Konferans Jeneral
Don Etènèl Temwayaj la
Konferans jeneral oktòb 2025


12:17

Don Etènèl Temwayaj la

Chak pitit gason ak pitit fi Bondye kapab resevwa yon konesans pi pwofon, pi fèm ak pi sèten pou tèt pa yo.

Chè frè ak sè mwen yo, resaman mwen t ap reflechi sou twa verite puisan nan Retablisman an. Verite sa yo te beni lavi mwen pwofondeman. Jodia, mwen ta renmen pataje avèk nou kijan verite sa yo te gide m nan vwayaj mwen pou m te jwenn yon temwayaj sèten de levanjil Jezikri a.

1. Bondye se Papa Eman Nou ki nan Syèl la

Li omnisyan ak omnipotan. Gras ak Limyè Kris la ak ministè Sentespri a, enfliyans Li toupatou. Se nan nati Li pou L beni nou.

Li wè pase, prezan, ak destine etènèl nou. Anyen pa ka kache devan Li.

Envitasyon Prezidan Russell-M. Nelson pou nou “panse selès la” ankouraje nou pou nou imite vizyon ak nati Papa nou ki nan Syèl la.

Gras ak atribi diven Li yo, Papa nou ki nan Syèl la ba nou tout bon don yo, chak avèk pèspektif ak vizyon etènèl pa Li alespri.

2. Libabit Se Don pou Chwazi ak Aji pou Tèt pa Nou

Se responsablite pou nou chwazi byen tou.

Jezikri te peye pri final pou privilèj sa a avèk san presye Li.

Pafwa nou ka panse ke libabit vledi fè sa nou vle. Men lefèt ke pri a te peye a vledi ke libabit se yon don sakre.

Nou se ajan, e ajan yo responsab pou yon bagay. Nan ka sa a, nou responsab pou chwa nou fè ki baze sou konesans nou genyen ak don nou resevwa yo. Nou pa kapab fè yon chwa san nou pa responsab pou konsekans yo.

Poukisa nou genyen libabit?

Pou nou chwazi byen.

Pou nou chwazi Kris la.

Pou nou chwazi lavi etènèl—ankò epi ankò.

3.Temwayaj Nou Vini Atravè Pouvwa Sentespri a

Yon temwayaj Sentespri a pi gran pase sa ou wè. Li se temwen espesyal Papa a ak Pitit Gason an. Prezidan Nelson te anseye: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”

Frè ak sè mwen yo, se poutèt sa nou chak bezwen pouvwa Sentespri a jodia.

Yon temwanyaj atravè Sentespri a kapab vini nan anpil fason. Tankou yon anpoul nan yon chanm fènwa, li kapab vini dramatikman epi soudènman. Li kapab vini tankou solèy la k ap leve gradyèlman avèk letan. Li kapab vini tankou reyon limyè, yon ekspozisyon peryodik a entelijans pur Kèlkeswa fason an, li vini atravè Sentespri a.

Jwenn Temwanyaj an Jamayik

Mwen te grandi nan bèl peyi Jamayik; li te plezan ak mèveye. Sepandan, lè m te kòmanse lekòl segondè, kèk zanmi ak kamarad pa t ka konprann desizyon mwen pou m te vin yon manm Legliz Jezikri a. “Kòman ou fè antre nan legliz sa a?” yo t ap mande m. “Kòman w fè kwè istwa sa a?”—an referans ak Premye Vizyon an. “Kòman w fè li liv sa a?”—an referans ak Liv Mòmon an. “Ou vrèman kwè tout sa?” Epi “Poukisa w ap gaspiye lavi w konsa?”

Tanp Salt Lake la
Boskè Sakre a
Liv Mòmon An

Sa te fè m mal, espesyalman lè se moun mwen apresye ki t ap di m sa.

Men sa yo pa t konnen sete sa a: Mwen te fè eksperyans avèk Sentespri a. Pandan temwayaj sa a te ranpli kè mwen, li te soulaje lapenn jounen mwen yo, e “pandan yon brèf moman, vizyon syèl la te [parèt] devan rega mwen.”

Petèt yo konn poze w kèk nan kesyon sa yo tou. Petèt, menm kounyea y ap bonbade w avèk kesyon menmjan avè m.

Don ak temwayaj Sentespri a disponib pou tout moun.

Pou mwen Jamayik se menmjan Palmyra te ye pou Joseph Smith. Se Boskè Sakre mwen. Mwen pa konnen ki kote egzakteman Joseph te mete ajenou pou l te priye nan boskè sakre a, men mwen konnen egzakteman ki kote m te ye lè boskè sakre pa m nan te tounen yon reyalite. Sa te pase nan Four Grove Road, Mandeville, nan Jamayik, nan twalèt lakay mwen a 6:00 dimaten yon jou Mèkredi, twazan apre batèm mwen. Eksperyans sakre sa a te rive paske de semèn avan yon sè misyonè enspire te envite m pou m te li Liv Mòmon an. Sè Audrey Klauss ap asiste konferans sa a jodia avèk fanmi li, e mwen renmen l poutoutan.

Jèn Eldè Brown avèk sè misyonè.

Eksperyans sa a te chanje mwen.

Frè m ak sè m yo, yo pa ba nou yon temwanyaj pou nou itilize tanporèman. Don sa a nou resevwa nan men Papa eman nou ki nan Syèl la sipoze etènèl paske moun ki bay li a etènèl.l Yon temwayaj pa ta dwe gen yon dat ekspirasyon. Li pa ta dwe febli oswa diminye paske yon bagay chanje nan lavi mwen oswa yon bagay chanje nan mond lan. Li ta dwe vin pi solid paske, tankou talan sèvitè yo nan parabòl talan an, temwanyaj pèsonèl mwen se yon don ki dwe miltipliye—pa antere.

Lè m ap gade anaryè sou tout jou eprèv ak pèsekisyon mwen te rankontre lè m te yon timoun yo, sa te ede m rive nan plas kote mwen konnen pou tèt pa m kounyea. Mwen pa sèlman kwè, espere oswa konfyan, menmsi bagay sa yo se eleman enpòtan lafwa sou chemen yon temwanyaj ki sèten. Mwen felisite nou paske nou kreye pwòp chemen pa nou nan poze kesyon, etidye, priye, jene ak medite. Tanpri, pa sispann. Sa merite tout efò nou pou nou pouswiv chemen temwayaj sa a. Kiyès ak kisa w ap pèmèt pou retire sa? “Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?”

Chak pitit gason ak pitit fi Bondye kapab resevwa yon konesans pi pwofon, pi fèm ak pi sèten pou tèt pa yo. Tankou Joseph Smith ki te konfime temwayaj li malgre opozisyon an, nou kapab di bravman, “Mwen te konnen sa, epi m te konnen Bondye te konnen sa, epi m pa t kapab nye sa, ni tou m pa pran chans fè sa.”

Chè frè m ak sè m yo, kite ti semans temwayaj la travay nan nou jiskaske li pouse pou vin tounen yon konesans asire ak gloriye etènèlman.

Si nou batize ak konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, men nou toujou ap lite avèk, “Mwen pa sèten ke mwen konnen,” silvoupè sonje pwomès sa a nan priyè sentsèn nan: “Pou yo kapab toujou gen Lespri li avèk yo.” Akoz pwomès sa a, nou chak ka pouswiv chemen ki mennen nan temwayaj ak yon konesans sèten an.

Pran Temwanyaj Nou Anchaj

Kounyea men yon gran verite: Nan kèlkeswa fason yon temwayaj bay—kit li te distiye tankou solèy k ap leve oswa li vini nan yon vizyon gloriye—li toujou mande yon chwa pou nou resevwa don presye sa a.

Di “Mwen chwazi kwè” rann li pi fasil pou resevwa yon temwayaj nan men Bondye. Si nou remake temwayaj nou ap febli, sonje ke se chwa nou fè yo k ap diminye pouvwa temwayaj la. Men temwayaj la pa ale ankenn kote. Nou jis bezwen chwazi rekonekte avèk li.

Chwazi pou nou kwè se yon fason saj ak puisan pou nou itilize libabit nou.

Mwen pa kapab wè yon meyè fason pou m itilize libabit mwen an pase defann temwayaj mwen.

Prezidan Nelson te ansenye: “Mwen sipliye nou pou nou pran temwayaj nou anchaj. Travay pou li. Asime li. Pran swen li. Nouri li pou l ka grandi. Nouri l ak verite.”

Pou mwenmenm, mo pran anchaj, travay, pran swen, asime, pwoteje, ak nouri yo sonnen tankou yon ajan yo bay responsab yon bagay presye ak enpòtan.

Nan premye moman Legliz la, Parley-P. Pratt te santi dezakò avèk Pwofèt Joseph Smith epi li te chwazi pou kritike li avèk Legliz la. Lè John Taylor, yon moun Parley te ansenye levanjil la, te vini nan vil la, Parley te rale l sou kote pou l te mete l angad pou l pat suiv Joseph. John Taylor te di Parley konsa:

“Anvan w te kite Canada, ou te rann yon temwayaj solid ke Joseph Smith se yon pwofèt Bondye, epi ou te di ou te konnen bagay sa yo atravè revelasyon ak don Sentespri a.

“Kounyea mwen gen menm temwanyaj la ke w t ap rejwi pou li lè sa a. Si travay la te vrè sis mwa de sa, li vrè jodia. Si Joseph Smith sete yon pwofèt lèsa a, li se yon pwofèt kounyea.”

Mwen temwaye ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye epi manto pwofetik li te resevwa a kontinye nan dispansasyon sa a. Jezikri ap dirije travay sa a.

Mwen envite nou pou nou panse sou chemen nou pou yon temwayaj sèten sou Jezikri ak levanjil Li a. Pran temwayaj nou anchaj: itilize libabit nou an sajman epi rekonèt moun ki bay li a ak tout atribi gloriye Li yo. Mwen rann temwayaj ke pouvwa a nan nou. Pèsonn pa ka chwazi pou nou. Pèsonn pa ka pran kado sa a. Ou kapab chwazi pou kwè.

Mwen pwomèt ke pandan n ap fè sa, temwayaj nou ap tounen yon “sous dlo vivan k ap jayi rive nan lavi etènèl.” L ap yon ankraj ak yon motivatè, epi l ap soutni nou nan moman difisil yo. L ap pèmèt nou devlope don espirityèl yo. L ap ede nou nan ministè ak sèvis pèsonèl nou. L ap tounen yon zam kont Satan ak advèsè nou yo. Temwayaj nou ap yon jwa lè nou wè li replike nan pitit, pititpitit, ak pitit-pititpitit nou yo epi nan moun nou renmen ak sèvi yo. L ap vin puisan lè nou pataje l epi itilize l pou nou temwaye.

Si nou konnen, nou konnen. Mwen konnen ke mwen konnen. Nou bezwen plis temwen sèten de Jezikri ak levanjil Li a. Rive la! Chèche l! Sa ijan! Sa a se dispansasyon final la—dispansasyon plenitid tan yo.

Jezikri te deklare verite sa a: “Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p’ap janm pase.”

Frè m ak sè m yo, yon temwayaj de Jezikri pa t janm sipoze yon don tanporè. Pa gen anyen konsènan li ki tanporè—ni moun k ap bay don an, ni don an limenm, ni moun k ap delivre don an, ni moun k ap resevwa don an. Se pou yo dekri temwayaj nou menmjan an tou. Menmsi “syèl la ak tout tè a va pase,” temwanyaj nou de levanjil Jezikri a p ap janm pase. Kounyea se moman pou nou mete men sou don presye sa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, e nou se pitit Li. Li te kreye nou nan imaj Li. Li gen yon kò glorifye, ak pèfèksyone ‘lachè ak zo ki osi tanjib ke kò moun’ (Doktrin ak Alyans 130:22.

    “Bondye konnen nou pèsonèlman, epi Li renmen nou plis ke nou ka konprann. Li konprann eprèv yo, tristès yo, ak feblès nou yo, epi Li ofri pou l sipòte nan mitan yo. Li rejwi nan pwogrè nou epi pral ede nou fè chwa ki jis yo. Li vle kominike avèk nou, e nou kapab kominike avèk Li atravè lapriyè”Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a [2023], 33).

  2. Gade tou Doktrin ak Alyans 84:46–47; 88:12–13.

  3. “Jis paske Bondye se Bondye, jis paske Kris la se Kris, yo pa kapab fè otreman ke pran swen nou epi ede nou si nou vini jwenn yo, apwoche twon lagras yo a nan dousè ak imilite kè nou. Yo pa ka anpeche tèt yo beni nou. Yo oblije. Se nan nati yo” (Jeffrey R. Holland, “Vini Jwenn Mwen” [Brigham Young University devotional, Mar. 2, 1997], 4, speeches.byu.edu).

  4. Gade Lik 12:2; Mowoni 7:22; Abraam 2:8.

  5. “Mwen envite nou pou n adopte pratik ‘panse selès’ la! Panse selès vledi gen yon etadespri espirityèl. Nou aprann de pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an ke “rete fokis spirityèlman se lavi etènèl.’” (Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Liahona, Nov. 2023, 117).

  6. Gade Sijè Levanjil, “Agency and Accountability,” Bibliyotèk Levanjil; gade tou 2 Nefi 2:11, 16

  7. Gade 1 Pyè 1:18–20; Abraram 3:22–28.

  8. Gade 1 Korentyen 6:20

  9. Gade Doktrin ak Alyans 101:78.

  10. “Levanjil Jezikri a se yon plan k ap montre nou kijan pou nou vin tounen sa Papa nou ki nan Syèl la vle nou tounen an. …

    “… This spotless and perfected state will result from a steady succession of covenants, ordinances, and actions, an accumulation of right choices, and from continuing repentance” (Dallin H. Oaks, “The Challenge to Become,” Liahona, Jan. 2001, 40, 41; italik ajoute); gade tou Moyiz 7:33. Eta san tach ak pafè sa a se pral rezilta yon siksesyon alyans, òdonans, ak aksiyon, yon asimilasyon chwa asi epi repantans sabrete. [Unofficial translation]

  11. Gade Mowoni 10:4–5.

  12. “Lepri a pa bezwen limite l ak mo sèlman; Li kapab kominike ant Lespri ak lespri avèk yon langaj ki san fot paske li pa gen mo. Se yon kominikasyon entelijans ak konesans pur de Lespri a, e mwen rive konnen ke se reyèlman meyè mwayen pou moun resevwa konesans. Li pi puisan epi dire pi lontan pase touche oswa wè; nou ka rive doute sans fizik yo, men nou pa kapab doute lè Sentespri a pale avèk nou. Se temwayaj ki pi asire. Akoz de sa, peche ki enpadonab la se nye Sentespri a oswa nye temwayaj Sentespri a“ (D. Todd Christofferson, “Strong Impressions of the Spirit,” Liahona, Jen 2013, 49).

  13. Gade Jan 5:32; 2 Nefi 31:18; 3 Nefi 11:36.

  14. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nouLyawonaMe 2018, 96. Nan menm diskou sa a li te di:

    “Mwen priye w pou w elaji limit kapasite espirityèl aktyèl ou pou w ka resevwa revelasyon pèsonèl. …

    “O, gen anpil bagay anplis Papa nou ki nan syèl la vle nou konnen. Jan Eldè Neal-A. Maxwell te ansenye a, ‘Pou moun ki gen je pou wè ak zòrèy pou tande, li klè ke Papa a ak Pitit Gason an ap devwale sekrè linivè a!’ …

    Chwazi fè travay espirityèl la mande pou nou jwi don Sentespri a epi tande vwa Lespri a pi souvan ak pi klè.”(95, 96).

  15. Gade David A. Bednar, “Lespri Revelasyon an,” Liahona, Me 2011, 87–90; Alexander Dushku, “Kolòn ak Reyon Limyè,” Liahona, Me 2024, 14–16.

  16. “Le Saint-Esprit a témoigné”Cantiques nimewo 74

  17. Gade Resansman 11:29; Jak 1:5.

  18. Gade Doktrin ak Alyans 20:28; Moyiz 1:3.

  19. Gade Matye 25:14–30. “Temwanyaj espirityèl mwen jwenn nan men Sentespri a … pa pase. Anfèt, li grandi vin pi puisan. Bagay mwen te aprann nan jenès mwen sou prensip fondamantal Levanjil Jezikri a se fondasyon solid mwen pandan lavi mwen” (Dieter F. Uchtdorf, “Nouri Rasin yo, epi Branch yo ap Pouse ,” Liahona, Nov. 2024, 101).

  20. Doktrin ak Alyans 6:23.

  21. Joseph Smith—Istwa 1:25.

  22. Gade Alma 32:27, 30, 37–38, 41.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 20:77.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 88:33

    “Epi apresa genyen petèt pati ki pi enpòtan an, resevwakado a. … Pou nou vrèman resevwa yon kado, nou dwe rekonèt valè li pou tèt pa nou, itilize l konplètman nan lavi nou, epi sonje donatè a avèk rekonesans.

    “Resevwa yon kado se pa yon bagay ala lejè men se yon pwosesis volontè ak enpòtan ki ale pi lwen pase jis ouvè yon pake. Resevwa se apresye epi konekte alafwa avèk kado a ak kè donatè a nan yon fason k ap ranfòse lyen ant donatè a ak resipyandè a” (Patrick Kearon, “Resevwa Kado Li,” Liahona, Me 2025, 121–22).

  25. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènitedevosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), Bibliyotèk Levanjil.

  26. Gade Doktrin ak Alyans 70:3–4.

  27. Saints: The Story of the Church of Jesus Christ in the Latter Days, vol. 1, The Standard of Truth, 1815–1846 (2018), 280–81. Sen yo: Istwa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo [Unoffical translation]

  28. Gade Mozya 4:9–12.

  29. Doktrin ak Alyans 63:23; anfaz ajoute.

  30. Gade Alma 5:46–48. Joseph Smith te ansenye ke “sali pa kapab vini san revelasyon. Li pa vo anyen pou nenpòt moun sèvi san li. … Pa gen moun ki ka yon minis pou Jezikri si l pa yon pwofèt. No man can be the minister of Jesus Christ except he has the testimony of Jesus, and this is the spirit of prophecy” (The Joseph Smith Papers, History, 1838–1856, volume C-1 [2 November 1838–31 July 1842] [addenda], 12, josephsmithpapers.org; spelling, capitalization, and punctuation modernized). Okenn moun pa ka minis Jezikri si l pa gen yon temwayaj konsènan Jezi, e sa se lespri pwofesi a [Unoffical translation]

  31. “Nou kanpe sou somè tan yo, nou enpresyone pa yon sans grandyoz ak solanèl nan listwa. Sa a se dènye ak final dispansasyon kote tout bagay nan lepase yo vize a” (Gordon B. Hinckley, “At the Summit of the Ages,” Liahona, Jan. 2000, 90).

  32. Matye 24:35.

  33. Gade Mowoni 10:30.