Dekore avèk Vèti Tanperans la
Mwen ofri envitasyon sensè mwen pou nou tout dekore panse ak kè nou avèk vèti Kretyen tanperans la.
An Me 2021, pandan l t ap vizite travay renovasyon Tanp Salt Lake la, Prezidan Russell M. Nelson te emèveye devan efò pyonye yo ki, avèk resous limite ak lafwa inebranlab, te bati edifis sakre sa a, yon chedèv fizik ak spirityèl, ki te kanpe fèm pandan anpil tan. Toutfwa, li te obsève efè ewozyon yo, ki avèk letan te lakòz brèch nan wòch yo nan fondasyon orijinal tanp lan ak enstabilite nan travay masonri a, siy klè sou nesesite pou ranfòse estrikti a.
Pwofèt byenneme nou an apresa te anseye nou ke menmjan li te nesesè pou enplante gwo mezi pou ranfòse fondasyon tanp lan yon fason pou li ka reziste devan fòs lanati yo, nou bezwen pran mezi ekstraòdinè tou—petèt mezi nou pa t janm pran avan—pou ranfòse pwòp fondasyon espirityèl pa nou nan Jezikri. Nan mesaj memorab li a, li te kite nou avèk de kesyon pwofon pou refleksyon pèsonèl: “Nan ki pwen fondasyon nou solid? Epi, ki ranfòsman pou temwayaj nou ak konpreyansyon nou de levanjil la ki nesesè?”
Levanjil Jezikri a ofri nou mwayen enspire ak efikas pou anpeche ewozyon spirityèl nan nanm nou, ranfòse puisaman fondasyon nou epi ede nou evite brèch nan lafwa nou ak enstabilite alafwa nan temwayaj nou ak konpreyansyon nou de verite sakre yo nan levanjil la. Yon prensip patikilyèman apwopriye pou reyalize objektif sa a disponib nan seksyon seksyon 12 Doktrin ak Alyans yo, yon revelasyon ki te bay atravè Pwofèt la pou Joseph Knight, yon nonm jis ki te sensèman ap chèche konprann volonte Senyè a, pa jis pou yon aparans eksteryè, men pou kanpe inebranlab kòm yon disip—“fèm tankou pilye yo nan syèl la.” Senyè a te deklare:
“Gade, m pale avèk ou epi tou avèk tout moun sa yo ki vle pote kole epi ki vle tabli zèv sa a;
“Epi okenn moun pa kapab ede nan travay sa a si l pa gen imilite epi si l pa ranpli avèk lanmou, si l pa gen lafwa, esperans, charite, si l pa tanpere nan tout bagay, nenpòt bagay yo ta konfye l pou l pran swen an.”
Konsèy Sovè a, ki anrejistre nan revelasyon sakre sa a, raple nou ke tanperans se yon ranfòsman esansyèl pou yon fondasyon solid nan Jezikri. Li se youn nan vèti endispansab yo, non sèlman pou moun ki te aple pou sèvi yo, men pou tout moun ki te fè alyans sakre yo avèk Senyè a epi aksepte pou suiv Li fidèlman. Tanperans amonize ak fòtfye atribi Kretyen yo ki mansyone nan revelasyon sa a: imilite, lafwa, lespwa, charite, ak lanmou pur ki koule soti nan Li. Anplis desa, kiltive tanperans se yon fason siyifikatif pou pwoteje nanm nou kont ewozyon spirityèl konstan men sibtil ki se rezilta enfliyans mond lan ki ka febli fondasyon nou nan Jezikri.
Pami kalite ki dekore vrè disip Kris yo, tanperans kanpe kòm yon evidans de Sovè a Limenm, yon fwi presye Lespri a, ki disponib pou tout moun ki rete pare pou resevwa enfliyans divin. Li se vèti ki pote amoni nan kè, nan fasone dezi ak emosyon yo avèk sajès ak serenite. Nan ekriti yo, tanperans prezante kòm yon pati esansyèl sou pwogrè nan vwayaj espirityèl nou an, ki kondui nou nan pasyans, bonte, ak konpasyon, pandan l ap rafine santiman nou yo, pawòl nou yo, ak aksyon nou yo.
Disip Kris yo ki fè efò pou kiltive atribi Kretyen sa a vin pwogresivman enb epi chaje ak lanmou. Yon fòs trankil grandi nan yo, epi yo vin pi byen kapab kontwole kòlè, devlope pasyans, epi trete lòt moun avèk tolerans, respè, ak diyite, menm lè van advèsite yo ap soufle vyolaman. Yo fè efò pou yo pa aji avèk enpilsyon men chwazi pou aji avèk sajès spirityèl, gide pa dousè ak enfliyans janti Sentespri a. Nan fason sa, yo vin mwen vilnerab ak ewozyon spirityèl paske, jan Apot Pòl te anseye a, yo konnen yo ka fè tout bagay gras ak Kris, ki fòtifye yo menm devan eprèv yo ki ta ka ebranle temwayaj yo de Li.
Nan lèt li pou Tit la, Pòl te adrese konsèy sakre konsènan kalifikasyon pou moun yo ki gen dezi pou reprezante Sovè a epi fè volonte Li avèk lafwa ak konsekrasyon. Li te di yo ta dwe ospitalye, saj, jis, ak sen—kalite ki klèman reflete enfliyans tanperans.
Toutfwa, Pòl te avèti ke yo pa ta dwe “antete, ni fasil pou fè kòlè, … [epi] ni ajitatè.” Kalte karakteristik sa yo kontrè ak espri Sovè a epi anpeche vrè pwogrè espirityèl. Nan yon kontèks spirityèl, “pa antete” se moun ki refize pou aji avèk awogans ak ògèy; “pa fè kòle fasil” se moun ki evite tandans natirèl pou vin enpasyan ak irite; epi “pa ajitatè” fè referans ak moun ki rejte konpòtman vyolan, agresif, ak brital vèbalman, fizikman, epi emosyonèlman. Pandan n ap fè efò pou chanje konpòtman nou nan lafwa ak imilite, nou kapab ankre solidman nan wòch solid lagras Li a epi vin tounen enstriman pur ak poli nan men sakre Li.
Nan reflechi sou nesesite pou kiltive tanperans kòm vèti, mwen raple m pawòl Hannah, manman pwofèt Samyèl la—yon fi ak lafwa remakab ki, menm apre gwo tribilasyon, te ofri yon chan rekonesans pou Senyè a. Li te di, “Pa kontinye pale ak anpil ògèy; pa kite pawòl awogans soti nan bouch ou: paske Senyè a se yon Bondye konesans, epi se li ki mezire aksyon yo.” Chan l la plis pase yon priyè—li se yon envitasyon pèsonèl pou aji nan imilite, abnegasyon, ak moderasyon. Hannah raple nou ke vrè fòs spirityèl pa eksprime nan reyaksyon enpilsif ni pawòl awogan, men nan atitid tanpere, reflechi ki aliyen avèk sajès Senyè a.
An jeneral, mond lan selebre konpòtman ki soti nan agresivite, awogans, enpasyans, ak ekstravagans, souvan yo jistifye kalte atitid sa yo ak presyon lavi kotidyen an epi tandans pou yo jwenn validasyon ak popilarite. Lè nou detounen rega nou lwen vèti tanperans la epi inyore enfliyans janti ak pasifyan Sentespri a nan fason nou aji ak pale, nou fasilman tonbe nan pyèj ènmi a, ki kondui inevitableman nan di pawòl ak adopte atitid nou pral regrèt pwofondeman, kit se nan relasyon, sosyal, familyal, oswa menm eklezyastik nou yo. Levanjil Jezikri a envite nou pou n egzèse vèti sa a espesyalman nan moman gwo defi yo, paske se nan okazyon sa yo presizeman ke vrè karaktè moun yo parèt klè. Jan Martin Luther King Jr. te di yon fwa, “Sa ki finalman defini yon moun se pa kote li kanpe lè bagay yo fasil ak konvenab, men lè li fè fas ak moman gwo defi ak kontwovèsi yo.”
Kòm pèp alyans, nou aple pou viv avèk kè nou solidman ankre nan pwomès sakre nou te fè Senyè a, pou n suiv atantivman modèl Li te tabli atravè egzanp pafè Li. An retou, Li te pwomèt, “An verite an verite, m ap di nou, sa se doktrin mwen epi nenpòt moun ki bati sou sa a bati sou wòch mwen an, e pòt lanfè a p ap kapab gen pouvwa sou li.”
Let Not Your Heart Be Troubled (Pa Kite Kè W Twouble)pa Howard Lyon
Ministè Sovè a sou tè a te make pa vèti tanperans la nan tout aspè yo nan karaktè Li. Atravè egzanp pafè Li a, Li te anseye nou pou “rete pasyan nan afliksyon, pa ensilte moun ki ensilte nou yo.” Pandan Li te anseye ke nou pa ta dwe tonbe nan kòlè poutèt chirepit ak kontansyon, Li te deklare: “Nou dwe repanti, epi vin tankou yon timoun piti.” Li te anseye tou ke tout moun ki vle vin jwenn Li avèk bon entansyon nan kè dwe rekonsilye avèk moun yo te an kòlè oswa avèk moun ki te fè yon bagay kont yo. Avèk yon atitid tanpere ak yon kè plen konpasyon, Li te asire nou ke lè yo trete nou avèk britalite, mechanste, mank respè, oswa mepri, jantiyès Li p ap ekate nou, epi alyans lapè Li a p ap soti nan lavi nou.
Sa gen kèk ane, madanm mwen ak mwen te genyen privilèj sakre pou rankontre avèk kèk manm fidèl Legliz la nan Mexico City. Anpil nan yo, swa pèsonèlman oubyen atravè moun ki chè pou yo, te andire eprèv endeskriptib, ki enkli kidnapin, omisid, ak lòt trajedi dechiran.
Lè nou te gade sou vizaj Sen sa yo, nou pa te wè kòlè, animozite, ni dezi pou vanjans. Okontrè, nou te wè yon imilite trankil. Vizaj yo, malgre siy tristès, te reyone avèk yon dezi sensè pou gerizon ak rekonfò. Malgre kè yo te brize ak soufrans, Sen sa yo te kontinye avanse avèk lafwa nan Jezikri, yo te chwazi pou pa kite afliksyon yo vin tounen brèch nan lafwa yo oswa lakòz enstabilite nan temwayaj yo sou levanjil la.
Nan konklizyon rasanbleman sakre sa a, nou te salye chak nan yo. Chak lanmen, chak akolad, te tounen yon temwayaj trankil ke avèk èd Senyè a, nou kapab chwazi pou reponn avèk tanperans devan fristrasyon yo ak gwo defi yo nan lavi a. Egzanp trankil ak modès yo te sèvi kòm yon envitasyon janti pou mache sou wout Sovè a avèk tanperans nan tout bagay. Nou te santi se tankou nou te an prezans zanj.
Jezikri, pi gran nan tout moun, te soufri pou nou jistan Li te senyen nan chak twou nan kò li, pandan Li pa t janm kite kòlè limen nan kè Li, ni okenn pawòl agresif, ofansif, oswa pwofàn pa t glise soti nan bouch Li, menm nan mitan kalte afliksyon sa a. Avèk tanperans pafè ak jantiyès enkonparab, Li pa t panse ak tèt Li men a chak pitit Bondye—pase, prezan, ak fiti. Apot Pyè te temwaye de atitid siblim Kris la lè li te deklare: “Se moun ki, lè yo te ensilte l, pa te reponn ensilt la; lè li te soufri, li pa te fè menas; men te soumèt tèt li bay moun sa ki rann jistis sensèman an.” Menm nan mitan pi gwo agoni Li, Sovè a te demontre tanperans pafè ak diven. Li te deklare, “Men, laglwa pou Papa a, m te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.”
Frè ak sè byeneme mwen yo, ma p ofri nou yon envitasyon sensè pou nou tout dekore panse ak kè nou avèk vèti Kretyen tanperans la, kòm yon repons sakre pou apèl pwofetik chè Prezidan nou Russell M. Nelson, ki te egzòte nou pou pran mezi ekstraòdinè pou fòtifye fondasyon espirityèl nou nan Jezikri. Lè nou fè efò nan lafwa ak dilijans pou entwodui tanperans nan aksyon ak pawòl nou yo, mwen temwaye ke nou pral fòtifye ak ankre lavi nou avèk plis sekirite nan fondasyon asire Redanmtè nou an.
Mwen solanèlman rann temwayaj ke rechèch sanrete pou tanperans pirifye nanm nou epi sanktifye kè nou devan Sovè a, nan atire nou jantiman pi pre kote Li epi prepare nou, nan lespwa ak lapè, pou jou gloriye sa a lè nou pral rankontre Li nan Dezyèm Vini Li a. Mwen pataje pawòl sakre sa yo nan non Sovè nou an, Jezikri, amèn.