Konferans Jeneral
Adore
Konferans jeneral Avril 2025


14:14

Adore

Kisa adore Bondye siyifi pou oumenm avèk mwen?

“Kounyea lè Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd, apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm.

“Yo t ap mande: Kote Wa Jwif ki fèk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vini pou adore li.”

Maj yo, jan yo te pafwa rele yo, sete nèg save ki t ap chache Mesi a pou yo te adore L. Pou yo, adorasyon te vledi tonbe ajenou devan Li epi ofri Li kado lò ak pafen presye.

Kisa adore Bondye siyifi pou oumenm avèk mwen?

Lè nou panse ak adore, panse nou otomatikman vire sou fason nou montre devosyon relijye nou alafwa anprive ak nan sèvis Legliz yo. Pandan m t ap reflechi sou zafè adore Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme Li a, Sovè nou an, kat konsèp te vini nan lespri mwen: premyèman, aksyon yo ki konstitiye adorasyon nou an dezyèmman, atitid ak santiman ki etabli nan adorasyon nou an; twazyèmman, esklizivite adorasyon nou an; katriyèmmanbezwen pou imite Èt Sen n ap adore yo.

Premyèman, Aksyon ki Konstitiye Adorasyon Nou yo

Youn nan fòm ki pi komen ak pi enpòtan nan adorasyon se rasanble nan yon espas ki konsakre pou akonpli aktivite devosyon yo. Senyè a di, “Epi pou nou kapab pwoteje tèt nou kont salte mond lan, nou dwe ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen mwen an.” Natirèlman, sa a se premye motivasyon nou pou nou bati chapèl yo. Men, si sa nesesè, yon espas ki pa konsakre ap bon tou, si nou ka envesti li avèk yon sèten degre sentete.

Reyinyon sentsèn.

Sa ki pi enpòtan an se sa nou fè lè nou rasanble nan jou Senyè a. Nòmalman, nou abiye pi byen ke nou kapab selon mwayen nou—san ekstravagans, men avèk modesti nan yon fason ki siyale respè ak reverans nou pou Divinite a. Konduit nou reveran ak respektye menmjan tou. Nou adore nan asosye nan lapriyè; nou adore nan chante kantik (pa jis tande men chante kantik yo); nou adore nan enstwi ak apran youn de lòt. Jezi di, “Men sonje, nan jou Senyè a, nou dwe ofri oblasyon [ki vledi, ‘ofrann … tan, talan, oswa mwayen nou yo, nan sèvis Bondye ak pwochen nou’] epi ofrann nou yo bay Bondye Ki Pi Wo a, pou nou konfese peche nou yo devan frè nou yo epi devan Senyè a.” Nou pa reyini ansanm pou nou pran plezi oswa pou nou bay plezi—tankou nan yon djaz pa egzanp—men pou nou sonje Li epi “jwenn pi bon enstriksyon” nan levanjil Li a.

Nan dènye konferans jeneral la, Èldè Patrick Kearon te raple nou ke “nou pa rasanble nan jou Saba a senpleman pou nou patisipe nan reyinyon sentsèn epi tcheke l nan lis la. Nou vini ansanm pou nou adore. Gen yon diferans siyifikatif ant de bagay sa yo. Asiste vledi prezan nan yon bagay. Men, adore se entansyonèlman louwe ak adore Bondye nou an nan yon fason ki transfòme nou!”

Konsakre Saba nou pou Senyè a ak objektif Li yo se an limenm yon zak adorasyon. Sa gen kèk ane, Èldè Russell-M. Nelson te fè remak sa a: “Kòman pou nou sanktifye jou Saba a? Lè m te pi jèn, m te konn etidye travay lòt moun ki te konpile lis bagay pou yo fè ak bagay pou yo pa fè nan Saba a. Se byen lontan apre ke m te aprann nan ekriti yo ke konpòtman mwen ak atitid mwen nan Saba a te konstitye yon siy ant mwenmenm ak Papa m ki nan Syèl la [gade Egzòd 31:13; Ezekyèl 20:12, 20]. Avèk konpreyansyon sa a, mwen pa t bezwen lis bagay pou m te fè ak bagay pou m pa t fè ankò. Lè m te gen pou m pran yon desizyon pou m te konnen si wi ou non yon aktivite te apwopriye pou Saba a, mwen te senpleman mande tèt mwen: Ki siy m vle bay Bondye?’”

Adore nan jou Senyè a make pa yon fokis patikilye sou gran sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Nan yon fason apwopriye ak espesyal nou selebre Rezirèksyon Li pou Pak, men tou chak semèn pandan n ap pataje anblèm sakreman ekspyasyon Li a, enkli Rezirèksyon Li. Pou moun ki penitan yo, pataje sentsèn nan se pati ki pi enpòtan nan adore nan jou Saba a.

Adore ansanm antanke “kò Kris la” gen pouvwa ak benefis unik pandan n ap anseye, sèvi, ak soutni youn lòt. Sa k enteresan, sèke yon etid resan te revele ke moun ki konsidere lavi espirityèl yo kòm yon bagay antyèman prive yo gen mwens tandans pou yo bay pwogresyon espirityèl priyorite, oubyen di ke lafwa yo trè enpòtan, oswa pou yo gen tan devosyon regilye avèk Bondye. Antanke yon kominote Sen, nou youn ranfòse lòt nan adore ak nan lafwa.

Malgre sa, nou pa ka bliye aksyon adorasyon n ap fè chak jou yo endividyèlman ak lakay nou. Sovè a raple nou, “Men, nou dwe ofri sakrifis nou yo avèk lajistis chak jou epi tout tan.” Yon sè te obsève sajman, “Mwen pa kapab panse a yon mwayen ki pi pwofon pou adore Bondye pase akeyi ti pitit Li yo nan lavi nou ak pran swen yo epi anseye yo plan Li a pou yo.”

Alma ak Amilèk te anseye Zoramit yo ki te sou entèdiksyon pou yo pa t antre nan sinagòg yo pou yo te adore Bondye non sèlman yon fwa pa semèn, men tout tan, epi “nan kèlkeswa kote yo ka ye.” Yo te pale sou lapriyè kòm adore:

“Nou dwe devèse nanm nou nan chanm nou, nan kote sekrè nou epi nan dezè nou yo.

“Wi epi lè nou p ap kriye nan pye Senyè a, se pou kè nou plen ak meditasyon, panche nan lapriyè devan l toutan.”

Yo te pale tou sou sonde ekriti yo, rann temwanyaj de Kris la, fè aksyon ak sèvis charitab, resevwa Sentespri a, ak viv avèk remèsiman chak jou. Konsidere panse sa a: “viv avèk remèsiman chak jou.” Li pale de dezyèm konsèp mwen an:

Atitid ak Santiman ki Ineran nan Adorasyon

Santi ak eksprime gratitid anvè Bondye, se anfèt sa ki enspire adorasyon avèk yon sans renouvèlman jwaye kontrèman ak wè li jis kòm pi plis responsablite.

Vrè adorasyon vledi renmen Bondye epi soumèt volonte nou ba Li—kado ki pi presye nou kapab ofri a. Lè yo te mande L kisa ki premye kòmandman an nan tout lalwa a, Jezi te reponn, “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.” Li rele sa premye kòmandman an tou.

Sa sete modèl pwòp adorasyon Jezi pou Papa a. Lavi Li ak sakrifis ekspyatwa L la te konsakre pou glwa Papa a. Nou sonje avèk emosyon demann dechirann Jezi nan mitan soufrans ak angwas inimajinab la: “O Papa mwen, si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.”

Kris la nan Jetsemane.

Adore se fè efò pou nou suiv egzanp pafè sa a. Nou pa p atenn pèfeksyon nan kous sa a jodia rive demen, men si chak jou “nou ofri [Li] yon kè brize [repantan] ak yon lespri kontri [obeyisan]” L ap batize nou ankò avèk Lespri Li epi ranpli nou avèk gras Li.

Twazyèmman, Esklizivite Adorasyon Nou an.

Nan premye seksyon Doktrin ak Alyans yo, Senyè a te pwononse akizasyon sa a kont mond lan:

“Paske yo detounen lwen òdonans mwen yo, epi yo vyole alyans etènèl mwen yo.

“Yo pa chèche Senyè a pou yo tabli lajistis li, men chak moun mache nan pwòp chemen pa l, dapre imaj pwòp bondye li, imaj ki selon mond lan.”

Li bon pou nou sonje egzanp twa jèn gason Juif yo, Hanania, Mischaël, ak Azaria, ke yo te mennen kaptif nan Babilòn pa twò lontan apre Leyi ak fanmi li te kite Jerizalèm nan. Yon ofisye Babilonyen te renonmen yo, Shadrach, Meshach, ak Abed-nego. Pita, lè twa mesye sa yo te refize adore yon imaj Wa Nebukadneza te mete kanpe, li te kòmande pou yo te lage yo nan yon founèz dife, epi li te di, “Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m?”

Nou va sonje gwo repons yo a:

“Bondye n ap sèvi a ka wete nou nan gwo founèz tou limen an, e l ap delivre nou tou anba men ou, mon wa.

“Men, sinon, nou vle w konnen, … ke nou pa p sèvi bondye w yo, ni adore imaj annò a ou te tabli a.”

Shadrach, Meshach, and Abed-nego sove nan founèz dife a.

Founèz la te sitèlman cho ke li te tiye moun ki te voye yo ladann nan, men Shadrach, Meshach, ak Abed-nego pa t gen anyen. “Apre sa Nebikadneza te pale epi l te di, Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a ki te… delivre sèvitè l’ yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te refize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete Bondye pa yo a.” Yo te kwè nan Jewova pou delivrans, “men sinon,” ki vledi, menmsi Bondye nan sajès Li pa t anpeche lanmò yo, malgre sa yo t ap rete fidèl a Limenm.

Tout sa nou bay priyorite sou adorasyon Papa ak Pitit Gason an tounen yon idòl. Moun ki rejte Bondye kòm sous verite a oswa ki nye tout responsablite anvè Limenm yo, yo, an reyalite mete tèt yo kòm bondye yo. Yon moun ki fidèl anvè yon pati oswa yon koz anlè direksyon divin, l ap adore yon fo bondye. Menm moun ki pretann ke y ap adore Bondye men ki pa respekte kòmandman Li yo ap mache nan pwòp fason pa yo: “Yo apwoche pre mwen avèk bouch yo, men, kè yo lwen mwen.” Objè adorasyon nou se esklizivman “Sèl vre Bondye a, ak Jezikri, ke [Li] te voye a.”

Finalman, Nesesite pou Imite Papa ak Pitit Gason an

Alafen, fason nou viv ka se fòm adorasyon ki pi sensè ak pi otantik la. Montre devosyon nou vledi imite Papa a ak Pitit Gason an—kiltive kalite yo ak karaktè yo nan noumenm. Si, jan pwovèb la di a, imitasyon se fòm flatri ki pi sensè a, enben, nou ka di avèk respè pou Divinite a, imitasyon se fòm veneration ki pi sensè a. Sa sigjere yon efò aktif, soutni bò kote pa nou pou n chèche sentete. Men, vin sanble plis ak Kris la tou se rezilta natirèl ki soti nan aksyon adorasyon nou yo. Fraz Èldè Kearon te site anvan an apwopo adorasyon an, “nan yon fason ki transfòme nou” an enpòtan anpil. Vrè adorasyon transfòme moun.

Se sa ki bèl nan chemen alyans lan—chemen adorasyon, lanmou, ak fidelite anvè Bondye. Nou antre nan chemen sa a atravè batèm, avèk angajman pou nou pran non Kris la sou nou epi respekte kòmandman Li yo. Nou resevwa don Sentespri a, mesaje lagras Sovè a ki rachte nou epi pwòpte nou anba peche pandan n ap repanti. Nou ka menm di ke nan repanti, n ap adore Li.

Apresa, lòt òdonans ak alyans prètriz ki fèt nan Kay Senyè a yo ap santifye nou pi plis. Seremoni ak òdonans tanp yo konstitiye yon fòm adorasyon ki pi elve.

Prezidan Russell M. Nelson te deklare ke “chak gason ak fi ki patisipe nan òdonans prètriz yo e ki fè ak respekte alyans avèk Bondye gen aksè dirèk nan pouvwa Bondye.” Se pa sèlman yon pouvwa nou atire pou nou sèvi ak beni. Li se pouvwa diven ki ap travay nan nou pou rafine nou ak pirifye nou tou. Pandan n ap mache nan chemen alyans lan, pouvwa sanktifyan sentete a ap manifeste” nan nou.

Menmjan ak ansyen Nefit ak Lamanit yo, se pou nou “tonbe ajenou nan pye Jezi, epi … adore li.” Jan Jezi te kòmande a, se pou nou, “tonbe ajenou epi adore Papa a nan non [Pitit Gason an],” Se pou nou resevwa Sentespri a epi remèt kè nou bay Bondye, pou nou pa gen okenn lòt bondye devan Li, epi antanke disip Jezikri, imite karaktè Li nan pwòp lavi pa nou. Mwen temwanye ke lè nou fè sa, n ap fè eksperyans lajwa nan adorasyon nou an. Nan non Jezikri, amèn.