Ou se Kris la
Matye 16:16
Nou vle timoun nou yo kwè nan Jezikri, apateni a Jezikri ak Legliz Li a atravè alyans, epi fè efò pou yo vin tankou Jezikri.
Lè pitit gason nou an te nan katriyèm ane, klas li a te fè yon imitasyon gouvènman kote kamarad klas Eli yo te chwazi l pou l sèvi antanke ke jij klas la. Yon jou, yon vrè jij nan 2yèm Distri a te vin vizite, li te mete rad ofisyèl li a sou Eli, epi apresa li te òganize yon seremoni prete sèman pou klas yo a. Sa te limen nan jèn nanm reseptif li a yon pasyon pou etidye dwa, ak pou Lejislatè a Limenm, Jezikri.
Apre plizyè ane dilijans ak efò, Eli te resevwa yon envitasyon pou yon entèvyou nan youn nan lekòl de dwa li te pi pito yo. Li te anonse, “Manman, yo te poze m 10 kesyon. Kesyon final la sete, ‘Ki kote ou puize bousòl moralite ou?’ M te di ke atravè listwa, limanite te elabore sistèm moralite nan fasone lavi yo sou tip modèl espesyal (archétype) . Modèl spesyal (archétype) moralite mwen eseye suiv pou fasone lavi m nan se Jezikri. Mwen te di si tout limanite te suiv ansèyman Jezikri yo ki nan Diskou sou Mòn nan, mond lan t ap vin pi bon, yon kote ki gen plis lapè.” Apresa entèvyou a te fini, epi li te panse nan tèt li, “Bon, rèv danfans mwen an kraze. Pa gen pèsonn nan mond inivèsitè a ki vle tande pale de Jezikri.”
De semèn apre, yo te admèt Eli epi yo te ba l yon bousdetid. Anvan li te angaje tèt li, nou t al vizite kanpus la. Lekòl dwa a te sanble avèk yon chato e li te chita anlè yon kolin ki bay sou yon bèl lak. Remakableman, pandan nou t ap travèse bibliyotèk mayifik la ak koulwa enpozan yo, nou te wè kèk vèti ki soti nan Diskou sou Mòn nan ki te ekri sou banyè ak enprime sou wòch.
Diskou sou Mòn nan se presizeman youn nan diskou pi remakab ki te janm delivre, pyonye nan ansèyman li yo. Pa gen okenn lòt diskou ki kapab ede nou pi byen konprann karatè Jezikri, atribi divin Li yo, ak objektif final nou pou vin tankou Li.
Yon lavi antanke disip Jezikri kòmanse nan fwaye nou—ak nan Primè kòmanse nan laj 18 mwa. Nou vle timoun nou yo kwè nan Jezikri, apateni a Jezikri ak Legliz Li a atravè alyans, epi fè efò pou yo vin tankou Jezikri.
Kwè nan Jezikri
Premyèman, kwè nan Jezikri.
Apre diskou sou pen Lavi a, “anpil nan disip [Senyè a]” te twouve li difisil pou yo aksepte ansèyman ak doktrin Li yo, epi yo “te fè bak, epi yo pa t mache avèk Li ankò.” Lè Jezi wè sa, li te poze douz disip yo yon kesyon ki bay kè sere: “nou prale tou?”
Pyè te reponn:
“Senyè, ki moun pou n al jwenn? se oumenm ki gen pawòl k ap bay lavi etènèl.
“… Nou kwè epi nou konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”
Jan Pyè te demontre, kwayans se “lè nou gen lafwa nan yon moun oubyen aksepte yon bagay kòm verite.” Epi pou lafwa nou sove nou, li dwe santre sou Senyè a, Jezikri. “Nou … egzèse lafwa nan Jezikri lè nou gen yon asirans ke Li egziste, yon konpreyansyon sou vrè karaktè ak nati Li, ak yon konesans ke n ap fè efò pou nou viv dapre volonte Li.”
Pwofèt byenenme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te deklare, “Lafwa nan Jezikri se fondasyon tout kwayans ak kanal pouvwa divin.”
Kijan nou ka ede timoun yo fòtifye kwayans yo nan Jezikri epi jwenn aksè a pouvwa diven Li? Nou pa bezwen gade pi lwen pase Sovè nou an.
“[Senyè a] te pale avèk pèp la, li te di:
“Gade, Mwen se Jezikri, …
“Leve epi avanse. …
“… foul la te avanse e yo te mete men yo bò kòt li, e yo te touche mak klou yo nan men l ak nan pye l; e yo te fè sa, yo te avanse yonn apre lòt … e yo te wè avèk je yo, e yo te touche avèk men yo, yo te konnen ak asirans, e yo te rann temwayaj, se te […] li menm.”
Mwen envite nou medite sou kisa sa ka sanble nan lavi yon jèn timoun. Èske yo tande temwayaj sou Jezikri ak levanjil Li a? Èske yo wè imaj sou ministè ak divinite Li ki enspire reverans ak adorasyon? Èske yo santi ak rekonèt lè Sentespri a k ap temwaye de reyalite L ak divinite Li? Èske yo konnen mesaj ak misyon Li?
Apateni a Jezikri ak Legliz Li a
Dezyèmman, apateni a Jezikri ak Legliz Li a.
Pèp wa Benjamen an te gen yon gwo chanjman nan kè yo epi atravè alyans yo, yo te dedye lavi yo pou fè volonte Bondye. Akoz de alyans yo te fè avèk Bondye ak Jezikri, yo te rele [yo] pitit Kris la, pitit gason ak pitit fi l.” Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou gen yon responsablite nan alyans nou pou nou bati wayòm Li a epi prepare pou retou Li.
Kijan nou kapab ede timoun yo fè ak kenbe alyans sakre? Nan apendis A ak B nan manyèl Vini, Suiv Mwenan, nou jwenn sijè konvèsasyon ak leson k ap ranfòse fanmi yo ak bay enstriktè yo ak dirijan yo responsablite sakre yo pou prepare timoun yo pou tout yon lavi sou chemen alyans Bondye a.
Vin tankou Jezikri
Twazyèmman, vin tankou Jezikri.
Nan Liv Mòmon an, Sovè a te avèti nouvo disip Li yo pou yo imite Li otan ke posib: “Ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen.”
Kijan nou kapab ede timoun ki batize ak konfime yo ranpli responsablite alyans yo pou yo rasanble tèt yo ak lòt moun pou Jezikri a? Lavi disip mande pou nou “fè … tout sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase.”
Lè n ap lonje envitasyon bay disip pi jèn Senyè a yo, tanpri pwofite de tout opòtinite pou dirije yo, gide yo, mache bòkote yo, epi ede yo jwenn Chemen an. Pale avèk timoun piti presye sa yo lè y ap prepare pou yo anseye, temwaye, priye, oubyen sèvi pou yo ka gen konfyans ak fè eksperyans lajwa ki genyen nan akonpli responsablite yo. Chèche metòd enspire pou ede yo vin konnen ke sa a se Legliz yo epi yo gen yon wòl vital pou yo jwe nan prepare pou retou Sovè a.
Lè Jezikri vin tounen fokis lavi nou, sa nou dezire, ak jan nou dezire l, change pou tout tan. Konvèsyon chanje tout bagay! Li chanje nati nou “pou nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.” Li chanje fason nou itilize tan nou, resous nou yo; sa nou li, gade, tande, ak pataje. Li menm chanje jan nou reponn nan yon entèvyou majistral, akamedik, detèminan pou karyè nou.
Nou dwe difize Limyè Jezikri a nan tout aspè nan lavi nou. Si nou pa p temwaye de verasite divinite premòtèl Li, misyon divin Li, ak Rezirèksyon Li ki eklate prizon an nan fwaye nou ak nan chak reyinyon nan Legliz sa a, enben, mesaj lanmou, sèvis, onètete, imilite, rekonesans, ak konpasyon nou an riske vin pa lòt bagay ke jis bèl diskou ankourajman pou yon lavi rasyonèl. San Jezikri, pa gen okenn pouvwa pou chanje, okenn objektif pou n aspire, e okenn fason pou konsilye defi lavi yo. Si nou vin neglijan nan lavi nou antanke disip Jezikri, sa gendwa vin katastwofik pou timoun nou yo.
Lè nou di timoun nou yo nou renmen yo, èske nou di yo tou ke Papa yo ki nan Syèl la ak Sovè a Jezikri renmen yo? Lanmou pa nou gendwa pote rekonfò epi enspire yo, men lanmou Yo kapab sanktifye, egzalte, epi geri.
Jezi sa a pa dwe yon Jezi fiksyon, oubyen yon Jezi senplifye, oubyen yon Jezi san kò, oubyen yon Jezi ensousyan, oubyen yon Jezi enkoni, men pito kòm yon Jezi glorifye, omnipotan, resisite, egzalte, diy pou adorasyon, plen pouvwa Sèl Pitit Byeneme Bondye a, ki gen pouvwa pou sove. Epi, menm jan yon jèn timoun nan Filipin te temwaye devan m avèk konviksyon yon jou, “Nou vo lapèn pou nou jwenn salisove!” Nan non sakre ak sen Limenm “ke Bondye te voye pou ofri [gran] ekspyasyon an,” Jezikri, amèn.