Konferans Jeneral
Rekonsilye avèk Bondye
Konferans jeneral oktòb 2025


10:22

Rekonsilye avèk Bondye

Rekonsilyasyon avèk Bondye, atravè Ekspyasyon Jezikri a, mennen nan yon lafwa inebranlab.

Pandan m ap etidye ekriti yo, mwen tonbe sou mo ki vrèman kapte atansyon m, prensipalman paske yo gen siyifikasyon espesyal akoz eksperyans mwen te fè pandan lavi m yo. Mwen te pase karyè mwen antanke ekspè kontab jidisyè. Avèk kontèks sa a, mo rekonsilye a te atire atansyon mwen pandan m t ap li ekriti yo. Travay mwen se te pou m rekonsilye montan ki nan rapò yo avèk rejis finansye yo nan aplike prensip kontablite, odit ak envestigasyon. Sa vle di, objektif mwen se te pou m te aliyen rapò finansye yo avèk dokiman finansye koresponsdan yo pou asire presizyon ak validite. Mwen te fè anpil efò pou rezoud diferans yo, epi sa te komen ke gen anpil tan ki te konsakre pou rezoud menm ti diferans minim yo.

Apot Paul te sipliye Korentyen yo pou yo “rekonsilye avèk Bondye.” Rekonsilye avèk Bondye vle di pou nou retounen an amoni avèk Bondye, oswa retabli yon relasyon avèk Bondye ki te afekte oswa kraze akoz peche oswa aksyon nou. Pou n mete l pi senp, rekonsilye avèk Bondye vle di aliyen volonte ak askyon nou yo avèk volonte Bondye oubyen, jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye, se kite Bondye dirije lavi nou.

Jan ekriti yo anseye, nou lib pou nou aji pou tèt pa nou, “pou nou chwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl.” Men si nou pa dilijan, libète sa a pou nou aji pou tèt pa nou an gendwa kondui nou an dezakò avèk volonte Bondye.

Pwofèt Jakob te anseye ke lè nou wè nou pa an amoni oswa nou an dezakò avèk Bondye, sèl mwayen nou kapab akonpli rekonsilyasyon se pou nou “rekonsilye nou avèk [Bondye] pa mwayen ekspyasyon Kris la.” Nou dwe rekonèt ke rekonsilyasyon depann sou lagras, sa enplike ke aksyon ekspyasyon jenere Jezikri a rann rekonsilyasyon posib.

Pandan n ap medite sou pwòp lavi pa nou, panse a yon moman kote nou te santi nou lwen Papa nou ki nan Syèl la paske nou te elwanye nou de Li. Pa egzanp, petèt nou te vin mwens dilijan nan lapriyè nou devan Li oubyen nan respekte kòmandman L yo. Menmjan nou chwazi pran distans avèk Bondye a, nou dwe chwazi kòmanse fè efò pou nou rekonsilye avèk Li. Senyè a te mete aksan sou responsablite nou lè Li te di, “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.”

Kijan Sovè a ede nou retabli ak rekonsilye relasyon enpòtan sa a? Pou mwen, mwen fè gwo pwogrè sou chemen rekonsilyasyon mwen avèk Bondye lè m suiv konsèy Prezidan Nelson te anseye a epi m repanti chak jou. Rezon an se paske rekonsilyasyon vle di retablisman yon relasyon ki te kraze, espesyalman ant Bondye ak limanite, nan retire baryè peche a.

Youn nan pi gwo rekonsilasyon nou li nan ekriti yo se pa Enòs la. Li te gen yon bagay nan lavi li ki pa t annakò avèk Bondye. Li te montre egzanp sou konte sou Ekspyasyon Jezikri a pou nou rekonsilye avèk Bondye. Li te eksplike dezi li pou l repanti, imilite li, fokis li ak detèminasyon li. Rekonsilyasyon li avèk Bondye te konfime lè yon vwa te pale avèk li, ki te di “Enòs, peche w yo padone, epi w ap beni.” Enòs te rekonèt enpak repantans ak rekonsilyasyon an te gen sou li lè li te di, “Epi mwen menm Enòs, m te konnen Bondye pa t kapab bay manti; se poutèt sa, kilpabilite m nan te efase.”

Rekonsilyasyon pote non sèlman yon soulajman nan santiman kilpabilite nou yo men tou yon lapè nan noumenm epi avèk lòt moun. Li geri relasyon, li adousi kè, epi li fòtifye lavi disip nou, sa ki pote yon ogmantasyon nan konfyans nou devan Bondye. Sa ki ban m anpil espwa ak konfyans se yon lòt fwi rekonsilasyon Enòs te dekri a lè li te di, “Epi, apre mwen menm Enòs, m te fin tande pawòl sa yo, lafwa m te kòmanse rete djanm nan Senyè a.”

Lè m te yon ti gason, granpè nan bò manman m te gen yon gwo jaden seriz. Mwen te gen opòtinite travay nan jaden an, plis nan vakans ete pandan rekòt seriz yo. Antanke yon jenn ti gason, degre enplikasyon mwen sete pou yo lonje yon bokit ban mwen pou m monte yon pye bwa al keyi seriz.

Rekòlte seriz yo te chaje anpil lè granpè m te achte yon machin yo te rele souke seriz. Machin sa a kenbe chouk pyebwa an epi li te sekwe li, sa ki te fè seriz yo tonbe nan filè ki te poze pou kolekte seriz yo. Mwen te remake lè machin nan t ap konn kòmanse sekwe pyebwa a, prèske tout seriz yo te tonbe nan kèk segond. Mwen te remake tou ke menmsi nou te souke pyebwa a pou 10 segond oswa pou yon minit antye, gen de seriz ki pa t janm tonbe. Yo te vrèman inebranlab.

Sekwe seriz yo soti nan pyebwa a posib paske pyebwa a degaje etilèn. Etilèn nan se yon òmon ki fè kouch selil ki ant tij seriz la ak pyebwa a febli. Se poutèt sa, tij yon seriz mi ap rann sa pi fasil pou l detache nan pyebwa a akoz koneksyon ki afebli a.

Nan ekriti yo, nou aprann ke chouk bwa Izayi/Jesse a se yon metafò pou Mesi a, Jezikri, yo te pwofetize ki t ap soti nan lineyaj Izayi/Jesse, papa Wa David la. Menmjan etilèn febli koneksyon tij yon seriz ki mi an, dezobeyisans, dout, ak krent kapab febli koneksyon nou avèk chouk Izayi/Jesse a, oswa Jezikri, ki pèmèt nou ka fasilman sekwe ak separe de Li. Menmsi nou fidèl, nou dwe pwoteje tèt nou kont yon koneksyon fèb avèk Jezikri.

Nan Doktrin ak Alyans yo, menm moun fidèl yo te resevwa yon avètisman: “Men gen yon posiblite pou lòm tonbe lwen lagras la epi pou l pati lwen Bondye vivan an.” Senyè a kontine, “Wi, epi se pou menm moun ki sanktifye yo fè atansyon tou.” Pou nou evite tonbe, Senyè a konseye, “se pou legliz la toujou fè atansyon epi pou l toujou priye, pou l pa tonbe nan tantasyon.”

Yon moun ka konpare kondisyon kote nou sekwe fasilman an avèk sa ekriti yo dekri kòm mi pou destriksyon avèk konsekans eminan pou aksyon yo. Fraz la gendwa sèvi tou nan yon sans pi laj pou endike yon kondisyon pouriti, koripsyon, oswa degradasyon ki rann yon bagay vilnerab pou l efondre oswa kraze.

Kisa vin mi sa a reprezante? Èske sa vle di nou kapab rive nan yon moman kote nou pa kapab chanje? Non, mwen panse li vle di ke nou kapab atenn yon pwen kote nou pa gen anvi chanje. Antidòt kont vin mi pou destriksyon an se fè bagay k ap ranfòse koneksyon nou avèk Jezikri. Jan sa mansyone a, repantans te mennen Enòs nan yon pozisyon lafwa inebranlab. Gen fòs nan repantans—repantans regilye, rapid, epi souvan. Jan Preziden Nelson te anseye nou, “Pa gen anyen ki pi liberatè, ki pi enspiran, oswa pi enpòtan pou pwogresyon endividyèl nou pase yon fokis kotidyen, ak regilye sou repantans.”

Anplis pase preche repantans, pwofèt Jakòb te anseye ke lè nou konsyan de men Bondye nan lavi nou, nou chèche epi nou resevwa revelasyon, epi nou koute Bondye lè L pale, tout sa ap ede nou pou n pa sekwe. Jakòb te anseye tou: “Se poutèt sa, nou fouye pawòl pwofèt yo, en nou gen anpil revelasyon ak lespri pwofesi; e paske nou gen tout temwayaj sa yo, nou jwenn yon esperans, e lafwa nou vin tèlman solid.” Koute ak aji dapre pawòl ak envitasyon pwofèt ak apot yo kapab ranpli nou ak lespwa, konfyans, fòs, ki gen pou rezilta yon lafwa ki solid.

Mwen te aprann ke yon anvi pou nou rekonsilye avèk Bondye dwe akonpaye pa yon anvi pou nou repanti. Repanti ak fè eksperyans benediksyon Ekspyasyon Jezikri a mennen nou nan yon lafwa inebranlab. Yon lafwa inebranlab mennen nou nan yon anvi pou nou toujou rekonsilye avèk Bondye. Sa se yon modèl sikilè, oswa iteratif.

Frè m ak sè m yo, mwen envite nou pou nou rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a. Mwen temwaye ke lè nou fè ak kenbe alyans, sa ranfòse koneksyon nou avèk Sovè a, epi konsa sa ap evite nou vin mi pou destriksyon. Mwen temwaye ke rekonsilyasyon sa a avèk Bondye a, atravè Ekspyasyon Jezikri a, mennen nan yon lafwa inebranlab.

Mwen konnen Pè Selès la renmen ni ou ni mwen, e Li te voye Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, pou L te ka Sovè ak Redanmtè nou, ak gran Rekonsilyatè a. Mwen temwaye konsènan Jezikri, e mwen fè sa nan non Jezikri, amèn.