Jezikri ak Nouvo Depa pou Ou
Nou tout ka gen yon nouvo depa atravè Jezikri, epi akoz Jezikri. Menm oumenm.
Yon Deklarasyon nan Ekriti yo: Jezi Te Mache Toupatou Ap Fè Byen
Jezi “te mache toupatou ap fè byen.” Nou li rapò senp sa a nan liv Travay la. Ala yon deklarasyon ekstrèmman limite sa ye! Jezi te sètènman mache toupatou ap fè byen! Li se esans—ak sous—bonte a menm! Li te dedye tout lavi mòtèl Li ap fè byen. Li “gen pitye pou moun, Li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, Li p ap janm sispann renmen, L ap toujou kenbe pawòl Li.”
Tout tantativ pou dekri oswa rezime bonte L ak mizèrikòd Li t ap ensifizan! Vrèman, jan Apot Jan te eseye eksprime a, si nou ta eseye ekri chak egzanp ak manifestasyon bonte Sovè a, “menm mond lan pa t ap ka kenbe liv ki ta dwe ekri yo.”
Jezikri Ofri Nou Chak yon Nouvo Depa
Kèk egzanp espesifik nou genyen ki imòtalize nan ekriti yo sou Jezi ki ap mache toupatou ap “fè byen” pwovoke gwo admirasyon ak emèveyman, espesyalman lè nou vrèman konsidere a kisa sa ta ka sanble pou nou ta la, pou n temwen mirak Li yo, pou resevwa ansèyman L yo, epi fè eksperyans gerizon Li. Li te konvèse avèk moun sosyete a te rejte yo, Li te touche moun malad ak enpur, Li te pote rekonfò bay moun fatige, Li te anseye verite ki libere epi Li te aple pechè ala repantans. Pou chak lepre, moun avèg, ak fi adiltè a; pou kokobe a, ak moun soud la; ak moun bèbè a; pou chak manman ki andèy, papa dezespere, ak vèv ki t ap kriye; pou kondane a, moun ki te wont la, ak moun ki t ap soufri a; pou moun ki te mouri nan kò ak moun ki te mouri nan lespri a, sa L te fè a te ofri yon nouvo depa. Wi, yon lòt deklarasyon enkonstetab!
Chak sa Li te di ak fè te ofri yon nouvo depa pou chak moun Li te geri, beni, anseye, ak soulaje anba peche yo. Li pa t rale kò L devan yo, e Li sètènman p ap rale kò L devan ou. Imajine nan moman sa a nou menm k ap tande Li k ap di youn nan pawòl ki bay lavi sa yo :
“Pitit Gason m, peche w yo padone.”
“Mwen menm tou, mwen pa kondane ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.”
“Pitit fi m, se lafwa ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze”
Pawòl Sovè a te di moun sa yo te brèf, men, avèk yo, Li te ouvri anpil nouvo orizon pou padon, gerizon, restorasyon, lapè, ak lavi etènèl. Epi nouvèl gloriye a sèke, Li ofri menm nouvo depa sa a pou oumenm avèk mwen menm. Nou tout ka gen yon nouvo depa atravè Jezikri, epi grasa, Jezikri. Menm oumenm. Nouvo depa se bagay ki nan santral plan Papa a pou pitit Li yo. Sa a se legliz nouvo depa! Sa a se legliz nouvo kòmansman!
Sa a se Legliz Nouvo Depa a
Avèk batèm nan dlo ak nan Lespri a, nou “fèt ankò” epi nou ka “mache nan yon nouvote lavi.” Ki kantite esperans nouvo depa sa a pote pou yon moun k ap trennen anba fado peche oubyen soufri anba efè yon lavi twouble ak relasyon disfonksyonèl? Jezi pa t bezwen padon pou peche ni yon nouvo depa nan lavi, men, Limenm Li te batize kanmèm, pou L te pi byen montre nou chemen ki mennen nan nouvo depa Li trase pou nou chak la.
Epi nouvo depa w la pa pwodui jis yon sèl fwa. Nou gen tandans panse ke batèm nou se sèl chans nou genyen pou yon nouvo depa. Se pa vre. Nou pa gen jis yon sèl chans. Nouvo depa sa yo ka rive chak jou! E sètènman chak semèn lè nou manje ti moso pen an epi bwè yon ti kèp dlo an souvni don Sovè pafè nou an, ki te mouri nan objektif presi pou ba nou otan nouvo depa ke nou bezwen! Jezi ba nou otan nouvo depa ke nou bezwen.
Avèk devosyon ak pèseverans nan yon angajman ki mennen nan yon nouvo lavi an Kris, nou ka vin yon “nouvo kreyati,” kote bagay ansyen yo pase epi tout bagay vin nouvo. Ki soulajman kalite nouvo douvanjou sa a pote pou yon moun ki ap kontinye eseye, atravè kontinye chwazi lafwa nan pouvwa Redanmtè nou an pou geri ak restore a, malgre revè akablan yo nan yon mond dechi? Sovè a pa t janm renonse a angajman Li pou akonpli volonte Papa a epi konplete misyon ekspyatwa divin ni an, menm atravè doulè ki te lakoz Li te tranble, senyen nan tout twou nan kò Li, soufri nan kò ak nan lespri, epi priye pou koup anmè a te ka retire. Ankò, Li te demontre pou nou a kisa pèseverans fidèl avèk Bondye sanble.
Avèk chak alyans nou fè ak chak efò nou fè pou kenbe li, nou ka resevwa yon “kè nouvo” ak yon pi gwo mezi yon “espri nouvo.” Tikal pa tikal, plis nou envite bonte Li nan kè nou epi nou chase vwa otodestriktè yo nan tèt nou yo, n ap vin pèp Li paske nou vrèman fè L Bondye nou. Jezi sensèman anvi pou L Wa nou ak Bèje nou ak Prens Lapè nou, epi nou dwe chwazi pou nou fè Li vin sa nan kè nou ak nan lespri nou.
Yon Nouvo Depa nan Fason Nou Wè Repantans
Repantans ouvri pòt pou nouvo depa, nouvo kòmansman, ak dezyèm chans nou yo. Ansèyman chè Prezidan Nelson nou yo efase fo ide sou don divin repantans lan, e mwen panse ke nou finalman kòmanse konprann ni.
Sa pasyonan pou tande jèn nou yo ap dekri kisa repantans vledi pou yo. Mwen te resamman tande yon jènfi di, avèk yon souri sou figi li, “Lè m panse ak repantans, mwen santi lajwa ak lespwa enkwayab. Mwen santi lanmou ak bonè Papa m ki nan Syèl la ak Sovè m nan. Mwen pa pè pou m adrese Papa m ki nan Syèl la nan lapriyè epi mande èd Li pou kèlkeswa pwoblèm mwen genyen. Mwen konnen Yo p ap eseye kenbe m nan fè yon move bagay. Bra yo ouvri tou gran. Sa se repantans pou mwen,” li te di. Jènfi sa a konprann ke, gras a Jezikri, li kapab gen yon nouvo depa!
Yon Nouvo Depa pou Chak Moun, Chak Fwa
Èske w bezwen yon nouvo depa? Èske w ka gen yon nouvo kòmansman, menm ou menm? Panse a moun Sovè a te sèvi yo—moun Li te anseye, geri, leve, padone, ak restore yo. Èske Li te seleksyone yo pami yon klas ekonomik oubyen yon milye patikilye? Èske Li te fè distenksyon ant moun jis la ak pechè a? Èske Li te chwazi moun paske yo te gen plis merit oubyen plis lanmou? Non.
Gen moun ki te vin jwenn Li avèk gwo lafwa, ak kwayans nan pouvwa Li pou geri a—fi ki te gen pwoblèm san an, santiryon Women an ki te gen sèvitè ki t apral mouri a, moun ki te gen maladi lalèp la, Jayirus, oswa Bartimaeus ki te avèg la. Yo chak te mete lafwa yo aleprèv, avèk espwa ke bonte ak pouvwa raben ki te soti Nazarèt la t ap chanje lavi yo ak pèspèktiv yo. E Li te fè sa! Li te kite gerizon L koule.
Men Jezi te beni moun ki te gen lafwa vasiyan tou, tankou papa timoun malad la ki te di, petèt menmjan avèk ou, “Senyè, mwen kwè! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.” Epi Li te menm devèse konpasyon sou moun ki pa t ap chèche L ditou, tankou fi yo te kenbe nan adiltè a, vèv Nayin nan, mesye kokobe a bò pisin Betseda a, ak mesye ki te fèt tou avèg la. Èske w konn santi Li k ap mache fè byen nan lavi ou, menm lè ou p ap chèche Li ni suiv Li?
Pou chak nan pèsonaj sa yo nan ekriti yo, ak pou nou tout ki vle koute epi reponn, Li te bay yon nouvo depa, keseswa yon nouvo lavi ki padone anba peche, oubyen yon nouvo lavi ki geri anba maladi, oubyen yon nouvo lavi ki leve anba lanmò.
Kisa sa vledi pou oumenm avèk mwen? Bonte ak mizèrikòd ak bonte kè Li pa gen limit. Nouvo depa se bagay ki nan santral plan Papa a! Nouvo kòmansman se misyon Pitit Gason an! Nouvo maten yo, nouvo chapit yo, ak nouvo chans yo se nwayo bòn nouvèl levanjil la!
Donk, èske w te ale twò lwen alyans ou yo depi twò lontan pou w ta resevwa yon nouvo depa? Non. Èske w fè tèl ou tèl bagay twòp fwa pou w ta jwenn yon lòt chans? Non. Èske w ale tèlman lwen Kris la ke Li pa kapab ede w ekri yon nouvo istwa apati moman sa a? Non. Advèsè a se sèl moun ki benefisye nan ide ke ou echwe. Ou pa poukont ou.
Epi nouvo depa se pou plis pase jis peche ak erè nou yo. Atravè bonte ak lagras Sovè a, nou ka gen nouvo depa ki mennen chanjman nan ansyen mantalite nou, move abitid, move karaktè, atitid negatif, santiman enpuisans, ak tandans pou blame lòt moun ak evite responsablite pèsonèl. Ou ka reyèlman chanje bagay nan ou menm ki ap kraze w depi dèzane yo. Ou ka rekòmanse atravè fòs Mèt la pou nouvo depa. Li pa janm fatige pou ba nou yo.
Pou moun ki ap lite anba menm peche a oubyen menm difikilte a ankò e ankò yo, kontinye avanse. Li pa mete obstak devan nou. Li pa mete limit sou dezyèm chans ou yo. Kontinye avanse. Kontinye fè efò. Chèche èd moun ki bò kote ou. Epi mete konfyans ou nan nouvo depa ki la pou ou a chak fwa w tounen vin jwenn Papa ou avèk yon kè sensè. Kite peche delibere nou yo, repetisyon okazyonèl yo, ak rebelyon plen lògèy nou yo dèyè nou, kote plas yo ye a. Ou pa bezwen rete moun ou te ye anvan an. Anbrase nouvo depa w la, dezyèm, twazyèm, katriyèm—oubyen santyèm—chans yo ofri ou atravè san ekspyatwa Jezikri a.
Mwen rekonesan odela deskripsyon pou nouvo depa mwen te genyen yo ak pou sa ki ap toujou disponib pou mwen yo.
Konklizyon
Sovè nou an te pwononse yon dènye deklarasyon, san li nou pa t ap gen okenn rezon pou nou espere ak rejwi jodia. Apre agoni nan Jetsemane a ak konklizyon kwa agonizan an, Li senpleman te di “Tout bagay fini.” Pwofesi mesyanik la te akonpli, epi peman total dèt pou peche ak soufrans limanite yo te peye. Li te deklare sakrifis enfini ak etènèl Li a te “akonpli”. Sepandan, Ekspyasyon Li a pa t ap konplè jiskaske Limenm Li te fè eksperyans nouvo lavi a sou twazyèm jou a, yon nouvo depa kòm èt glorifye ak resisite atravè pouvwa Papa a.
Paske Li te toujou fè sa ki te agreyab pou Papa Li, epi paske Li “te soufri volonte Papa a nan tout bagay,” oumenm avèk mwen ka gen nouvo depa. Resevwa nouvo depa w la, jodia menm, kounyea menm. Jezikri se Otè ak Konsomatè lafwa nou, ki ap ekri anpil nouvo chapit avèk nou. Li se Kòmansman an ak Fen an—fen lawont ak soufrans nou, ak kòmansman yon nouvo lavi nan Li, ki pèmèt nou kite lepase dèyè epi rekòmanse ankò avèk yon nouvo jou otan de fwa sa nesesè. Vrèman, “bonte ak mizèrikòd Li dwe suiv [nou] tout jou yo nan [lavi nou].” Nan non Jezikri, amèn.