Benediksyon Konpansatwa yo
Pandan ke anpil sikonstans nan lavi a gen dwa depase kontwòl nou, nou youn pa depase limit pou nou resevwa benediksyon enfini Senyè a genyen pou nou yo.
Pandan m t ap sèvi nan Episkopa Prezidan an, mwen te gen privilèj rankontre ak Sen Dènye jou toupatou nan mond lan nan anpil kote ak kilti. Mwen te toujou enspire pa lafwa ak devosyon inebranlab nou pou Senyè a, Jezikri. An menm tan tou, mwen te touche lè m te wè tout kalite sikonstans souvan difisil anpil nan nou ap rankontre—eprèv tankou maladi, andikap, mank resous, mwens opòtinite pou maryaj oswa edikasyon, abi lòt moun ap fè nou, ak lòt obstak oswa kontrent. Pafwa, eprèv sa yo ka sanble yo anpeche pwogrè nou epi yo defye efò sensè nou pou nou viv levanjil la konplètman, sa ki rann ni pi difisil pou nou sèvi, adore, ak akonpli devwa sakre yo.
Chè zanmi m yo, si jamè nou konn santi nou limite oswa defavorize pa sikonstans lavi nou yo, mwen vle nou konnen bagay sa a: Senyè a renmen nou pèsonèlman. Li konnen sikonstans nou, epi pòt benediksyon L yo rete ouvè byen laj pou nou kèlkeswa eprèv n ap rankontre a.
Mwen te aprann verite sa a gras ak yon eksperyans pèsonèl, byenke li aparaman ensiyifyan, li te kite yon enpresyon dirab sou mwen. A laj 22 an, pandan mwen t ap sèvi nan Air Force Lafrans la nan Paris, mwen te kontan anpil lè m te aprann ke Eldè Neal A. Maxwell, yon Apot Senyè a, ta pral pale nan yon konferans sou Champs-Élysées yo. Men, jis anvan evenman an, mwen te resevwa lòd pou m te kondui yon ofisye siperyè ale nan ayeropò nan menm moman konferans lan t ap fèt la.
Mwen te desi. Men, avèk detèminasyon pou m te asiste, mwen te depoze ofisye a epi mwen te prese ale nan konferans lan. Apre m te fin jwenn yon kote pou m te pake, m te kouri desann Champs-Élysées a kote reyinyon an t ap fèt la epi m te rive san souf ak sèlman senk minit ki te rete anvan reyinyon an te fini. Nan moman m t ap antre a, mwen te tande Eldè Maxwell di, “Kounyea m pral banou yon benediksyon apostolik.” Nan moman sa a, mwen te fè yon bèl eksperyans espirityèl, inoubliyab. Lespri a te anvayi mwen epi pawòl benediksyon yo te sanble yo te penetre chak fib nan nanm mwen, kòmsi yo te destine pou mwen sèlman.
Eksperyans mwen te fè jou sa a te piti men sete yon manifestasyon puisan sou yon aspè rekonfòtan nan plan Bondye a pou pitit Li yo: Lè sikonstans nou pa ka kontwole anpeche nou ranpli dezi jis kè nou yo, Senyè a ak ba nou konpansasyon nan fason ki ap pèmèt nou resevwa benediksyon Li pwomèt yo.
Verite reyasiran sa a anrasine nan twa prensip kle nou jwenn nan levanjil retabli Jezikri a:
-
Bondye renmen nou chak pafètman. “Li envite tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l.” Plan Redanmsyon Li a asire ke tout moun, san eksepsyon, ap jwenn yon opòtinite ki jis pou yo resevwa benediksyon sali ak egzaltasyon yo yon jou.
-
Paske Bondye alafwa jis ak mizèrikòdye epi plan Li a pafè, Li p ap rann nou responsab pou bagay ki pa sou kontwòl nou. Èldè Neal A. Maxwell te eksplike ke “Bondye … , nan mizèrikòd Li, pran an konsiderasyon non sèlman dezi nou yo ak akonplisman nou, men degre difikilte ke sikonstans varye nou enpoze sou nou yo tou.”
-
Gras ak Jezikri ak Ekspyasyon L la, nou kapab jwenn fòs pou n andire epi alafen simonte tout eprèv lavi yo. Jan Alma te ansenye, Sovè a te pran sou Li non sèlman peche moun ki repanti yo men “lapenn ak maladi pèp li a” ak “enfimite yo” tou. Konsa, anplis de rachte nou nan erè nou yo, mizèrikòd ak gras Senyè a soutni nou atravè enjistis, ensifizans, ak obstak eksperyans mòtèl nou yo enpoze sou nou yo.
Resevwa benediksyon konpansatwa sa yo vini avèk kèk kondisyon. Senyè a mande nou pou nou fè “tout sa nou kapab” epi pou nou “ofri tout nanm nou kòm yon ofrann ba li.” Sa mande yon pwofon dezi, yon kè sensè ak fidèl, ak tout dilijans nou nan respekte kòmandman Li yo epi aliyen volonte nou avèk pa Li.
Lè efò sensè nou yo pa reponn a aspirasyon nou yo akoz sikonstans nou paka kontwole, Senyè a ka aksepte dezi kè nou kòm yon ofrann ki diy. Prezidan Dallin H. Oaks te ansenye, “N ap beni pou dezi jis kè nou yo menmsi kèk sikonstans eksteryè rann enposib pou nou mete dezi sa yo an aksyon.”.
Pandan Pwofèt Joseph Smith t ap enkyete konsènan frè li a Alvin, ki te mouri san li pa t resevwa òdonans levanjil esansyèl yo, li te resevwa revelasyon rekonfòtan sa a: “Epi tout moun ki mouri depi lè sa a san konesans [levanjil la], ki t ap resevwa l avèk tout kè yo, pral eritye wayòm selès Bondye] a,” Apresa Senyè a te ajoute,“Paske mwen menm Senyè a, m pral jije tout moun daprè zèv yo, daprè dezi ki nan kè yo.”
Sa ki enpòtan pou Senyè a se pa sèlman konnen si nou kapab men se si nou dispoze fè tout sa nou kapab pou nou suiv Li kòm Sovè nou.
Yon fwa, yon zanmi m te rekonfòte yon jèn misyonè ki te nan lapenn paske yo te relve l nan misyon li anvan lè akoz pwoblèm sante, malgre priyè ak dezi sensè li pou l te sèvi. Li te pataje yon ekriti kote Senyè a te deklare ke lè pitit li yo “ale avèk tout pouvwa yo” epi “yo pa sispann dilijans yo” pou akonpli kòmandman Li yo,“ epi enmi yo [ki ka enkli sikonstans defavorab nan lavi nou] … anpeche yo akonpli travay sa a, gade, li nesesè pou m pa egzije travay sa a nan men [moun] sa yo ankò, men, pou m aksepte ofrann yo.”
Zanmi m nan te temwanye bay jènjan an ke Bondye te konnen li te bay meyè de limenm nan reponn apèl pou l te sèvi a. Li te asire li ke Senyè a te aksepte ofrann li a epi benediksyon ki pwomèt pou tout misyonè fidèl yo, l ap jwenn yo tou.
Benediksyon konpansatwa Senyè a souvan vini atravè jantiyès ak sèvis lòt moun ki ede nou akonpli sa nou paka fè poukont nou. Mwen sonje yon fwa lè nou t ap viv lwen youn nan pitit fi nou yo an Frans, nou te santi nou enkapab pou n te ede li apre yon akouchman difisil. Nan menm semèn sa a, pawas nou an nan Uta t ap chache èd pou yon manman ki te fèk akouche de marasa. Madanm mwen Valeri, te ofri pou l te pote manje pou li, avèk yon priyè nan kè li alafwa pou nouvo manman sa a ak pou pitit fi nou an ki te nan bezwen an. Tousuit apre, nou te aprann ke sè yo nan pawas pitit fi nou an an Frans la te òganize yo pou yo te pote manje pou fanmi an. Pou noumenm, Bondye te reponn priyè nou, li te voye zanj Li yo pote rekonfò lè nou pa t kapab.
Lè n ap rankontre obstak ak eprèv, se pou nou rekonèt pwòp benekiksyon pa nou yo—don, resous, ak tan nou—epi itilize yo pou nou sèvi moun ki nan bezwen. Lè nou fè sa, non sèlman n ap beni lòt moun men n ap envite gerizon ak konpansasyon nan pwòp lavi nou tou.
Youn nan fason pi puisan nou kapab kontribye nan benediksyon konpansatwa Bondye yo se atravè travay pa pwokirasyon nou fè pou zansèt nou yo nan kay Senyè a. Lè nou akonpli òdonans nan non yo, nou patisipe aktivman nan gran travay sali Senyè a, nou itilize don ak talan nou pou nou pote benediksyon bay moun ki pa t gen opòtinite pou yo te resevwa yo pandan lavi mòtèl yo.
Sèvis lanmou nou ofri nan tanp sakre yo raple nou ke gras Sovè a etann odela lavi sa a. Nan lavi k ap vini an, nou kapab resevwa nouvo opòtinite pou n akonpli sa nou pa t kapab akonpli nan lavi mòtèl sa a. Pandan l t ap pale avèk sè ki potko jwenn yon konpanyon etènèl yo, Prezidan Lorenzo Snow te di avèk amou: “Pa gen okenn Sen Dènye Jou ki mouri apre yo fin viv yon lavi fidèl ki pral pèdi anyen paske yo pa t fè kèk bagay lè opòtinite yo pa t prezante devan yo. … Y ap jwenn tout benediksyon yo, egzaltasyon ak laglwa ke nenpòt gason oswa fi ki te gen opòtinite sa a ap genyen.”
Mesaj lespwa ak rekonfò sa a se pou nou tout, pitit Bondye yo. Nou youn p ap chape anba eprèv ak limitasyon mòtalite yo. Apre tou, nou tout fèt avèk yon enkapasite enteryè pou n sove tèt nou. Men, nou gen yon Sovè eman, e “nou konnen se pa mwayen lagras [Li] ke nou sove, apre tout sa nou kapab fè.”
Mwen temwanye ke pandan anpil sikonstans nan lavi a kapab depase kontwòl nou, nou youn pa depase limit pou nou benediksyon enfini Senyè a genyen pou nou yo. Atravè sakrifis ekspyatwa Li a, Sovè a ap bay konpansasyon pou chak enkapasite, ak chak enjistis si nou ofri tout nanm nou ba li. Nan non Jezikri, amèn.