Konferans Jeneral
Epi Nou Pale Konsènan Kris la
Konferans jeneral Avril 2025


14:27

Epi Nou Pale Konsènan Kris la

Nou se disip Jezikri, epi nou chèche alafwa resevwa ak pataje limyè Li.

Entwodiksyon

Nan fen yon tach byen long aletranje, madanm mwen, Lesa avèk mwen te antre nan yon tèminal ayewopò an preparasyon pou jis yon lòt vòl—youn–lannuit—pou antre lakay nou. Pandan nou te kanpe avèk anpil lòt moun ap avanse trè dousman nan liy byen long, nou te kapab santi anksyete k ap grandi nan lòt vwayajè yo ki te enkyete pou pran vòl yo, travèse tchèk paspò ak viza a, epi pase kontwòl sekirite a avèk siksè.

Nou te finalman atenn yon pòs yon ofisye ladwàn ki te sanble ke nivo estrès ak anskyete nan sal la pa t afekte l. Li te prèske mekanikman, san gade m, pran dokiman m yo, verifye foto mwen, feyte paj yo youn apre lòt, epi finalman li te mete yon so sou paspò m nan avèk yon gwo bri.

Apresa, li te pran papye Lesa yo. San emosyon, tèt bese epi konsantre sou travay li, li te metodikman feyte paj yo avèk yon je ekspè, byen konsantre sou detay nan dokiman yo ki te devan l lan. Nou te yon tijan etone lè li te toudenkou stope, li leve tèt li, epi li fè kontak vizyèl avèk Lesa nan yon rega delibere ak kòdyal. Avèk yon bèl souri, li te mete yon so sou paspò Lesa a tou dousman epi li te remèt li dokiman yo. Madanm mwen te souri anretou, li te aksepte dokiman yo, epi yo te fè yon echanj pawòl orevwa kòdyal.

Kisa k fèk pase la a?” Mwen te mande avèk enkredulite.

Lè sa a Lesa te montre m sa ajan an te wè a—yon ti kat avèk foto Sovè a sou li. Li te aksidantèlman glise soti nan bous li antre andedan paspò l la. Se sa ofisye ladwàn nan te wè. Se sa ki te totalman chanje konpòtman li.

Foto Sovè a andedan yon paspò.

Gras ak Verite, pa Simon Dewey, koutwazi altusfineart.com, © 2025, itilize avèk pèmisyon.

Ti foto Sovè a sa te konekte kè de moun ki otreman te etranje san koneksyon. Li te transfòme yon bagay enpèsonèl vin pèsonèl,li te kaptire bote, mirak, ak reyalite Limyè Jezikri a. Pou rès jou sa a, epi souvan apre, mwen te reflechi sou bèl moman senp sa a avèk admirasyon epi rejwi nan efè gloriye Limyè Kris la genyen sou pitit Bondye yo.

Nou Pale de Kris la

Nou se disip Jezikri, epi nou chèche alafwa resevwa ak pataje limyè Li. Tasitman nan non Legliz la genyen teyoloji nou an ki di se “Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.” Atravè pwofèt ansyen ak pwofèt vivan yo, Papa nou ki nan Syèl la kòmande nou pou nou “Koute Li!” epi pou nou “vin jwenn Kris la.” “Nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, [epi] nou pwofetize konsènan Kris la.”

Nou anseye ke Jezikri se Pitit Bondye, epi pandan ministè terès Li a, Jezi te anseye levanjil Li a epi Li te etabli Legliz Li a.

Nou temwaye ke nan fen lavi Li, Jezi te ekspye pou peche nou kote L te soufri nan Jaden Jetsemani an, krisifye sou kwa a, epi apresa Li te resisite.

Nou rejwi dèske gras a sakrifis ekspyatwa Sovè a, nou ka jwenn padon epi netwaye anba peche nou yo lè nou repanti. Sa pote lapè ak lespwa pou nou pandan ke l rann posib pou nou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa.

Kris la avèk Mari devan tonbo vid la

Nou pwofetize ke, gras a Rezirèksyon Jezi a, lanmò se pa lafen men yon etap enpòtan pou nou avanse. “Nou tout ap resisite apre nou mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini epi viv pou tout tan.”

Vin jwenn Kris la

Pwofèt vivan yo nan epòk nou an—ki resevwa revelasyon nan men Bondye pou anseye ak dirije nou—envite nou san rete pou nou vin jwenn Kris la. Y ap ede nou santre kè nou, zòrèy nou, ak je nou pi totalman sou Li. Nou ta ka site anpil egzanp sou ajisteman ak amelyorasyon Premye Prezidans lan anonse ki gen kòm objektif pou konsantre nou sou Jezikri. Kèk nan bagay sa yo enkli:

  • Desizyon pou retire non “Legliz Mòmon ” an epi ranplase l pa non kòrèk la, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

  • Disponiblite nouvo tablo atistik avèk tèm ki enspire sou Kris la pou afiche nan chapèl yo.

  • Tèm ak mizik pou Jènfi ak Jènjan yo ki santre sou Jezikri, tankou “I Am a Disciple of Jesus Christ [Mwen se yon Disip Jezikri]” avèk “Look unto Christ [Gade sou Kris la].”

  • Pi gwo aksan sou Ekspyasyon ak Rezirèksyon Literal Jezikri a kòm evenman ki pi gloriye nan listwa.

  • Selebrasyon Pak kòm yon sezon e non pa jis yon fèt, avèk aksan sou Jezikri.

  • Entwodiksyon logo vizyèl pou idantifye Legliz Jezikri a ak nati senbolik li.

An nou gade pi pre pou n wè enpak kèk nan bagay sa yo. Premyèman, senbòl Legliz la.

Senbòl Legliz la

Senbòl Legliz la.

An 2020, Prezidan Russell M. Nelson te entwodui yon nouvo logo pou idantifye Legliz la. Senbòl sa a reflete verite ke Kris la nan sant Legliz Li a epi Li ta dwe nan sant lavi nou tou. Kounyea nou wè senbòl familye sa a sou tout sit entènèt ak revi nan Legliz la, sou rekòmandasyon tanp yo, kòm senbòl pou app Medyatèk Levanjil la, e menm sou plak Idantite militè pou manm Legliz ki ap sèvi nan lame yo. Senbòl la enkli non Legliz la ki andedan yon pyè angilè, yon rapèl ke Jezikri se wòch fondasyon an, ki montre la a nan Cambodge epi ki ap itilize nan 145 lang.

Senbòl Legliz la nan Cambodge

Sant senbòl la se yon reprezantasyon bèl stati an màb Albert Bertel Thorvaldsen te taye a, Christus la, ki vin grandman asosye avèk Legliz la epi nou jwenn ni nan sant vizitè yo ak nan lakou tanp yo toupatou nan mond lan. Enpòtans li nan senbòl Legliz la sigjere ke Kris la ta dwe nan sant tout sa n ap fè. Menmjan tou, bra Sovè a ki lonje yo endike pwomès Li pou anbrase tout moun ki vin jwenn Li. Senbòl sa a se yon reprezantasyon vizyèl sou lanmou Sovè a, Jezikri, ak yon rapèl konstan sou Kris vivan an.

Jezi ki ap soti nan tonbo a.

Pa kiryozite, mwen te pale avèk anpil fanmi ak zanmi konsènan yon eleman enpòtan nan senbòl Legliz sa a. Sa k etonan, anpil pa t konsyan de karakteristik sakre ke l reprezante a. Jezikri kanpe anba vout la. Sa reprezante Sovè resisite a ki ap soti nan tonbo a. Nou vrèman selebre Kris Vivan, resisitea, menm nan itilizasyon senbòl Legliz la.

Pak ki pi Elve ak pi Sen

Kounyea, an nou reflechi sou siyifikasyon Pak. Nan mesaj resan Premye Prezidans lan konsènan Pak, nou jwenn envitasyon “pou nou selebre rezirèksyon Sovè vivan nou an nan etidye ansèyman L yo ak nan ede etabli tradisyon Pak nan sosyete nou an totalman, espesyalman nan pwòp fanmi nou.” An brèf, yo ankouraje nou pou nou avanse ale sou yon selebrasyon Pak ki pi elve ak pi sen.

Mwen renmen revelasyon kontinyèl konsènan Pak la epi mwen rejwi pou anpil efò n ap fè pou nou rann Pak yon okazyon sakre ak sen. Anplis de fè reyinyon sentsèn ki dire inèdtan nan jou Dimanch Pak la, gen lòt egzanp sou aktivite diy ki enkli devosyon ak aktivite pawas ak pieu nan jou Dimanch Ramo a osibyen ke pandan Semèn Sent la. Komemorasyon sa yo enkli aktivite avèk timoun, jèn, ak adilt e souvan yo enkòpore koral plizyè lòt legliz. Gen lòt ki òganize pòt ouvèt sou “Kris Vivan” an pou manm ak zanmi epi yo patisipe nan aktivite kominote plizyè lòt legliz fè sou Pak.

Kalite aktivite sa yo reprezante foul moun yo nan vil Jerizalèm nan ki te ini vwa yo ansanm pou yo te louwe Sovè a pandan antre triyonfal Li a. Sa ki egalman enpresyonan tou se rapò sou jan nou reponn a envitasyon Premye Prezidans lan pou nou adore lakay nou an fanmi pou komemore fèt ki pi enpòtan sa a.

Mwen kwè ke adorasyon familyal ki antoure Pak la remakableman ogmante. Sa gen dezan, mwen te pale sou detèminasyon fanmi pa m pou nou te amelyore fason nou onore Pak. Mwen dwe admèt ke, sa se toujou yon travay ki an pwogresyon. Nou te toujou konn òganize yon repa espesyal Dimanch Pak, panye Pak ak yon aktivite lachas pou chèche ze Pak, e nou toujou kontinye fè sa. Men, ajoute yon dimansyon espirityèl entansyonèl ki konsantre sou Jezikri ak Ekspyasyon L lan sou selebrasyon nou an pote yon bèl ekilib a komemorasyon nou sou evenman ki pi sakre nan tout sa yo.

Pyès teyat fanmi Stevenson pou Jou Pak la

Ane sa a, se pral twazyèm tantativ nou pou n fè Pak plis santre sou Kris la. Tankou nativite Nwèl la, pyès teyat fanmi nou jwe nan Jou Pak la enkli kostim, li ekriti nan Nouvo Testaman an ak nan Liv Mòmon an, mizik, foto Pak, fèy palmye—epi li on tijan tèt anba, si m totalman onèt. Timoun ak granmoun k ap li ak resite louwanj Dimanch Ramo a ki se “Ozana Benediksyon pou moun nan ki vini nan non Senyè a; Ozana nan lye ki pi wo a” ak “Se Jezi … Nonm Galile a” sanble l osi ekivalan ke “Lapè sou tè a, bòn volonte pou lòm” nan sezon Nwèl la.

Kounyea nou rejwi nan yon melanj dekorasyon. Sa ki otrefwa te prèske totalman ti lapen ak ze Pak la kounyea vin balanse avèk Christus la ak imaj tonbo vid la, ak Sovè resisite a ki ap parèt nan jaden an deyò tonbo a, ak aparisyon Sovè a devan Nefit yo. Nou fè gwo efò tou pou fè Pak vin yon sezon olye de jis yon jou konje. N ap eseye vin pi konprann, pi reflechi, ak pi selebre Dimanch Ramo a ak Vandredi Sen ak evenman sakre yo ki te pase pandan tout Semèn Pak la.

Pak pèmèt nou onore sakrifis ekspyatwa Jezikri a ak Rezirèksyon literal ak jwaye L la. Kè nou lou lè nou imajine soufrans Sovè a nan Jaden an ak sou Kalvè a, men kè nou rejwi lè nou anvizaje tonbo vid la ak dekrè selès “Li resisite!” a

Yon Rezirèksyon Literal

Pawòl ankourajman resan Premye Prezidans lan ki di “tann Pak ak Rezirèksyon Jezikri a avèk enpasyans—mesaj ki pi gloriye nan tout mesaj pou limanite” souliyen anplè sezon sa a. Pandan ke sanble gen yon tandans grandisan pami divès teyolojyen kretyen pou konsidere Rezirèksyon an nan tèm figire ak senbolik, nou afime doktrin nou ke “Rezirèksyon an vle di ke tout moun ki te janm viv pral resisite, epi Rezirèksyon an literal.” “Paske tout moun mouri nan Adan, se menmjan tou tout moun ap vivan nan Kris la.” Jezikri te kase chenn lanmò pou nanm tout moun ki vivan.

Nou vrèman emèveye pou lagras Jezi ofri nou an. Nou anbrase pawòl Li ki di “pa gen pi bon jan pou yon moun montre lanmou li pase lè l bay lavi l pou zanmi li yo.” a

C. S. Lewis te deklare ke “preche Krisyanis la vledi [pou Apot yo] prensipalman preche Rezirèksyon an. … Rezirèksyon an se tèm santral nan chak diskou Kretyen ki rapòte nan liv Travay yo. Rezirèksyon an, ak konsekans li yo, sete ‘levanjil’ oubyen bòn nouvèl Kretyen yo te pote a.”

Mwen pwoklame ke “gen yon rezirèksyon, … tonm lan pa gen viktwa, e Kris la anglouti agoni lanmò a.”

Konklizyon ak Temwayaj

An konklizyon, mwen temwaye ke tout moun ki aksepte envitasyon pwofèt vivan nou an ak konseye l yo pou plis komemore evenman sakre ke Pak reprezante yo, ap vin wè ke lyen yo avèk Jezikri ap vin pli anplis solid.

Sa gen jis kèk jou, mwen te tande pale de yon granmè ki te repete istwa Pak la avèk ti pitit pitit gason katran l lan kote l te kreye yon kopi senp tonm lan, wòch ki te kouvri tonm lan, Jezi, Mari, disip yo, ak zanj lan. Ti gason an te gade epi koute atantivman pandan granmè l te pataje antèman an, fèmen ak ouvri tonm nan, ak sèn Rezirèksyon an nan jaden an. Apresa li te repete istwa a avèk swen, avèk detay etonan, pandan li t ap deplase pèsonaj yo poukont li. Apre bèl ti moman sa a, yo te mande l si l te konn poukisa nou fete Pak. Ti gason an te leve je l epi, avèk yon rezonman timoun, li te reponn, “Paske L vivan.”

Yon jèn tigason ki ap rakonte istwa Pak la.

Mwen ajoute temwayaj mwen sou pa li—ansanm ak pa nou, ak sou pa zanj yo ak pwofèt yo—ke Li resisite epi Li vivan, konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.