Reverans pou Bagay Sakre yo
Reverans pou bagay sakre yo favorize gratitid sensè, pwolonje vrè kè kontan, dirije panse nou pou n jwenn revelasyon, epi pote plis lajwa nan lavi nou.
Nan liv Egzòd la, nou vwayaje avèk Moyiz ale sou pant Mòn Orèb yo pandan li te vire do l sou aktivite kotidyèn li yo—yon bagay nou tout ta dwe dispoze fè—pou l te wè touf bwa wouj ak dife, men ki pa t ap boule a. Pandan l t ap apwoche, “Seyè a te rele nan mitan touf bwa a, li rele l, li di, Moyiz, Moyiz. Epi li te reponn, Men mwen wi. Epi [Bondye] te di l, … wete sapat nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.” Avèk gran reverans, imilite, ak emèvèyman, Moyiz te retire soulye li epi prepare tèt li pou l tande pawòl Senyè a epi fè eksperyans prezans sakre Li.
Epifani sou mòn sakre sa a sete yon eksperyans ranpli avèk reverans enpresyonan, ki te konekte Moyiz avèk idantite divin li epi sete, anfèt, yon eleman kle nan transfòmasyon l soti kòm yon bèje enb pou vin yon pwofèt puisan, ki te dirije l pou l te chwazi suiv yon nouvo trajektwa nan lavi a. Menmjan tou, nou chak ka transfòme kondisyon disip nou pou n vin yon modèl spirityalite pi elve nan fè reverans tounen yon eleman sakre nan karaktè spirityèl nou.
Mo reverans la jwenn orijin li nan vèb Laten revereri, ki vledi “santi w emèveye.” Nan sans levanjil la, definisyon sa a melanje avèk yon santiman oswa atitid respè, lanmou ak gratitid pwofon. Kalite reverans sa a pou bagay sakre yo, pa moun ki gen yon kè kontri ak devosyon pwofon pou Bondye ak Jezikri, favorize ogmantasyon lajwa nan nanm yo.
Reverans pou bagay sakre yo se pi gwo manifestasyon yon kalite spirityèl vital; li se yon derive de koneksyon nou nan sentete epi li reflete lanmou nou ak pwoksimite nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri. Li se youn nan eksperyans ki pi edifyan pou nanm nou tou. Kalite vèti sa a oryante panse nou, kè nou, ak lavi nou nan direksyon Divinite a. Anfèt, reverans se pa jis yon aspè nan spirityalite; li se esans li—fondasyon kote spirityalite nou bati, ki kreye yon koneksyon pèsonèl avèk divinite, jan timoun nou yo anseye nou lè yo chante: “When I am rev’rent, I know in my heart / Heav’nly Father and Jesus are near (Lè m reveran, Mwen konnen nan kè m / Pè Selès la ak Jezi tou pre).”
Kòm disip Jezikri, yo envite nou pou nou kiltive don reverans lan nan lavi nou pou nou ka mete tèt nou disponib pou yon kominyon pi pwofon avèk Bondye ak Pitit Gason L lan Jezikri, similtaneman pandan n ap ranfòse karaktè spirityèl nou. Si nou te gen plis santiman konsa nan kè nou, nou ta pral san dout genyen pi gwo lajwa ak kè kontan nan lavi nou, epi ta pral gen mwens plas pou chagren ak tristès. Nou dwe sonje ke montre reverans pou bagay sakre yo bay yon sans a pifò nan sa nou fè chak jou epi ranfòse santiman gratitid nou—admirasyon enspiran, respè, ak lanmou pou bagay ki pi elve ak pi sakre yo.
Malerezman, n ap viv nan yon mond kote montre reverans pou bagay sakre yo ap vin pwogresivman mwen kouran. Anfèt, mond la souvan selebre bagay san reverans, tankou nenpòt sa ki ekri nan yon magazin popilè, program televizyon, oswa piblikasyon entènèt yo. Absans respè pou bagay sakre yo pwodui yon ogmantasyon nonchalans nan atitid ak neglijans nan konduit, ki ka rapidman fè yon jenerasyon dejenere nan endiferans epi plonje pwochen jenerasyon an nan mizè.
Ireverans ka kondui nou lwen koneksyon ke alyans nou fè avèk Bondye yo ofri nou tou epi diminye sans responsablite nou devan Divinite a. An konsekans, nou riske sousye sèlman pou pwòp konfò pa nou; pou satisfè apeti enkontwolab nou yo; epi finalman rive nan sitiyasyon pwofàn kote nou rejte bagay sakre yo, menm Bondye, epi pa konsekan, nati divin nou kòm pitit Papa nou ki nan Syèl la. Ireverans anvè bagay sakre yo favorize objektif advèsè a nan entèwonp kanal sansib revelasyon nou yo ki esansyèl pou nou siviv spirityèlman nan epòk nou an.
Siyifikasyon ak enpòtans reverans pou bagay sakre yo byen dekri atravè ekriti yo. Yon egzanp nan Doktrin ak Alyans ta sanble endike ke reverans anvè Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li a Jezikri se yon atribi esansyèl pou moun ki atenn wayòm selès la.
Antanke yon legliz nou fè efò pou montre Papa a ak Pitit Gason an pi gran sentete ak respè posib nan chak aspè, ki enkli nan fason nou dekri imaj Yo. Gidans Sentespri a se yon konpozant desizif nan detèmine fason imaj sa yo ta dwe reflete nati, ak karaktè sakre, ak atribi divin Papa a ak Pitit Gason an. Nou fè anpil atansyon pou evite reprezante eleman ki ta ka detounen nou de fokis prensipal nou sou Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li a Jezikri ak ansèyman Yo, sa ki enkli fason nou aplike zouti avanse yo ke teknoloiji ofri yo, tankou itilizasyon entelijans atifisyèl (AI) pou jenere kontni ak imaj.
Menm prensip sa a aplike pou nenpòt sous enfòmasyon ki disponib atravè kanal kominikasyon ofisyèl yo nan Legliz la. Chak leson, liv, manyèl, ak mesaj devlope avèk atansyon epi apwouve anba direksyon Lespri a pou asire ke nou konsève atribi, valè, ak prensip sakre yo nan levanjil Jezikri a. Nan yon mesaj resan pou jèn adilt yo nan Legliz la, Eldè David A. Bednar te anseye: “Pou navige entèseksyon konplèks ant spirityalite ak teknoloji a, Sen Dènye jou yo ta dwe nan imilite ak nan lapriyè (1) idantifye prensip levanjil ki ka gide fason y ap itilize entelijans atifisyèl epi (2) fè efò sensèman pou yo gen konpayi Sentespri a ak jwenn don spirityèl revelasyon an.”
Chè frè ak sè mwen yo, kèlkeswa jan teknoloji modèn nan vin sofistike, li tou senpleman pa ka imite mèvèy, admirasyon, ak anchantman ki soti nan enfliyans Sentespri a. Antanke disip Jezikri, nou bezwen fè atansyon pou nou pa afebli koneksyon nou avèk Bondye ak Pitit ak Pitit Gason Li a nan itilize kontni ak imaj AI-jenere yo nan fason inapwopriye. Nou ta dwe sonje ke konte sou “ponyèt lachè” yon teknoloji modèn se yon sibtiti ensifizan ak san respè pou enspirasyon, edifikasyon, ak temwayaj ke nou ka resevwa sèlman atravè pouvwa Sentespri a. Jan Nefi te deklare: “O Senyè, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan. M p ap mete konfyans mwen nan ponyèt lachè.”
Nan yon lòt revelasyon, Pwofèt Joseph Smith te jwenn enstriksyon ke tanp yo ki bati pou Senyè a ta dwe yon espas reverans pou Li. Atravè ministè li, chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, mete anpil aksan sou adorasyon nou avèk reverans nou nan tanp sakre a. Nan kay Senyè a, yo anseye nou konsènan antre nan prezans sakre Papa a ak Pitit Gason an. Mwen toujou twouve sa enstriktif e menm enspiran ke youn nan premye bagay nou fè apre n antre nan tanp lan epi prepare tèt nou pou patisipe nan òdonans sakre ladan yo se retire soulye nou epi chanje pou nou mete rad blan. Tankou Moyiz, si se entansyon nou, nou ka rekonèt ke retire soulye mond lan se premye pa pou mete pye nan espas sakre epi vin transfòme nan fason ki pi elve ak pi sakre yo.
Frè ak sè m yo, nou pa bezwen monte sou tèt yon mòn, jan Moyiz te fè a, pou nou dekouvri reverans pou bagay sakre yo epi transfòme kondisyon disip nou vin tounen yon nivo spirityalite ak devosyon ki pi pwofon. Nou ka jwenn li, pa egzanp, pandan n ap fè efò pou pwoteje anviwònman fwaye nou kont enfliyans monden yo. Sa ka akonpli nan priye avèk senserite epi avèk fèvè devan Papa nou ki nan Syèl la nan non Jezikri epi chèche pou nou pi byen konnen Sovè nou an atravè etid dilijan nou sou pawòl Bondye nou jwenn nan ekriti yo ak nan ansèyman pwofèt nou yo. Adisyonèlman, kalite transfòmasyon spirityèl sa a ka vini pandan n ap fè efò pou n onore alyans nou te fè avèk Senyè a nan viv avèk obeyisans pou kòmandman yo. Efò sa yo ka pote yon trankilite pezib ak sèten nan kè nou. Fokis sou kalite aksyon sa yo ka vrèman ede transfòme fwaye nou pou fè yo vin tounen espas reveran pou refij spirityèl—sanktyè pèsonèl lafwa kote Lespri a abite, ki plis tankou eksperyans Moyiz sou montay la.
Nou ka fè eksperyans kalite transfòmasyon spirityèl sa tou pandan n ap patisipe fidèlman nan sèvis adorasyon nan Legliz la, ki enkli vire kè nou bay Senyè a atravè fason sensè nou chante kantik sakre yo. Ekate nou—tankou Moyiz—lwen distraksyon mond lan, espesyalman telefòn selilè nou yo oswa nenpòt bagay ki pa an amoni avèk moman sakre sa a, kapasite nou pou n akòde atansyon total nou pou n patisipe nan sentsèn nan, avèk espri nou ak kè nou fokis sou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa Li a ansanm avèk pwòp alyans nou yo. Kalite fokis sa a sou sentsèn nan ap favorize yon moman pou renouvle reverans nan kominyon nou avèk Sovè a epi l ap fè Saba a vin yon delis epi transfòme lavi nou.
Finalman, nou ka fè eksperyans chanjman spirityèl sa a nan kondisyon disip nou pandan nou ap adore regilyèman sou montay kay Senyè a—tanp sakre nou yo—epi fè efò pou nou viv avèk asirans alyans yo bay, espesyalman lè n ap fè fas ak eprèv nan lavi mòtèl la.
Mwen menm ak madanm mwen te pèsonèlman fè eksperyans kèk moman montay sakre nan reverans pandan nou t ap fè efò pou aplike kèk prensip nan lavi nou, sa ki te pwovoke yon transfòmasyon siyifikatif nan kondisyon disip nou. Mwen sonje kòmsi sete yè m t ap mache travèse yon simityè avan nou te antere dezyèm pitit nou an, ki te fèt prematire epi ki pa t siviv, pandan madanm mwen te toujou ap rekipere nan lopital. Mwen sonje priyè avèk anpil fèvè ak reverans pou mande Bondye èd pou fè fas ak eprèv difisil sa a. Nan moman sa a, mwen te resevwa yon asirans spirityèl kIè ak puisan nan kè mwen: tout bagay pral anfòm nan lavi nou si mwen menm ak madanm mwen te andire, nan rete akwoche ak lajwa ki soti nan viv levanjil Jezikri a. Sa ki te sanble yon difikilte ensimontab, chaje tristès nan moman an te vin tounen yon eksperyans sakre, reveran, yon pyè angilè ki te ede soutni lafwa nou epi ba nou asirans nan alyans nou te fè avèk Senyè a ak nan pwomès Li yo pou mwen ak fanmi mwen.
Frè ak sè mwen yo, reverans pou bagay sakre yo favorize gratitid sensè, pwolonje vrè kè kontan, dirije panse nou pou n jwenn revelasyon, epi pote plis lajwa nan lavi nou. Li mete pye nou sou teritwa sakre epi leve kè nou rive nan nivo Divinite a.
Mwen temwaye nou ke pandan n ap fè efò pou n entegre kalite atribi sa a nan lavi kotidyèn nou, n ap gen posiblite pou ogmante imilite nou, apwofondi konpreyansyon nou sou volonte Bondye pou nou, epi fòtifye konfyans nou nan pwomès alyans yo nou te fè avèk Senyè a. Mwen temwaye ke pandan n ap anbrase don reverans sa a pou bagay sakre yo—kit se sou montay la nan kay Senyè a, nan yon chapèl, oswa nan pwòp fwaye nou—nou pral ranpli avèk emèveyman ekstraòdinè ak admirasyon pandan n ap konekte nan lanmou pafè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Mwen deklare avèk reverans verite sa yo nan non sakre Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, amèn.