Konferans Jeneral
Epwouve epi Ranfòse nan Kris la
Konferans jeneral oktòb 2025


13:11

Epwouve epi Ranfòse nan Kris la

Moman eprèv yo se pa evidans ke Senyè a abandone ou. Okontrè, yo se prèv ke Li renmen w ase pou L rafine w ak fòtifye w.

Frè ak sè byenneme m yo, mwen santi amou Senyè a pandan nou reyini ansanm nan. Se avèk imilite m ap pale avèk nou. Mwen priye pou Lespri a pote bagay Senyè a ta vle nou tande yo nan kè nou, odela de pawòl m pral pale yo.

Sa gen lontan, m te chèche aprann fizik ak matematik nan ane m te nan inivèsite yo. M te santi m anba presyon. M te kòmanse santi m t ap eseye aprann yon bagay ki te depase m. Plis m te santi m anba presyon, se mwens m te santi m gen fòs pou m te kontinye eseye. Dekourajman m nan te fè m santi ke efò m yo te san rezilta. M te kòmanse panse pou m te sispann, pou m t al fè yon bagay ki te pi fasil.

M te santi m fèb. Pandan m t ap priye, m te santi asirans trankil Senyè a. M te santi L di m nan panse m, “M ap epwouve w, men, mwen avèk ou tou.”

Lèsa a, m pat konnen kisa tout pawòl sa yo te vledi. Men, m te konnen kisa pou m fè—m te deside travay.

Nan meditasyon ak travay nan ane suivan yo, m te vin konprann mesaj ankourajman sa a nan ekriti yo: “M ka fè tout bagay atravè Kris la ki ranfòse m nan.”

M te aprann ke difikilte m avèk fizik la te aktyèlman yon don Senyè a. Li t ap anseye m ke avèk èd Li, m te ka fè bagay ki te sanble yo enposib, si m te gen lafwa ke Li t ap la pou ede m. Atravè don sa, Senyè a t ap travay pou epwouve m ak ranfòse mwen.

Mo epwouve a gen plizyè siyifikasyon. Pwouve yon bagay se pa sèlman teste l. Se ogmante fòs li. Pwouve yon moso asye se mete l anba presyon. Chalè, pwa, ak presyon konbine, jiskaske vrè nati l amelyore ak revele. Asye a pa afebli anba eprèv la. Anfèt, li vin tounen yon bagay ou ka fè konfyans, yon bagay ki solid ase pou pote pigwo chay.

Seyè a epwouve nou nan menm fason an tou pou ranfòse nou. Eprèv sa a pa vini nan moman nou alèz oubyen konfòtab yo. Li vini nan momnan kote nou santi n ap rale plis pase sa nou te panse nou ta ka sipòte. Senyè a anseye ke nou dwe kontinye pwogrese epi pa janm bouke nan efò nou yo, pou nou pa janm lage, pou nou kontinye eseye.

Lè nou kontinye gen lafwa nan Jezikri—menm lè bagay yo ka sanble yo enposib pou nou nan moman an—nou vin pifò espirityèlman. Rejis ekriti sakre yo mete aksan sou verite sa a.

Pwofèt Mowoni, pa egzanp, te epwouve epi ranfòse nan fason sa a. Li te viv dènye ane l yo poukont li. Li te ekri ke li pa t gen zanmi, yo te touye papa l, pèp li a te detwi. Moun ki te vle pran lavi l yo t ap chèche l tout kote.

Malgre sa, Mowoni pa t dezespere. Okontrè, li te grave temwayaj li konsènan Jezikri a sou plak pou moun li pa t ap viv pou wè, ki enkli desandan pèp ki te vle touye l la. Li te ekri pou nou. Li te konnen ke kèk moun ta pral moke pawòl li yo. Li te konnen kèk moun ta pral rejte yo. Malgre sa, li te kontinye ekri.

Nan eprèv li a, lafwa Mowoni te rafine ak ranfòse. Li te vin pi pur. Pawòl li yo pote pouvwa yon moun ki te andire avèk fidelite jiska lafen. Nou ka santi pouvwa sa a lè n ap li temwayaj li.

“Kounyeya, mwen Mowoni, m ap ekri ti kras sa lide m di m; e m ekri frè m yo, Lamanit yo; e m ta vle yo konnen, plis pase katsan-ven ane te pase depi nou te gen siy ki te fè konnen Kris la ap vini an.

“Epi, m sele rejis sa yo, apre m te fin pale nou kèk pawòl egzòtasyon.

“Gade, m vle egzòte nou pou lè nou li bagay sa yo, si se volonte Bondye pou nou li yo, pou nou kapab sonje kòman Senyè a te gen mizèrikòd pou pitit lèzòm, depi nan kreyasyon Adan jouk nan lè n ap resevwa bagay sa yo, e pou nou medite l nan kè nou.

“Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.

“Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay.”

Temwayaj Mowoni te rafine nan solitid, men, li te briye avèk limyè pou gide tout jenerasyon k ap chèche Pè Selès nou an ak Sovè a, Jezikri.

Yon lòt pwofèt Liv Mòmon an, Jakòb, te epwouve epi l te ranfòse kòm yon timoun ki te fè eksperyans afliksyon ak anpil tristès. Men, papa l Leyi, te anseye l ke Bondye t ap beni l atravè eprèv li yo.

“Epi gade nan anfans ou, ou te soufri anpil afliksyon ak anpil tristès, poutèt britalite frè w yo.

“Poutèt sa, Jakòb, premye pitit mwen nan dezè a, ou konnen grandè Bondye; li pral konsakre afliksyon w yo nan avantaj pa w.

“Se poutèt sa, nanm ou pral beni, e ou pral rete nan sekirite avèk Nefi, frè w la; e jou w yo pral pase nan sèvis Bondye w la. Se poutèt sa, m konnen w rachte poutèt lajistis Redanmtè ou la; paske w te wè l vin pote sali pou lèzòm lè tan an rive.”

Pwofèt Joseph Smith te fè eksperyans eprèv ak ranfòsman konsa lè l te nan prizon Liberty a. Nan pwofondè angwas li, Pwofèt Joseph te kriye fò:

“O Bondye, ki kote ou ye? …

“Pandan konbyen tan w ap kache men ou?”

Senyè a te wè nan soufrans Joseph yo yon efè sanktifyan si l te andire byen lè Li te reponn:

”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

“Epi apresa, si ou te andire byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo.”

Pi gran egzanp sou ewpouve ak ranfòse a te rive atravè Ekspyasyon Sovè a. Li te pran peche mond la sou do Li. Li te sipòte doulè ak tristès nou yo. Li te bwè tas anmè a. Li te pwouve L fidèl nan chak moman.

Poutèt Ekspyasyon gloriye Li a, Jezikri ka ranfòse nou nan moman tribilasyon nou yo. Li konnen kouman pou L sekouri nou paske Li te santi tout difikilte nou ap janm santi nan mòtalite a. “Li pral pran doulè ak maladi pèp la sou Li … pou L ka konnen nan kò fizik la kouman pou L sekouri pèp Li nan enfimite yo.”

Sovè a nan Jetsemane

Nou aprann ke pandan L te nan Jaden Jetsemane a, Sovè a te mande Papa a si tribilasyon an te ka kite L—men, lè sa a, Li te di tou, si sete volonte Papa a, enben, Sovè a ap fè l. Otremandi, Sovè a te menm pote dout ak ensètitid, men, Li te gen lafwa nan Pè Etènèl Li a.

Frè m ak sè m yo, eprèv ak ranfòsman nou ka pa sanble avèk pa Moroni oswa Jakòb ni pa Pwofèt Joseph Smith yo. Men, l ap rive. Li ka vini trankilman, atravè tribilasyon lavi familyal yo. Li ka vini atravè maladi oubyen desepsyon oubyen lapenn oswa solitid.

Mwen rann temwayaj ke moman sa yo se pa prèv ke Senyè a abandone nou. Okontrè, yo se prèv ke Li renmen nou ase pou L rafine nou ak fòtifye nou. L ap fè nou vin fò pou nou ka pote pwa lavi etènèl la.

Si nou rete fidèl nan sèvis nou, Senyè a ap rafine nou. L ap fòtifye nou. Epi yon jou, n ap gade dèyè, n ap wè ke tribilasyon sa yo sete sete prèv amou Li. Nou pral wè ke Li t ap fòme nou pou nou kapab kanpe avèk Li nan laglwa. Jan apot Senyè a Pòl te deklare nan fen lavi l la, “M te fè yon bon batay, m fini kous pa m nan, m te kenbe nan lafwa.”

Mwen temwaye ke Bondye konnen ou. Li konnen tribilasyon w ap rankontre yo. Li avèk ou. Li p ap abandone ou. Mwen rann nou temwayaj ke Jezikri se Pitit Gason Bondye. Li se fòs nou, Redanmtè nou, espwa nou. Si nou fè L konfyans, L ap fè pouvwa espirityèl nou egal avèk chak tribilasyon nou aple pou nou travèse. Mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.