Konferans Jeneral
Lajwa Atravè Disip Alyans
Konferans jeneral Avril 2025


10:58

Lajwa Atravè Disip Alyans

Pandan n ap angaje tèt nou pou nou aji kòm disip alyans, relasyon nou avèk Papa a ak Pitit Gason an ap anrichi, lajwa nou ap ogmante, epi pèspektiv etènèl nou ap elaji.

Yon jou nan ane 2023, Uyanga Altansukh te nan travay li nan Nò Mongoli nan vil Darkhan lan lè Prezidan Misyon Mongoli an te antre kote l ap travay la. Selon pwòp pawòl pa li:

“Mwen te wè li epi mwen te panse li te gen yon limyè briyan nan vizaj li. Li te trè janti ak amizan avèk moun ki bò kote li, epi mwen te santi yon chalè. Anvan li te ale, mwen te poze li kèk kesyon. Kèk jou apre, li te vini nan travay mwen an ankò epi li te mande si m ta kapab ale nan legliz li a. Mwen te panse sa te kapab ede. M te enkyete m anpil pou avni pitit mwen yo, paske sosyete a te sanble chaje ak strès ak fènwa. Mwen te vle pou pitit mwen yo tankou mesye sa a avèk limyè nan vizaj yo, ap simaye lajwa bay lòt moun nan antouraj yo.

“Yon jou misyonè yo te ansenye nou lwa dim nan. Pitit mwen yo te di avèk anpil antouzyas, ‘Nou dwe peye dim nou, Manman.’ Mwen te wè lafwa pitit mwen yo nan moman sa a. Anvan mwen te antre nan Legliz la, mwen te gade konferans jeneral epi m te koute Prezidan Russell M. Nelson ki t ap pale. Li te anonse nouvo tanp tout kote nan mond lan epi li te di gen yon nouvo tanp ki ta pral bati nan Ulaanbaatar, nan Mongoli. Mwen te kontan epi dlo te koule nan je m, menmsi m pa t konprann poukisa. Avèk lajwa sa a, mwen te kapab santi ke lafwa mwen ak temwayaj mwen t ap grandi.”

Uyanga, menmjan ak dè milyon lòt moun, fè pati gran rasanbleman Izrayèl la nan preparasyon pou Dezyèm Vini Jezikri a. Li te kòmanse vwayaj li nan chemen alyans lan epi li vin yon disip Kris la. Kisa sa vle di pou n vin yon disip Kris la? Mwen apresye mo Japonè yo genyen pou disip la—deshide ki vledi frè ki pi jèn nan, epi shi ki vledi pitit.

Jezikri te deklare,“M te nan kòmansman avèk Papa a, epi m se Premyene a.” Akoz de kiyès Li ye ak sa Li te , nou adore Li, nou revere Li, nou bali glwa, epi nou suiv Li. Kris la te rachte nou, e nou etènèlman rekonesan pou sakrifis enfini ak ekspyatwa Li a.

Nou gen yon Pè Selès, ki renmen nou antanke pitit Li. Amou Li pou nou pafè. Jezikri ak misyon L lan demontre lanmou Bondye pou nou. Selon sa Jan te ekri,“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.”

Nan rechèch nou pou nou konprann sa nou pa konnen, nou ka pafwa depann sou eksperyans mòtèl familye nou genyen, oswa bagay nou reyèlman konnen. Paregzanp, nou kapab aprann yon bagay sou Bondye atravè pwòp eksperyans parantal nou ak relasyon familyal nou nan mòtalite a. Toutfwa, nou ta dwe pridan nan aplike konparezon sa yo twòp nan efò pou nou konprann Papa nou ki nan Syèl la. Atribi Bondye Papa a depase nenpòt atribi mwens ke pafè yon lòm dechi. Bondye Papa a se yon Papa pafè. Li pafètman eman, janti, pasyan, ak konpreyansif, epi pafètman gloriye. Nou kapab mete konfyans nou nan Li pafètman. Lanmou Kris la reflete lanmou Bondye Papa a e li se yon reprezantasyon lanmou sa a.

Jezikri se alafwa egzanp la ak mwayen an. Nan Kris, nou kapab pi byen konprann atribi pafè Papa a ak plan Li. Atravè Kris la, nou resevwa pouvwa nesesè pou simonte tandans lòm natirèl yo pou nou ta kapab vin plis tankou Papa a.

Menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri pafètman mizèrikòdye epi jis. Atribi divin jistis ak mizèrikòd sa yo pa an opozisyon. Yo konplemantè. Jistis ak mizèrikòd alafwa demontre lanmou pafè Bondye pou pitit Li yo. Nou kapab kwè nan Bondye Papa a ak Jezikri paske yo jis epi onèt avèk nou tout.

Bondye Papa a ak Pitit Gason Li a Jezikri, aliyen pafètman nan objektif ak lanmou. Paske Bondye ak Jezikri renmen nou, Yo ba nou opòtinite ak privilèj kòm vrè disip pou nou fè alyans avèk Yo. Lè nou fè sa, relasyon nou avèk Kris la elaji: “Epi kounyeya, poutèt alyans nou te fè a, yo ap rele nou pitit Kris la, pitit gason ak pitit fi l; paske gade, jodi a li te ba nou nesans espirityèlman; paske nou di konsa kè nou chanje pa mwayen lafwa nan non l; se poutèt sa li te ba nou nesans e nou vin tounen pitit gason ak pitit fi l.”

Antanke disip, lè nou fè ak kenbe alyans sakre yo, nou beni avèk pouvwa espirityèl. Nou konekte avèk Kris la ak Bondye Papa a nan yon relasyon espesyal epi nou kapab fè eksperyans lanmou ak lajwa Yo nan yon mezi ki rezève pou moun ki fè ak kenbe alyans. Kapasite nou pou nou santi tout mezi lanmou Bondye oswa pou nou kontinye nan lanmou Li depann sou dezi ak aksyon jis nou yo.

Nan Jan, chapit 15, vèsè 9, nou li, “Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou.” Epi apresa nou te resevwa yon envitasyon, “Kontinye nan lanmou mwen.”

Nan pwochen vèsèa, nou resevwa mwayen pou nou kontinye nan lanmou Li a: “Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n’a renmen m’ tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m’ lòd fè a, mwen renmen l’ menm jan li renmen m’ tou.”

Kounyea nou wè objektif kenbe kòmandman yo nan vèsè 11la: “Mwen di nou tout sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.”

Gras ak vrè disip alyans, nou ka kòmanse konprann pi byen nati Bondye ak lajwa Li vle pou tout pitit li yo genyen. Nou ka kòmanse konprann tou kèk prensip ki toudabò pa t twò klè pou nou. Paregzanp, kijan Bondye ka gen yon lajwa konplèt lè kèk nan pitit Li yo ap soufri anpil konsa? Repons la chita nan pèspektif pafè Bondye ak nan plan pafè Li a. Li wè nou depi nan kòmansman an rive sou potansyèl gloriye nou nan lavni. Li bay yon mwayen, atravè Pitit Gason L la, Jezikri, pou tout pitit Li yo, simonte lapenn, soufrans, peche, regrè, ak solitid mòtalite nou yo.. Bondye bannou chemen an ak chwa a.

Egzanp sou moun ki te fè eksperyans lajwa nan vin yon disip yo ka ede nou pi byen konprann konsèp sa a. Petèt nou te tande fraz ki di ke nou sèlman ka kontan nan nivo pitit ki pi malere nou an. Mwen te reyalize ke sa pa bezwen konsa. Manman m ki gen 94 an gen plis pase 200 desandan ki vivan. A nenpòt moman, omwen youn nan 200 yo ap malere. Si deklarasyon sa a te vrè, manman m t ap yon eta malerèz pèpetyèl, e li pa konsa. Moun ki konnen li yo konnen jan li se yon moun ki toujou jwaye.

Kounyea mwen ta renmen pataje yon lòt eksperyans. An Janvye 2019, yo te envite madanm mwen Debbie avèk mwen pou nou t al nan biwo Prezidan Nelson. Li te mete yon chèz toupre nou, e nou te chita prèske ak jenou nou kontre. Apre li te fin pale nou de apèl aktyèl nou an, Prezidan Nelson te vire gade Debbie epi li te fokis sou li. Li te janti, eman, dou, epi ranpli ak lajwa, tankou yon papa oswa yon granpapa pafè. Li te kenbe men Debbie epi li te tape li dousman, li te reyasire li ke tout bagay t ap OK e ke fanmi nou t ap beni. Nan moman sa a, nou te gen enpresyon ke nou sete moun ki te pi enpòtan pou li epi li te gen tout tan nan mond lan pou nou. Nou te kite biwo l la jou Vendredi aprèmidi sa a avèk santiman reyasirans, lanmou ak lajwa.

Nan Lendi, nou te wè nouvèl yo. Pandan menm jou sa a ke Prezidan Nelson te pase avèk nou an, youn nan pitit fi li yo te mouri avèk kansè. Nou te sezi. Kè nou te sere pandan nou te nan lapenn pou li ak fanmi li. Kè nou te chaje ak rekonesans tou pou atansyon kretyen li te bannou pandan ke li te nan lapenn pou pitit fi li ki t ap soufri a.

Pandan nou t ap medite sou eksperyans sa a, nou te mande tèt nou, “Kijan l te fè si janti, eman, e menm kontan nan yon moman difisil konsa?” Repons lan se paske li konnen. Li konnen ke Kris la te viktorye. Li konnen l ap avèk pitit fi l la ankò e li pral pase yon etènite avèk li. Lajwa ak pèspektif etènèl vini nan lyen nou avèk Sovè a nan fè ak kenbe alyans epi atravè vin disip Kretyen.

Prezidan Nelson te anseye: “Menm jan Sovè a ofri lapè ki ‘depase tout konpreyansyon’ an’ [Filipyen 4:7], Li ofri yon entansite, yon pwofondè ak gwosè lajwa ki defye lojik imen an oubyen konpreyansyon mòtèl tou. Pa egzanp, sa pa sanble l posib pou w santi lajwa lè pitit ou ap soufri anba yon maladi ki pa gen gerizon, oubyen lè w pèdi travay ou, e menm lè konjwen ou trayi ou. Men sa se egzakteman lajwa Senyè a ofri.”

Pandan n ap fè ak respekte alyans yo, natirèlman n ap vire vire nou vè lòt moun epi n ap gen yon dezi pou ede lòt moun santi mezi lajwa ak lanmou nou santi nan relasyon alyans nou yo. Nou kapab fè pati pi gran koz sou tè a jodia—rasanbleman Izrayèl la. Nou kapab ede mennen pitit Bondye yo vin jwenn Kris la. Jan Pwofèt Jakòb te anseye a, “Nou beni; paske nou te travay avèk dilijans avèk mwen nan jaden m nan, nou te respekte kòmandman m yo, ou te pote bon fwi ban mwen, jaden m nan pa kòwonpi ankò, e nou te chase move yo, gade, nou pral gen lajwa avèk mwen akoz fwi jaden m yo.”.

Pandan n ap angaje tèt nou pou nou aji kòm disip alyans, nan kèlkeswa nivo kapasite nou, relasyon nou avèk Papa a ak Pitit Gason an ap anrichi, lajwa nou ap ogmante, epi pèspektiv etènèl nou ap elaji. Apresa n ap dote avèk pouvwa e n ap kapab santi lajwa nan yon mezi ki rezève pou vrè disip alyans Bondye yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Remak

  1. Doktrin ak Alyans 93:21.

  2. Gade nan Matye 1:21; 2 Nefi 2:6.

  3. Jan 3:16.

  4. Mozya 5:7.

  5. Gade Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 4–11.

  6. Gade Dale G. Relund, “Experience God’s Love” Brigham Young University devotional, 3 Des. , 2019, speeches.byu.edu.

  7. Jan 15:9–11.

  8. Gade Alma 7:11–13

  9. Russell M. Nelson, , “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 82.

  10. Gade Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018), Bibliyotèk Levanjil.

  11. Jakòb 5:75.

  12. Gade “Hesed, God’s Covenant Love, Is the Reason We Build Temples and Perform Ordinances: Enstriksyon Prezidan Russell M. Nelson,” Oct. 2024, ChurchofJesusChrist.org.