Resevwa Kado Li a
Ou se pitit fi byenneme Bondye, ou se pitit gason cheri Bondye, e Li fè w don Pitit Gason Sen pafè Li a.
Bay Kado
Bay kado se yon koutim sosyal ki etann sou tout kilti, sivilizasyon, ak milenè. Atravè tan yo, moun bay lòt kado pou ranfòse relasyon yo, pou eksprime lanmou ak rekonesans, ak make evenman enpòtan tankou maryaj, anivèsè nesans ak vakans. Men se pa sèl imen nan kreyasyon Bondye yo ki konn bay youn lòt kado! Pami anpil lòt egzanp nou ta ka site, pengwen yo koni nan bay fiti konjwen yo yon pyè briyan, epi bonobos yo (menm fanmi avèk chenpanze) bay fui pou elaji sèk amitye yo.
Ki kado ou konn bay? Panse a yon lè kote ou te resevwa—oswa ou te bay—yon kado pafè a yon moun ou renmen. Ou jis te konnen kado a sete egzakteman sa moun ou renmen an te vle ak yon bagay yo t ap bay valè. Kisa kado a te ye? Èske sete pou manman w? yon zanmi? yon timoun? yon granpapa? Kijan w te santi w lè w te jwenn kado sa a? Kijan w te santi a lè w te panse avèk moun ou renmen sa a k ap ouvri kado a? Menm jan tou, kilè yon moun te ba ou yon kado pafè, e kijan w te santi w lè w te resevwa l?
Kado Papa m Ban mwen
Lè m te gen apeprè setan, epi m t ap viv avèk paran m nan Arabie, yon film pou timoun ki te rele Chitty Chitty Bang Bang te parèt. Film nan se osijè yon machin majik ki te kondui poukont li, navige sou dlo, e menm vole! Mwen te konnen ke lakay mwen an Angletè yo te fè yon ti machin jwèt tankou Chitty Chitty Bang Bang lan, e oh, jan m te bezwen youn! Ou te kapab rale yon levye epi zèl machin jwèt la t ap ouvè! Papa m te ale nan yon vwayaj biznis an Angletè epi li te mande m si m te vle li pote yon bagay pou mwen, e mwen te di l jan m ta renmen genyen youn nan machin Chitty Chitty Bang Bang yo.
Li te retounen soti nan vwayaj la, e pa t gen okenn machin. Mwen te vrèman tris e m te panse ke l dwe te bliye. Men, nan 10 jou apre sete fèt mwen, epi yon ti pake, vlope byen bèl t ap tann mwen. Avèk anpil enpasyans, san m pa t mete twòp espwa, mwen te ouvri kado a e mwen te jwenn machin mwen an. Mwen te sitèlman kontan ke m te kriye. Mwen te rale levye a epi zèl yo te soti, menmjan ak machin nan film nan! Ala m te remèsye papa m pou gwo kado anpil valè sa a. Mwen te jwe avèk machin sa a pandan dèzane e mwen te sere l pou anpil lòt ane. Mwen panse papa m te kontan ban m machin sa a otan ke ke m te kontan resevwa l la.
Bay, Aksepte ak Ouvri, ak Resevwa
Nou ka panse a bay kado kòm yon bagay ki gen twa pati ladann.
-
Bay kado a, kote donatè a seleksyone, fè, oswa prepare kado a epi prezante l bay moun li renmen an. Sa mande bonjan entansyon bòkote donatè a pou l bay yon bagay ki gen valè.
-
Aksepte ak ouvè kado a, lè resipyan an aksepte kado a nan men donatè a — souvan avèk ekspresyon sipriz, rekonesans, ak eksitasyon—anvan l ouvèl, pafwa pou l demare ne a epi devlope pake a pou l wè kisa kado a ye.
-
Epi apresa genyen petèt pati ki pi enpòtan an resevwa kado a. Resevwa yon kado ki bay sensèman se plis pase aksepte l ak ouvè l. Se menm plis pase rekonèt valè kado a ak eksprime rekonesans pou donatè a. Pou nou vrèman resevwa yon kado, nou dwe rekonèt valè li pou tèt pa nou, itilize l konplètman nan lavi nou, epi sonje donatè a avèk rekonesans
Resevwa yon kado se pa yon bagay ala lejè men se yon pwosesis volontè ak enpòtan ki ale pi lwen pase jis ouvè yon pake. Resevwa se apresye epi konekte alafwa avèk kado a ak kè donatè a nan yon fason k ap ranfòse lyen ant donatè a ak resipyan an. Lè m ap panse avèk machin jwèt sa a, sa pote yon pakèt souvni presye, kote yon fwa ankò mwen santi pwofon lanmou ak atansyon papa m pou mwen, ki te reprezante pa kado sa a ak anpil lòt aksyon plen jenewozite.
Kado Papa nou ki nan Syèl la
Papa nou ki nan Syèl la gen kado limyè ak verite inonbrab Li prepare pou vide sou nou chak, pitit Li renmen anpil yo. Yo devèse sou nou soti nan men Donatè plen Jenewozite nou an tankou yon sous k ap koule nan dezè a soti nan kè byenveyan Li. “Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè.” Nan lyen alyans nou avèk Papa a, Li toujou donatè a e nou se enb resipyan an.
Pigwo nan Tout Kado Papa a, Kote Tout Lòt Yo Soti
Men nou pa t ap ka resevwa anyen san pigwo nan tout kado Papa a, Anyo Byenneme Li a, Pitit Gason L lan, Jezikri. Tout kado Papa a devèse epi aktive pa ofrann volontè Sovè nou an nan Jetsemane a ak sou kwa a ak Rezirèksyon triyonfan Li a. Jezikri, Redanmtè mizèrikòdye nou an, se kado siprèm Papa limyè nou an banou. “Nan don Pitit Gason L la, Bondye te prepare [pou nou] yon mwayen pi ekselan”
Yon Kado Verite Etènèl ki AnglobeTout Lòt
Mwen ta renmen pale de yon kado verite etènèl ki anglobe tout lòt, ki apiye kapasite nou pou nou resevwa tout lòt bagay Papa a vle banou—yon kado presye ki, lè nou aksepte l totalman epi nou resevwa l byen fon nan nanm nou, ede nou mete an kontèks lajwa ak difikilte lavi yo ak kesyon san repons nou yo: Ke nou se reyèlman pitit Bondye. Verite sa a ekstraòdinè! Grandyoz! E li pa figiratif.
Imajine ke se premye fwa w ap tande sa! Ou se reyèlman pitit fi cheri Li. Ou se reyèlman pitit gason presye Li. Epi chemen w ye a se plan plan bonè Li a. Avèk lanmou omnisyan Li, Li konnen egzakteman kiyès ou te ye anvan yo te voye w sou tè a ak ki eksperyans ou viv jiskaprezan nan lavi mòtèl ou, e Li mizèrikòdman planifye chak nan demen w yo. Epi, oh, ala L ap tann pou yon jou ou retounen vin jwenn Li, pou w resevwa objektif siprèm tout bèl kado L yo, ki se lavi etènèl avèk Li.
Kesyon an se pa si kado verite sa a reyèl, men se si n ap dekouvri l epi resevwa li. Papa a deja vide kado a sou nou. Sovè a deja peye pri pou objektif final kado a. Men, ann di ke, si y ap ansenye w verite sa a, epi w ap repete l, epi chante l depi dèzane, petèt ke gwo emèveyman l lan fane lontan epi ou pa santi pouvwa l ak lapè l la ankò.
Men si kado inestimab konpreyansyon sa a —ak tout bonte, lapè, ak lespwa k ap koule soti nan li a—rete san aksepte, san ouvè, ak san resevwa, ala yon terib gaspiyaj pou nou! Ala yon tristès pou Donatè a! “Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon kado, epi li pa resevwa kado a? Gade, li pa rejwi nan bagay yo ba li a, ni moun ki bali l la pa rejwi tou.”
Mwen envite w pou ke, oubyen pou lapremyè fwa, oubyen avèk yon entansite nouvo, ou resevwa reyalizasyon mayifik ke ou se reyèlman yon pitit byenneme Bondye a. Ou dwe defèt ne a, dechire papye anbalaj la, ouvri bwat la, epi prese resevwa, avèk imilite ak rekonesans, yon vrè konpreyansyon pur sou verite fondamantal sa a. Sentespri a kapab temwanye nan kè ou ke reyèlman ou se yon pitit Trè Wo a..
Lè w akeyi verite majestye sa a nan nanm ou epi ou santi alafwa rekonfò ak eksitasyon li, tout pèspektiv ou ap chanje! Ou kapab santi lanmou Li, tande vwa Li, epi rekonèt men Li, peenpòt sa k ap rive oswa sa k p ap rive nan lavi ou. Ou kapab redefini fason ou wè tèt ou ak lòt moun. Lyen alyans ou avèk Sovè w la vin pi solid, epi atravè linèt bèl kado sa a, lavi a pran yon nouvo ekla, yon nouvo bote, ak lespwa.
Tanpri, èske w ap priye pou w konprann si w ap vrèman resevwa konesans transfòmatif sa a byen fon nan nanm ou? Èske w ap aksepte kado a? Èske w ap fè sa yon fason pi pwofon, ak plis libète, pi plis ke ou pa t jan m te fè oparavan—e pandan wap fè sa a, ou ka resevwa tout lòt kado ki vini avè l yo?
Resevwa Kado Verite Etènèl sa a.
Ou siman ap panse, “Kisa m dwe fè pou m resevwa kado sa a nan men Bondye?” Ebyen, aktyèlman, anyen. Se yon kado Donatè a bay. Se tou senpleman yon reyalite. Jis aksepte li. Ou se pitit Li. Li renmen ou anpil. Pa konplike sa. Pa bloke resevwa kado sa a avèk panse ke, nan yon fason, ou pa merite l. Reyalite a sèke nou youn pa “merite”—tout kado Papa a, nou resevwa yo sèlman atravè merit, mizèrikòd ak gras Mesi ki Sen an, men ala tann kè plen jenewozite L la ap tann pou chak pitit Li yo resevwa yo! Epi, pandan nouvo konpreyansyon oswa konpreyansyon renouvle w sa a ap vin evidan pou ou, rejwi pandan w ap remèsye Donatè kado sa a.
Depi lè m te jwenn lafwa mwen nan mitan 20 tèn mwen an, mwen te vin reyalize ke m se reyèlman yon pitit gason Bondye. Plis mwen antre kado sa a totalman andedan mwen, se plis mwen konnen egzakeman kiyès mwen ye ak kijan yo totalman renmen mwen. Kèk nan bagay ki te ede m grandi nan konpreyansyon m se pawòl ekriti yo, benediksyon patriyakal mwen, adorasyon nan tanp, sèvi lòt moun, ak priyè sakre avèk Papa mwen. Mwen emèveye sou fason soufrans, lapenn, ak chagren m te travèse nan lavi m yo t ap transfòme, apeze, ak simonte anpati si m te konnen bèl verite sa a pi bonè.
Vin jwenn Kris la epi Resevwa
Mowoni egzòte nou pou nou “pa nye don Bondye yo,” men pou nou “vini jwenn Kris la, epi pou nou kenbe tout bon don.”. Ou kapab vini jwen Kris la avèk konfyans nan bonte Li epi resevwa tout kado lajwa, lapè, lespwa, limyè, verite, revelasyon, konesans ak sajès Li yo—avèk tèt ou leve byen wo, bra w lonje, epi men w ouvè pare pou w resevwa yo. Epi ou kapab resevwa kado sa yo paske ou an sekirite epi byen anrasinen nan konesans ke w se yon pitit fi byenneme Bondye, ou se yon pitit gason cheri Bondye, epi Li fè w kado Pitit Gason sen ak pafè Li a pou rachte ou, jistifye ou, ak sanktifye ou.
Ou se yon pitit Bondye. Se pa jis yon bèl chan ke nou chante. Silvouplè èske w ap aksepte, ouvè, epi resevwa kado konesans ak konpreyansyon sa a nan men Li? Èske w ap kenbe l pre w tankou trezò presye li ye a? Resevwa kado sa a ankò oubyen, petèt resevwa l reyèlman pou lapremyè fwa, epi kite l transfòme chak aspè nan lavi ou. Sa se mwayen ki pi ekselan Bondye prepare pou ou atravè kado Pitit Gason L la. Ou fèt pou w ka gen lajwa! Nan non Jezikri, amèn.