Non Yo Rele nou An
Kisa sa vledi pou yo rele nou pa non Kris la?
Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou ke si Senyè a t ap pale avèk nou dirèkteman, premye bagay Li t ap asire L ke nou konprann se vrè idantite nou: Nou se pitit Bondye, pitit alyans la, ak disip Jezikri. Nenpòt lòt deziyasyon pral yon desepsyon pou nou evantyèlman.
Mwen te aprann sa poutèt pa m lè pi gran pitit gason m nan te resevwa premye telefòn selilè li. Avèk gwo eksitasyon, li te kòmanse antre non fanmi l ak zanmi l nan kontak li yo. Yon jou, m te remake manman l t ap telefone l. Sou ekran an non ki te parèt la sete “Manman.” Sete yon chwa sanse ak diy—epi, m ap admèt, yon siy respè pou pi bon paran an nan fwaye nou an. Natirèlman, m te gen kryozite. Ki non li te ban mwen?
M te glise desann sou kontak li yo, lojikman m te asime si Wendi sete “Manman,” m ta dwe “Papa.” M pa t jwenn anyen. M te chèche “Papi.” Anyen toujou. Kiryozite m nan te vin tounen yon ti enkyetid. “Èske l rele m ‘Corey’?” Non. Nan yon dènye efò, m te panse, “Nou se jwè foutbòl—petèt li rele m ‘Pelé.’” Se sa m te swete. Finalman, m te rele nimewo l la mwenmenm, epi de mo te parèt sou ekran l lan: “Se Pa Manman”!
Frè m ak sè m yo, pa ki non yo rele ou?
Jezi te rele moun ki te suiv Li yo pa anpil non: Disip. Piti gason ak pitit fi. Pitit pwofèt yo. Brebi. Zanmi. Limyè Mond lan. Sen. Chak non sa yo pote siyifikasyon etènèl epi yo souliye yon relasyon pèsonèl avèk Sovè a.
Men, nan pami non sa yo, gen youn ki leve piwo pase rès yo— se non Kris la. Nan Liv Mòmon an, Wa Benjamen te anseye avèk pouvwa:
“Pa gen okenn lòt non k ap pote sali a; se poutèt sa, m ta renmen pou nou ta pran non Kris la sou nou, …
“Epi, se pral konsa, nenpòt moun ki fè sa li ap gen plas bò kote dwat Bondye, paske l ap konnen non moun k ap rele l; paske yo ap rele l nan non Kris la.”
Moun ki pran non Jezikri sou yo vin tounen disip ak temwen Li. Nan liv Travay la, nou li ke apre Rezirèksyon Jezikri a, temwen Bondye te chwazi yo te gen kòmandman pou yo te temwaye ke nenpòt moun ki ta kwè nan Jezi, ki batize, epi ki resevwa Sentespri a, ap resevwa remisyon pou peche li. Moun ki te resevwa òdonans sakre sa yo te rasanble ansanm avèk Legliz la, yo te vin disip, epi yo te rele yo Kretyen. Liv Mòmon an dekri kwayan nan Kris yo kòm Kretyen epi moun ki te fè alyans avèk Bondye yo “pitit Kris yo, pitit gason ak pitit fi li.”
Kisa sa vledi pou yo rele nou pa non Kris la? Sa vledi fè ak kenbe alyans, toujou sonje Li, kenbe kòmandman Li yo, epi “dispoze pou … sèvi kòm temwen Bondye tout tan ak nan tout bagay.” Sa vledi kanpe avèk pwofèt ak apot yo pandan y ap pote mesaj Kris la atravè mond lan—avèk doktrin, alyans ak òdonans li yo. Sa vledi tou pou nou sèvi lòt moun pou ede aleje soufrans, pou nou yon limyè, epi pou nou pote esperans nan Kris la bay tout moun. Natirèlman, se yon pwosesis tout yon lavi. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke “sa se yon eta ke okenn moun pa janm atenn nan yon grenn moman.”
Paske vwayaj disip la mande tan ak efò pou bati “liy apre liy, presèp apre presèp,” li fasil pou nou rete bloke nan tit mond la ba nou yo. Bagay sa yo sèlman pote valè tanporèl epi yo pap janm ase poukont yo. Redanmsyon ak bagay letènite yo sèlman “vini nan e atravè Mesi ki Sen an.” Se poutèt sa, suiv konsèy pwofèt yo pou fè zafè disip la vin yon priyorite alafwa apwopriye ak saj, espesyalman nan yon epòk ki sitèlman gen anpil vwa ak enfliyans ki an konpetisyon. Sa sete pwen santral konsèy Wa Benjamen an, lè l te di, “M ta renmen nou sonje pou nou toujou kenbe non [Kris la] ekri nan kè nou, … pou nou tande e pou nou konnen vwa k ap rele nou an, e nan non yo pral rele nou an.”
M te wè sa nan pwòp fanmi pa m. Gran gran-papa m, Martin Gassner, te chanje ajamè akoz yon prezidan branch enb ki te reponn a apèl Sovè a. An Almay an 1909, epòk la te difisil, epi te manke lajan. Martin te travay kòm yon fòjewon nan yon faktori fabrikasyon tiyo. Li te admèt ke, chak fwa li te touche, prèske tout lajan an te fini nan bwè, fimen, ak achte bwason pou zanmi l yo. Madanm li te avèti l ke si l pat chanje, li t ap kite l.
Yon jou, zanmi ak kanmarad travay Martin an te rankontre l sou wout boutik la avèk yon bwochi relijyon chifonnen nan men l. Li te jwenn ni nan lari a epi li te di Martin ke l te santi yon bagay apre l te fin li bwochi a ki te rele Was wissen Sie von den Mormonen?, ki vledi Kisa W Konnen Apwopo Mòmon yo? Mwen sèten ke tit sa a chanje kounyea.
Adrès ki te ekri sou do liv la te ase lizib pou moun te dechifre kote legliz la te sitiye. Legliz la te a yon distans konsiderab, men, yo te anime pa sa yo te li a epi yo te deside pran tren an nan jou Dimanch sa a pou yo t al envestige. Lè yo te rive, yo te wè adrès la se pa t legliz yo te atann yo a, men, sete yon mezon fineray. Martin te ezite—paske reyèlman, yon legliz nan yon mezon finèb twò sanble avèk yon bagay ki fè moun sispèk.
Men, nan etaj anlè a, nan yon espas ke yo te lwe, yo te jwenn yon ti gwoup Sen ki te rasanble. Yon mesye te envite yo nan yon reyinyon temwayaj. Lespri a te touche Martin epi temwayaj senp, sensè yo te tèlman enpresyone l ke li te rann temwayaj pa l. Epi sete la a, nan espas enkwayab sa a, ke li te di li te deja konnen sete verite.
Apresa, mesye a te prezante tèt li kòm prezidan branch la epi li te mande yo si yo t ap retounen. Martin te eksplike ke li rete twò lwen epi li pa gen mwayen pou l te vini chak semèn. Prezidan branch la te di l senpleman, “Suiv mwen.”
Yo te mache travèse kèk kafou al toupre yon faktori kote yon zanmi prezidan branch la t ap travay. Apre yon ti konvèsasyon, yo te ofri Martin ak zanmi l lan yon djòb. Apresa, prezidan branch lan te mennen yo nan yon bilding apatman epi l te sekirize kay pou fanmi yo.
Tout bagay sa yo te rive nan anviwon dezèdetan. Martin ak fanmi l te demenaje nan semèn apre a. Sis mwa apre, yo te batize. Martin yo te rekonèt yon fwa kòm yon moun sou san esperans la te vin tounen yon misyonè zele pou nouvo lafwa l la, sitèlman ke moun nan vil li yo te kòmanse rele l avèk afeksyon “prèt la.”
Kanta prezidan branch la, m pa ka di nou non li—idantite li te vin pèdi apre yon tan. Men, m rele l yon disip, anbasadè, Kretyen, yon bon Samariten, ak zanmi. Nou santi enfliyans li menm 116 ane apre, epi m kanpe sou zèpòl disip li te ye a.
“Gen yon pwovèb ki di ou ka konte grenn ki nan yon pòm, men, ou pa ka konte pòm ki soti nan yon sèl grenn.” Semans prezidan branch lan te plante a te pwodui fwi ki pa ka konte. Li pa ta konnen ke 48 ane apre, plizyè jenerasyon nan fanmi Martin, sou toulède bò vwal la, t ap sele nan tanp Bern nan Suis la.
Petèt, pi gwo diskou yo se pa sa nou janm tande yo, men, se sa nou wè nan aksyon ak akonplisman trankil ak modès ke nou obsève nan lavi moun òdinè k ap eseye vin tankou Jezi yo, k ap mache toupatou ap fè byen. Sa prezidan branch lan te fè a pa t fè pati yon lis pou tcheke. Li te senpleman pratike levanjil la jan sa dekri nan liv Alma a: “Yo pat ranvwaye pèsonn … ki te grangou, ni moun ki te swaf, ni moun ki te malad, … yo te sèvi tout moun menmjan, ni granmoun ak jèn moun, … ni gason ak fi.” Epi gen yon pwen nou pa dwe neglije, yo pat ranvwaye onkenn moun “ni moun ki nan legliz ak moun ki pat nan legliz.”
Moun ki pran non Kris la sou yo, yo rekonèt yo, jan Joseph Smith te di a, kòm ”Yon moun ki ranpli avèk lanmou Bondye, pa sèlman kontan pou beni fanmi l sèlman, men li vwayaje tout kote nan mond lan, enpasyan pou l beni tout ras imen an nèt.”
Se konsa Jezi te viv. Anfèt, Li te tèlman fè anpil bagay ke disip Li yo pa t ka ekri yo tout. Apot Jan te ekri: “Gen anpil lòt bagay Jezi te fè tou, si yo chak ta ekri, m sipoze menm mond la pa tap ka kenbe kantite liv ki tap ekri yo.”
An nou fè efò pou nou suiv egzanp Kris la, pou nou fè byen epi pou nou fè lavi disip nou vin yon priyorite tout yon lavi pou ke chak fwa nou rankontre lòt moun, yo ka santi amou Bondye ak pouvwa konfiman Sentespri a. Lèsa a, nou ka ini avèk gran gran-papa m avèk dèmilyon lòt gason ak fi ki te deklare, tankou Andre, disip la, “Nou jwenn Mesi a.”
Alafen, se pa mond lan ki defini idantite nou. Men kondisyon disip nou defini atravè òdonans nou resevwa yo, alyans nou kenbe yo, ak amou nou montre pou Bondye ak pou pwochen nou nan senpleman mache ap fè byen. Jan Prezidan Nelson te anseye a, reyèlman nou se pitit Bondye, pitit alyans lan, disip Jezikri.
Mwen temwaye ke Jezikri vivan epi Li te rachte nou. Se Limenm ki te di, “Mwen rele nou nan … non nou; nou se pou mwen.” Nan non Jezikri, amèn.