Systèm Gidans Selès Nou
Si nou konsantre lavi nou sou Jezikri, n ap jwenn chemen lakay nou, n ap pèsevere jiskalafen, epi n ap rejwi jiskalafen.
Jezikri te chanje lavi m lè m te batize nan laj de 26 an nan Frutilla, Chili, peyi byeneme m nan. Nan epòk sa a, travay mwen te konn oblije m travèse lanmè, rivyè ak letan yo nan bèl zòn Patagoni Chilyen an. Apre batèm mwen, mwen te wè travay mwen ak lavi mwen nan yon fason nouvo ak diferan, mwen te rekonèt vrèman ke “tout bagay demontre genyen yon Bondye.”
Nan lanati, somon pran nesans nan sous rivyè yo. Gen yon moman nan lavi yo, kote yo bezwen naje desann soti nan rivyè a ale nan lanmè a, kote y ap jwen nouriti ak kondisyon nesesè pou devlopman yo.
Men lanmè a tou se yon kote ki danjere, kote predatè yo ap poze anbiskad epi kote pechè yo ap eseye kenbe somon an avèk zen ki sanble ak manje men ki pa pou nouri yo. Si yo ka siviv anba menas sa yo, y ap pare pou yo itilize sistèm gidans puisan yo a pou retounen remonte nan rivyè a ale menm kote yo te fèt la pou fè fas ak kèk nouvo eprèv men ki familye. Syantis yo te etidye konpòtman migratwa yo a pandan plizyè ane epi yo te dekouvri ke yo itilize yon tip kat manyetik ki sanble avèk GPS, pou gide yo al nan destinasyon final yo a avèk yon presizyon ekstraòdinè.
Nou tout ka retounen yon jou nan fwaye selès kote nou te soti a. Epi, tankou somon an, nou gen pwòp kat manyetik pa nou—oswa “Limyè Kris la”—pou gide nou ale kote sa a. Jezi te di, “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.”
Si nou konsantre lavi nou sou Jezikri, n ap jwenn chemen lakay nou, n ap pèsevere jiskalafen, epi n ap rejwi jiskalafen. Prezidan Russell M. Nelson te di, “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou l wè avèk sikonstans lavi nou, men li gen tout bagay pou wè avèk sa nou fokis nan lavi nou.”
Nati ak Destine Diven Nou
Nan pwoklamasyon sou fanmi an nou li ke “nou chak se yon pitit gason oswa pitit fi byenneme paran selès, epi, konsa, nou chak gen yon nati ak destine diven. Nan egzistans premòtèl la, pitit gason ak pitit fi lespri yo te konnen ak adore Bondye kòm Papa Etènèl yo epi yo te aksepte plan L lan kote pitit Li yo te kapab vin gen yon kò fizik epi fè eksperyans terès pou pwogrese nan direksyon pèfeksyon epi finalman rive nan destine diven yo kòm eritye lavi etènèl.”
Anvan Li te fèt nan mòtalite a, Jezi te parèt devan Moyiz epi Li te pale avèk li nan non Papa a. Li te di Moyiz Li te gen yon gwo travay pou li pou l te fè. Pandan rankont sa a, Senyè a te rele li “pitit gason mwen” plizyè fwa.
Aprè eksperyans sa a, Satan te vin tante li, konsa, “Moyiz, pitit gason lòm, adore mwen.”
Moyiz te reponn tantasyon an nan sonje nati diven li, li te di konsa: “Kiyès ou ye? Paske gade, mwen se yon pitit Bondye.” Verite a te libere Moyiz anba yon atak advèsè a.
Frè m ak sè m yo, atrap mòtalite yo reyèl. Souvan yo atiran, men yo vize yon sèl objektif: rale nou soti nan chemen dlo vivan yo ki mennen kote Papa a ak lavi etènèl la.
Mwen konnen kijan atrap mòtalite yo ka reyèl. Yon jou Dimanch, antanke yon nouvo konvèti, mwen t ap ansenye yon klas prètriz lè yon konvèsasyon enkonfòtab te kòmanse. Mwen t fè efò pou m te fini leson an. Mwen te santi m ofanse e mwen te santi ke m sete viktim nan. San m pa di yon mo, mwen te pran wout sòti a, avèk ide ke mwen pa t ap retounen legliz pou kèk tan.
Nan menm moman sa a, yon dirijan prètriz ki sousye te kanpe devan mwen. Li te envite m jantiman pou m te fokis sou Kris la non pa sou sitiyasyon nou te fè eksperyans nan klas la. Lè m t ap repanse a eksperyans avèk li a, li te di m ke li te tande yon vwa ki te di li, “Ale dèyè li; li enpòtan pou mwen.”
Chè zanmi m yo, nou tout enpòtan pou Li. Prezidan Nelson te ansenye, “Akozde alyans nou avèk Bondye a, Li p ap janm fatige nan efò L pou ede nou, epi nou p ap janm epuize pasyans plen mizerikòd Li genyen pou nou an.” Nati diven nou ak relasyon alyans nou avèk Bondye ba nou dwa pou nou resevwa èd divin.
Bezwen Nouriti
Menmjan somon bezwen jwenn nouriti nan lanmè a pou yo grandi a, noumenm tou nou bezwen nouri tèt nou espirityèlman pou n ka evite mouri anba malnitrisyon espirityèl. Lapriyè, ekriti yo, tanp la, ak patisipasyon regilye nou nan reyinyon Dimanch yo enpòtan anpil nan meni espirityèl nou an.
An Novanm 1956, Ricardo Garcia, ansanm avèk fanmi li ak kèk lòt moun, te antre nan dlo batèm nan Chili, li te vin premye manm Legliz la nan peyi mwen. Yon jou anvan li te mouri, li te deklare devan fanmi l ak zanmi li yo, “Sa gen plizyè ane, misyonè yo te envite m pou m te gen lajwa ansanm avèk fanmi mwen. Mwen se yon moun ki gen lajwa. Di tout moun nan Chili ke levanjil la se bonè.”
Apre l te fin nouri avèk levanjil Jezikri a, Ricardo te konsakre tout lavi li pou sèvi Bondye ak pwochen li avèk lanmou. Egzanp disip li te beni anpil jenerasyon, enkli mwenmenm. Pwofèt Joseph Smith te ansenye ke ”yon moun ki ranpli avèk lanmou Bondye, pa sèlman satisfè avèk benediksyon fanmi l sèlman, men li vwayaje tout kote nan mond lan enpasyan pou l beni tout ras imen an. ”
Retounen nan Fwaye Selès nou
Byen fon andedan nou chak gen yon dezi pou nou retounen nan fwaye selès nou, epi Jezikri se systèm gidans selès nou. Li se chemen an. Sakrifis ekspyatwa Li a rann posib pou nou fè alyans sakre avèk Bondye. Yon fwa nou fin fè alyans, n ap retwouve nou pafwa ap naje kont kouran an. Danje, desepsyon, tantasyon, ak afliksyon pral teste lafwa nou ak fòs espirityèl nou. Mande èd. Jezikri konprann epi li toujou pare pou pataje fado nou yo.
Sonje ke yo konnen Li kòm “yon nonm soufrans, epi ki te toutan nan gwo lapenn.” Sovè a ansenye, “Nou va gen tribilasyon nan mond lan: men, pran kouraj; mwen venk mond lan.” Sakrifis ekspyatwa Li a pèmèt nou jwenn padon pou peche nou yo, nan pwen ke li pa menm sonje yo.
Nou gendwa pa bliye peche nou yo konplètman kòm yon pati nan aprantisaj mòtèl nou, konsa n ap sonje pou nou pa refè yo. Olyede sa, n ap sonje Li pandan n ap pran sentsèn nań legliz la chak Dimanch. Òdonans sa a se yon pati enpòtan nan adorasyon ak devlopman espirityèl. Lajwa vini lè nou konprann ke sa se pa jis yon lòt jou. “Saba a te fèt pou lòm,” avèk entansyon pou ba nou repo anba mond lan ak renouvle kò nou ak lespri nou.
Nou sonje Li tou lè nou ale nan tanp—kay Senyè a. Tanp yo ba nou yon konesans pi pwofon sou Jezikri kòm sant alyans ki mennen nou nan lavi etènèl la, “pi gran nan … kado Bondye yo.”
Ale nan tanp ban m rekonfò ak gran espwa konsènan destine etènèl nou. Mwen te fè eksperyans koneksyon selès avèk moun sou toude bò vwal la. Mwen wè mirak gerizon nan lavi jèn pitit mwen yo, de nan yo ap viv avèk maladi envizib ki mande swen chak jou pou rès lavi sa a.
Fanmi nou rejwi lè nou pale konsènan plan bonè a. Figi pitit mwen yo klere lè yo tande ke, gras ak Jezikri, “afliksyon yo ap pou yon ti tan.” Nou renmen pitit nou yo anpil, e nou konnen ke yon jou, jan Prezidan Jeffrey R. Holland. te anseye a, yo pral “kanpe devan nou glorifye ak gran, nan yon kò ak espri mayifikman pafè .” Alyans nou yo mennen nou pi pre Bondye nan pwen ki rann sa k enposib yo posib, ranpli chak espas fènwa ak dout avèk limyè ak lapè.
Gras ak Jezikri, genyen espwa ak bonjan rezon pou nou kontinye renmen, kontinye priye ak kontinye sipòte moun nou renmen yo.
Mwen konnen Li vivan. LI konnen nou epi Li renmen nou. Li se chemen, verite, ak lavi mond lan.
Mwen envite nou tout jodia pou nou santre lavi nou sou Jezikri ak ansèyman Li yo. Lè nou fè sa, sa ap ede nou evite mòde zen tantasyon, ofans ak pitye pou tèt nou yo. N ap kanpe tankou tanp yo—sen, fèm ak konstan. N ap simonte obstak yo, epi n ap rive lakay, pandan n ap pèsevere jiskalafen epi rejwi jiskalafen. Nan non Jezikri, amèn.