Konferans Jeneral
Pran Non Jezikri sou Nou
Konferans jeneral oktòb 2025


13:22

Pran Non Jezikri sou Nou.

Plis nou idantifye nou avèk Jezikri epi nou sonje Li, se plis nou vle vin tankou Li.

An 2018, nan Inivèsite Utah, yo te kreye yon pozisyon pwofesè espesyal ki te rele “Chèr Prezidansyèl Dr Russell M. Nelson ak Dantzel W. Nelson nan Chiriji Kadyotorasik”—cardio, kivledi kè, epi thoracic, kivledi thorax. Li te onore travay enpòtan Prezidan Nelson kòm yon chirijyen kadyak ak sipò li te resevwa nan men madanm li ki mouri deja a, Dantzel. Pozisyon pwofesè sa a te peye avèk yon fon ki te prepare pou l te dire tout tan. Moun yo chwazi pou kalite pozisyon pwofesè prestijye sa a resevwa rekonesans, sipò salaryal, ak fon pou rechèch.

Dr. Selzman avèk Prezidan Nelson

Premye chirijyen yo te chwazi pou okipe pozisyon Pwofesè a sete Dr. Craig H. Selzman, yon chirijyen kadyak ki pa yon manm legliz nou an. Nan seremoni remiz pozisyon pwofesè a bay Dr. Selzman lan, anpil envite enpòtan te asiste, enkli Prezidan Nelson ak madanm li Sè Wendy W. Nelson. Pandan reyinyon an, Prezidan Nelson te pale avèk modesti sou karyè pyonye li nan chiriji.

Apresa Dr. Selzman te pataje kisa sa vledi pou li pou te nome nan pozisyon pwofesè sa a. Li te eksplike ke kat jou anvansa, apre yon long jounen nan sal operasyon an, li te dekouvri ke youn nan pasyan l yo te bezwen retounen nan sal operasyon. Li te fatige epi l te desi paske l te konnen li ta pral pase yon lòt nuit nan lopital la.

Dr. Selzman avèk Sè Nelson ak Prezidan Nelson

Jou swa sa a, Dr. Selzman te gen yon konvèsasyon avèk tèt li ki te chanje lavi li. Nan moman an, li te panse, “Vendredi, yo pral nome m nan yon pòs pwofesè ki pote non Dr. Nelson. Nelson te toujou repite kòm yon moun ki te toujou kontwole emosyon li, trete tout moun avèk respè epi ki pa t janm pèdi sanfwa li. Kounyea ke non mwen pral asosye avèk li, mwen bezwen eseye vin plis tankou li.” Dr. Selzman te deja yon chirijyen trè konpatisan. Men li te vle vin pi bon toujou.

Nan lepase, ekip chiriji Dr. Selzman nan te konn ka remake fatig ak fristrasyon li paske li petèt te kite l parèt nan fason li ak nan ton vwa li. Men nan sal operasyon an nuit sa a, Dr. Selzman te fè yon efò konsyan pou l te espesyalman sipòtif ak konpryeansif anvè ekip li a. Li te santi sa te fè yon diferans epi l te deside kontinye eseye vin plis tankou Dr. Nelson.

Dr. Selzman mete yon tag RMN

Senk ane apre, Prezidan Nelson te fè don dokiman pwofesyonèl li yo bay Inivèsite Utah a. Diyitè yo nan inivèsite a te vini pou yo te fòmèlman remèsye Prezidan Nelson. Pandan evenman sa a, Dr. Selzman te pale ankò. An referans a inisyal Prezidan Nelson, RMN lan, li te di, “Gen yon espri ‘RMN’ ki anvayi Divizyon Chiriji Kadyotorasik la kounyea nan Inivèsite Utah a.”

Nan sitiyasyon fristrasyon yo, Dr. Selzman te eksplike, “Kounyea, mfè sa nou ansenye estajyè nou yo pou yo fè yo—konsantre, simonte, epi fè meyè nou kapab. Filozofi sa a vivan nan nou chak you. Nou bay chak manm divizyon an ak chak nouvo estajyè yo yon badj. Anba nan badj la gen lèt sa yo ‘RMN.’ Filozofi RMN nan se fondasyon fòmasyon nou; nou ansenye li a tout moun.” Dr. Selzman te entansyonèlman amelyore atitid ak aspirasyon li te genyen anvan an paske non li te lye kounyea avèk non Prezidan Nelson.

Seri evenman sa yo ki enplike Dr. Selzman nan te lakoz mwen mande tèt mwen, “Nan ki fason m chanje depi m te lye non mwen avèk non Jezikri a? Èske mwen te adopte yon espri Kretyen kòm rezilta? Èske m te vrèman eseye vin meyè epi plis tankou Li?”

Nan eksperyans Dr. Selzman nan, nou kapab wè omwen senk paralèl a pwosesis kote nou pran non Jezikri sou tèt nou an. Menmsi pwosesis sa a kòmanse avèk batèm, li pap konplè jiskaske nou pi pur ak sen epi vin plis tankou Li.

Premye paralèl la se idantifikasyon. Dr. Selzman rive nan pozisyon pwofesè Nelson an sa ki lye non li avèk non Prezidan Nelson, epi Dr. Selzman te kòmanse idantifye l avèk Prezidan Nelson. Lè nou pran non Jezikri sou tèt nou, nou asosye non nou avèk pa Li. Nou idantifye nou avèk Li. Nou kontan pou yo rekonèt nou kòm Kretyen. Nou aksepte Sovè a epi nou rezoliman kanpe afime ke nou se pou Li.

Yon lòt paralèl ki an rapò anpil avèk idantifikasyon se—souvni. Lè Dr. Selzman ale nan biwo li, je li atire sou medayon li te resevwa lè yo te nomen l nan pozisyon pwofesè Nelson an. Medayon an se yon rapèl kotidyen sou espri RMN nan. Pou noumenm, pran sentsèn chak semèn ede nou sonje Jezikri pandan semèn nan. Pandan n ap pran sentsèn nan, nou fè sa an souvni pri Li te peye pou rachte nou an. Nou fè renouvle alyans pou nou sonje Li, rekonèt grandè Li, epi apresye bonte Li. Nou rekonèt plizyè fwa ke se sèlman nan ak atravè gras Li ke n ap sove anba lanmò fizik ak espirityèl.

Souvni vledi ke nou suiv konsèy pwofèt Liv Mòmon an, Alma, te bay la. Wi “kriye nan pye Bondye pou tout sa w bezwen; wi, fè tout sa w ap fè nan Senyè a, epi nenpòt sa w ap fè, fè l nan Senyè a; wi, dirije panse w nan Senyè a, mete afeksyon kè w nan Senyè a pou tout tan.” Menm lè nou okipe avèk lòt bagay, nou rete atantif a Limenm, jis menmjan nou sonje pwòp non pa nou, menm si nou konsantre sou nenpòt lòt bagay.

Yon konsekans nan sonje sa Sovè a te fè pou nou se yon twazyèm paralèl—Imitasyon Dr. Selzman te kòmanse imite Prezidan Nelson ak filozofi RMN nan. Mwen kwè ke filozofi Prezidan Nelson an se senpleman yon manifestasyon tout yon lavi kòm disip Jezikri. Pou noumenm, plis nou idantifye nou avèk Jezikri epi sonje Li, se plis nou vle vin tankou Li. Antanke disip Li, nou chanje pou n vin meyè lè nou konsantre sou Li, plis pase lè nou konsantre sou tèt pa nou. Nou fè efò pou nou vin tankou Li epi chèche pou nou vin beni avèk atribi Li yo. Nou priye avèk tout kè nou, pou n vin ranpli ak charite, lanmou pur Kris la.

Jan Prezidan Nelson te ansenye nan mwa Avril la: “Lè charite vin fè pati nati nou, n ap pèdi anvi pou nou minimize lòt moun. N ap sispann jije lòt moun. N ap gen charite pou tout moun kèlkeswa kondisyon lavi yo. Charite anvè tout moun esansyèl pou pwogresyon nou. Charite se fondasyon yon karaktè diven.” Ansanm ak charite, nou chèche, “kiltive, … epi elaji” lòt don espirityèl ki soti nan men Sovè a, enkli vèti, entegrite, pasyans, imilite, ak dilijans.

Imite Jezikri mennen nou nan yon katriyèm paralèl—aliyman avèk objektif Li yo. Nou rejwenn Li nan travay Li a. Kòm yon chirijyen, Dr. Nelson te koni antanke yon enstriktè, yon gerisè, ak yon rechèchè. Badj ki sou blouz yo itilize nan depatman Dr. Dr. Selzman yo mete aksan sou angajman sa yo, nan itilize mo ansenye, geri, avèk dekouvri. Pou noumenm, yon pati nan pran non Jezikri sou tèt nou enplike aliyen volontèman, entansyonèlman epi avèk antouzyas objektif nou yo avèk pa Li. Nou rejwenn Li nan travay Li a lè nou “renmen, pataje, ak envite.” Nou rejwenn Li nan travay Li a lè nou sèvi lòt moun, espesyalman moun ki vilnerab yo ak moun ki blese, brize, oswa krase ak eksperyans terès yo.

Nou pran non Jezikri sou tèt nou pi konplètman atravè idantifikasyon, souvni, imitasyon, ak aliyen. Lè nou fè kat bagay sa yo, sa mennen nou nan yon senkyèm paralèl—otorite. Nou jwenn aksè a pouvwa ak benediksyon Bondye yo nan lavi nou. Pozisyon pwofesè Nelson an bay Dr. Selzman fon rekonesans ak sipò ke l ap itilize pou chanje kilti nan divizyon l la. Li aplike “dotason pouvwa” sa a pou ede lòt moun. Menm jan an tou, lè nou pran non Sovè a sou tèt nou, Papa nou ki nan Syèl la beni nou avèk pouvwa Li pou ede nou akonpli misyon nou nan mòtalite a.

Pandan n ap fè plis alyans avèk Bondye, nou pran non Jezikri sou tèt nou pi konplètman. An konsekans, Bondye beni nou avèk pouvwa Li. Jan Prezidan Nelson te ansenye a: “Chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo— ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri. … Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans avèk Bondye yo se pouvwa selès … ki fòtifye nou pou n reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo pi byen.”

Nou vin espirityèlman plis reseptif. Nou gen plis kouraj pou nou konfwonte sikonstans ki sanble enposib yo. Nou jwenn plis fòs nan detèminasyon nou pou suiv Jezikri. Nou pi vit repanti epi retounen al jwenn Li lè nou fè peche. Nou vin meyè nan pataje levanjil Li a avèk pouvwa ak otorite Li. Nou ede moun ki nan bezwen san nou pa jije yo. Nou konsève remisyon pou peche nou yo. Nou gen pigran lapè, e nou pi kontan paske nou ka toujou rejwi. Glwa li ap antoure nou, epi zanj Li yo ap veye sou nou.

Sovè a envite nou, “Vin jwenn Papa a nan non mwen, epi lè tan an rive, pou nou resevwa tout bagay.” Mwen sipliye nou pou nou fè sa. Vin Jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Pran non Jezikri sou tèt nou. Idantifye nou avèk Li. Toujou sonje Li. Fè efò pou nou vin tankou Li. Rejwenn Li nan travay Li a. Resevwa pouvwa ak benediksyon Li nan lavi nou. Grave non Li nan kè nou volontèman ak entansyonèlman. Sa onore “pozisyon” nou devan Bondye epi kalifye nou pou Sovè a kanpe kòm defansè nou. N ap vin yon eritye egzalte nan wayom Papa nou ki nan Syèl la, yon ko-eritye avèk Premyene Li a, Sovè ak Redanmtè byenneme nou an.

Li vivan. Mwen konnen sa absoliman. Li renmen nou. Li te bay lavi Li pou nou. Li sipliye nou pou nou vin jwenn Papa atravè Limenm. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Yo rele fon an yon dotasyon

  2. Youn nan reyalizasyon pi remakab se travay Prezidan Nelson nan devlope premye machin bypass kè-poumon ki sèvi pou chiriji louvri kè.

  3. Prezidan Nelson te repòte ke pandan entèna li nan chiriji, yon chirijyen nan sal operasyon an te pèdi sanfwa li epi li te lanse yon bistouri ki te ateri sou bra Prezidan Nelson. Prezidan Nelson te di: “Eksperyans sa a te kite yon enpresyon dirab sou mwen. Nan moman sa a menm, mwen te pwomèt tèt mwen ke kèlkeswa sa ki te rive nan sal operasyon mwen, mwen pa t ap janm pèdi kontwòl emosyon mwen. Mwen te jire jou sa a pou m pa janm lanse anyen nan kolè—ke sete te bistouri oswa pawòl” (“Nou bezwen Patizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 98).

  4. Don an te enkli plis pase 7.000 rapò operasyon, ansanm ak papye rechèch ak lòt ekri pwofesyonèl ki te konpile pandan karyè medikal ekstraòdinè Prezidan Russell M. Nelson.

  5. Plizyè moun te pale avèk Prezidan Russell-M. Nelson, enkli prezidan Inivèsite Utah a, Prezidan Taylor-R. Randall, ki te fè referans a Prezidan Nelson kòm ansyen etidyan Inivèsite Utah ki pi selèb.

  6. Mo ethos (filozofi) la dekri “karaktè distenktif, santiman, nati moral, oswa kwayans k ap gide yon moun, yon gwoup, oswa yon enstitisyon” (Diksyonè Merriam-Webster.com, “ethos”).

  7. Nan ane 2018, madanm nwen, Ruth avèk mwen te asiste seremoni kote Dr. Selzman te nome nan pozisyon Pwofesè Nelson an. Nan ane 2023, mwen te asiste evenman ofisyèl kote Prezidan Nelson te fè don dosye pwofesyonèl li yo bay Inivèsite Utah a.

  8. Gade Mowoni 7:48.

  9. Mo ebre ki tradui kòm “pran” nan fraz “pran non Kris la” vledi “leve” oswa “pote”, menm jan yon moun t ap pote yon banyè ki idantifye tèt li avèk yon moun oswa yon gwoup (gade James Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible [2010], seksyon diksyonè ebre, paj 192, nimewo 5375).

  10. Gade 2 Nefi 10:24; Mowoni 10:32–33; Doktryn ak Alyans 76:69.

  11. Alma 37:36

  12. Dr. Yo site Dr. Selzman k ap di: Nenpòt lè ou kòmanse pale de swen sante avèk [Prezidan Nelson] li gen yon ti etensèl nan je li. … Se vrèman amizan pou wè jan li gen enèji lè l ap pale de tout bagay sa yo” (nan Sydney Walker, “As President Nelson Turns 100, His Family and Associates Reflect on His Life and Legacy,” Church NewsSept. 7, 2024, thechurchnews.com). Mwen te pèsonèlman wè “etensèl swen sante” sa a nan je Prezidan Nelson, men se pa anyen konpare avèk ekla li genyen lè l ap pale de Jezikri.

  13. Gade Mowoni 7:47–48.

  14. Russell M. Nelson, “Konfyans nan Prezans Bondye,” Liahona, Me 2025, 128.

  15. Gade 1 Korentyen12:31; Doktrin ak Alyans 46:8.

  16. Russell M. Nelson, “Patisipasyon Sè yo nan Rasanbleman Izrayèl,” Liahona, Nov. 2018, 69.

  17. Gade Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023), 123–38.

  18. Gade Moyiz 1:39. Tèm Kolèj Prètriz Aawon an kòmanse konsa: “Mwen se yon pitit gason byenneme Bondye, epi Li gen yon travay pou mwen fè” (Bibliyotèk Levanjil la). Tèm Jènfi a deklare “Antanke disip Jezikri, m ap fè efò pou m vin tankou Li. M ap chèche ak aji sou revelasyon pèsonèl epi m ap sèvi lòt moun nan non sakre Li” (Bibliyotèk Levanjil).

  19. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Travay Misyonè: Pataje Sa Ki Nan Kè Ou,” Liahona, Me 2019, 16–18; Gary E. Stevenson, “Renmen, Pataje, Envite,” Liahona, Me 2022, 84–87.

  20. Byen bonè nan ministè mòtèl Li, Sovè a te eksplike objektif Li pou nou nan site Ezayi konsa: “Lespri Bondye a sou mwen, paske li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo; pou m geri tout kè ki brize, pou fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, [epi] pou m delivre moun y ap maltrete yo” (Lik 4:18).

  21. Menm priyè nou pou Papa nou ki nan Syèl la ap chanje. Jan l deklare nan mo “Priyè” a nan Diksyonè Bib la”: “Yo ansenye Kretyen yo pou yo priye nan non Kris la. Nou priye nan non Kris la lè panse nou se panse Kris la, epi dezi nou se dezi Kris la—lè pawòl Li yo demere nan nou. Apre sa nou mande Bondye bagay Li kapab akòde nou. Anpil priyè rete san repons paske yo pa fèt nan non Kris la ditou; yo pa reprezante panse Li nan ankenn fason men yo soti nan kè egoyis lèzòm.”

  22. Gade Doktrin ak Alyans 109:26.

  23. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022; anfaz ajoute.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 109:21-22. Fraz “lè pèp ou a transgrese, nenpòt nan yo” a itilize mo “lè” a, non pa “si.” Sa sigjere ke Sovè a reyalize ke nou tout ap gen pou n transgrese, fè erè, epi peche. Men plan an se pou nou “repanti byenvit” pou yo ka “retabli benediksyon” yo pwomèt nou yo.

  25. Gade Jan 16:33; Mozya 4:11; 18:26; Alma 36:2, 28–29; Etè 7:27; Mowoni 9:25.

  26. Gade Doktrin ak Alyans 109:22.

  27. Doktrin ak Alyans 93:19.

  28. Mòmon te dekri sa ki te pase pèp li a lè Kris la pa t enplike nan lavi yo. Pèp Li a “Yon lè, yo te yon bèl pèp e yo te gen Kris pou bèje yo; wi, Papa Bondye limenm te dirije yo. Men kounyeya. gade, Satan ap dirije yo tankou pay nan van, oubyen tankou yon bato k ap balanse nan lanmè, san vwal, oubyen san lank, oubyen san anyen pou dirije l; se konsa yo ye” (Mòmon 5:17–18). Avèk Sovè a nan lavi nou, nou beni avèk pouvwa, estabilite, ak direksyon.

  29. Doktrin ak Alyans 109:24.

  30. Gade Doktrin ak Alyans 45:3–5.

  31. Gade Women 8:17.