Konferans Jeneral
Pwoklamasyon sou Fanmi an—Pawòl Bondye
Konferans jeneral oktòb 2025


13:58

Pwoklamasyon sou Fanmi an—Pawòl Bondye

Pwoklamasyon an gen yon orijin divin, konsa, nou dwe trete l avèk reverans pawòl Bondye yo merite.

Konferans jeneral Oktòb 2025 sa a make 30yèm anivèsè anons “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Daprè dekrè diven, pwoklamasyon sa a, avèk pawòl revelasyon li yo, te kreye pou “prezève ak fòtifye fanmi an nan wòl li kòm selil debaz sosyete a.”

Chak moun apatni a yon fanmi, keseswa ou se yon manman, yon papa, yon pitit fi, pitit gason, pitit pitit, granparan, matant, tonton, frè, sè, oswa kouzen. Sa k pi enpòtan, chak nan nou, jan pwoklamasyon an deklare a, se “yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès … [avèk] yon nati ak destine diven.”

Lè m te aple nan sen apostola a an 2015, yo te avize m, “Pwoklamasyon sa a se pa w kounyea. Non ou [pandan l t ap pwente sou pawòl ‘Kolèj Douz Apot yo’ ki nan tit] la a. Santi li epi anseye l kòmsi se pou ou l ye.”

Mwen renmen pwoklamasyon sou fanmi an. Mwen te temwaye atravè mond lan soti an Afrik ale Ostrali, pase toupatou, sou wòl fanmi nan plan etènèl Bondye a. Pwoklamasyon an gen yon orijin divin, konsa, nou dwe trete l avèk reverans pawòl Bondye yo merite.

Sonje, frè m ak sè m yo, jan m te di nan yon konferans anvan sa, sou chè sa a, “Pawòl yo konte.”

Kite m ba nou kèk kontèks osijè pwoklamasyon an kòm yon mesaj santral sou sa nou kwè.

An 1994, yon ane anvan yo te prezante pwoklamasyon an, Kolèj Douz Apot yo te diskite sou fason sosyete a ak gouvènman yo te elwanye de lwa Bondye pou fanmi, maryaj, ak sèks yo.4 “Men se pa t dènye bout sa nou te wè yo,” Prezidan Russell M. Nelson aprè te eksplike. “Nou te ka wè efò plizyè kominote pou elimine tout prensip ak limitasyon sou aktivite seksyèl. Nou te wè konfizyon sou sèks yo. Nou te ka wè jan tout sa yo t ap vini.”

Douz yo te detèmine pou yo te prepare yon dokiman, yon pwoklamasyon ofisyèl, pou fè yon rezime pozisyon Legliz la konsènan fanmi. Pandan ane sa a, Apot, vwayan sa yo ke Bondye te aple, te prepare yon deklarasyon sou fanmi. Prezidan Dallin H. Oaks te rakonte, nan lapriyè, nou t al jwenn Senyè a pou nou te ka konnen “sa [yo] te dwe di ak kijan pou [yo] ta dwe di li.” Yo te prezante l bay Premye Prezidans lan: Prezidan Howard W. Hunter, Prezidan Gordon B. Hinckley, ak Prezidan Thomas S. Monson pou konsiderasyon yo.

Kèk mwa apre, an Mas 1995, Prezidan Hunter te mouri epi Prezidan Gordon B. Hinckley te vin 15yèm Prezidan Legliz la. Pwoklamasyon an te nan men l kounyea. Kilè ki t ap bon moman pou prezante deklarasyon sa a bay Legliz la? Moman sa a te vini sis mwa apre.

Jou anvan reyinyon jeneral fi yo nan 23 Septanm ki te presede konferans jeneral la, Prezidan Hinckley ak konseye l yo te reyini an konsèy avèk Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a. Sè yo, tankou Apot yo, te gen gwo enkyetid apwopo fi yo ak fanmi yo. Yo te konsantre reyinyon ki t ap vini an sou fanmi yo.

Yo te planifye pou Prezidan Hinckley te adrese fi yo nan reyinyon an. Li t ap reflechi sou direksyon pou l te bay remak li yo. Pandan diskisyon an t ap avanse, li te fè referans a non nouvo pwoklamasyon ki te fèk kreye men ki potko pibliye a “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Èske reyinyon sa a pou fi yo se t ap bon moman pou yo te fè deklarasyon desizif sa a sou fanmi an?

Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, Elaine Jack, te eksplike nan apre: “Nou pa t konnen kisa Pwoklamasyon sou Fanmi an te ye lèsa a. [N]ou te ka konprann, daprè tit la, men nou te santi ke tout bagay sou fanmi an … t ap yon bagay pozitif. … Mwen te santi m trè pozitif dèske nou te gen manm Kolèj Douz yo ki t ap resevwa revelasyon.”

Reyinyon Sosyete Sekou a jou Samdi sa a te istorik. “Avèk tout mansonj ke yo prezante kòm verite yo, avèk tout twonpri konsènan prensip ak valè yo, avèk tout pouse ak ensitasyon pou fè nou tonbe tikal pa tikal nan salte mond lan, nou santi nou pouse pou nou lanse yon avètisman … sou prensip, doktrin, ak pratik konsènan fanmi yo ke pwofèt, vwayan, ak revelatè yo nan Legliz sa a toujou ap repete atravè istwa li.”

Apresa li te li pwoklamasyon an nan entegralite li. Jan Senyè a te deklare: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”

Pwoklamasyon an deklare, “Se Bondye ki òdone fanmi.” Mwen renmen klète ki nan deklarasyon sa a. Pwoklamasyon an se yon apèl pou nou viv nan mòtalite a, pandan n ap sonje divinite ki andedan nou an, ak avni etènèl ki devan nou an. Prezidan Nelson te anseye: “Nou se literalman pitit espri Bondye. … Pa fè erè sou sa: potansyèl nou diven. Avèk rechèch dilijan nou, Bondye ap ba nou yon ti apèsi sou kimoun nou ka devni.”

Lè l te prezante l la, pwoklamasyon an pa t aliyen avèk pwendvi anpil moun nan mond lan. Ni lèsa a. Ni kounyea. Gen moun ki gen pwoblèm avèk sa deklarasyon an di sou fanmi, maryaj, ak sèks la. Gen kèk moun ki sigjere pou Legliz la retire, revize, oubyen menm mete pwoklamasyon an akote.

Pwoklamasyon sa a sou fanmi a se, jan Prezidan Hinckley te deklare a, doktrin, frè m ak sè m yo. Prensip yo pa an dekalaj men yo pafètman akò avèk fason Senyè a ak chemen alyans Li a. Se Senyè a, Jezikri, ki te revele ansèyman yo ki nan pwoklamasyon an bay Apot Li yo lèsa a ak kounyea. Sa a se Legliz Li; Li etabli verite nou dwe viv yo.

Kèk nan nou ka reflechi a pwoklamasyon an epi di, “Sa pa mache pou mwen.” “Li parèt ensansib.” “Fanmi m pa sanble avèk sa a.” “Li pa mache avèk mwen.”

Pou moun ki preyokipe yo, konnen ke ou se yon pitit paran selès, ou fè pati fanmi Pè Selès la. Okenn moun pa konnen w pi byen ni sousye pou ou pi pwofondeman pase Limenm. Vire al jwenn Li, devèse kè w ba Li, fè L konfyans epi gen konfyans nan pwomès Li yo. Ou gen yon fanmi nan Sovè a, Jezikri, ki renmen ou. Li te vini sou tè a pou ekspye pou peche nou epi pote fado erè nou yo ak move jou nou yo. Li konprann sa w ap afwonte yo ak sa w santi. Vire al jwenn Li, gen konfyans ke L ap voye Sentespri a pou rete avèk ou, edifye ou, ak gide ou. Santi lanmou Yo ki “antre nèt nan kè pitit lèzòm; … li pi dezirab pase tout bagay … pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi kontan pase sa.”

Tout Apot Senyè a yo renmen nou anpil. Nou priye pou ou epi nou chèche gidans Senyè a pou ou. Rete avèk nou. W ap viv nan tan difisil kote advèsè a ap chèche pou l pran ou. Pa kite l antrene ou. Epi si l te pran ou, retounen. Bra nou lonje ap tann ou, ansanm ak bra lòt moun ki renmen ou.

Pwoklamasyon an deklare, “Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak ladwati.” Liv Mòmon an ofri yon dezyèm temwayaj konsènan verite sa a. Nan premye vèsè premye chapit la, nou li, “Mwen menm Nefi, mwen te gen bon paran.” Konbyen nan nou ki kòmanse li Liv Mòmon an, epi rekòmanse ankò epi ankò, epi nan pwosesis la memorize pawòl sa yo? Enplante yo nan kè nou.

Youn nan deklarasyon favori mwen nan pwoklamasyon an se sa a: “Bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman … Jezikri yo.”

Kimoun ki pa ta renmen gen bonè?

Epi kisa ansèyman Jezikri yo ye? “Lafwa, priyè, repantans, padon, respè, lanmou, konpasyon, travay, ak aktivite rekreyatif ki pwòp.”

Ki lavi ki pa t ap pi bon si l aplike prensip kle sa yo? Okenn nan nou pa pral fè sa pafètman; men nou ka suiv pawòl saj Prezidan Hinckley yo, “Fè tout sa nou kapab.”

Nou li nan pwoklamasyon an, “Papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis,” epi “manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo.” Prezide pa vledi domine epi nouri pa vledi jwe yon wòl segondè. Bondye bay gason yo ak fi yo wòl ki diferan men ki egal e esansyèl, ki youn konplete lòt.

Kite m pataje yon istwa pèsonèl avèk nou.

Madanm mwen avèk mwen te aprann travay pi byen pou nou te vin patnè egal ego apre yon jou kote m te deside pran yon desizyon enpòtan san m pa t konsilte li. Aksyon m nan te fè l etone, li pa t atann a sa, epi sa te mete l nan yon sitiyasyon trè difisil. Nan apre, li te mete men l sou zepòl mwen epi l te di byen fèm, “Ron, tanpri, pa janm fè m sa ankò.” Nou prèske sou menm paj depi lèsa a.

Nou kwè ke nan responsablite familyal konplemantè sa yo andedan fanmi an, “manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal.”

Egal se yon mo ki enpòtan. Atravè ane yo, pandan Sè Rasband avèk mwen t ap travay ansanm nan sa pwoklamasyon an dekri kòm “responsablite sakre” nou, nou te vin modle yon maryaj ki te egal ego. Pandan chak nan pitit nou yo marye kounyea, Sè Rasband avèk mwen kontinye ba yo konsèy, ansanm ak konjwen yo, sou fason pou yo vin tounen asosye egal ego.

Lè nou viv avèk je nou fikse sèlman sou laglwa Bondye, nou youn respekte lòt epi nou youn sipòte lòt. Modèl diven lajistis sa yo mennen nan stabilite nan lavi endividyèl nou, nan fanmi nou, ak nan sosyete a.

Papa nou ki nan Syèl la te bay pwoklamasyon sou fanmi an pou ede gide nou tounen lakay al jwenn Li, pou ede nou aprann ak ranpli avèk lanmou, fòs, objektif, ak konpreyansyon etènèl. Ak tout nanm mwen, mwen sipliye nou pou nou viv tou pre Li ak Pitit Gason Byeneme L la. Mwen pwomèt si w fè sa, Lespri a ap enspire w ak gide ou epi ede w santi nan kè ou lapè yo pwomèt la ki “depase tout konpreyansyon.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,”Bibliyotèk Levanjil.

  2. “”Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lanBibliyotèk Levanjil.

  3. Gade Ronald A. Rasband, “Pawòl yo Konte,” Liahona, Me 2024, 70–76.

  4. Gade Sheri L. Dew, Insights from a Prophet’s Life: Russell M. Nelson (2019), 208.

  5. Se pa t premye pwoklamasyon ofisyèl Legliz la. Anvan “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” an 1995 la, te gen pwoklamasyon nan istwa Legliz la an 1841, 1845, 1865, ak 1980. Dènye pwoklamasyon an te soti an 2020: “Retablisman Plenitude Levanjil Jezikri: Yon Pwoklamasyon Bisantenè pou Mond lan (Gade Emma Benson, “What We Learn from the Proclamations of the Restorationatik dijital-sèlman], LiahonaDes. 2021, Gospel Library.)

  6. Dallin H. Oaks, “Plan an ak Pwoklamasyon an,” Liahona, Nov. 2017, 30.

  7. Gade Sheri L. Dew, Insights from a Prophet’s Life, 209–10.

  8. Gade Barbara Morgan Gardner ak Olivia Osguthorpe, “Delivering the Family Proclamation: Insights from Former Relief Society President Elaine L. Jack,” Religious Educatorvol. 24, no. 2 (2023), 164.

  9. Gade Gardner and Osguthorpe, “Delivering the Family Proclamation,” 162–65; gade tou Elaine L. Jack, “Relief Society: A Balm in Gilead,” Ensign, Nov. 1995, 92. Nan diskou l la, Prezidant Jack te anseye: “Fanmi pote pou nou pi gwo lajwa e pafwa chagren ki pi dechiran nou yo. Fanmi ofri yon anviwònman aprantisaj, yon klas lekòl kote nou pa janm diplome men nou ka toujou aprann. Nan fanmi nou, nou aprann apresye lapè spirityèl ki soti nan aplike prensip charite, pasyans, pataje entegrite, bonte, jenewozite, sanfwa, ak sèvis. Sa yo se plis ke valè familyal, sè m yo; yo se fason Senyè a ba nou pou nou viv.”

    Elder Dallin H. Oaks, ki te prezidan Konsèy Egzekitif Pretriz la nan moman sa a, te asiste reyinyon sa a tou (gade Gardner and Osguthorpe, “Delivering the Family Proclamation,” 167).

  10. Gade Gardner and Osguthorpe, “Delivering the Family Proclamation,” 165.

  11. “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” se t ap premye pwoklamasyon ofisyèl Legliz la depi 6 Avril 1980. Rive nan pwen sa a, Legliz la te pibliye kat pwoklamasyon ofisyèl sèlman, kote l te adrese sijè sou doktrin, lafwa, istwa, avètisman, envitasyon, ak deklarasyon sou kwasans ak pwogrè Legliz la (gade Encyclopedia of Mormonism [1992], “Proclamations of the First Presidency and the Quorum of the Twelve Apostles,” 3:1151–57).

  12. Elaine L. Jack, in Gardner and Osguthorpe, “Delivering the Family Proclamation,” 166.

  13. Gordon B. Hinckley, “Kanpe Solid Devan Sediksyon Mond lan,” Ensign, Nov. 1995, 100. Nan konferans jeneral Oktòb 1976 la, Prezidan Spencer W. Kimball te site yon ekriven Ameriken, ki te obsève, “Toutolon listwa, nasyon yo te toujou kapab siviv anba miltitid maladi, envazyon, grangou, tranblemandtè, epidemi, depresyon, men yo pa t janm kapab reziste ak dezentegrasyon fanmi yo” (nan “A Report and a Challenge,” Ensign, Nov. 1976, 7–8).

  14. Doktrin ak Alyans 1:38.

  15. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  16. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), Bibliyotèk Levanjil.

  17. Gordon B. Hinckley, “Kanpe Solid Devan Sediksyon Mond lan,“ Ensign,Nov. 1995, 100.

  18. Gade “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  19. 1 Nefi 11: 22–23.

  20. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  21. 1 Nefi 1:1.

  22. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  23. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  24. Gordon B. Hinckley, “Fi yo nan Legliz la,” Ensign, Nov. 1996, 69.

  25. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil. “Lè pa gen yon mari oubyen papa nan fwaye a, manman an prezide sou fanmi an” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 2.1.3), 2.1.3).

  26. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  27. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  28. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil.

  29. Nan konferans jeneral Oktòb 1991 la, Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye ke Adan ak Èv “te kanpe kòtakòt nan jaden an. Yo te chase yo soti ansanm nan jaden an, epi yo te travay ansanm kòtakòt pou yo te ka jwenn pen kotidyen yo atravè syè fwon yo” (“Responsablite Solanèl Nou,” Ensign, Nov. 1991, 51).

  30. Filipyen 4:7.