Konferans Jeneral
Konfyans nan Prezans Bondye
Konferans jeneral Avril 2025


11:59

Konfyans nan Prezans Bondye

Lè nou chèche gen charite ak vèti ranpli lavi nou ak dilijans, konfyans nou nan apwoche Bondye ap ogmante.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m pale avèk nou jodia nan konferans jeneral enpòtan sa a. Je m ap kontinye pran laj. Mèsi pou konpreyansyon nou pandan m ap delivre mesaj mwen an.

N ap viv nan yon peryòd gran elan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen ranpli ak lajwa lè m wè pwogrè nan sitèlman anpil domèn.

Mwen espesyalman enspire pa jèn nou yo. Y ap ofri sèvis an gran kantite. Y ap chèche zansèt yo epi akonpli òdonans nan tanp pou yo. Jènjan ak jènfi nou yo ap soumèt aplikasyon pou sèvis misyonè nan yon kantite san presedan. Jenerasyon k ap grandi a ap reponn apèl yo kòm disip vanyan Jezikri.

Prezidan Nelson avèk gran-gran pitit fi li.

Resaman mwen te fè konesans yon nouvo gran-gran pitit fi mwen. Lè m panse a difikilte li pral gen pou l rankontre nan lavi li, mwen santi yon gran dezi pou m ede l bati lafwa nan Jezikri. Viv levanjil Jezikri a esansyèl pou bonè li alavni.

Limenm, tankou nou chak, pral rankontre difikilte. Nou tout pral fè eksperyans maladi, desepsyon, tantasyon, ak pèt. Difikilte sa yo ka afebli konfyans nou nan tèt nou. Sepandan, disip Jezikri yo gen aksè nan yon diferan kalite konfyans.

Lè nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye, nou kapab gen konfyans ki soti nan Lespri a. Senyè a te di Pwofèt Joseph Smith ke konfyans nou ka “grandi anpil nan prezans Bondye.” Imajine rekonfò nou santi lè nou gen konfyans nan prezans Bondye!

Lè m pale de gen konfyans devan Bondye a, m ap fè referans a yon konfyans nan apwoche Bondye kounyea menm! M ap fè referans ak priye avèk konfyans ke Papa nou ki nan Syèl la tande nou, ke Li konprann bezwen nou yo pi byen pase nou. M ap fè referans ak genyen konfyans ke Li renmen nou plis pase nou ka konprann, ke Li voye zanj pou rete avèk nou epi avèk moun nou renmen yo. M ap fè referans a yon konfyans ke Li gen dezi pou ede nou chak atenn pi gwo potansyèl nou.

Kounyea, kijan nou ka akeri kalite konfyans sa a? Senyè a reponn kesyon sa a avèk pawòl sa yo: “Se pou zantray ou … chaje avèk charite pou tout moun, … epi se pou vèti gani panse ou san rete; apresa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye;.”

Sa se kle a! Selon pwòp pawòl Senyè a, charite ak vèti louvri wout pou nou gen konfyans devan Bondye a! Frè m ak sè mwen, nou ka fè sa! Konfyans nou vrèman ka grandi anpil nan prezans Bondye, kounyea menm!

Ann konsidere charite ansanm ak vèti.

Dabò, charite. Sa gen dezan, m te mande nou, kòm disip alyans Jezikri, pou nou vin atizan lapè. M ap repete sa m te di lèsa a: “Kòlè pa janm konvenk okenn moun. Ostilite pa fòtifye pèsonn. Chirepit pa janm mennen nan solisyon enspire.”

Vrè charite anvè tout moun se karakteristik patizan lapè yo! Li enperatif pou nou gen charite nan diskou nou, piblik tankou prive. Mwen remèsye moun pami nou yo ki te mete konsèy presye sa a nan kè yo a. Men nou toujou ka fè pi byen.

Ostilite ki prezan nan konvèsasyon piblik ak sou rezo sosyal yo alaman. Pawòl rayiman se zàm mòtèl. Chirepit anpeche Sentespri a rete kòm konpanyon konstan nou.

Kòm disip Jezikri, nou ta dwe montre egzanp kòm atizan lapè. Lè charite vin fè pati nati imèn nou, n ap pèdi tout tandans pou rabese lòt moun. N ap sispann jije lòt moun. N ap gen charite pou tout moun kèlkeswa kondisyon lavi yo. Charite anvè tout moun esansyèl pou pwogresyon nou. Charite se fondasyon yon atitid devosyon.

An nou sipliye Papa nou ki nan Syèl la pou L ranpli kè nou avèk pli plis charite—espesyalman pou moun ki difisil pou renmen yo—paske charite se yon kado Papa nou ki nan Syèl la pou vrè disip Jezikri yo. Sovè a se Prens Lapè a. Nou dwe vin enstriman Li pou lapè.

Kounyea, an nou pale de vèti. Senyè a di nou pou nou kite vèti gani panse nou san rete . Imajine boustè n ap resevwa pou nenpòt panse pozitif lè nou ranfòse l avèk vèti. Vèti fè tout bagay pi bon ak pi rejwisan! Yon lòt bò, imajine kisa k ap rive lè nou ajoute vèti a yon panse enpur, yon panse kriyèl, oswa yon panse depriman. Vèti ap chase panse sa yo. Vèti ap libere nou anba panse angwasan ak twoublan yo.

Frè m ak sè m yo, pandan mond lan ap grandi vin pi mechan, nou bezwen vin plis an plis pur. Panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou yo bezwen gen vèti san rete, epi ranpli avèk amou pur Kris la anvè tout moun. Gran opòtinite ki devan nou an se pou n vin tounen pèp Bondye vle nou vin ye a.

Adorasyon regilye nan kay Senyè a ogmante kapasite nou pou charite ansanm ak vèti. Konsa, tan nan tanp lan ogmante konfyans nou devan Senyè a. Pase plis tan nan tanp ap ede nou prepare pou Dezyèm Vini Sovè nou an, Jezikri. Nou pa konnen ni jou ni lè L ap vini an. Men mwen konnen ke Senyè a enspire m pou m ensiste pou nou prepare pou “gran jou terib sa a.”

Lè nou chèche gen charite ak vèti ranpli lavi nou avèk dilijans, konfyans nou nan apwoche Bondye ap ogmante. Mwen envite nou pou nou pran mezi entansyonèl pou nou grandi nan konfyans nou devan Senyè a. Lèsa a, pandan nou pral jwenn Papa nou ki nan Syèl la avèk pi plis konfyans, nou pral ranpli avèk plis lajwa, epi lafwa nou nan Jezikri pral ogmante. Nou pral kòmanse fè eksperyans pouvwa espirityèl ki depase tout sa n te espere.

Nou rekonesan pou Senyè a pou akselerasyon konstriksyon tanp yo nan dènye ane sa yo. Sou direksyon Li, jodia, n ap anonse plan pou konstwi yon tanp nan chak nan 15 kote sa yo:

  • Reynosa, Mexique

  • Chorrillos, Pérou

  • Rivera, Uruguay

  • Campo Grande, Brezil

  • Porto, Portugal

  • Uyo, Nigéria

  • San Jose del Monte, Philippines

  • Nouméa, Nouvelle-Calédonie

  • Liverpool, Australie

  • Caldwell, Idaho

  • Flagstaff, Arizona

  • Rapid City, South Dakota

  • Greenville, South Carolina

  • Norfolk, Virginia

  • Spanish Fork, Utah

Mwen temwaye ke Jezikri, Redanmtè Izrayèl la, ap dirije Legliz sa a, ki se Legliz Li. Li ap prepare pou L vini ankò. Se pou menmjan an tou nou prepare pou n resevwa Li. Pou sa mwen priye, nan non Jezikri, amèn.

Remak

  1. Ti wòch pwofèt Daniel te wè nan rèv li sou dènye jou yo ap woule avanse pou ranpli mond lan (gade Danyèl 2:31–45; Doktrin ak Alyans 65:2).

  2. Doktrin ak Alyans 121:45.

  3. “Paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (Doktrin ak Alyans 84:88).

  4. Doctrine ak Alyans 121:45, italik ajoute; gade tou vèsè 46.

  5. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Atizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 98.

  6. Chwazi fè kontansyon avèk lòt moun se chwazi pou viv san gidans Sentespri a.

  7. Nou dwe gen charite “anvè tout moun, epi pou frè nan lafwa yo” (Doktrin ak Alyans 121:45).

  8. Sa vledi priye “avèk tout enèji kè yon moun” (Mowoni 7:48).

  9. Gade Mowoni 7:48.

  10. Gade Ezayi 9:6.

  11. Jan Joseph Smith te anseye, “If [we] wish to go where God is, [we] must be like God, or possess the principles which God possesses” [“Si [nou] swete ale kote Bondye ye, [nou] dwe vin tankou Bondye, oubyen posede prensip Bondye posede yo”] (Teachings of Presidents of the Church: Joseph Smith [2007], 72). [Unofficial translation] Konsa tou, Apot Paul te bay avètisman ke nou ta dwe “pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n a jwenn padon pou peche nou yo, se la n a jwenn pou gremesi sekou n a bezwen lè nou nan nesesite” (Ebre 4:16).

  12. Gade Matye 24:36–37.

  13. Malachi 4:5; gade tou Sofoni 1:14–18.

  14. Senyè a te di nou pou nou “Sonje lafwa, vèti, konesans, tanperans, pasyans, jantiyès fratènèl, sentete, charite, imilite, [ak] dilijans” (Dokrin ak Alyans 4:6). Lè nou fè sa, konfyans nou pral ogmante, epi apresa, selon pwòp pawòl Li yo, lè nou mande, n ap resevwa. Epi lè nou frape, y ap louvri pou nou. (Gade Doktrin ak Alyans 4:7.)

  15. Nou ka fè eksperyans pèp Wa Benjamen an te fè a: “Yo te ranpli ak lajwa, paske yo te resevwa padon pou peche yo, e paske yo te gen lapè nan konsyans yo, poutèt gwo lafwa yo te genyen nan Jezikri” (Mozya 4:3).