Konferans Jeneral
Tan Retablisman Tout Bagay la
Konferans jeneral Avril 2025


15:21

Tan Retablisman Tout Bagay la

(Travay 3:21)

“Bòn nouvèl” ki pi enpòtan ak gloriye a se mesaj ke Senyè a, Jezkri, te retabli levanjil ak Legliz Li a nan dènye jou yo.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo te òganize sa gen 195 ane jodia, jou 6 April, 1830.

Yon ti kongregasyon kwayan ak zanmi te reyini pou okazyon enpòtan ak rejwisan sa a. Yon gwo devèsman Lespri a te beni tout moun nan asistans la pandan sentsèn nan te administre, don Sentespri a te konfere, òdinasyon pretriz te akonpli, epi verite sou levanjil Jezikri yo te preche.

Na re-etabli legliz Li a, Senyè a te deziyen pa revelasyon Joseph Smith nan laj 24-ane kòm dirijan Legliz la: “Yon vwayan, yon tradiktè, yon pwofèt, yon apot Jezikri, yon ansyen nan legliz la selon volonte Bondye Papa a, ak gras Senyè nou an Jezikri.”

Mwen priye sensèman pou èd Sentespri a pandan n ap konsidere enpòtans ak enpak kontinyèl evenman unik sa a nan istwa mond lan.

Premye Vizyon an

Òganizasyon ofisyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo sete aboutisman yon sekans eksperyans mirakile. Premye nan eksperyans sa yo te rive 10 ane avansa nan nò Nouyòk.

Nan prentan 1820, yon jèn gason ki te rele Joseph Smith te ale nan yon rakbwa toupre lakay li pou l te priye. Li te genyen kesyon konsènan sali nam li, epi li te vle konnen “kiyès nan tout [legliz yo] ki te vrè, pou [li] te ka konnen nan kiyès pou l te antre.” Joseph te gen konfyans ke Bondye t ap reponn priyè li epi dirije li.

Tanpri note ke Joseph pa t priye senpleman pou l te konnen sa ki te vrè. Olyesa, li te priye pou l te konnen sa ki te vrè pou li te ka fè sa ki kòrèk la. Joseph te mande ak lafwa epi li te detèmine pou l te aji an konfòmite avèk repons li te resevwa yo.

“An [repons] pou priyè [sensè] li a, Bondye Papa a ak Pitit Gason Li a, Jezikri, te parèt devan Joseph epi inogire “retablisman tout bagay’ la (Travay 3:21) jan sa te predi nan Bib la. Nan vizyon sa a, li te aprann ke, apre lanmò premye Apot yo, Legliz Nouvo Testaman Kris la te pèdi e li pa t sou tè a ankò.” Joseph Smith t ap vin jwe yon wòl enpòtan nan retabli yon lòt fwa ankò doktrin, otorite, ak alyans ak òdonans ki te nan ansyen Legliz Sovè a.

Premye Vizyon an.

Joseph te afime: “Mwen te wè de Pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute L!

Atravè vizyon sa a ak eksperyans selès nan apre yo,Joseph Smith te vin konprann ke Bondye ak Jezikri te konnen li pèsonèlman, Yo te sousye pou sali etènèl li, epi Yo te gen yon misyon pou l te akonpli. Li te aprann tou leson vital konsènan atribi, karaktè, ak pèfèksyon Divinite a—epi ke Papa a ak Pitit Gason an se Èt separe ak distenk. Jezikri se Pitit Gason Literal Bondye nan espri ak nan lachè.

Joseph Smith te deklare ke Pè Selès la ak Jezikri se èt kòporèl. Li te di, “Papa a gen yon kò chè ak zo moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; Pitit Gason an tou; men, Sentespri a pa gen yon kò chè ak zo, sepandan li se yon pèsonaj lespri.”

Mwen temwaye ke vizit Papa a ak Pitit Gason an devan Joseph Smith la sete evenman ki te inogire gran “retablisman tout bagay tout sen pwofèt yo te pale depi lè mond lan te kòmanse a.”

Liv Mòmon An

Dezyèm nan sekans eksperyans mirakile ki te mennen nan òganizasyon ofisyèl Legliz retabli Sovè a sete tradiksyon ak piblikasyon Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj konsènan Jezikri.

“Joseph Smith te resevwa don ak pouvwa Bondye pou l tradui yon ansyen rejis: Liv Mòmon an—Yon lòt Temwayaj de Jezikri. … Tèks sakre sa a enkli yon istwa konsènan ministè pèsonèl Jezikri nan mitan pèp ki t ap viv nan Emisfè Oksidantal la tousuit aprè Rezirèksyon L lan. Liv Mòmon an anseye bi lavi a epi l eksplike doktrin Kris la, ki se pwen santral bi sa a. Kòm yon liv ekriti ki se konpayon Bib la, Liv Mòmon an temwaye ke tout kretyen vivan se pitit gason ak pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la, ke Li gen yon plan divin pou lavi nou, epi, Pitit Gason L lan, Jezikri, ap pale jodia menm jan L te konn pale nan tan lontan an.”

Antanke manm Legliz retabli Sovè a, “Nou kwè ke Bib la se pawòl Bondye toutotan li tradui kòrèkteman; nou kwè ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye tou.” Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, ki konfime verasite Bib la, epi ki retabli verite klè ak presye yo ki te pèdi nan Bib la.

Prètriz Retabli

Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo anseye ke Legliz orijinal la ki te etabli pa Sovè a, avèk otorite, doktrin, ak alyans ak òdonans divin li yo, pa t disponib sou tè a. Kòm yon pati nan retablisman tout bagay ki te pwofetize nan dènye jou yo, ansyen pwofèt ak apot yo te pèsonèlman konfere otorite prètriz la sou Joseph Smith epi yo te remèt li kle prètriz yo. Sa sete twazyèm nan sekans eksperyans mirakile ki te mennen nan òganizasyon ofisyèl Legliz retabli Sovè a.

Otorite prètriz la pèmèt sèvitè Bondye yo “reprezante [Li] epi aji nan non Li.” “Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la an favè pitit Bondye yo.”

Retablisman Prètriz la.

Anba direksyon Papa a ak Pitit Gason an, Jan Batis resisite te retabli, an 1829, otorite pou batize pa imèsyon pou remisyon peche yo. Nan men ane sa a, twa nan premye Douz Apot yo—Pyè, Jak, ak Jan—te retabli apostola a ak otorite ak kle prètriz adisyonèl.

Sis ane apre òganizasyon ofisyèl Legliz la, nan Tanp Kirtland lan, Moyiz, Elyas, ak Eli te remèt Joseph otorite adisyonèl ki nesesè pou akonpli travay Bondye a nan dènye jou yo.

Moyiz te remèt kle rasanbleman Izrayèl la.

Elyas te remèt kle dispansasyon levanjil Abraram nan, ki enkli retablisman alyans Abraramik la.

Eli te remèt kle pouvwa sèlman an, ki founi otorite ki pèmèt òdonans ki akonpli sou tè a kontinye gen efè nan letènite, tankou reyini fanmi yo ansanm nan relasyon etènèl ki depase lanmò.

Legliz Jezikri a Òganize

Pandan Joseph Smith t ap tradui Liv Mòmon an, li te resevwa revelasyon ki te endike ke Legliz Jezikri a ta pral retabli. Men Senyè a te enstwi Joseph pou li pa t òganize Legliz Li a imedyatman. Okontrè, “selon lespri pwofesi ak revelasyon an” Senyè a te revele pou Joseph “jou egzat … [li] te dwe òganize Legliz Li a yon fwa [ankò], sou tè a.”

Legliz la te òganize nan sekans apwopriye a sèlman apre retablisman prètriz la ak piblikasyon Liv Mòmon an. Premye kopi Liv Mòmon yo te vin disponib jou 26 Mas 1830, epi Legliz la te òganize ofisyèlman jou 6 Avril la.

Sovè a, Jezikri.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo … se Legliz Kris la nan Nouvo Testaman an ki retabli. Legliz sa a ankre nan lavi pafè wòch fondasyon l lan, ki se Jezikri, ak nan Ekspyasyon enfini L la ak Rezirèksyon literal Li a. Jezikri te aple Apot yon fwa ankò epi L te ba yo otorite prètriz la. Li envite nou tout pou nou vin jwenn Li ak Legliz Li a, pou nou resevwa Sentespri a, òdonans sali yo, epi pou nou vin gen lajwa dirab.”

Dispansasyon Plenitid Tan yo

Aparisyon Papa a ak Pitit Gason an devan Joseph Smith la, tradiksyon ak piblikasyon Liv Mòmon an, ak retablisman otorite ak kle prètriz yo sete kondisyon nesesè pou òganizasyon Legliz retabli Senyè a, sa fè 195 ane jodia.

Nan Ansyen Testaman an, pwofèt Daniel te entèprete yon rèv konsènan yon wòch ki t ap detache soti nan yon mòn san okenn men pa t pouse l epi ranpli tout latè. Yon ane apre òganizasyon Legliz la, Senyè a te bay Joseph Smith enstriksyon ke kle wayòm Bondye a nan men “lòm sou tè a” yon lòt fwa ankò epi “levanjil [Jezikri a ta pral] dewoule pou ale nan tout kwen tè a, tankou wòch ki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa t pouse la.”

Mwen temwaye: Senyè a ap akonpli pwomès Li a. Legliz retabli Sovè a kontinye ap etabli tout kote nan mond lan epi se enstriman Bondye ap itilize pou L “mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.”

Travay Senyè a nan dènye jou yo “se yon aktivite ki te enterese pèp Bondye a nan tout jenerasyon; li se yon tèm ke pwofèt, prèt ak wa yo te itilize avèk yon delis patikilye; yo t ap tann avèk yon gwo antisipasyon epòk n ap viv jodia; epi ranpli avèk antisipasyon selès ak jwaye yo te chante ak ekri epi pwofetize sou epòk pa nou an.”

Nan sa ki se pi gran ak dènye nan tout dispansasyon levanjil yo, “yon inyon total ak konplè ak pafè ki soude dispansasyon yo, ak kle yo, ak pouvwa yo, ak laglwa yo ansanm, dwe pran plas, epi dwe revele soti depi nan epòk Adan rive jiska tan prezan an. E non sèlman sa, bagay sa yo ki pa t janm revele depi nan fondasyon mond lan … pral revele … nan sa a, ki se dispansasyon plenitid tout tan yo.”

Pwofèt Joseph te eksplike pi lwen, “Tout òdonans ak devwa ki te toujou obligatwa nan Prètriz la, anba direksyon ak kòmandman Toupuisan an nan tout dispansasyon yo, pral ajoute sou dènye dispansasyon an … pou reyalize retablisman ki te pale pa bouch tout Pwofèt Sen yo.”

Pwomès ak Temwayaj

Mwen sot eseye rezime eleman debaz ki nan “bon nouvèl” pi enpòtan ak pi gloriye sa a ke nenpòt moun nan nenpòt moman nan mond lan te ka janm resevwa a—mesaj ke Senyè a Jezikri retabli levanjil ak Legliz Li a nan dènye jou yo.

Mwen envite tout moun pou yo aprann konsènan mesaj sa a epi teste l. Mwen pwomèt ke moun “ki etidye mesaj Retablisman an nan yon espri lapriyè epi ki aji ak lafwa yo ap beni [atravè pouvwa Sentespri a] pou yo akeri pwòp temwayaj pa yo sou divinite li ak objektif li pou prepare mond lan pou pwomès Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.” Pandan w ap priye sensèman avèk antisipasyon pou w alafwa resevwa ak aji sou yon repons nan men Bondye, jan jèn Joseph Smith te fè a, kapasite w pou rekonèt ak reponn a manifestasyon divin sa a pral ogmante.

Mwen temwaye ke Bondye, Papa Etènèl la, se Papa nou. Mwen temwaye ke Jezikri se Pitit Gason Byeneme Papa a epi Li se Sèl Pitit Gason Literal Li nan lachè. Li se Sovè ak Redanmtè nou.

Mwen temwaye ak lajwa ke Papa a ak Pitit Gason an te parèt devan Joseph Smith lè li te yon jèn tigason, sa ki te derape Retablisman levanjil Sovè a nan dènye jou yo. Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri epi li gen pawòl Bondye a ladan. Otorite prètriz pou reprezante Sovè a epi aji nan non L lan disponib sou tè a ankò. Epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Nouvo Testaman Kris la ki retabli. Mwen rann temwayaj mwen avèk sètitid ke tout bagay sa yo vrè, nan non sakre Senyè a Jezikri, amèn.