“Retounen vin jwenn Mwen … pou M Kapab Geri Nou”
Gen rejwisans nan syèl la pou moun ki retounen yo. Li pa twò ta pou w retounen.
Yon fwa nou te viv nan yon kay ki te antoure avè pyebwa majestye. Bò kote antre a te gen yon bèl pye ‘saule’. Nan yon nuit tris, yon gwo tanpèt te pase, epi bèl pye saule la te tonbe. Li te kouche atè a avèk rasin li rache e se te yon spektak byen tris.
Mwen te pare pou m te demare si elektrik la epi koupe pyebwa a pou m te ka fè l tounen bwa pou dife lè vwazen nou an te kouri vin stope mwen. Li te reprimande m paske m pa t bay pyebwa a yon chans epi li te mande m avèk ensistans pou m pa t koupe li. Apresa, li te montre m yon rasin ki te toujou anba tè a epi li te di m si nou redrese pyebwa a, koupe branch li yo, epi nouri li, rasin yo ap repouse ankò.
Mwen te yon tijan ensèten e m te gen dout sou kijan yon pyebwa ki si klèman te tonbe atè e nan pwoblèm, ta ka menm siviv epi vin gen lavi ankò. Mwen te panse ke menm si li te kòmanse grandi ankò, li siman pa t ap reziste anba pwochen tanpèt la. Men, paske m te konnen vwazen m te kwè ke pyebwa a te gen yon fiti, nou te suiv plan an.
Epi rezilta a? Apre yon sèten tan, nou te wè siy lavi amezi pyebwa a te kòmanse ap pran rasin. Kounyea, 12 ane apre, pyebwa a vibran ak plen lavi, avèk rasin solid, epi yon fwa ankò li ap kontribye nan bote peyizaj la.
Lè m ap rankontre Sen yo nan tout mond lan, mwen toujou raple m de pyebwa sa a ak jan gen lespwa menm lè tout bagay sanble l pèdi. Kèk nan yo te gen temwayaj de levanjil la ki te solid ak vibran tankou pyebwa sa a. Epi, pou rezon vrèman pèsonèl, temwayaj yo te vin febli, sa ki te fè yo pèdi lafwa yo. Gen lòt ki rakwoche yo a pi piti nan rasin yo ki plante nan tè levanjil la.
Epoutan, ankò e ankò, mwen enspire pa istwa si anpil nan yo ki chwazi renouvle angajman yo kòm disip epi retounen nan fwaye yo nan Legliz la. Olye yo rejte lafwa ak kwayans yo tankou bwadife san valè, yo reponn pito a enspirasyon espirityèl ak envitasyon plen lanmou pou yo retounen yo.
Mwen te asiste yon konferans pieu nan Kore kote yon manm ki te retounen te pataje bagay sa a: “Mwen remèsye frè yo pou dispozisyon yo pou yo te aksepte mank lafwa mwen ak feblès mwen, epi dèske yo te lonje lamen ban mwen, ak pou manm ki toujou janti avèk mwen yo. Mwen ankò gen anpil zanmi bò kote m ki inaktif. Sa dwòl, men yo chak di lòt pou yo retounen Legliz la pou retwouve lafwa yo. M panse petèt yo tout gen anvi retwiyve lafwa.”
Tout moun ki gen anvi retwouve lafwa, mwen envite nou pou nou retounen. Mwen pwomèt nou ke lafwa nou kapab fòtifye lè nou rekòmanse adore ankò avèk Sen yo.
Yon ansyen misyonè ki te soti an Afrik te ekri yon gwo dirijan nan Legliz la, pou l te eskize li epi mande padon paske youn nan ansèyman l yo te fè l santi l ofanse, sa ki te lakoz li te kite Legliz la. Li te eksprime avèk imilite: “Malerezman, lefètke mwen te pran ofans sa 15 ane a fè m peye yon pri ki vrèman lou. Mwen te pèdi anpil—pi plis pase sa m te janm imajine. Mwen pwofondeman anbarase pou mal mwen te petèt lakoz sou chemen an, men plis pase tout lòt bagay, mwen kontan dèske m jwenn chemen m pou m retounen.”
Tout moun ki rekonèt sa yo pèdi, nou envite ou pou w retounen pou w ka yon fwa ankò goute fwi lajwa levanjil la.
Yon sè nan Etazini te kite Legliz la pandan anpil ane. Istwa retou li gen ladan yon gwo leson pou paran ak manm fanmi ki gen angwas pou moun yo renmen ki elwaye yo. Li te ekri:
“M kapab fè yon lis rezon ki fè m te abandone Legliz la, levanjil la, e nan yon sans, fanmi mwen. Men yo vrèman pa gen enpòtans. M pa t pran yon sèl gwo desizyon pou kite Legliz la—Mwen te petèt fè mil chwa. Men yon bagay mwen te toujou konnen sèke paran mwen te pran yon gwo desizyon, epi yo te kenbe li. Yo te deside renmen mwen.
“Mwen pa t ka posibman rive konnen ki kantite fwa yo te kriye, konbyen nuit san somèy, ni ki kantite priyè siplikasyon yo te fè pou mwen. Yo pa t kritike m nan peche m ye; okontrè, yo te rele m pou m soti nan peche Yo pa t fè m santi m endezirab lakay yo ak nan reyinyon fanmi yo; si m te gen santiman konsa se nan mwen yo te soti. Okontrè, yo te kontinye akeyi mwen. Yo dwe te wè limyè mwen k ap fennen a mezi tan t ap pase. Men yo te konnen moun mwen te ye lontan an sete jis yon lonbray moun mwen te gen pou m devni an.
“Tankou jan wout mwen pou m kite Legliz la te konplèks la, konsa retou a te ye tou. Men yon bagay ki pa t difisil nan retounen an sete santiman ke m te tounen lakay kote mwen te apateni an.”
Mesaj mwen jodia se pou tout moun ki yon fwa te santi Lespri a men ki doute si gen yon chemen retou oswa yon plas pou yo nan Legliz retabli Jezikri a. Li pou nenpòt moun tou ki apèn ap kenbe sou chemen an oswa ki tante pou yo abandone.
Mesaj sa a se pa yon defi, epi se pa yon kondanasyon. Se yon envitasyon, prezante avèk lanmou ak yon anvi sensè pou akeyi w nan fwaye spirityèl ou.
Mwen te priye pou w ka santi temwayaj Sentespri a pandan w ap tande envitasyon plen lanmou sa a ak pwomès mayifik Sovè nou an, Jezikri:
Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, epi repanti pou peche nou yo, epi konvèti, pou m kapab geri nou?”
Chak semèn gen anpil moun k ap reponn envitasyon Sovè a nan rejwenn stati disip yo ak retounen aktif nan Legliz la, pou trankilman ak enbleman chèche jwenn gerizon Jezi pwomèt la. Epi, kontrèman a pawòl ki dèfwa ap sikile yo, yon gran kantite jèn moun chwazi rete fèm epi grandi lafwa yo nan Jezikri.
Lè kèk nan disip Jezi yo nan Kapènawòm te twouve ke ansèyman L yo te difisil epi yo te chwazi abandone, Jezi te vire gade Apot Li yo epi Li te mande yo, “Noumenm, nou pa vle ale tou?”
Sa se kesyon nou chak dwe reponn lè n ap fè fas a moman eprèv endividyèl nou yo. Repons Pyè te bay Jezi a etènèl ak retantisan: “Ki moun pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap bay lavi ki p ap janm fini an.”
Konsa pandan w ap konsidere envitasyon Sovè a pou w retounen jwenn Li a, kisa w aprann nan istwa pyebwa ki te tonbe a?
-
Chemen retou a souvan pa fasil ni konfòtab, men li vo lapenn. Lè pyebwa nou an te kanpe ankò a, nou te koupe tout branch li yo. Li pa t bèl. Noumenm tou nou ka santi nou vilnerab lè nou kite ansyen fason yo epi rejte ogèy nou. Konsantre lafwa ou nan Jezikri ak levanjil Li a—twon an ak rasin yo—ap ba ou espwa ak kouraj pou w pran premye pa są a pou w retounen.
-
Sa te pran plizyè ane anvan pyebwa nou an te rejwenn fòs ak bote dantan li. Kounyea li menm pi solid ak pi bèl pase sa l te ye anvan an. Rete pasyan pandan lafwa ak temwayaj ou ap grandi tou. Sa enkli pa pran ofans poutèt komantè ireflechi tankou “Kote w te ye pandan tout ane sa yo?”
-
Pyebwa a pa t ap janm siviv san swen ak nouriti konstan. W ap nouri lafwa ak temwayaj ou lè w patisipe nan festen sou tab sentsèn nan chak semèn epi adore nan kay Senyè a.
-
Jis tankou pyebwa a te bezwen solèy pou branch ak fèy li yo te grandi ankò a, se konsa tou temwayaj ou pral grandi lè ou rete sansib a santiman ak temwayaj Lespri a. Aprann de Amilèk, ki te dekri tan li kòm yon manm inaktif la konsa, “Yo te rele m anpil fwa e m pa t tande.”
-
Vwazen m nan te konnen kisa pyebwa a te kapab devni ankò. Konsa tou Senyè a konnen potansyèl divin ou ak kisa lafwa ak temwayaj ou kapab devni. Li p ap janm abandone ou. Atravè Ekspyasyon Jezikri a, tout sa ki brize kapab repare.
Mwen temwaye ke ap gen rejwisans nan syèl la pou moun ki retounen yo. Nou bezwen ou, e nou renmen ou. Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou e ke L ap beni tout moun ki retounen vin jwenn Li avèk pi gran lapè ak lajwa. Bra mizerikòd li pa kwaze, men yo ouvri ak lonje devan ou. Li pa twò ta pou w retounen. Ak tout lanmou nan kè nou, nou di w byenveni lakay ou. Nan non Jezikri, amèn.