Konferans Jeneral
Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a Pote Sekou Siprèm nan
Konferans jeneral Avril 2025


14:16

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a Pote Sekou Siprèm nan

Lè nou vire jwenn Jezikri, Sovè mond lan, L ap sekouri nou anba tanpèt lavi yo atravè Ekspyasyon L lan.

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pote sekou siprèm anba eprèv n ap rankontre nan lavi sa a. Prezidan Russell M. Nelson te ban m tach pou m te konsakre Tanp Casper nan Wyoming lan nan fen ane pase a. Sete yon eksperyans pwofon, emosyonèl ak espirityèl. Li te mete an evidans wòl tanp yo jwe nan sekouri pitit Bondye yo atravè Ekspyasyon Sovè a.

Pieu yo nan distri Tanp Casper Wyoming nan enkli yon pòsyon nan santye ke pyonye Sen Dènye Jou yo te travèse ant 1847 ak 1868 yo. Lè m t ap prepare pou konsekrasyon tanp lan, mwen te reli yon pati nan istwa sou santye ki toutolon rivyè Platte la tou pre Casper epi ki kontinye jiska Salt Lake City. Santye a sete yon pasaj pou dè santèn milye imigran ki t ap vin nan Lwès yo. Mwen te konsantre prensipalman sou plis pase 60.000 pyonye Sen Dènye Jou yo ki te travèse wout sa a.

Pifò nan pyonye nou yo te vini nan charyo, men apeprè 3.000 te fè travèse a nan dis konvwa charyo a bra. Genyen uit nan konvwa charyo a bra sa yo ki te fè vwayaj konsiderab sa a avèk yon siksè remakab e san twòp moun mouri. Konvwa charyo a bra Willie ak Martin 1856 yo sete eksepsyon an.

Mwen te reli rapò sou konvwa charyo a bra Willie ak Martin yo soti moman kondisyon meteyolojik terib yo te kòmanse a. Mwen te vrèman pran konsyans de pwoblèm yo te konfwonte lè yo t ap travèse Rivyè Sweetwater, Martin’s Cove, Rocky Ridge, ak Rock Creek Hollow yo.

Charyo a bra pyonye ki nan nèj.

Between Storms (Nan Mitan Tanpèt), tablo Albin Veselka

Mwen potko janm antre andedan Tanp Casper a anvan konsekrasyon an. Lè m te rive nan antre a, atansyon m te imedyatman atire sou yon tablo orijinal charyo a bra ki rele Between Storms [Nan Mitan Tanpèt yo]. Sete klè ke entansyon tablo a se pa t pou l te dekri trajedi ki te rive yo. Pandan m t ap gade li, mwen te panse, “Tablo sa a kòrèk; pi gwo majorite pyonye nan charyo a bra yo pa t fè eksperyans trajedi.” Mwen pa t ka sispann panse ke sa se tankou lavi a an jeneral. Pafwa nou nan mitan tanpèt e pafwa nou nan mitan nyaj ak solèy.

Rivyè Sweetwater a.

Heaven’s Portal (Pòt Syèl la), tablo Jim Wilcox

Lè m te vire gade tablo orijinal la sou lòt mi an, ki rele Heaven‘s Portal [Pòtay Syèl la], mwen te reyalize ke bèl tablo ete sa a ki dekri sa ki te rele “Devil‘s Gate [Baryè Dyab la],” avèk Rivyè Sweetwater kalm ak klè a ki t ap travèse l la, te reprezante bote kreyasyon Senyè a, e pa jis difikilte pyonye yo te rankontre nan sezon ivè orib sa a.

Apresa mwen te gade devan m, dèyè biwo rekòmandasyon an, epi m te wè yon bèl tablo Sovè a. Sa te imedyatman pwodui santiman gratitid ki te irezistib. Nan yon mond ki gen gran bote, gen gwo difikilte tou. Lè nou vire al jwenn Jezikri, Sovè mond lan, L ap sekouri nou anba tanpèt lavi yo atravè Ekspyasyon L lan konfòm avèk plan Papa a.

Pou mwen, antre a sete yon preparasyon pafè pou sal òdonans tanp yo ki pèmèt nou resevwa òdonans egzaltasyon yo, fè alyans sakre, ak totalman aksepte ak fè eksperyans benediksyon Ekspyasyon Sovè a. Plan bonè Papa a baze sou sovtaj ekspyatwa Sovè a.

Eksperyans pyonye yo ofri Sen Dènye Jou yo yon tradisyon istorik san parèy ak yon eritaj espirityèl kolektif puisan. Pou kèk nan yo, migrasyon an te an preparasyon depi plizyè ane apre yo te fin fòse yo kite alafwa Missouri ak Nauvou. Pou lòt, li te kòmanse apre Prezidan Brigham Young te anonse pwojè charyo a bra a, kote entansyon an sete pou rann imigrasyon an pi aksesib. Charyo a bra yo te koute mwens lajan pase charyo ak bèf yo.

Yon misyonè nan Angletè, Millen Atwood, te di ke lè yo te anonse pwojè charyo a bra a, “li te gaye tankou yon dife nan zèb sèch, epi kè Sen ki te pòv yo te pouse kri lajwa ak kontantman.” Anpil te “priye epi jene jou apre jou, nuit apre nuit, pou yo te ka gen privilèj pou yo te ini avèk frè yo ak sè yo nan montay [yo].”

Pifò nan Sen ki te nan charyo a bra yo te travèse anpil difikilte men yo te evite gwo evenman trajik tou. Men gen de konpayi, konpayi Willie a ak konpayi Martin nan, ki te fè eksperyans gwo grangou, ekspoze anba gwo fredi, epi anpil te mouri.

Pifò nan vwayajè sa yo te kite Liverpool, Angletè, an Me 1856 sou de bato. Yo te rive nan kote yo t ap prepare charyo a bra yo nan Vil Iowa a an Jen ak Jiyè. Malgre avètisman, toulède konpayi yo te derape pou yo t ale nan Vale Salt Lake la twò ta nan sezon an.

Prezidan Brigham Young te premye aprann sitiyasyon periye konpayi sa yo jou 4 Oktòb 1856 la. Nan jou apre a, li te kanpe devan Sen yo nan Salt Lake City epi li te di, “Anpil nan frè ak sè nou yo aktyèlman nan plèn yo avèk charyo a bra, … e fòk nou mennen yo isit la; nou dwe voye asistans ba yo … anvan ivè a enstale.”

Li te mande evèk yo pou yo te bay 60 pè milèt, 12 charyo oswa plis, ak 12 tòn farin epi li te di, “Ale nan plèn yo, epi mennen moun sa yo vini kounyea.”

Kantite total pyonye ki te nan charyo a bra Willie ak Martin yo sete apeprè 1,100 moun. Anviwon 200 nan Sen presye sa yo te mouri sou wout la. San yon sovtaj rapid, plis ladan yo t ap peri.

Tanpèt ivè yo te kòmanse prèske de semèn apre premye sekouris yo te kite Salt Lake City. Istwa manm konpayi Willie ak Martin yo dekri difikilte devastan apre tanpèt yo te kòmanse. Rapò sa yo dekri gwo lajwa ki te genyen tou lè sekouris yo te rive.

Pou l dekri sèn arive yo a, Mary Hurren te di, “Dlo te koule nan je mesye yo, epi timoun yo te danse ak lajwa. Osito ke moun yo te rive kontwole santiman yo, yo tout te mete yo ajenou nan nèj la epi yo te bay Bondye remèsiman.”

De jou apre, konpayi Willie a te travèse pati ki te pi difisil sou wout la, yo te pase sou Rocky Ridge, nan yon tanpèt glase. Dènye moun yo te resi rive nan kan an 5:00 dimaten nan landemen. Trèz moun te mouri epi yo te antere yo nan yon fòs komen.

Jou 7 Novanm lan, konpayi Willie a te prèske rive nan Vale Salt Lake la, men jou maten sa a, te gen twa lòt moun ankò ki te mouri. De jou apre, konpayi Willie a te finalman rive Salt Lake, kote yo te resevwa yon bèl akèy epi Sen yo te resevwa yo lakay yo.

Menm jou sa a, konpayi Martin nan ki te ankò a 523 km sou wout la, te kontinye ap soufri anba fredi ak mank manje. Kèk jou anvan sa, yo te travèse Rivyè Sweetwater a pou yo te rive nan sa nou rele kounyea Martin’s Cove, kote yo te espere yo t ap jwenn pwoteksyon kont eleman yo. Youn nan pyonye yo te di, “Sete travèse rivyè ki te pi mal nan ekspedisyon an.” Kèk moun nan sekouris yo—tankou gran gran papa m, David Patten Kimball, ki te gen 17 ane sèlman, ansanm ak jèn zanmi l yo, “George W. Grant, Allen Huntington, Stephen Taylor, ak Ira Nebeker— te pase plizyè èdtan nan dlo glase a,” pou yo te ewoyikman ede konpayi an travèse rivyè Sweetwater a.

Byenke evenman sa a te atire anpil atansyon, lè m te aprann plis sou moun ki te pote sekou yo, mwen te reyalize ke yo tout t ap suiv pwofèt la epi yo te jwe yon wòl vital nan sove Sen ki te bloke yo. Tout moun sa yo te ewoyik, menmjan ak imigran yo.

Etidye istwa yo te fè m apresye relasyon presye ak vizyon etènèl alontèm pami imigran yo. John ak Maria Linford ak twa pitit gason yo te fè pati konpayi Willie a. John te mouri kèk èdtan anvan premye sekouris yo te rive. Li te di Maria ke l te kontan dèske yo te fè vwayaj la. Li te di, “M pap vivan lè nou rive Salt Lake, men oumenm ak pitit gason nou yo ap rive, e m pa regrèt anyen nou te travèse si pitit gason nou yo ka grandi epi elve fanmi yo nan Siyon.”

Prezidan James E. Faust te fè rezime mayifik sa a: “Nan efò ewoyik pyonye charyo a bra yo, nou aprann yon gran verite. Nou tout dwe pase anba yon dife rafinè, epi, sa ki ensiyifyan ak san enpòtans nan lavi nou yo ka fonn tankou debri epi rann lafwa nou klere, entak, ak solid. Sanble ke gen yon mezi total angwàs, chagren, e souvan gwo doulè pou chak moun, enkli moun ki ap sensèman chèche fè sa ki byen ak rete fidèl. Men, sa fè pati pirifikasyon pou nou kapab konnen Bondye pi byen an.”

Nan Ekspyasyon ak Rezirèksyon L lan ki fasone letènite a, Sovè a te kase “kòd lanmò, nan gen viktwa sou lanmò” pou tout moun. Pou moun ki repanti pou peche yo, Li te “pran inikite ak transgresyon yo sou tèt pa l, li rachte yo, epi li satisfè egzijans lajistis yo.”

San Ekspyasyon an, nou pa kapab sove tèt nou anba peche ak lanmò. Byenke peche ka jwe yon wòl siyifikatif nan eprèv nou yo, advèsite lavi yo agrave pa erè, move desizyon, move aksyon lòt moun, ak anpil bagay ki pa sou kontwòl nou.

Preche Levanjil Mwen an anseye: “Lè nou apiye sou Ekspyasyon Jezikri a, Li ka ede nou andire eprèv, maladi, ak doulè nou yo. Nou ka ranpli ak lajwa, lapè, ak konsolasyon. Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korèk atravè sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.”

Pandan sezon Pak sa a, konsantrasyon nou se sou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la. Ekspyasyon an pote lespwa ak limyè nan yon epòk ki pou anpil moun gendwa parèt sonb ak mizerab. Prezidan Gordon B. Hinckley te deklare, “Lè nou egzamine tout listwa, … pa [gen anyen] ki osi mèveye, osi majestye, ak osi grandyoz ke zak lagras sa a.”

M ap pataje twa rekòmandasyon mwen panse ki patikilyèman apwopriye pou epòk pa nou.

Premyèman, pa souzestime enpòtans ki genyen nan fè sa nou kapab pou sekouri lòt moun anba difikilte fizik ak sitou espirityèl yo.

Dezyèmman, aksepte Sakrifis Ekspyatwa Sovè a avèk rekonesans. Nou tout dwe efòse nou pou n eksprime lajwa ak bonè menm lè n ap fè fas ak difikilte lavi yo. Objektif nou ta dwe pou nou viv avèk optimis sou bò lari ki plen solèy la. Mwen obsève chè konpay mwen, Mary, ki fè sa pandan tout lavi li. Mwen apresye apwòch briyan ak edifyan li, menm lè nou t ap fè fas a pwoblèm atravè ane yo.

Twazyèm konsèy mwen se pou nou konsakre tan regilyèman pou nou fidèlman medite sou Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Gen anpil fason nou ka fè sa nan obsèvans relijye pèsonèl nou. Sepandan, li espesyalman enpòtan pou nou ale nan reyinyon sentsèn epi pran sentsèn nan.

Sa ki egalman enpòtan tou se ale nan tanp regilyèman kote sa posib. Tanp yo ofri yon rapèl kontinyèl sou Ekspyasyon Sovè a ak sa li simonte. Epi, pi enpòtan toujou, ale nan tanp pèmèt nou pote sekou spirityèl pou moun pa nou ki mouri yo ak pou zansèt nou ki pi elwanye yo.

Nan dènye konferans nou an, Prezidan Russell M. Nelson te mete aksan sou prensip sa a epi l te ajoute, “Benediksyon [tanp] yo … ede tou pou prepare yon pèp ki pral prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a!”

Nou pa dwe janm bliye sakrifis ak egzanp jenerasyon anvan yo, men adilasyon nou, apresyasyon nou, ak adorasyon nou dwe santre sou Sovè mond lan ak sakrifis ekspyatwa L la. Mwen temwaye ke kle plan bonè Papa a se Sakrifis Ekspyatwa ki te akonpli pa Sovè nou an, Jezikri. Li vivan epi L ap dirije Legliz Li a. Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pote sovtaj siprèm nan anba eprèv n ap fè fas yo nan lavi sa a. Nan non Jezikri, amèn.

Remak yo

  1. Tanp Casper Wyoming lan te konsakre jou 24 Novanm 2024.

  2. Mwen te aprann trajedi konpayi Willie ak Martin yo te travèse yo pandan m te trè jèn. Gran gran papa m, David Patten Kimball, te fè pati ekip ki te soti nan Vale Salt Lake la ke Prezidan Brigham Young te voye al pote Sen sa yo sekou. Gade Saints: The Story of the Church of Jesus Christ in the Latter Days [Istwa Legliz Jezikri a nan Dènye Jou yo], vol. 2, No Unhallowed Hand [Okenn Men Enpur], 1846–1893 [2020], 237.

  3. Albin Veselka, Between Storms, tablo orijinal nan Tanp Casper la nan Wyoming (gade “Casper Wyoming Temple Open House Commences,” Newsroom, Aug. 26, 2024, newsroom.ChurchofJesusChrist.org).

  4. “Nan bon tan ak nan move tan, Senyè, rete avè m!” (“Abide with Me! [Rete Avè m Aswè a]” Hymns, no. 166.

  5. Jim Wilcox, Heaven’s Portal, tablo orijinal nan Tanp Casper la nan Wyoming (gade “Casper Wyoming Temple Open House Commences,” newsroom.ChurchofJesusChrist.org).

  6. Joseph Brickey, Risen Hope, giclée tablo orijinal la (gade “Casper Wyoming Temple Open House Commences,” newsroom.ChurchofJesusChrist.org).

  7. William G. Hartley, “The Place of Mormon Handcart Companies in America’s Westward Migration Story,” The Annals of Iowa, vol. 65, nos. 2, 3 (Prentan/Ete 2006), 107–9.

  8. Millen Atwood, Deseret NewsNov. 26, 1856, 300; site nan Andrew D. Olsen, ak Jolene S. Allphin, Follow Me to Zion: Stories from the Willie Handcart Pioneers (2013), xi.

  9. Konvwa charyo Hodgetts ak Hunt yo te vwayaye bò kote konvwa Martin an epi yo te bezwen sekou tou.

  10. Pifò nan konvwa Willie a te kite Liverpool, Angletè, sou bato Thornton an jou 4 Me 1856. Pifò nan konvwa Martin an te kite Liverpool, Angletè, sou bato Horizon an jou 25 Me 1856.

  11. Gade “Handcart Camp Dedicated in Iowa as Historic Site,” Church News, 9 Out, 1980, 3, 5.

  12. Brigham Young, “Remarks,” Deseret News, Okt. 15, 1856, 252; ponktyasyon modènize.

  13. Brigham Young, “Remarks,” 252.

  14. Gade Olsen and Allphin, Follow Me to Zion, 217.

  15. Mary Hurren, nan Olsen and Allphin, Follow Me to Zion, 131.

  16. Jou 23 Jiyè 1994 la, Prezidan Gordon B. Hinckley te konsakre Moniman Rock Creek Hollow a epi li te rann omaj pou Sen fidèl yo ki te mouri nan vwayaj sou Rocky Ridge yo (gade “Trail of Handcart Pioneers Sanctified by Sacrifice,” Church News, 30 Jiyè, 1994, 8–9, 11). Prezidan Robert Scott Lorimer te akonpaye Prezidan Hinckley nan konsekrasyon an. Kòm prezidan pieu nan Pieu Riverton Wyoming nan, li te jwe yon wòl santral nan idantifye ak sipèvize aksyon istorik ak spirityèl pou moun moun ki te travèse trajedi sa yo.

  17. Gade jounal konvwa imigran James G. Willie a, Nov. 7, 1856, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  18. John Jaques, “Some Reminiscences,” Salt Lake Daily Herald, 15 Des. 1878, 1.

  19. Gade Saints [Sen yo], 2:237. Gran papa m, Crozier, pitit gason David Patten, te anseye m leson enpòtan. Li te mete aksan sou jan David t ap suiv pwofèt la, epi nou ta dwe suiv konsèy pwofèt la nan epòk nou.

  20. John Linford, nan Golden C. Linford, Linford Family Heritage (1995), 214; gade tou Val Parrish, “President’s Message,” Pioneer, vol. 71, no. 3 (Fall 2024), 1.

  21. James E. Faust, nan “Faith in Every Footstep: The Epic Pioneer Journey” (prezantasyon video nan konferans jeneral, 6 Avr. 1997), Ensign, Me 1997, 63.

  22. Mozya 15:8.

  23. Mozya 15:9; gade tou Alma 34:16.

  24. Gade Alma 22:12–15.

  25. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023), 56.

  26. Gordon B. Hinckley, “The Wondrous and True Story of Christmas,Liahona, Des. 2000, 4.

  27. Thomas S. Monson te anseye ak viv prensip sovtaj la (gade Teachings of Presidents of the Church: Thomas S. Monson [2020], 67–76).

  28. Russell M. Nelson, “Senyè a, Jezikri, Ap Vini Ankò,” Liahona, Novanm 2024, 121.