La Devan Je Nou
Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap grandi an manm ak fanmi, misyon ak misyonè, chapèl ak tanp.
Frè m ak sè m yo, mwen rekonesan anpil dèske m avèk nou la a. Nou renmen nou; nou rekonesan pou nou; e nou santi nou beni pa priyè nou yo.
Nan dènye konferans lan Prezidan Russell M. Nelson te di: “Èske nou wè sa k ap pase la a devan je nou yo? Mwen priye pou nou pa rate majeste moman sa a! Senyè a vrèman ap akselere travay Li a.”
Akselere travay Li a “Akselere” se yon mo ki enpòtan. Li sigjere avanse avèk rapidite, akselere, e menm ijans. Nan pwogresyon Legliz la ak plan Kris la, akselerasyon an ap fèt. E nou tout fè pati de li.
Nan mwa Avril 1834, nan Kirtland, Ohio, Profèt Joseph Smith te rasanble tout moun ki te gen pretriz la nan yon ti lekòl, ki te mezire apeprè 4.3 mèt. Nou ta ka mete yon douzèn ti lekòl sa yo nan Sant Konferans sa a, avèk chanm anplis ki t ap rete. Joseph Smith te di, “Se sèlman yon ti gwoup detantè Prètriz nou wè la a aswè a, men, Legliz sa a gen pou l ranpli tout Nò ak Amerik Disid la—li gen pou l ranpli mond la.”
Pwofesi sa a akonpli “la a devan je nou.” Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap pwogrese avèk manm ak fanmi, misyon ak misyonè, chapèl ak tanp, ak enskripsyon nan seminè, enstiti, ak inivèsite nou yo toupatou nan mond lan.
Nou rekonesan dèske nou sou tè a nan moman Legliz la ap grandi an nonb ak enfliyans konsa, men pi enpòtan toujou nan kè ak lavi manm li yo. Yo konnen nou antanke disip Jezikri. Nou pataje temwanyaj nou de Li, de Legliz Li a, de fason L yo, ak chemen alyans Li a. Nou se pèp Li, e Li se Sovè nou.
Mwen emèveye ak sa Prezidan Nelson rele “majeste moman sa a” epi mwen eksprime rekonesans pwofon mwen anvè Senyè a pou travay Li a. Mwen ankouraje nou pou nou kanpe byen wo antanke disip Li, temwen okilè akonplisman pwofesi alafwa ansyen ak modèn.
Gen opozan ki ap rele “Vin bò isit! epi … ‘Vin bò lòtbò!’” menm jan yo te fè nan epòk Pwofèt Joseph Smith la. Sepandan, sa yo ye kounyea e nan lavni se senp nòt anba paj nan travay nòb sa a. Sonje pawòl Joseph Smith yo: “Okenn men enpi pa kapab anpeche travay sa a pwogrese; pèsekisyon mèt fè raj, …verite Bondye a ap avanse devan bravman, nòbleman, an tout endepandans, jiskaske li penetre nan chak kontinan, vizite chak klima, simaye nan chak peyi, e sonnen nan chak zòrèy jiskaske desen Bondye yo akonpli, epi Gran Jewova a di travay la akonpli.”
Nan tach mwen ane sa a, mwen te gen yon plas nan premye ran pou m te wè Senyè a k ap “akselere travay Li a.” Legliz la ap bati tanp avèk yon vitès san parèy, pou l bay plis manm yon opòtinite pou yo adore nan kay Senyè a. Dezyèmman, travay misyonè ap rasanble yon kantite konsiderab moun nan bèjri Bon Bèje a, Jezikri. E twazyèmman, edikasyon Legliz la nan anpil branch atenn yon nouvo etap nan anseye moun k ap “chache Jezi sa a.”
Jodia, Legliz la gen 367 tanp nan diferant etap nan konsepsyon, konstriksyon, oswa operasyon yo. E pou ki objektif? Repons la pwoklame sou chak tanp: “Sentete pou Senyè a.” Tanp la ouvè chemen pou pi gwo bendiksyon Papa nou ki nan Syèl la genyen pou chak nan nou yo. Frè m ak sè m yo, n ap akselere sentete nou lè nou viv diy pou n ale nan tanp, lè nou adore nan kay Senyè a, ak lè nou fè alyans avèk Bondye pou tèt pa nou ak nan non zansèt nou yo sou lòt bò vwal la.
Prezidan Nelson te di: “Atak advèsè a ap ogmante rapidman, nan entansite ak nan varyete. Nesesite pou nou ale nan tanp sou yon baz regilye pa t janm osi gran. Mwen sipliye nou pou nou konsidere nan lapriyè fason nou itilize tan nou” Nan kay Li a, nou kapab santi prezans sakre ak lapè siperyè Senyè a.
Ane pase, mwen te gen privilèj pou m te prezide nan konsekrasyon tanp Mendoza a nan Ajantin. Nan mesaj mwen an, mwen te fè referans a pwofesi 1926 Eldè Melvin J. Ballard la ke travay Senyè a t ap pwogrese lantman pou yon tan nan Amerik Disid la, “menmjan yon pye bwadchèn grandi lantman soti nan yon grenn. Li p ap grandi byen wo nan yon jou,” men dèmilye moun pral konvèti nan Legliz la, epi nasyon Amerik Disid la pral vin tounen “yon puisans nan Legliz la.” Mwen te wè pwofesi sa a akonpli “la a devan je mwen.”
Mendoza, yon fwa ki sete yon ti semans, vin tounen yon gwo pye bwadchèn. Pwogresyon sa a repete atravè kontinan ak zile lanmè yo.
Nou wè Senyè a akselere travay Li a nan misyon yo. Nan ane 2024, 80.000 misyonè t ap sèvi nan 450 misyon. Trannsis nan yo se nouvo misyon. Ane pase, travay misyonè te mennen plis pase 300.000 nouvo manm nan Legliz la. Plis pase chif yo, lespri rasanbleman an ap pote nanm bay Jezikri ak levanjil Li a.
Mwen panse avèk Apot Brigham Young ak Heber C. Kimball, nan ane 1839 ki te ale kòm misyonè nan zile Britanik yo. Yo te malad: yo te kite fanmi yo malad ak san resous. Malgre sa, yo de a te monte nan yon charyo, epi pandan yo t ap gade moun yo renmen yo de lwen, Heber te di, “Ann leve epi aklame yo.” De mesye yo te leve penibleman epi yo te rele, “Oura, oura pou Izrayèl.”
Mwen te wè menm antouzyas sa a pou travay Senyè a nan Lima, Pewou, lè m te rankontre avèk misyonè yo nan Sant Fòmasyon Misyonè a ak nan misyon nan Lima yo. Ala yon bèl vizyon! Mwen te wè “akselerasyon an” la devan je m. Kounyea gen 7 misyon jis nan vil Lima a sèlman.
Nan fen reyinyon nou an, misyonè yo te gen yon sipriz espesyal pou mwen. Yo te kanpe epi yo te rele, “Oura pou Izrayèl.” Mwen p ap janm bliye moman sa a; Mwen swete nou tout te ka la. La devan je m mwen te wè misyonè ki te mete akote “bagay mond sa a”pou yo te sèvi Senyè a epi ede akselere vini L lan.
Nou wè Senyè a ap akselere opòtinite edikasyon pou manm nou yo, ak menm pou moun ki pa manm atravè mond lan. Youn nan bagay ki distenge nou antanke yon Legliz se ensistans nou sou edikasyon. Senyè a te kòmande nan premye jou Retablisman yo pou nou “chèche konesans, nan etid ak nan lafwa tou.” Se sa k ap pase jodia e sa merite yon gwo “Oura.”
Kounyea, plis pase 800.000 etidyan atravè mond lan enskri nan seminè ak enstiti, sa ki se pi gwo enskripsyon nan istwa Legliz la. Jèn nou yo rasanble nan divès fason, pou yo pran klas soti byen bonè nan maten, lajounen ak aprèmidi, klas sou entènèt ak etid lakay. Yo se yon batayon vanyan ak jis, ki ap pran fòs youn nan lòt pandan y ap aprann konsènan Jezikri, suiv, epi temwaye de Li kòm Pitit Bondye.
Nan Otòn ki sot pase a mwen te pale nan yon devosyon nan yon estad ki te ranpli ak etidyan seminè avèk paran yo nan Inivèsite Uta a. Patisipasyon yo di anpil konsènan dezi yo pou yo konnen ak suiv Jezikri. Mesaj mwen te klè pou etidyan sa yo: Bay Senyè a menm kantite tan an. Mwen te konseye yo pou yo te balanse etid yo avèk vrè aprantisaj pi elve, ki se etid “Pitit Bondye vivan an.”
M ap mande nou menm bagay la jodia: Kèlkeswa tach ki sou “lis nou”, bay Senyè a menm kantite tan an, pa ba L rès tan w, nan etid pèsonèl ektiti yo, etid familyal Vini, Suiv Mwenan, nan lapriyè, apèl Legliz, nan ansenye levanjil la, nan pataje sentsèn nan, nan adore nan tanp, ak nan medite sou bagay Bondye yo. Senyè ak Sovè nou an te di, “Pran leson nan men mwen … konsa, n a viv ak kè poze.” Kwè nan sa Li di nou an. Epi ba Li menm kantite tan an.
Prezidan Nelson te di: “Mwen priye nou pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi ou. Ba Li yon pati ki jis nan tan nou. Lè nou fè sa, note kisa k rive avèk motivasyon espirityèl pozitif nou an.”
Nou wè motivasyon sa a nan bati seminè, enstiti, ak inivèsite Legliz yo. Nan anviwonman sa yo, Senyè a se yon priyorite. Se konsa Li ta dwe ye nan lavi nou chak.
Yon lòt kote ki montre nivo pwogresyon edikasyon an rive nan Legliz la se BYU-Pathway Mondyal. Atravè mond lan, enskripsyon yo rive prèske nan 75.000 elèv epi li kontinye ap grandi rapidman. Laplipa nan yo se manm, e plis pase yon tyè nan yo se an Afrik. Pathway totalman gen pou wè avèk aksè a edikasyon. Konplete klas yo vledi aksè a travay, epi aksè a travay vle di yon lavi miyò pou fanmi yo ak plis opòtinite pou sèvi Senyè a.
Lè m te rankontre avèk dirijan pieu yo nan Uganda, mwen te aprann ke tout prezidans pieu a te enskri nan BYU-Pathway. Plis nou prepare tanporèlman ak espirityèlman, se plis nou kapab kontrekare atak rize advèsè a. Sonje pawòl Pyè yo: “Lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k ap chache moun pou l devore.”
Mwen rekonèt ke nan mitan bon nouvèl levanjil la, gen moun ki ap lite, ki gen eprèv lafwa, dout, ak kesyon ki sanble yo pa gen repons. Frè m ak sè m yo, Jezikri se repons lan. Kòmanse avèk Li, Chèche men Li nan lavi nou. Koute Li. “Pa kite bagay sa yo toumante nou.” Li te di disip Li yo nan dènye lè Li te avèk yo anvan Jetsemane a, anvan Li te pote kwa a nan lari Jerizalèm yo, anvan Gòlgota,a, kote Li te akonpli sakrifis ekspyatwa Li a—sa ke sèl Limenm Pitit Gason Bondye a te kapab fè.
Konnen ke Li konprann. Li pran sou tèt Li tout peche nou yo, erè nou yo, mizè, ak move jou nou yo pou nou kapab viv ankò avèk Papa nou ki nan Syèl la nan letènite a. Li te di, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.” Lafwa nan Jezikri kapab “leve nou” epi geri nanm blese nou yo. Kwè nan Li epi n ap akselere retou nou nan “bra lanmou Li.”
M ap mete aksan ankò sou pawòl profèt vivan nou an: “Èske nou wè sa k ap pase la devan je nou? Mwen priye pou nou pa rate majeste moman sa a! Senyè a ap akselere travay Li a.” Se pou noumenm kòm disip nan epòk pa nou an kriye, “Oura pou Izrayèl,” padan n ap prepare pou retou Senyè ak Sovè nou an. Nan non Jezikri, amèn.