“Lè Sa a Tout Moun Va Konnen Se Disip Mwen Nou Ye”
Lanmou nou pou Bondye ak pitit Li yo se yon temwayaj puisan pou montre mond lan ke sa a se vrèman Legliz Sovè a.
Sa gen kèk ane mwenm menm ak Harriet t ap vwayaje atravè tout Sid Almay. Sete jis anvan Pak, epi nou te envite yon bon zanmi, ki pa t manm Legliz la, pou l te vini avèk nou nan sèvis adorasyon Dimanch nou an. Nou te renmen bon zanmi sa a, konsa, sete tou nòmal ak natirèl pou nou te pataje avèk li sa nou te santi apwopo Sovè a ak Legliz Li a epi pou nou te envite l pou vin wè! Li te aksepte envitasyon an epi li te vini avèk nou nan reyinyon yon branch tou pre a.
Si w konn janm mennen yon zanmi nan legliz la pou premyè fwa, ou pwobableman ka konprann sa m te santi jou Dimanch maten sa a. Mwen te vle pou tout bagay te pase pafètman. Zanmi nou an sete yon moun trè byen fòme ak spirityèl. Mwen te onètman espere pou reyinyon yo nan branch sa a ta fè yon bon enpresyon sou li epi reprezante Legliz la byen.
Branch la te reyini nan kèk sal ke yo te lwe nan dezyèm etaj yon boutik. Pou rive ladan, nou te oblije monte eskalye dèyè batiman an, travèse gwo odè machandiz ki te stoke andedan l yo.
Lè reyinyon Sentsèn nan te kòmanse, mwen te panse a zanmi m nan ki t ap viv bagay sa a pou premye fwa a, epi m pa t ka anpeche m remake kèk bagay ki te pa t twò fè m plezi. Chante a, pa egzanp, pa t sonnen egzakteman tankou Kè Tabènak la. Nou te ka tande timoun ajite ki t ap fè bri san rete pandan sentsèn nan. Oratè yo te fè sa yo te kapab, men yo pa t gen talan pou pale an piblik. Mwen te chita enkonfòtab pandan tout reyinyon an, esperan ke petèt Lekòldidimanch t ap pi bon.
Sa pa t fèt.
Tout matine a, mwen te enkyete pou sa zanmi m nan te siman panse de legliz sa a nou te mennen l lan.
Apresa, pandan nou t ap kondui retounen lakay, mwen te vire pou m te pale avèk zanmi nou an. Mwen te vle eksplike l ke sete jis yon ti branch epi li pa t reyèlman reprezante Legliz la annantye. Men, anvan m te ka di yon mo, li te pale.
Li te di, “Sa te bèl.”
Mwen te rete san vwa.
Li te kontinye, “Mwen enpresyone anpil pa fason moun yo trete youn lòt nan legliz ou a. Yo tout sanble yo soti nan orijin diferan, men poutan, sa klè ke youn sensèman renmen lòt. Se konsa m imajine ke Kris la vle pou Legliz Li a sanble.”
Bon, mwen te repanti byen vit pou atitid pote jijman m nan. Mwen te vle yon reyinyon–pafè pou m te enpresyone zanmi m nan. Men, sa manm yo nan branch sa a te akonpli sete yon espri lanmou, jantiyès, pasyans, ak konpasyon pafè ki te soti nan kè yo.
Pou Lafwa Kapab Ogmante sou Tè a
Chè frè m ak sè m yo, chè zanmi mwen, mwen renmen Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li se vrè Legliz vivan Sovè a, epi li anseye plenitid levanjil retabli Jezikri a. Pouvwa ak otorite pretriz Li a rezide ladan. Jezikri ap dirije Legliz sa a pèsonèlman, atravè sèvitè Li aple epi otorize, epi pa yon pwofèt vivan, Prezidan Russell M. Nelson. Li bay Sen Dènye Jou yo yon misyon san parèy pou rasanble pitit Bondye yo ak prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a. Mwen rann temwayaj ke tout sa se verite.
Men li enpòtan pou nou sonje ke lè pifò moun dekouvri Legliz Jezikri a pou premyè fwa, yo pa panse a otorite pretriz ni òdonans ni rasanbleman Izrayèl. Sa yo plis remake, pase tout bagay, se fason yo santi yo lè yo ansanm avèk nou ak fason nou youn trete lòt.
Jezi te di “Se pou nou youn renmen lòt.” “Lè sa a tout moun va konnen se disip Mwen nou ye.” Twò souvan, premye temwayaj yon moun sou Jezikri vini lè li santi lanmou nan mitan disip Jezikri yo.
Sovè a te deklare ke Li te retabli Legliz Li a pou “lafwa ka … ogmante sou tè a.” Se poutèt sa, lè moun vizite reyinyon Legliz nou yo, Sovè a vle pou yo soti avèk lafwa pi fèm nan Li! Lanmou zanmi nou yo santi nan mitan nou an ap elve yo pi pre Jezikri! Sa se objektif senp nou chak fwa nou reyini.
Nenpòt moun ki ap chèche pi gwo lafwa nan Kris la, oubyen yon koneksyon pi sere avèk Papa nou ki nan Syèl la, ta dwe santi l lakay li nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Envite yo nan reyinyon nou yo kapab osi nòmal ak natirèl ke envite yo nan fwaye nou.
Ideyal la ak Reyèl la
Kounyea, mwen reyalize ke m ap dekri ideyal la. E, nan lavi mòtèl sa a, nou raman fè ekperyans ak sa k ideyal. Epi “jiskaske jou pafè a rive” ap toujou gen yon vid ant ideyal la ak sa ki reyèl la. Konsa, kisa nou ta dwe fè lè Legliz la pa sanble l tankou yon jounen pafè? Lè, pou kèlkeswa rezon an, pawas nou an poko nouri yon lafwa ak lanmou pafè? Oubyen lè nou santi ke nou pa nan plas nou?
Yon bagay nou pa ta dwe fè se renonse a ideyal la!
Paj tit Liv Mòmon an gen avètisman enpòtan sa a: “Si gen fot,” li di, “se erè lèzòm yo ye; se poutèt sa, pa kondane bagay Bondye.”
Èske yon liv—oubyen yon legliz oswa yon moun—ka gen “feblès” ak “erè” epi l toujou konsidere kòm zèv Bondye?
Repons lan se yon wiretantisan!
Konsa, pandan n ap respekte prensip elve Senyè a bay yo, annou gen pasyans youn avèk lòt. Nou chak se yon travay an pwogresyon, epi nou tout konte sou Sovè a pou tout pwogrè n ap fè. Sa se verite pou nou chak antanke endividyèl, epi sa se verite pou wayòm Bondye a sou tè a.
Senyè a envite nou pou nou non sèlman antre nan wayòm Li a men pou nou angaje sensèman nan bati li tou. Bondye gen vizyon yon pèp ki “gen yon sèl kè ak yon sèl lespri.” Epi, pou nou gen yon sèl kè, nou dwe gen kè ki pur anpil, epi sa mande yon gwo chanjman kè.
Men sa pa vledi chanje kè m pou m aliyen l avèk pa w. Ni sa pa vledi chanje kè w pou w aliyen l avèk pa m. Sa vledi pou nou tout chanje kè nou pou n aliyen l avèk Sovè a.
Si nou poko rive la, sonje ke, avèk èd Senyè a, pa gen anyen ki enposib.
Nan Plas nou ak Apatenans
Epi si w janm konn santi ke w pa twò nan plas ou, tanpri konnen ke ou pa poukont ou. Èske nou tout pa konn nan sitiyasyon nan lavi a kote nou santi n tankou etranje nan sal la? Mwen fè eksperyans sa a plis pase yon fwa. Lè m te gen 11 an, fanmi m te oblije kite lakay nou pou nou t al viv nan yon zòn ki pa t familye pou nou. Tout bagay te diferan de sa m te abitye. Epi aksan m te klèman montre lòt timoun yo ke mwen te diferan de sa yo te abitye. Nan yon moman kote m te dezespereman bezwen amitye ak apatenans, mwen te santi m solitè ak deplase.
Isit sou tè a, pifò diferans nou remake yo—diferans ke kèk moun itilize pou kategorize youn lòt—gen rapò avèk bagay terès: aparans fizik, nasyonalite, lang, abiman, koutim, elatriye. Men “Bondye pa gade bagay yo nan fason moun gade. Moun gade sou aparans eksteryè, men Senyè a gade nan kè moun.”
Nan pèspektiv pa Li, gen yon sèl kategori ki vini anvan tout lòt: pitit Bondye. Epi nou tout tonbe pafètman nan kategori sa a.
Li natirèl pou nou vle antoure pa moun ki sanble avèk nou, ki pale, aji, ak panse menmjan avèk nou. Gen yon kote pou sa.
Men nan Legliz Sovè a, nou rasanble tout pitit Bondye ki dispoze pou yo rasanble epi ki ap chèche laverite. Se pa aparans fizik nou, opinyon politik, kilti, oswa ras nou ki mennen nou ansanm. Se pa sikonstans komen nou ki ini nou. Se objektif komen nou, lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou, angajman nou anvè Jezikri ak levanjil retabli L la. Nou “fè youn nan Kris la.”
Inite n ap chèche a se pa pou tout moun kanpe nan menm plas la; men se pou tout moun gade nan menm direksyon—nan direksyon Jezikri. Nou fè youn, non pa pou kote nou soti men kote n ap chèche rive, non pa pou sa nou ye men pou moun n ap chèche devni an.
Se sa vrè Legliz Kris la vledi pou nou.
Yon Sèl Kò
Si w renmen Bondye, si w vle konnen Li pi byen nan suiv Pitit Gason L lan, enben, ou nan plas ou isit la. Si w ap onètman chèche kenbe kòmandman Sovè a bay yo—menm si w poko pafè nan sa—enben, ou se yon kandida pafè pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
E si w ta diferan de moun ki bò kote w yo? Sa pa vledi ke w pa nan plas ou—sa fè w yon eleman nesesè nan kò Kris la. Nou tout nesesè nan kò Kris la. Zòrèy ka pèsevwa sa je pa t ap janm kapab. Pye nou ka fè bagay men nou pa t ap efikas ladan.
Sa pa vledi ke djòb ou se chanje tout moun pou yo ka vin tankou oumenm. Men sa vledi ke w gen yon bagay enpòtan pou w kontribye—epi ou gen yon bagay enpòtan pou w aprann!
Yon Sèl Vwa
Nan chak sesyon konferans jeneral, nou beni avèk mizik enspiran ki prezante pa yon koral plen talan. Pandan w ap koute, ou gendwa remake ke tout manm koral yo pa chante menm nòt la. Pafwa yon pati chante melodi a, pafwa se yon lòt. Men yo tout kontribye a bèl son an, epi yo konplètman inifye. Chak manm koral la gen menm bi santral la: louwe Bondye ak leve kè nou al jwenn Li. Chak dwe genyen lespri l ak kè l fikse sou menm objektif divin nan. Epi lè sa fèt, yo vrèman vin tounen yon sèl vwa.
Si w poko yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou envite w pou w ini avèk nou pandan n ap rejwi nan “kantik lanmou redanmtè” Sovè nou an. Nou bezwen ou. Nou renmen nou. Legliz la ap pi bon avèk efò w pou w sèvi Senyè a ak pitit Li yo.
Si w deja manifeste, atravè batèm, atravè fè alyans avèk Bondye, dezi w pou w “antre nan twoupo Bondye a, pou ou pote non pèp li a,” mèsi dèske w pran pa nan gwo travay divin sa a ak ede fè Legliz Jezikri a sa Sovè a vle pou l ye a.
Jan m te aprann nan men zanmi m nan an Almay la, lanmou nou pou Bondye ak pou pitit Li yo se yon temwayaj puisan pou montre mond lan ke sa a se vrèman Legliz Sovè a.
Se pou Bondye beni nou pou ke, avèk pasyans men ak dilijans, nou chèche viv alawotè ideyal Sovè, Redanmtè, ak Mèt nou an etabli pou nou an—pou tout moun ka konnen ke nou se disip Li. Nan non sakre Jezikri, amèn.