Ale epi Fè Menmjan an Tou
Mwen ta renmen mete aksan sou misyonè sa yo ki aple pou asiyasyon sèvis yo. Yo se egzanp pou nou.
Pandan Sovè a t ap vwayaje atravè Betsayda, kèk moun te pote yon mesye avèg ba li. Petèt yo te espere wè yon mirak ak pwòp je pa yo. Sovè a “te pran men avèg la, limennen l soti nan vil la” pou L te geri li an prive. O kòmansman, gerizon an te sanble mwens efikas. Avèg la “te louvri je l,li di, mwen wè moun k ap mache, yo sanble pyebwa.” Avèk konpasyon, Jezi, “te mete men l ankò sou je avèg la, epi Li te fè l gade anlè.” Avèk touch adisyonèl Sovè a, avèg la te “wè … tout bagay klè.
Sa a se jis youn nan egzanp sou fason lavi Sovè a te karakterize pa aksyon sèvis ki enb. Li raple nou ke Li “pa t vini pou moun rann Li sèvis, men pou l rann moun sèvis” epi apresa Li envite nou pou nou suiv egzanp Li nan fè kilomèt anplis la, nan bay lè moun mande nou, epi nan renmen frè parèy nou. Lè yo te mande, “Ki moun ki pwochen mwen?” Kris la te pataje parabòl bon Samariten an, avèk yon responsablite pou nou “Ale, epi fè menmjan an tou.”
Misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se egzanp epòk modèn sou bon Samariten Kris la envite nou devni an. Mwen ta renmen mete aksan sou misyonè sa yo ki aple pou asiyasyon sèvis yo. Yo se egzanp pou nou sou fason sèvis (1) ouvri kè pou levanjil Jezikri a, (2)- pèmèt nou tout rann sèvis malgre siksonstans nou, epi (3) mennen pouvwa Kris la nan lavi nou.
Premyèman, Sèvis Ouvri Kè pou Levanjil Jezikri a.
Nan anviwon 91 BC, Ammon, yon misyonè nan Liv Mòmon an te prezante tèt li bay Wa Lamoni konsa, “M vle rete nan pami pèp sa a pou kèk tan; wi, petèt jistan m mouri; [e] m vle tounen sèvitè w.” Akoz sèvis enpekab li te bay Wa a, yo te bay Ammon yon opòtinite pou l te “pale kareman, … epi di [Wa Lamoni] avèk ki pouvwa” Li te akonpli sèvis li a. An retou, wa a te pwomèt “Nenpòt sa [Ammon] mande … [wa a t ap] ba li l.” Sèl sa Ammon te mande sete pou wa a tande mesaj Levanjil Jezikri a. Sèvis Ammon an te lakoz “anpil milye nanm vin repanti”
Nan epòk pa nou an, sèvis kontinye gide lòt moun nan levanjil la. Sè Bevan t ap sèvi kòm yon misyonè ansenyan lè li te kòmanse gen pwoblèm sante, sa ki te oblije l retounen lakay li pou tretman. Olye li te pran relèv, li te kapab kontinye sèvi kòm yon misyonè sèvis lakay li.
Pandan l t ap vizite yon pak, Sè Bevan ak yon zanmi l te enspire pou yo te pale avèk yon manman avèk kat jenn timoun, men yo te ezite epi fanmi an te gentan ale. Nan demen, yo te retounen nan pak la, avèk yon priyè pou fanmi an te ka la. Pa mirak, manman an te chita egzakteman kote l te chita nan jou avan an. Fwa sa a, Sè Bevan ak zanmi l lan te apwoche manman an, yo te fè konesans, epi yo te dekouvri ke li te dezespereman bezwen èd tanporèl. Yo te ba l asistans epi apresa yo te envite l pou l te aprann konsènan levanjil la.
Akoz sèvis ak envitasyon sa a, manman an ak pi gran pitit li a te batize, epi sa k vin apre pi gran an te batize yon ane apre. Yo rete manm aktif jiska jodia. Sè Bevan te konnen eksperyans sa a sete enspirasyon divin e sa “te pwouve [li] ke [li] te egzaktemen kote Bondye te vle [li] ye a.”
Menmjan ak Ammon ak Sè Bevan, lè n ap sèvi lòt moun, nou “montre bon egzanp pou yo” epi yo gen dezi pou yo konnen “sa ki lakoz espwa nou gen nan kè nou an.”
Jezi envite nou pou nou “Ale, epi fè menm bagay la tou.”
Dezyèmman, Sèvis Pèmèt Nou Tout Sèvi Kèlkeswa Sikonstans Nou.
Prezidan Russell M. Nelson te mande “chak jènjan ki diy, e ki kapab, pou yo prepare yo pou sèvi yon misyon” epi pou chak jèn sè ki kapab pou yo, “priye pou yo konnen si Senyè a vle yo sèvi yon misyon.” Li te pwomèt ke “desizyon w pou w sèvi yon misyon an, keseswa yon misyon pou preche levanjil oswa yon misyon sèvis, ap beni ou ak anpil lòt moun.” Misyon sèvis yo chanje definisyon mo kapabla. Kounyea chak jènjan ak jènfi diy ki gen dezi sèvi yon misyon aplentan pou Senyè a kapab fè sa, avèk sèlman kèk ti eksepsyon.
Eldè Holgado se yon egzanp sou kapasite pou sèvi malgre sikonstans pèsonèl. Li te fèt avèk yon maladi jenetik ki ra, ki te anpeche li sèvi kòm yon misyonè ansenyan. Eldè Holgado te aple kòm yon misyonè sèvis epi li te yon volontè nan magazen evèk la, kote li te ede lòt moun jwenn asistans yo te bezwen. Li te estoke etajè yo, mete legim nan sachè, epi kraze bwat katon vid.
Pandan Eldè Holgado t ap pale nan yon reyinyon sentsèn apre misyon li, li te pataje kijan “Bondye bezwen misyonè sèvis. Li bezwen moun pou renmen ak sèvi lòt moun. Moun sa yo stoke papye twalèt, met bwokoli nan sachè, fè mèb, epi yo janti avèk moun.”
Ou pa bezwen gen yon tach pou sèvis oswa yon badj avèk non w pou w fè sa ki byen. Sovè a rekonèt chak aksyon sèvis. Nou tout kapab ede lòt moun vin jwenn Kris la nan sèvi avèk bonte. Nou tout kapab sèvi yon moun nan non Kris la pa puisans Sentespri a epi viv kòm egzanp lafwa nan Jezikri. Sèvis pèmèt nou prezante tèt nou kòm sakrifis vivan ki akseptab devan Bondye.
Jezi envite nou pou nou “Ale, epi fè menm bagay la tou.”
Twazyèmman, Sèvis Pote Pouvwa Kris la nan Lavi Nou.
Yon jèn misyonè ki te transfere soti nan yon misyon ansèyman nan Amerik Disid pou l t ale nan yon misyon sèvi te fè fas avèk kèk pwoblèm pèsonèl ki te kite l nan bezwen pouvwa gerizon Kris la. Sèvis konsakre te pote pouvwa sa a nan lavi li. Li te di, “Mwen te santi ke lè m te nan difikilte, mwen te kapab santi Kris la k ap soutni mwen. Gen yon bagay espesyal nan wè L ap beni moun atravè yon gadmanje, nan tanp lan, ak atravè levanjil Li a.”
Eldè sa a te kòmanse santi yon lajwa pi pwofon, epi nouvo antouzyas li a te beni li ansanm avèk tout fanmi li. Lespri a te antre lakay yo pi plis, yo te ale nan tanp ansanm pi regilyèman, epi Kris la te vin yon pi gran fokis nan fanmi yo. Misyonè sa a kwè ke Kris la te sove lavi li epi beni fanmi li atravè sèvis.
Prezidan Nelson te ansenye, “Volonte pou nou sèvi ak ranfòse lòt moun kanpe kòm senbòl kapasite nou pou nou vin geri” pa pouvwa redanmsyon Sovè a.
Jezi envite nou pou nou “Ale, epi fè menm bagay la tou.”
Misyonè Sèvis yo Se Egzanp Disip Konsakre Jezikri.
Lè oumenm oswa yon manm nan fanmi ou beni avèk yon apèl antanke misyonè sèvis, se yon moman pou selebre. Kounyea fanmi ou ap gen yon reprezantan ki mete apa pou Senyè Jezikri k ap viv lakay ou. Sa ap chanje nou tout pou byen. Pa ta dwe gen ankenn mekontantman nan ankenn apèl pou sèvi. Nou chante, “J‘irai où tu veux que je sois” ak “Ce que tu voudras je serai.” Men yon bèl opòtinite pou nou montre ke nou reyèlman kanpe dèyè sa nou di a!
A nou tout k ap sèvi, epi espesyalman a plis pase 4.000 jèn misyonè sèvis yo, nou renmen nou! Si misyonè k ap ansenye yo se bouch Senyè a, konsa noumenm nou se men Senyè a, e nou pa misyonè dezyèm klas. Nou chak enpòtan pou rasanbleman Izrayèl la. Prezidan Nelson ansenye ke “Chak fwa nou fè yon bagay ki ede yon moun … fè ak kenbe alyans yo avèk Bondye, se ede n ap ede rasanble Izrayèl.”
Noumenm misyonè sèvis yo, n ap rasanble Izrayèl nan sitèlman anpil fason, e sèvis nou chanje lavi. Souvan nou pa konnen kiyès k ap benefisye de sèvis nou, men Bondye konnen. Toujou sonje “chak fwa nou te [sèvi] youn nan pi piti [sa yo], … se [Limenm nou sèvi].” Nou tande vwa nou pandan n ap fè travay volontè nan sant apèl Legliz yo, nou wè souri nou yo pandan n ap ede òganizasyon nan kominote yo, e nou santi limyè nou pandan n ap sèvi nan tanp yo. Nou nouri moun ki grangou, nou abiye moun ki toutouni, e nou bay moun ki swaf yo bwè.
Nou tout bezwen ale epi fè menm bagay la tou.
Sèvis se Eleman Vital ki Defini Disip Kris yo.
Sèvis gen pouvwa pou louvri kè moun pou levanjil la epi pèmèt nou tout bay Kris la tout nanm nou. Li chanje kè nou pou nou vin plis tankou Li, epi nan pwosesis la nou edifye lòt moun. Yon jou, Prezidan Nelson te mande, “Nan mond sa a ki frape avèk yon dekadans espirityèl la, èske moun… ka fè yon diferans?” Li reponn, “Wi! … ‘Pèp alyans Senyè a, …ame …avèk pouvwa Bondye nan gran laglwa…kapab edifye lavi tout limanite.” Atravè sèvis, nou chanje kè—ak mond lan.
Kris la ”te mache toupatou ap fè byen.” Li te pran swen moun ki malad, Li te fè avèg yo wè, epi Li te vizite oprime yo. Li te fè manje, li te ede nan resepsyon maryaj, epi li te nouri plizye milye moun ki te grangou. Lè n ap sèvi lòt moun nan non Kris la, nou vin pi sen ak diy pou n resevwa kado lavi etènèl la. Jezikri vivan. Li se Sovè mwenmenm ak oumenm. Li se Redanmtè nou. Li se gwo egzanp sèvis pou nou. Mwen envite nou chak pou nou ale epi fè menmjan an tou. Nan non Jezikri, amèn.