Benediksyon pou patizan lapè yo
Fè lapè toujou kòmanse nan kote ki pi fondamantal la—nan kè nou. Apresa nan fwaye yo ak fanmi yo.
Byenveni nan konferans jeneral la. Ala nou rekonesan dèske nou rasanble.
Pandan n ap kòmanse dewoulman konferans sa a, nou grandman konsyan de semèn ki te pase anvan yo. Nou reyalize ke kè nou ap kriye pou moun nou pèdi, epi gen kèk moun ki santi ensètitid ki koze pa vyolans oswa trajedi atravè mond lan. Menm moun relijye ki te rasanble nan lye sakre—enkli chapèl sakre nou an nan Michigan—te pèdi lavi yo oswa moun yo renmen. M ap pale ak tout kè m, paske m konprann ke anpil nan nou santi kè nou lou akoz sa nou menm, fanmi nou, ak mond nou an te travèse depi dènye konferans jeneral la.
Kapènawòm nan Galile
Imajine avèk mwen ke w se yon jèn adolesan nan Kapènawòm, toupre Lanmè Galile a, pandan ministè Jezikri a. Nouvèl gaye sou yon raben—yon enstriktè—ke mesaj li atire anpil moun. Vwazen yo fè plan pou yo ale sou yon mòn ki bay sou lanmè a pou yo tande Li.
Ou rejwenn lòt moun k ap mache sou wout chaje pousyè nan Galile yo. Lè w rive, gwo foul moun yo ki te rasanble pou tande Jezi sa a etone w. Gen kèk ki chichote tou piti, “Mesi.”
Ou koute. Pawòl li yo touche kè ou. Sou wout lakay ou, ou chwazi silans olye de konvèsasyon.
Ou medite sou bagay mèveye—bagay ki depase menm lwa Moyiz la. Li te pale de vire lòt bò figi a epi renmen lènmi w yo. Li te pwomèt, “Benediksyon pou patizan lapè yo, paske Bondye va rele yo pitit Li.”
Nan reyalite pa w, pandan w santi pwa jou difisil yo—ensètitid ak laperèz—lapè sanble l lwen.
Ou kòmanse mache rapid, ou rive lakay ou san souf. Fanmi w reyini, papa w mande, “Di nou kisa w te tande ak santi.”
Ou pataje ke Li te envite w pou w kite limyè w klere devan lòt moun, pou w chèche jistis menm lè y ap pèsekite w. Vwa ou tranble pandan w ap repete, “Benediksyon pou patizan lapè yo: paske y ap rele yo pitit Bondye.”
Ou mande tèt ou, “Èske m ka vrèman vin yon atizan lapè lè mond lan an boulvès, lè kè m ranpli ak laperèz, epi lè lapè sanble l sitèlman lwen?”
Papa w voye je gade manman w epi li reponn dousman, “Wi. Nou kòmanse nan kote ki pi fondamantal la—nan kè nou. Apresa nan fwaye nou ak fanmi nou. Pandan n ap pratike la, espri lapè ka simaye al nan lari ak vilaj nou yo.”
Ann Avanse 2.000 Ane Apre
Ann Avanse 2.000 ane apre. Ou pa bezwen imajine—sa a se reyalite nou. Malgre ke presyon jenerasyon k ap grandi jodia diferan de presyon jèn moun nan Galile yo—polarizasyon, sekilarizasyon, revanj, raj sou volan, kòlè, ak akimilasyon medya sosyal—toulède jenerasyon yo fè fas ak kilti konfli ak tansyon.
Erezman, jèn gason ak jèn fi nou yo santi yo atire menm jan an tou pou y al nan moman Diskou sou Mòn pa yo: seminè, konferans Pou Fòs Jèn yo, ak Vini, Suiv Mwen. La, yo resevwa menm envitasyon konstan yo nan men Senyè a: pou yo kite limyè yo klere devan lòt moun, pou yo chèche jistis menm lè yo gen pèsekisyon, epi pou yo renmen lènmi yo.
Yo resevwa pawòl ankourajan tou nan men pwofèt vivan yo nan Retablisman an: “Nou Bezwen Atizan Lapè.” Ou gen dwa pa dakò san w pa dezagreyab. Ranplase kontansyon ak ògèy pa padon ak lanmou. Bati pon koperasyon ak konpreyansyon, pa miray prejije oswa segregasyon. Epi menm pwomès sa a: “Benediksyon pou atizan lapè yo, paske y ap rele yo pitit Bondye.”
Kè jenerasyon k ap grandi jodia ranpli avèk yon temwayaj konsènan Jezikri ak yon espwa pou lavni. Men, yo menm tou yo mande tèt yo: “Èske m ka vrèman vin yon atizan lapè lè mond lan an boulvès, kè m plen ak laperèz, epi lapè a sanble l sitèlman lwen konsa?”
Repons retantisan an se wi yon fwa ankò! Nou anbrase pawòl Sovè a: “M ap kite lapè avèk nou, m ap ba nou lapè mwen. … Pa kite anyen toumante kè nou, nou pa bezwen pè.”
Jodi a, fè lapè toujou kòmanse nan kote ki pi fondamantal la—nan kè nou. Apresa nan fwaye yo ak fanmi yo. Pandan n ap pratike la, travay lapè a ap simaye ale nan katye ak kominote nou yo.
Ann konsidere twa andwa sa yo kote yon Sen Dènye Jou nan epòk modèn nan fè lapè.
Fè Lapè Nan Kè Nou
Premye a se nan kè nou. Yon eleman vizib nan ministè Kris la montre kijan timoun yo te santi yo atire bò kote li. Ladan gen yon endis. Gade nan kè pur ak inosan yon timoun ki renmen lapè kapab yon enspirasyon pou kè nou. Men kijan plizyè timoun nan laj primè te reponn “Kijan sa sanble pou yon moun ki atizan lapè?”
Mwen pataje repons yo ki soti dirèkteman nan kè yo! Lik te di, “Toujou ede lòt moun.” Grace te pataje jan li enpòtan pou nou padone youn lòt, menm lè sa pa parèt jis. Anna te di, “Mwen te wè yon moun ki pa t gen pèsonn pou jwe avè l, donk mwen t al jwe avè l.” Lindy te reponn ke vini yon atizan lapè se ede lòt moun. “Apresa, ou pase l bay yon lòt moun. L ap jis kontinye san rete.” Liam te di, “Pa mechan avèk moun, menm si yo mechan avè w.” London te di byen fò, “Si yon moun ap pase w nan rizib oswa li mechan avè w, ou di, ‘Tanpri sispann.’” Trevor te fè remake, “Si gen yon donut ki rete epi nou tout vle l, nou pataje.”
Repons timoun sa yo se prèv pou mwen ke nou tout fèt avèk tandans divin pou jantiyès ak konpasyon. Levanjil Jezikri a nouri epi mare karakteristik divin sa yo, tankou kapasite pou fè lapè, nan kè nou, pou beni nou nan lavi sa a ak nan sa k ap vini an.
Fè Lapè Lakay Nou
Dezyèmman, bati lapè nan fwaye nou nan itilize modèl Senyè a pou enfliyanse relasyon nou youn ak lòt: pèsyazyon, pasyans, dousè, jantiyès, imilite, ak lanmou san fay.
Men yon istwa enspiran ki montre kijan yon fanmi te fè fè lapè tounen yon zafè familyal, kote yo te mete prensip sa yo an pratik.
Timoun yo nan fanmi sa a t ap lite nan relasyon yo avèk yon granmoun ki te souvan gen yon konpòtman sevè, meprizan, ak brital. Timoun yo, blese ak fristre, te kòmanse mande tèt yo si sèl fason pou yo avanse se te pou yo te imite menm konpòtman mechan sa a.
Yon jou swa, fanmi an te pale ansanm ouvètman sou tansyon an ak konsekans li t ap genyen. Epi apresa, yo te vin gen yon lide —pa sèlman yon solisyon, men yon eksperyans.
Olye pou timoun yo te reponn an silans oswa an rebelyon, yo t ap fè yon bagay inatandi: yo t ap reponn avèk jantiyès. Non pa yon jantiyès fòse, men yo t ap louvri kè yo sensèman ak di pawòl janti ak fè bon aksyon, kèlkeswa jan yo te trete yo an retou. Tout moun te dakò pou yo te eseye sa pandan yon tan detèmine, apre sa yo t ap reyini ankò epi repale sou sa.
Malgre kèk ladan yo te ezite okòmansman, yo te angaje yo nan plan an ak tout kè yo.
Sa ki te pase apre sa yo te vrèman remakab.
Echanj frèt yo te kòmanse vin amelyore. Souri te ranplase figi mare. Adilt la, ki yon fwa te distan ak sevè a, te kòmanse chanje. Timoun yo, ankouraje pa chwa yo pou yo te dirije avèk lanmou an, te jwenn lajwa nan transfòmasyon an. Chanjman an te sitèlman pwofon ke reyinyon suivi yo te prevwa a pa t janm nesesè. Jantiyès te fè travay trankil li.
Avèk letan, vrè lyen amitye te fòme, ki te ankouraje tout moun. Pou vin atizan lapè, nou padone lòt moun epi nou volontèman ankouraje lòt moun olye pou nou detwi yo.
Fè lapè nan Kominote Nou yo
Twazyèmman, fè lapè nan kominote nou yo. Nan ane ki te boulvèse pa Dezyèm Gè Mondyal yo, Eldè John-A. Widtsoe te anseye: “Sèl fason pou bati yon kominote pezib se bati gason ak fi ki renmen lapè epi k ap travay pou lapè.” Chak moun, dapre doktrin Kris la … kenbe nan men l lapè mond la [annantye].”
Istwa sa a ilistre prensip sa a admirableman.
Sa gen plizyè ane, de mesye—yon imam mizilman ak yon pastè kretyen ki te soti Nijerya—te kanpe chak nan bò pa yo nan yon divizyon relijye douloure. Yo chak te soufri anpil. Epoutan, grasa pouvwa gerizon padon an, yo te chwazi pou yo te suiv yon chemen ansanm.
Imam Muhammad Ashafa ak Pastè James Wuye te vin zanmi ak patnè enprevizib nan lapè. Ansanm yo te etabli yon sant pou medyasyon entèrelijye. Kounye a, y ap anseye lòt moun pou yo ranplase rayiman pa lespwa. Kòm kandida de fwa pou Pri Nobèl Lapè a, yo fèk vin premye moun ki te resevwa Pri Lapè Commonwealth la.
Ansyen lènmi sa yo kounye a ap vwayaje kòtakòt pou rebati sa ki te kraze, yo se temwen vivan ke envitasyon Sovè a pou nou vin atizan lapè a pa sèlman posib—li puisan tou.
Lè nou rive konnen laglwa Bondye, lèsa a nou “p ap gen entansyon fè youn lòt mal, men n ap viv anpè.” Nan kongregasyon nou yo ak nan kominote nou yo, se pou nou chwazi pou nou wè youn lòt kòm pitit Bondye.
Plan yon Semèn Atizan Lapè
An rezime, m ap lanse yon envitasyon. Fè lapè mande aksyon—kisa sa ta ka ye, pou chak nan nou, apati demen? Èske ou vle konsidere yon plan atizan lapè an twa etap, nan yon semèn?
-
Yon fwaye san konfli: Lè konfli kòmanse, pran yon poz epi rekòmanse avèk pawòl ak aksyon janti.
-
Konstwi pon dijital: Anvan w poste, reponn, oswa fè kòmantè sou entènèt, mande tèt ou, Èske sa ap konstwi yon pon? Si non, sispann. Pa voye l. Okontrè, pataje bonte pito. Pibliye lapè nan plas rayiman.
-
Repare ak reyini: Chak manm fanmi ta ka chèche yon relasyon ki gen tansyon pou yo ka prezante eskiz, sèvi, repare epi reyini.
Konklizyon
Sa fè kèk mwa depi m te santi yon gwo enpresyon ki mennen m nan mesaj sa a: “Benediksyon pou Atizan Lapè yo.” Pou fini, pèmèt mwen pataje enpresyon ki te vini nan kè m pandan peryòd sa a.
Atizan lapè se yon kalite Kretyèn. Pafwa, yo klase atizan lapè yo kòm moun ki nayif oswa fèb—nan tout sans. Men, vin yon atizan lapè se pa vin fèb, men se vin fò nan yon fason ke mond lan pa ka konprann. Fè lapè mande kouraj ak konpwomi men li pa mande sakrifye prensip. Fè lapè se dirije avèk espri byenveyan, pa avèk espri entoleran. Se pou nou apwoche youn ak lòt avèk bra gran louvri, pa avèk pwen sere. Fè lapè se pa yon bagay nouvo, ki fèk soti nan laprès. Jezikri Li menm te anseye Li, alafwa pou moun nan Bib la ak nan Liv Mòmon an. Depi lèsa a, pwofèt modèn yo te anseye fè lapè depi nan premye jou Retablisman an rive jis jodi a.
Nou ranpli wòl diven nou antanke pitit yon Papa Selès eman pandan n ap fè efò pou nou vin atizan lapè. Mwen rann temwayaj konsènan Jezikri, ki se Prens Lapè a, Pitit Bondye vivan an, nan non Jezikri, amèn.