri a, nou youn ede lòt vin enstwi ak edifye. Lè nou aplike prensip levanjil yo, Lespri a ankò kapab temwanye sou verasite yo.

Opòtinite pou pataje

Menmjan ak nan tout bagay, Jezikri se egzanp pafè a. Li envite nou chak pou nou vin elèv dilijan epi pou n pran pwòp temwanyaj nou anchaj. Li te envite disip Li yo pou yo te prepare pou yo te aprann pou yo te pataje sa yo t ap aprann nan, epi pou yo te aji nan lafwa. Li te priye pou yo, Li te wè potansyèl divin yo, Li te koute yo, epi Li te ede yo konnen moun renmen yo epi yo itil.

Kòm enstriktè, nou kapab konsantre plis sou pwogrè elèv yo, sou satisfè bezwen yo, epi sou ede yo devlope abitid espirityèl yon lavi disip dirab. Kòm elèv, lè nou egzèse libabit nou nan pwosesis aprantisaj la, nou sinyale Sentespri a de volonte nou pou Li ansenye nou.

Mwen rekonesan pou yon enstriktè ki te envite m vin yon meyè etidyan. Lè m te kòmanse inivèsite, mwen te panse pa erè ke lekòl sete yon bagay pou m te andire pou m te ka gen posiblite pou m te jwe espò. Yon jou, apre pwofesè m nan te fin li yon papye mwen te ekri, li te di m li panse mwen gen yon don nan panse analitik. M pa t menm konnen kisa sa te vle di. Li te di ke avèk plis efò konsantre, mwen te ka vin yon bon etidyan. Panse sa a pa t janm travèse lespri mwen. Enterè li, ankourajman li, ak envitasyon li yo te change chemen edikasyon mwen epi te grandman beni lavi mwen.

Anseye Doktrin nan

Yon lòt prensip ki enpòtan nan envite Sentespri a se ansenye vrè doktrin nan. Sa vle di, etid ak enstriksyon levanjil nou an anrasinen nan pawòl Bondye a epi nou pa egzajere oswa fè sipozisyon sou sa Senyè a pa revele. Okontrè, nou konsantre sou prensip levanjil esansyèl ak etènèl yo ki pèmèt Lespri a temwanye nou verite a. Yon fwa ankò, nou suiv egzanp Sovè a. Li te di, “Doktrin mwen an se pa doktrin pa m, men se doktrin moun ki voye m nan.”

Nou jwenn vrè doktrin nan nan ekriti yo ak ansèyman pwofèt modèn yo. Egzòtasyon Senyè a pou nou etidye ekriti yo endividyèlman ak an fanmi epi asiste legliz la chak semèn pou nou etidye levanjil Li a founi yon anviwonman remakab pou n aprann doktrin Li a epi tande vwa Li. Nou fouye ekriti yo pou nou konprann istwa a, prensip yo ansenye yo, epi pou aplike verite sa yo nan lavi nou. Ala yon benediksyon sa ye pou nou gen ekriti yo sou pwent dwèt nou. Imajine Adan ak Ev, Abinadi, oswa menm Mèt Enstriktè a Jezikri k ap vizite lakay nou oswa klas nou yo pou ansenye nou. Yo kapab fè sa lè nou fè festen ak pawòl Kris yo? Avèk efò konstan, nou kapab aprann konprann ak renmen ekriti yo epi kwè yo gen repons pou kesyon nanm nou yo.

Te gen yon moman anvan nou te marye kote madanm mwen Kristi t ap lite pou l te santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak konprann plan L pou li. Pandan li t ap priye pou gidans, yon santiman te vini ke li ta dwe ale nan enstiti, konsa li te deside enskri nan yon klas Nouvo Testaman. Fason enstriktè enstiti li a te ansenye nan ekriti yo, menm fason li te kenbe yo a, te montre konbyen li te renmen pawòl Bondye a. Pandan li t ap asiste, Sentespri a te di l tou piti ke te gen yon bagay nan ekriti yo li te bezwen. Lanmou enstriktè li a pou ekriti yo ak enspirasyon Sentespri a te kreye yon dezi nan li pou l te kòmanse yon etid serye nan pawòl Bondye a—ki te tounen yon long vwayaj pwofon konvèsyon ak sèvis konsakre.

Konsantre sou Jezikri

Alafen, jan Ansenye nan Fason Sovè a sigjere a, ansèyman ak aprantisaj nou yo ta dwe toujou konsantre sou Jezikri. Nou ka pale pi souvan epi avèk plis reverans de Li epi chèche plis opòtinite pou n eksprime temwanyaj, rekonesans, ak lanmou pou Li. Kèlkeswa kontèks la, lè nou sonje Li, nou kapab gen “Lespri Li avèk [nou].”

Yon fason pou nou mete Jezikri nan sant ansèyman nou yo se pou nou mete aksan sou lefèt ke Li se egzanp pafè a, Li se enkanasyon ak ekspresyon tout prensip levanjil yo. Menmsi yo pa mansyone Li dirèkteman nan yon istwa nan ekriti yo, nou kapab toujou montre Li kòm egzanp prensip y ap ansenye a. Nou ka mande senpleman, “Èske nou kapab panse a yon moman kote Jezikri te ilistre egzanp prensip sa a?”

Nou kapab konsantre sou Li tou nan aprann tit, wòl ak atribi Li yo, nan chèche aprann non sèlman sa Li te fè men pi byen konprann kiyès Li ye tou. Paregzanp, lè n ap etidye prensip repantans lan, li enpòtan pou nou konprann kijan pou nou repanti. Men li esansyèl tou pou nou sonje sa Jezikri te fè pou rann repantans posib epi konprann sa repantans ansenye nou sou Li, sou vrè nati ak karaktè Li. Kisa opòtinite nou genyen pou nou repanti a di sou lanmou Li, pasyans Li, ak mizèrikòd Li, konfyans Li nan potansyèl divin nou, volonte Li pou l ekspye peche nou yo, ak lajwa Li jwenn nan padone? Epi lè nou konprann tit Li yo—tankou Anyo Bondye, Redanmtè, ak Doktè—sa ede nou reyalize ke repantans se envitasyon Li pou L netwaye, chanje, ak geri nou. Lè nou konsantre sou sa Li te fè pou nou ak sa sa di sou kiyès Li ye, sa ka ede nou gen “lafwa ki mennen nan repantans.”

Pafwa, nou kapab pa wè imedyatman atribi Sovè a ki dekri nan yon istwa ekriti. Paregzanp, lè n ap li konsènan Nefi k ap konstwi yon bato, nou gendwa konsantre sèlman sou Nefi. Men, lè nou konsantre sou Sovè a sa kapab ede nou reyalize ke rejis sa a pa t prezève pou ansenye nou sou grandè Nefi men pou montre nou grandè Bondye—ke Li bannou fòs pou nou kenbe kòmandman Li yo epi delivre nou nan moman bezwen nou yo.

Nou ka konsantre tou sou wòl santral Jezikri nan plan bonè pafè Papa nou ki nan Syèl la. Sa ka chanje kous lavi nou pou nou wè sikonstans nou yo atravè loup plan etènèl Bondye a olyeke nou wè plan an atravè loup sikonstans tanporèl pa nou. Levanjil la se pa yon lis demand; se bòn nouvèl ke Jezikri te venk peche ak lanmò Se lè nou jwenn aksè a gras ekstraòdinè Li a atravè kenbe alyans nou yo avèk Bondye ke nou ka viv ak lajwa kounye a epi prepare pou lavi avèk Papa nou ki nan Syèl la nan letènite yo. Pandan n ap aprann wè Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a nan ekriti yo, n ap rive konnen Yo pi byen epi n ap wè lanmou Yo ak enfliyans Yo pi souvan ak pi puisan nan pwòp lavi nou.

M ap toujou sonje Lespri mwen te santi kòm yon jèn lè enstriktè nou an te ansenye sou dènye jou lavi Sovè a. Li te ede nou wè enpòtans evenman sa a nan chanm wot la, nan Jetsemane, Golgota, ak tonm vid la. Li te pataje rekonesans pwofon li pou Sovè a ak gwo dezi li pou l suiv Li. Ansèyman li yo te yon envitasyon pou Sentespri a te temwanye de Jezikri. E Lespri mwen te santi nan klas sa a te apwofondi lafwa mwen epi ogmante lanmou mwen ak apresyasyon mwen pou Sovè a. Enfliyans enstriktè sa a te rete avèk mwen tout lavi mwen. Menmjan nou di konsènan yon lòt enstriktè, “Nou te ka chofe men nou avèk dife lafwa li.

Konklizyon

Lakay nou ak nan reyinyon legliz yo, pandan n ap konsantre sou Jezikri, ansenye doktrin Li a, ak aprann ak dilijans, nou envite Sentespri a pou l apwofondi lafwa nou nan Jezikri epi ede nou vin plis tankou Li, ki se objektif tout ansèyman ak aprantisaj levanjil la.

Dyagram aprantisaj

Mwen rekonesan anvè enstriktè nan lavi m yo, soti nan bon paran ak dirijan lokal ak enstriktè rive nan gason ak fi ki aple pou ansenye ak temwanye sou chè sa a, pou ede nou konnen ak suiv Jezikri. Epi mwen rekonesan pou Sentespri a, titè pafè a. Se atravè Sentespri a mwen konnen ke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou e Li gen yon plan pafè pou nou, ke Jezi se Kris la, Sovè ak Redanmtè mond lan, epi Levanjil ak Legliz Li a te retabli. Mwen temwaye avèk rekonesans konsènan bagay sa yo nan non Jezikri, amèn.