Konferans Jeneral
Èd Divin pou Mòtalite a
Konferans jeneral Avril 2025


14:41

Èd Divin pou Mòtalite a

Plan Pè Selès nou an founi èd pou gide nou atravè vwayaj nou nan mòtalite a.

I.

Atravè pwofèt Joseph Smith, Senyè a te revele anpil bagay konsènan lavi pre-terès nou. La, nou te egziste kòm pitit espri Bondye. Paske Bondye te vle ede pitit Li yo pwogrese, Li te deside kreye yon tè kote nou t ap ka resevwa yon kò, aprann atravè eksperyans, devlope kalite divin, epi teste nou pou wè si nou t ap kenbe kòmandman Bondye yo. Moun ki kalifye yo t ap gen “laglwa ajoute sou tèt yo pou tout tan ajamè” (Abraram 3:26).

Pou etabli kondisyon yo nan plan diven sa a, Bondye te chwazi Pitit Gason Literal Li a pou vin Sovè nou. Lisifè, ke altènativ li a ta pral detwi libabit lèzòm nan, te vin tounen Satan epi yo te “chase l desann.” Bani sou latè epi prive de privilèj lavi mòtèl la, Satan te gen pèmisyon pou l te eseye “twonpe ak avegle lèzòm, epi pou mennen yo kaptif selon volonte pa li, menm tout moun ki pa ta vle koute vwa [Bondye]” (Moyiz 4:4).

Li te esansyèl nan gran plan Bondye a pou pwogresyon mòtèl pitit Li yo pou yo fè eksperyans “opozisyon nan tout bagay.” (2 Nefi 2:11). Menmjan misk fizik lèzòm pa ka devlope oubyen antreteni san fè efò kont lwa pezantè a, se konsa tou devlòpman nan mòtalite a egzije pou lèzòm fè efò kont yon varyete opozisyon mòtèl. Bagay ki pi enpòtan pou devlòpman espirityèl se kondisyon pou nou chwazi ant byen ak mal la. Moun ki chwazi byen t ap pwogrese nan direksyon destine etènèl yo. Moun ki chwazi mal—jan tout moun t ap fè nan anpil tantasyon mòtalite a—t ap bezwen èd pou sove yo, ke Bondye emab planifye pou founi nou.

II.

Delwen, èd ki pi puisan Bondye nan mòtalite a sete lè Li te bay yon Sovè a, Jezikri, ki ta pral soufri pou peye pri ak ofri padon pou peche moun ki repanti yo. Ekspyasyon plen mizerikòd ak glorye sa a eksplike poukisa lafwa nan Senyè Jezikri se premye prensip levanjil la. Ekspyasyon Li a “reyalize rezirèksyon mò yo” (Alma 42:23), epi li “ekspye[pou] peche mond lan” (Alma 34:8), li efase tout peche nou repanti pou yo epi l bay Sovè nou an pouvwa pou sekouri nou nan enfimite mòtèl nou yo.

Sovè a, Jezikri.

Anplis efasman glorye peche ki fèt epi ki padone a, plan Papa eman nou an founi anpil lòt kado pou pwoteje nou, enkli pwoteje nou anba peche an jeneral. Lavi nou nan mòtalite a toujou kòmanse avèk yon papa ak yon manman. Ideyalman, yo toulède prezan, avèk don ki diferan pou gide devlòpman nou. San sa, absans yo fè pati opozisyon nou dwe simonte a.

III.

Plan Pè Selès nou an founi lòt èd pou gide nou atravè vwayaj nou nan mòtalite a. M pral pale sou kat ladan yo. Tanpri pa rete nan chif katmwen an, paske èd sa yo vini youn sou lòt. Men, gen lòt pwoteksyon mizèrikòdye anplis sa yo.

Premyèman, m ap pale de Limyè oubyen Lespri Kris la. Nan gran ansèyman nan liv Mowini an, Mowoni site ansèyman papa l la ke “Tout moun gen Lespri Kris la pou yo kapab konnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kòman pou nou jije” (Mowoni 7:16). Nou li menm ansèyman an nan revelasyon modèn yo.

“Epi Lespri a bay chak moun ki vini nan mond lan limyè; epi Lespri a klere chak moun nan mond lan, ki koute vwa Lespri a” (Doktrin ak Alyans 84:46).

“Paske m voye Lespri m nan mond lan pou klere moun ki gen imilite ak kè kontri, epi pou kondane ate yo” (Doktrin ak Alyans 136:33).

Prezidan Joseph Fielding Smith te ekspli8ke ekriti sa yo: “Senyè a pa kite lèzòm (lè yo fèt nan mond sa a) san èd, ap tatonnen pou yo jwenn limyè ak laverite, men, chak moun … fèt avèk dwa pou resevwa direksyon, enstriksyon, konsèy Lespri Kris la oubyen lLimyè Laverite a, kèkfwa ki rele Lespri Senyè a nan ekriti nou yo.”

Ap etidye ekriti yo.

Dezyèm gran asistans Senyè a bay pou ede nou chwazi sa ki byen se yon gwoup direksyon divin yo nan ekriti yo ki fè pati plan sali a (plan bonè a). Sa yo se kòmandman, òdonans, ak alyans.

Kòmandman yo defini chemen Pè Selès nou an trase pou nou pwogrese al nan lavi etènèl la. Moun ki imajine ke kòmandman yo se fason Bondye deside kiyès pou l pini yo pa rive konprann objektif plan amou Bondye sa a pou bonè nou an. Sou chemen sa a, nou gradyèlman akeri relasyon ki nesesè avèk Sovè nou an epi nou kalifye nou pou n benefisye yon ogmantasyon pouvwa Li pou ede nou sou chemen pou nou al nan destinasyon Bondye vle pou nou tout la. Pè Selès nou an vle pou tout pitit Li yo retounen nan wayòm selès la, kote Bondye ak Sovè nou an abite, epi pou nou gen kalite lavi moun ki rezide nan glwa selès sa yo.

Òdonans ak alyans yo fè pati lwa a ki defini chemen pou lavi etènèl la. Òdonans ak alyans sakre nou fè avèk Bondye atravè yo a se etap obligatwa ak baryè sekirite esansyèl sou chemen an. Mwen renmen panse a wòl alyans yo kòm yon bagay ki demontre ke nan plan Bondye a, li akòde pi gwo benediksyon L yo a moun ki pwomèt alavans pou yo kenbe sèten kòmandman epi ki kenbe pwomès sa yo.

Lòt èd Bondye-bay pou ede nou nan fè chwa ki bon se manifestasyon Sentespri a. Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Fonksyon Li, ki defini nan ekriti yo, se pou temwaye konsènan Papa a ak Pitit Gason an, pou anseye nou, pou mete tout bagay nan memwa nou, epi pou gide nou nan tout verite. Ekriti yo gen anpil istwa sou “manifestasyon” Sentespri a, tankou yon temwayaj spirityèl kòm repons a yon kesyon sou verasite Liv Mòmon an. Nou pa dwe konfonn yon manifestasyon avèk don Sentespri a, ke yo konfere sou nou apre batèm nan.

Youn nan èd Bondye ki pi siyifikatif pase tout lòt pou pitit Li yo se don Sentespri a. Enpòtans don sa a evidan palefèt ke yo konfere l ofisyèlman apre repantans ak batèm plonje nan dlo, “epi apresa [ekriti yo eksplike] nou pral gen padon pou peche nou nan dife ak nan Sentespri a” (2 Nefi 31:17). Moun ki gen remisyon peche sa yo—epi ki apresa renouvle netwayaj yo a regilyèman atravè repantans chak jou epi ki viv dapre alyans yo fè atravè òdonans sentsèn nan—kalifye pou pwomès ke Sentespri a, Lespri Senyè a, “ka toujou … avèk yo” a (Doktrin ak Alyans 20:77).

Prezidan Joseph F. Smith.

Konsa, Prezidan Joseph F. Smith te anseye ke Sentespri a ap “eklere panse moun konsènan zafè Bondye yo, pou konvenk yo, lè y ap konvèti, ke se volonte Papa a y ap fè, epi pou l ka yon temwayaj ki abite nan yo tankou yon konpayon atravè lavi a, pou aji kòm gid ki asire epi ki an sekirite ki mennen nan tout verite epi ki ranpli yo jou apre jou avèk lajwa ak kontantman, avèk yon dispozisyon pou yo fè byen a tout moun, pou yo soufri poutèt sa ki mal tan pou yo fè sa ki mal, pou yo janti ak gen mizèrikòd, pasyan nan soufrans yo ak charitab. Tout moun ki posede don inestimab sa a, pèl gran pri sa a, yo gen yon swaf kontinyèl pou lajistis. San èd Lespri Sen an okenn mòtèl pa ka mache sou chemen dwat ak etwat la.”

IV.

Avèk si anpil èd puisan konsa pou gide nou nan vwayaj mòtèl nou an, li tris pou n wè anpil moun rete san prepare pou rankont yo a ki planifye avèk Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri. Parabòl dis vyèj Li a, ke yo te site anpil fwa nan konferans sa a, sigjere ke nan pami moun ki envite pou rankontre L yo, se sèlman mwatye ki pral prepare.

Dis vyèj yo.

Nou tout konnen egzanp sou moun ki pa prepare: misyonè retounen ki entèwonp devlòpman spirityèl yo avèk peryòd inaktivite, jèn moun ki konpwomèt devlòpman spirityèl yo paske yo pa patisipe nan ansèyman ak aktivite Legliz, men, ki ranvwaye òdinasyon yo nan Prètriz Mèlkizedèk la, gason ak fi—ki se kèkfwa posterite pyonye nòb oubyen paran ki diy—ki kite chemen alyans lan san yo pa fè ak kenbe alyans nan tanp sakre yo.

Priyè Pèsonèl.

Anpil nan kalite devyasyon sa yo rive lè manm yo pa suiv plan antretyen spirityèl fondamantal ki se lapriyè pèsonèl, etid ekriti regilye ak repantans tout tan an. Gen kèk ki neglije renouvèlman alyans chak semèn yo nan pran sentsèn. Gen kèk moun ki di Legliz la pa satisfè bezwen yo, yo ranplase sa yo pèsevwa kòm bezwen fiti yo byen anvan sa Senyè a ofri nan pil ansèyman ak opòtinite L yo pou sèvis esansyèl nou ta dwe rann lòt moun.

Imilite ak konfyans nan Senyè a se remèd pou devyasyon sa yo. Jan Liv Mòmon an anseye a, Senyè a “beni e li fè pwospere moun ki mete konfyans yo li” (Elaman 12:1). Mete konfyans nou nan Senyè a se yon nesesite patikilye pou tout moun ki mezire kòmandman Bondye yo ak ansèyman pwofèt Li yo kont dènye dekouvèt yo ak sajès lèzòm yo.

Mwen sot pale sou anpil èd nan mòtalite a ke Pè Selès plen lanmou nou an bay pou ede noumenm pitit Li yo retounen kote L. Pati pa nou nan plan divin li a se mete konfyans nan Bondye epi chèche ak itilize èd divin sa yo, pi patikilyèman Ekspyasyon Pitit Gason Byeneme L la, Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri. Mwen priye pou nou anseye ak viv prensip sa yo, nan non Jezikri, amèn.