Konferans Jeneral
Charite—yon Siy yon Vrè Disip
Konferans jeneral Avril 2025


11:29

Charite—yon Siy yon Vrè Disip

Vrè destinasyon lavi disip la se literalman pou nou vin tankou Jezikri.

Prezidan Russell M. Nelson te resaman envite nou pou nou “fè lavi disip nou vin pi gwo priyorite nou.” Envitasyon puisan sa a te pouse m medite pwofondeman sou kondisyon m kòm disip Jezikri.

Lavi disip se yon Chwa

Yon disip se yon admiratè oswa elèv yon lòt moun. Disip yo se “apranti” ki dedye lavi yo pou yo ka vin tankou pwofesè yo a. Konsa, vin yon disip Jezikri enplike plis pase kwè nan ansèyman ak doktrin Li a. Sa menm enplike plis pase rekonèt divinite Li ak aksepte Li kòm Sovè ak Redanmtè nou, menmsi sa ekstrèman enpòtan.

Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike: “Suiv Kris la se pa yon pratik neglijan oswa okazyonèl.” Se yon angajman ak yon mòd lavi kontinyèl ki ta dwe gide nou tout tan ak tout kote.” Lavi disip se yon vwayaj delibere ke nou antreprann pou nou ka vin transfòme atravè sakrifis ekspyatwa Senyè a ak pouvwa abilitan Li. Veritab destinasyon lavi disip la se literalman pou nou vin tankou Jezikri—nan pwen menm pou nou resevwa “imaj Li nan figi [nou].”

Pou vin disip Senyè a, nou dwe entansyonèlman imite panse Li ak aksyon Li yo chak jou—pa egzanp, obeyisans, imilite, ak pasyans Li. Pandan n ap gradyèlman enkòpore kalite sa yo nan pwòp idantite nou, n ap vin “patisipan nan nati divin [Li].” Imitasyon sa a pou karaktè Sovè a chita nan sant adorason nou pou Li. Jan Prezidan Nelson te anseye a, “Adorasyon nou pou Jezi pi byen eksprime nan fason nou imite Jezi.”

Siy yon Vrè Disip

Nan tout kalite divin Jezikri nou dwe imite yo, gen youn ki kanpe nan premye plas epi ki enkane tout lòt yo. Kalite sa a se lanmou pur Li, oswa charite. Ni Pwofèt Mòmon ni Apot Pòl raple nou ke san charite, “[nou] pa anyen.” Oubyen, jan yo te revele bay Pwofèt Joseph Smith, san “charite, [nou] pa ka anyen.”

Sovè a Limenm te idantifye lanmou kòm yon mak oswa yon siy pou yo ka rekonèt vrè disip Li yo lè l te deklare:

“M ap ban nou yon kòmandman nouvo, se pou nou youn renmen lòt. Wi, se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

“Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye, si nou youn renmen lòt.”

Charite se yon konsèp rich ki ka difisil pou defini men ke fasilman moun ki resevwa l yo ka santi. Preche Levanjil Mwen an anseye ke “charite, tankou lafwa, mennen nan aksyon.” Anfèt, nou ka dekri charite kòm “lanmou an aksyon.” Deskripsyon sa a bay yon gwo apèsi sou deklarasyon ki rezime lavi Sovè a—Li “te ale toupatou ap fè byen.”

Antanke disip Jezikri, nou dwe chèche imite fason Mèt nou an te demontre lanmou pur Li pou lòt moun. Byenke Sovè a manifeste charite nan plizyè fason, mwen ta renmen atire atansyon nou sou twa modèl patikilye sou charite Li ke nou fasilman wè nan vrè disip Li yo.

Charite se Montre Konpasyon

Premyèman, Sovè a te montre charite nan montre konpasyon. Pandan ministè Li pami Nefit yo, jan sa ekri nan Liv Mòmon an, Senyè a te envite moun yo pou retounen lakay yo epi medite sou sa Li te anseye yo epi prepare yo pou retou Li nan demen. Apresa rejis la deklare:

“Dlo te nan je yo, epi yo t ap gade l fiks kòm si yo te vle mande l pou rete yon ti jan pi lontan avèk yo.

“Epi li te di yo: Gade, zantray mwen chaje avèk konpasyon pou nou.”

Konpasyon se pòsyon nan charite ki chèche soulaje soufrans. Ranpli ak konpasyon, Senyè a te geri malad ak aflije nan mitan moun yo. Apresa, Li te beni timoun yo avèk zanj ki te desann soti nan syèl la ki te antoure yo. Li te akonpli aksyon tandrès, plen lanmou, ak anpil lòt, paske “kè l te fè l mal pou yo.”

Pandan m t ap sèvi kòm yon jèn misyonè nan Amerik Disid, mwenmenm tou m te benefisye konpasyon yon bon zanmi. Yon jou swa pandan m t ap kondui avèk zonpayon m ale lakay prezidan misyon nou an, yon jenòm sou bisiklèt te toudenkou vire devan machin lan. Sa te rive si vit ke m pa t ka evite kolizyon an. Trajikman, jenòm sa a te mouri akoz enpak la. Mwen te devaste poutèt li te pèdi lavi li. Terifye epi an chòk lè reyalite orib sou sa k te fèk rive a te anvayi mwen, yo te arete mwen epi yo te fèmen m nan prizon. Mwen pa t janm santi m pè ak poukont mwen konsa. Mwen te ranpli avèk dezespwa ak krent pou m pa t rete nan prizon pou tout rès lavi mwen.

Yon kòlèg misyonè, Èldè Brian Kochever, te aprann aksidan an epi li te touche pa konpasyon. Li te vini nan prizon an epi l te plede avèk ofisye yo pou yo te pèmèt li rete nan prizon an avèk mwen nan selil la pou m pa t rete poukont mwen. Mirakilezman, yo te dakò. Rive jis jodia, mwen santi yon pwofon gratitid pou aksyon lanmou kretyen disip sa a te fè a, ki te kalme, rekonfòte, ak konsole m pandan moman pi gwo detrès nan lavi m nan. Konpasyon charitab li a sete yon siy ki montre karaktè disip li. Jan Prezidan Nelson te obsève a, “Youn nan fason pi fasil pou idantifye yon vrè disip Jezikri se nan jan moun sa a trete lòt moun avèk konpasyon.”

Charite se Reponn a Bezwen Ki Pa Eksprime

Yon lòt egzanp sou fason Sovè a demontre lanmou Li se atravè fason Li obsève ak reponn a bezwen lòt moun ke yo pa eksprime. Pou mesye ki te paralize depi 38 ane san li pa t gen okenn moun pou ede l la, Senyè a te geri li epi L te ankouraje l pou l te mennen yon lavi jis. Pou madanm yo te kenbe nan adiltè a, Li te ofri lespwa ak rekonfò olye de kondanasyon. Pou mesye paralize a ke yo te glise desann soti nan tèt kay la, Senyè a te ofri padon pou peche li, pa sèlman gerizon kò a.

Lè m te aple pou m te sèvi kòm evèk, sis timoun piti nou yo te fè reyinyon sentsèn difisil pou madanm mwen, Cristin, ki te oblije jere yo poukont li pandan m te chita sou chè a. Jan nou ka imajine, pitit nou yo te souvan manke reverans. Lè yo te remake sitiyasyon li, de manm nan pawas la, John ak Debbie Benich, te kòmanse chita avèk li chak Dimanch pou yo te ka ede. Jantiyès yo a te kontinye pandan dèzane, epi yo te vin tounen granparan sibstiti pou fanmi nou. Tankou Senyè a, disip sa yo te remake bezwen ki pa t eksprime a epi yo te aji nan lanmou—yon siy ki montre kalite disip yo.

Charite Se Ede Lòt Sou Chemen Alyans lan

Pou fini, lanmou pafè Sovè a konsantre sou pèmèt tout pitit Bondye yo atenn potansyèl divin yo pou nou kapab “patisipe nan sali li, ak pouvwa redanmsyon li.” Lè nou vin plis sanble avèk Mèt nou an, dezi nou pou ede frè ak sè nou yo sou chemen alyans lan ap tou natirèlman ogmante.

Pa egzanp, nou ka edifye epi fè zanmi avèk moun ki santi yo ofanse yo oubyen ke yo bliye yo, ede moun ki nouvo nan kongregasyon nou yo santi yo byenveni, oubyen envite zanmi pou vin adore avèk nou nan reyinyon sentsèn—petèt pou Pak sa a. Gen anpil fason pou nou ankouraje ak asiste lòt moun nan pwogresyon yo si nou volontèman epi nan lapriyè chèche èd syèl la pou nou ka gen je pou nou wè ak yon kè pou nou santi kijan Jezikri wè yo ak sa L santi pou yo.

Ede lòt moun sou chemen alyans yo kapab pran fòm yon aksyon sèvis inabityèl. Kòm yon egzanp, pandan asiyasyon mwen genyen aktyèlman nan Filipin nan, mwen te tande pale de fanmi Agamata. Yo te batize an 2023, epi apresa yo te prese fikse yon dat pou yo te sele kòm yon fanmi nan Tanp Urdaneta nan Filipin ki te toupre. Men, jis anvan randevou fanmi an, plizyè siklòn te frape zòn nan. Frè Agamata, yon kiltivatè diri, pa t kapab plante semans li yo pandan gwo tanpèt yo. Lè tanpèt yo te finalman pase, li te oblije plante diri a rapidman pandan tè a te tranpe ak dlo—ki se kondisyon ideyal pou plante. Tristeman, yo t ap oblije ranvwaye vwayaj tanp lan.

Misyonè ki ap ede plante diri.
Misyonè ki ap plante diri.

De disip, Èldè ak Sè Cauilan, ansanm ak twa jèn misyonè sèvis, te tande pale de pwoblèm fanmi Agamata a epi yo te ofri pou yo te ede malgre ke yo pa t gen okenn eksperyans nan agrikilti. Yo te travay anba gwo solèy, epi yo te ede plante jèn semans yo, pou te pèmèt fanmi Agamata fini tach yo a epi ale pou sèlman yo nan tanp lan jan yo te pwograme a. Èldè Cauilan te obsève ke “figi [Agmata yo] te reyone lè nou te wè yo abiye an blan nan kay Senyè a. Lajwa nou te santi pandan youn te sèvi lòt la se yon lajwa ki enkonparab”

Fanmi Agamata ki deyò tanp la

Kounyea, fanmi Agmata ap jwi gwo benediksyon ki se sele kòm fanmi etènèl la paske kèk zanmi disip ki te ranpli charite—yon siy sou kalite disip yo—te detèmine pou yo te ede frè ak sè yo avanse sou chemen alyans lan.

Frè m ak sè m yo, vin disip Jezikri se sèl mwayen pou nou jwenn bonè dirab. Se yon chemen ki ranpli ak aksyon lanmou volontè ak detèmine pou lòt moun. Pandan ke chemen disip la gendwa difisil ak egzijan, epi, pandan ke pafwa nou gendwa jwenn difikilte epi echwe, nou ka jwenn rekonfò nan konnen ke Bondye sousye pou nou epi Li vle ede nou chak fwa nou eseye. Ezayi raple nou ke “Bondye va kenbe men [nou], li va di… , Pa pè; M ap ede ou.”

Avèk asirans sa a de Papa nou ki nan Syèl la nan lespri nou, mwen priye sensèman pou nou ka suiv envitasyon Prezidan Nelson an pou nou bay lavi disip nou priyorite. Se pou nou “priye Papa a avèk tout enèji kè nou” pou nou “kapab chaje avèk lanmou l, li devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; … pou lè l parèt, pou nou kapab tankou li,” paske n ap pote yon siy vrè disip, ki se “charite … amou pur Kris la.”

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè, Redanmtè, Egzanp, ak Zanmi vivan ak gloriye nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Senyè a, Jezikri, Ap Vini Ankò,” Liahona, Nov. 2024, 121.

  2. Gade Merriam-Webster.com Dictionary, “disciple.”

  3. Dallin H. Oaks, “Suiv Kris la,” Liahona, Nov. 2024, 23.

  4. Alma 5:14; gade tou Alma 5:19.

  5. Gade 2 Pyè 1:3–8.

  6. Russell M. Nelson, “Pèfeksyon Alatant,” Liahona, Nov.1995, 87.

  7. Mowoni 7:46; gade tou 1 Korentyen 13:3.

  8. Doktrin ak Alyans 18:19; italik ajoute.

  9. Jan 13:34–35; italik ajoute.

  10. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023), 56.

  11. Travay 10:38.

  12. Gade 3 Nefi 17:3.

  13. 3 Nefi 17:5–6.

  14. Gade Merriam-Webster.com Dictionary, “compassion.”

  15. Gade 3 Nefi 17:7–25.

  16. Matye 9:36; 14:14; Mak 1:41; 6:34.

  17. Ofisye polis yo te mete m nan prizon kòm yon pati nan pwosesis abityèl pou yon aksidan ki lakoz yon lanmò. Yo te separe m avèk konpayon mwen paske sete mwenmen ki t ap kondui. Mwen te nan prizon pou de jou. Pandan envestigasyon lapolis la, yo te dekouvri ke jenòm nan te anba alkòl nan moman aksidan an epi sa te pwobableman lakoz ke l te rive toudenkou devan yon machin ki t ap vini. Mwen te konparèt devan yon jij pou yon jijman ofisyèl, kote yo te detèmine ke pa t gen okenn prèv fot oswa neglijans men olyesa, sete senpleman yon aksidan trajik e regretan.

  18. Gade Matye 25:31–40, espesyalman vèsè 36.

  19. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Atizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 98.

  20. Gade Jan 5:2–9, 14.

  21. Gade Jan 8:1–11

  22. Gade Mak 2:1–12.

  23. Omni 1:26.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 76:12.

  25. Gade 2 Nefi 26:24.

  26. Kominikasyon pèsonèl avèk Darwin Serrano Cauilan, 1e Des. 2024.

  27. Ezayi 41:13.

  28. Mowoni 7:48.

  29. Mowoni 7:47.