Konferans Jeneral
Sonje Brebi a
Konferans jeneral oktòb 2025


12:14

Sonje Brebi a

Prensip konte ak rann kont la mache byen. Se fason Sovè a.

Kris la se Bon Bèje a. Chak moun nan twoupo a presye pou Li. Li te trase modèl swen pou brebi yo epi Li te anseye nou kalite yon bon bèje atravè pawòl ak aksyon, enkli pou nou konnen non brebi nou yo, renmen yo, jwenn sa ki pèdi yo, nouri yo, epi alafen, mennen yo retounen lakay yo. Li atann pou nou fè menm bagay la kòm bèje-adjwen Li.

Nou ka aprann anpil bagay sou sèvi nan fason Senyè a nan men ansyen pwofèt—ak bèje ekstraòdinè a—Mowoni. Li te viv pandan epòk ki te difisil anpil, san avantaj telefòn selilè, konpitè, ak entènèt. Men, li te degaje l kenbe kontak avèk brebi yo. Kouman sa te fèt? Nou gen yon ide sou metòd li a nan Mowoni 6. Se la nou li ke manm yo “te konte nan pami pèp legliz Kris la; e non yo te enskri pou legliz la te kapab sonje yo, nouri yo avèk bon pawòl Bondye a, pou kenbe yo nan bon chemen an. … Legliz la te “reyini ansanm souvan, pou jene ak priye, e pou pale yonn ak lòt konsènan byennèt nanm yo” (Mowoni 6:4–5; anfaz ajoute).

Pou Mowoni, sete yon kesyon de moun—de non! Li te pratike prensip konte ak rann kont la pou yo te ka sonje tout moun. Li te note tout moun ki t ap lite oubyen ki te pèdi, sa ki te pèmèt Sen yo diskite an konsèy sou byennèt yo. Tankou bèje ki te kite katreven diznèf yo (sen e sof, san dout) epi ki t al chèche yon sèl ki te pèdi a (gade Lik 15:4–7), yo mande nou pou nou panse a twoupo nou yo menmjan an tou—pou nou note yo, sonje yo epi al fè menm bagay la.

Kòm yon dirijan misyon nan peyi End, mwen sonje m te poze yon jèn prezidan branch kesyon sou objektif li pou ane k ap vini an: “Konbyen gason w ap prepare pou resevwa Prètriz Mèlchizedèk la?” Repons imedyat li sete “Sèt!”

Mwen te mande tèt mwen ki kote l te jwenn kantite egzat sa a, byen espesifik konsa! Anvan m te ka reponn, li te montre m yon moso papye avèk chif en jiska sèt ki te ekri sou kote a. Senk premye liy yo te gen non sou yo—non moun reyèl ke limenm ak kowòm ansyen l la ta pral envite ak ankouraje pou yo resevwa benediksyon prètriz la nan lavi yo. Natirèlman, mwen te oblije poze l kesyon sou liy sis ak sèt yo ki te vid la. Li te reponn, “O, Prezidan,” epi l te souke tèt li avèk senpati, “asiremen nou pral batize omwen de gason nan kòmansman ane a ki ta ka vin gen prètriz la nan fen ane a.” Dirijan sipèb sa a te konprann prensip konte ak responsablite a.

Kris la te òganize Legliz Li a nan yon fason ki ta rann difisil pou nou bliye yon grenn nanm, paske yo chak enpòtan pou Li. Chak moun nan yon pawas, kèlkeswa laj li, gason ou fi, gen yon miltitid moun ki responsab yo—bèje—ki gen dewa pou voye je sou yo, pou sonje yo. Paregzanp, yon jèn gason gen moun sa yo ki asiyen pou byennèt-li, yon episkopa, frè sèvis pastoral yo, konseye jèn adilt yo, enstriktè seminè yo, prezidans kowòm lan, avèk lòt ankò—yo tout ap sèvi kòm filè pou sekirite, ki mare sere anba jèn gason sa a pou ranmase l si l tonbe. Menmsi yon sèl filè byen pozisyone, jèn gason sa a ap gen sekirite, y ap remake l, epi y ap sonje l. Epoutan, souvan nou wè pa gen okenn filè anplas. Moun pèdi abityèlman nan bwouya—epi pèsonn pa remake sa. Kijan nou ka vin pi bon bèje? Nou ka aprann konte ak pran responsablite.

Legliz la ban nou rapò ak zouti pou nou jis fè sa—pou nou sonje. Rapò chak kat mwa a se yon egzanp pafè. Li ede nou konte ak pran responsablite pou chak manm plizyè fwa epi pou nou remake moun ki pa la oubyen ki bezwen èd nou ak amou nou. Lis aksyon ak Entèvyou a idantifye moun ki bezwen atansyon nou kounyea, jan estati rapò rekòmandasyon tanp la ak lòt rapò yo fè a. Zouti pou konte ak rann kont sa yo konsantre nou sou moun. Kiyès ki bezwen yon apèl, yon avansman nan prètriz oubyen èd pou pote yon non familyal nan tanp lan? Kiyès nou ta ka ede prepare yon misyon aplentan? Kiyès ki pa t la mwa sa a? Zouti sa yo ede nou sonje moun.

Mwen te konnen yon fanmi nan Etazini ki te pran yon tach an Afrik. Nan premye Dimanch la, yo te antre nan sèl chapèl ki nan peyi a, kote moun yo te salye yo avèk antouzyas. Alafen matine a, madanm mesye a te resevwa yon apèl kòm prezidant Sosye Sekou epi limenm mesye a kòm dirijan Jènjan! Li te mande yon prezidan branch ki te fatige-anpil konbyen jèn gason ki te genyen. Dirijan fidèl premye-jenerasyon sa a te lonje dwèt li sou fon sal reyinyon sentsèn nan, epi l te di, “De sa yo ki la a.” Mesye a nòmalman te septik, konsa, li te pran yon lis nan branch la, li te l pote lakay li, rapidman, li te remake ke te gen aktyèlman 20 jèn gason sou lis la. Li te retounen al kote prezidan branch lan epi l te mande pou de jèn adilt dinamik ki pale de lang yo pou sèvi kòm konseye li epi apre sa, li te chita avèk yo ak de jèn gason yo pou revize non yo.

Apre sa, jèn gason dilijan sa yo t al travay. Nan kèk mwa pwochen yo, yo te jwenn chak tigason ki te anwole. Non apre non, yo te envite brebi ki te pèdi yo retounen bòkote lòt brebi yo pou yo nouri esperityèlman ak fizikman! Sou yon ane, nan nenpòt Dimanch, te gen anviwon 21 jèn gason nan asistans lan. Mèsi Bondye pou jèn gason sa yo ki te konte ak pran responsablite a.

Yon bon zanmi m, ki te yon etidyan diplome, te demenaje avèk fanmi li al nan yon gran vil Amerikèn pou kontinye edikasyon li. Yo te ba l apèl imedyatman pou prezide sou kowòm ansyen an. Paske l te yon tijan enkyete konsènan premye entèvyou l avèk prezidan pieu a, li te detèmine pou l te prepare anvan l ale. Li te di prezidan pieu a li gen twa objektif pou ane k ap vini an: (1) 90 pousan sèvis pastoral, (2) yon leson levanjil byen prepare chak semèn, epi (3) yon aktivite kowòm byen-planifye chak mwa.

Pandan l t ap souri bay zanmi m nan, prezidan pieu saj sa a te mande, “Èske w ka site non yon manm kowòm ki mwens-aktif ou ta kapab ede ale nan tanp lan avèk fanmi l ane sa a?” Sa te yon sipriz pou zanmi m nan. Li te panse avèk pridans epi l te jwenn yon non. Prezidan pieu a te di l, “Ekri sa.” Apre sa, dirijan eksperimante sa a te poze menm kesyon an twa fwa ankò—epi entèvyou a te fini. Jèn gason sa a te sòti nan entèvyou sa a kote l te aprann yonn nan pigwo leson l sou dirije ak sèvis pastoral. Li t al nan entèvyou a avèk pwogram, leson, ak aktivite. Li te sòti avèk non! Apresa kat non sa yo te vin tounen yon eleman santral nan ministè li ak pa kowòm li a.

Kòm yon dirijan misyon, m te vizite yonn nan branch mwen yo yon Dimanch maten. M te remake prezidan branch lan t ap plede rale yon kat anpapye nan pòch li epi l t ap ekri sou li. M te deside poze l kesyon sou sa apre priyè final la. Lè reyinyon an te fini, epi anvan m te ka poze kesyon sou kat la, prezidan misyon branch lan te prese monte sou podyòm nan, kote yo te ba l papye a. Mwen te suiv dirijan antouzyas sa a rapidman al nan reyinyon kowòdinasyon branch misyonè chak semèn li a. Anvan yo te kòmanse, li te rale papye a sòti nan pòch li. Li te ranpli avèk non manm ki pa t la nan reyinyon sentsèn. Nan kèk minit, chak manm nan konsèy la te seleksyone yonn oubyen de non ke yo te pran angajman pou yo te vizite menm jou sa a pou te asire yo ke moun sa yo byen epi pou fè yo konnen ke yo te manke yo. Nou wè, sa rele konte ak responsablite.

Mwen raple m yon distri, ki te lwen tanp ki pipre a menm an avyon, kote sete yon gran priyorite pou moun yo genyen yon rekòmandasyon tanp, malgre yo te ka pa janm itilize l. Chak premye dimanch chak mwa, dirijan yo te itilize zouti pou konte yo pou pran responsablite pou manm ki dote yo. Si yo te wè yon rekòmandasyon pral ekspire, sekretè egzekitif la t ap pran yon randevou entèvyou pou renouvle l. Moun ki gen rekòmandasyon ekspire te resevwa konsèy, epi yo te ede yo retounen sou chemen alyans la. M te made konbyen nan manm ki te dote yo ki te gen rekòmandasyon tanp. Repons la te yon kantite etonan, 98.6 pousan. Lè m te poze kesyon sou sis ki te gen rekòmandasyon ekspire yo, dirijan yo te idantifye non yo, epi yo te dekri efò yo te fè pou ede yo retounen.

Kèk ane pase, fanmi pa m t retounen nan Etazini. Nou te kontan ale Legliz la a apre 26 ane ekstraòdinè nan pawas ki te pi piti ak izole yo. Yo te aple m kòm yon misyonè pawas. Nou te gen yon gran dirijan misyon pawas epi nou t ap fè bèl bagay epi nou t ap anseye bon moun. M te mande pou yo te kite m ale nan yon reyinyon konsèy pawas pou m te obsève epi pou m te jwenn èd nan men yo pou ede kèk zanmi nou t ap travay avèk yo. M te sezi lè m te wè sèlman sa yo te diskite sete yon pwochèn aktivite pawas. M te apwoche dirijan misyon pawas la apre sa, epi m te fè l remake ke li pa t gen chans pou l te retounen fè rapò konsènan moun nou yo. Repons li? “O, M pa janm gen chans bay rapò.”

M te fè konparezon avèk yon reyinyon konsèy branch nan Lahore, Pakistan, kote m te patisipe nan semèn ki te fèk pase yo. Ti gwoup sa a te chita ansanm bò yon ti tab, epi yo te pale konsènan moun sèlman. Non moun yo. Chak dirijan te bay rapò sou responsiblite yo ak moun ak fanmi yo sousye pou yo. Yo tout te gen chans pou te ajoute sa yo te panse ki t ap pi bon fason yo te ka beni moun yo t ap pale de yo a. Yo te fè plan epi yo te bay angajman. Sa se yon bèl leson sou konte ak rann kont pa non moun nan men premye jenerasyon frè ak sè nou yo.

Nan Legliz Jezikri a, nou resevwa enstriksyon nan men pwofèt pase ak prezan—epi avèk modèl Sovè nou an trase—sou fason pou nou fè sèvis pastoral. Nou pran non, nou sonje, epi nou konseye sou byennèt nanm yo. Dirijan ki fè sa pap janm pa gen anyen pou fè nan reyinyon konsèy yo! Prensip konte ak rann kont la mache byen. Se fason Sovè a. Nou ka fè pibyen. Pou Bondye ki te kreye linivè a epi ki dirije tout bagay, travay sa a—travay ak laglwaLi a—trè pèsonèl. Epi se konsa, sa ta dwe ye pou nou kòm enstriman nan men Li nan travay mèveye sali ak egzaltasyon Li a. Mirak nan lavi moun ki reyèl ap fèt. Nan non Jezikri, amèn.