Konferans Jeneral
Fidèl nan Lafwa Paran Nou Yo Te Ancheri a
Konferans jeneral Avril 2025


11:0

Fidèl nan Lafwa Paran Nou Yo Te Ancheri a

Tanpri, aprann epi resevwa fòs nan lafwa ak temwayaj moun ki te vini anvan nou yo.

Pandan m t ap vizite Tanp Nashville Tennessee a pou yon evalyasyon tanp, m te gen privilèj pou m te fè yon vizit gide kòm yon pati nan asiyasyon sa a, pou evalye bèl kay Senyè a sa. M te spesyalman enpresyone avèk tablo Mary Wanlass la ki rele Kontinye ki te kwoke sou miray nan biwo matwòn nan.

Men istwa ki dèyè tablo a:

“Nan Missouri an1862, Mary Wanlass laj 14-zan te pwomèt bèlmè l ki ta pral mouri ke li t ap asire l ke papa l ki te andikape ak kat frè ak sè l yo ki te pi jèn yo rive nan Vale Great Salt Lake la. … Mary te kondui towo bèf yo ak vach pou lèt yo ki t ap rale charyo kote papa l te kouche malad la, epi l te pran swen frè l ak sè … l yo. Apre chak jou vwayaj, li te nouri fanmi an avèk plant, flè, ak frèz ki manjab. Sèl bousòl li sete enstriksyon li te resevwa pou l te kontinye vwayaje ale lwès jiskaske nyaj yo te vin tounen mòn.’

“Yo te rive nan Vale Utah a an Septanm, apre yo te vwayaje tout prentan ak tou ete a. Papa l te mouri pa lontan apre fanmi an te etabli yo nan Konte Utah, kote pita Mary te marye epi elve [pwòp] fanmi pa l. ”

Se yon istwa enkwayab sou lafwa ak fòs yon jèn fi 14-zan ki ka ede nou chak jodia pou n “kontinye avanse.”

“Kontinye Avanse—” oubyen selon tradiksyon òdinè nan lang natal Olandè m nan, Gewoon Doorgaan—se slogan tout lavi manman m ak papa m tou.

Paran m yo ak bòparan m yo se pyonye nan fanmi nou. Yo te travèse pwòp “dezè” pa yo tankou tout lòt moun ki antre nan Legliz la, twoupo Senyè a, chak jou. Istwa yo pa gen anpil pou wè avèk towo bèf ak charyo, men, yo gen menm efè a sou jenerasyon apre yo.

Yo te anbrase levanjil la epi yo te batize nan ane yo te jèn adilt. Toude paran m yo te gen yon anfans difisil. Papa m te grandi nan zile Java nan Endonezi. Pandan Dezyèm Gè Mondyal la, yo te fòse l separe avèk fanmi li epi antre nan yon kan konsantrasyon, kote li te soufri difikilte endeskriptib tou jèn.

Manman m te elve nan yon fwyaye brize epi l te soufri grangou ak kalamite Dezyèm Gè Mondyal la tou. Pafwa li te menm oblije manje boujon flè tilip. Akoz aksyon papa li, ak divòs li apresa avèk manman li, pafwa li te difisil pou l te wè Pè Selès la kòm yon Papa eman.

Paran m yo te rankontre nan yon aktivite Legliz la epi yon titan apre yo te deside marye ak sele nan Tanp Bern nan, nan Lasuis. Pandan yo t ap tann nan stasyon tren an, apre yo te fin depanse dènye rezèv yo te genyen pou vyawaj tanp lan, yo t ap mande tèt yo kòman yo ta pral satisfè bezwen debaz yo, men yo te gen konfyans ke sa ta pral mache pou yo. Epi sa te fèt!

Yo te kòmanse elve fanmi yo nan yon apatman yon sèl cham anlè ki te trè enb nan mitan Amsterdam. Apre anpil ane ap lave rad yo alamen, yo te finalman ekonomize ase lajan pou yo te achte yon machin alave. Yon ti tan anvan yo te fè acha a, evèk la te vizite yo, pou l te mande yon kontribisyon pou bati yon chapèl nan Amsterdam. Yo te deside bay tout sa yo te ekonomize pou machin alave a epi yo te kontinye lave alamen.

Kòm yon fanmi, nou te travèse kèk difikilte tankou nenpòt lòt fanmi. Bagay sa yo te fè nou vin pi solid epi te apwofondi lafwa nou nan Senyè Jezikri, jis tankou lè Alma t ap pataje istwa li avèk pitit gason li a, Elaman, kote Alma te di li ke Bondye te “sipòte l nan tout kalite tribilasyon ak pwoblèm” poutèt li te mete konfyans li nan Seyè a, Jezikri.

Kouman de moun ki te fè eksperyans si tèlman anpil tribilasyon nan jenès yo konsa te fè vin tounen pi bon paran m te ka janm swete genyen? Repons la senp: yo te anbrase levanjil la totalman epi yo te viv selon alyans yo te fè yo rive jis jodia!

Apre plis pase 65 ane maryaj, manman m ki te soufri maladi Alzheimer te mouri an Fevriye. Papa m, a laj 92 an, ki toujou abite lakay li, te vizite manman m osi souvan li te kabap jiskaske li te mouri. Sa gen yon ti tan, li te mansyone a jèn frè m ak sè m yo ke eksperyans terib li yo nan kan Endonezi a pandan Dezyèm Gè Mondyal la te prepare l pou l te ka pran swen madanm li avèk pasyans pandan anpil ane anba maladi orib sa a epi tou pou jou difisil kote li te oblije konfye swen debaz madanm li bay lòt moun lè li pat ka bòkote li ankò. Deviz yo sete epi toujou rete “Kontinye Avanse,” avèk yon esperans pafè nan Kris la ke y ap leve nan dènye jou a epi yo pral abite avèk Li nan laglwa pou tout tan.

Lafwa yo ak temwayaj yo se yon fòs motris pou jenerasyon ki te vini apre yo.

Nan vilaj kote madanm mwen te grandi a, paran l yo ki se te bon moun ki te konn al legliz, te anbrase levanjil retabli a pandan yo te yon jèn koup marye avèk madanm mwen kòm yon tifi laj dezan yo a epi ki te sèl pitit yo nan moman sa a. Desizyon yo pou yo te vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo te gen yon gwo enpak sou lavi yo pandan ke vilajwa yo ak fanmi yo te rejte yo. Sa te pran anpil ane, lèt afeksyon pou fanmi yo, ak sèvis pou kominote a anvan pou yo te finalman aksepte yo.

Nan yon okazyon kote papa madanm mwen t ap sèvi kòm evèk, yo te akize l san rezon de yon bagay epi yo te relve l imedyatman. Bèlmè m te tèlman blese ke l te mande mari l si yo ta dwe kontinye ale legliz la. Li te reponn ke evidaman yo t ap kontinye ale legliz paske se pa legliz lèzòm, men sa a se legliz Jezikri.

Sa te pran kèk tan pou limyè te fèt sou laverite a epi yo te fè yo eskiz. Sa ki te ka lakoz yo brize a te jis ajoute sou fòs yo ak konviksyon yo.

Poukisa kèk nan nou pa valorize lafwa ak temwayaj paran nou ki te rete fidèl pandan tout difikilte yo? Èske nou panse yo pa gen yon konpreyansyon klè sou bagay yo? Yo pa t nan erè ni yo pa desi! Yo sèlman te fè twòp eksperyans avèk Lespri a, epi yo te ka di tankou Pwofèt Joseph, “M te konnen sa, … epi m pa t ap ka nye sa.”

Èske w pa renmen kantik sou lame Elaman an, ki nan Chants pour les enfantsan?

Nou te fèt kòm Nefi ansyen tan,

Soti nan bon paran ki renmen Senyè a.

Nou te aprann, epi nou konprann,

Ke nou dwe fè jan Senyè a mande.

Menm lè sa gendwa pa menm bagay avèk eksperyans manman m kòm yon timoun nan, ou ka vin tounen youn nan “bon paran ki renmen Senyè a” sa yo epi ofri yon egzanp jis pou lòt moun.

Èske nou santi sa absoliman vrè lè nou chante li? Èske ou santi ke ou “tankou lame Elaman” an epi ou “pral misyonè Senyè a pou w pote verite Senyè a bay mond la”? M konn santi sa nan plizyè okazyon pandan m ap chante nan plizyè pozisyon FSY ak nan lòt reyinyon jèn moun.

Oubyen kisa nou santi lè nou chante kantik “Vas-tu faiblir, ô jeunesse” la?

Èske jèn Siyon yo dwe febli

Nan defann laverite, ak jistis?

Pandan ènmi an atake,

Èske nou dwe febli oswa kouri pou batay la? Non!

Fidèl nan lafwa paran nou yo te ancheri a.

Pou moun nan jenerasyon k ap grandi a, kèlkeswa kote nou ye epi nan kèlkeswa sitiyasyon nou ka twouve nou, tanpri aprann epi resevwa fòs ki soti nan lafwa ak temwayaj moun ki te vini anvan nou yo. Sa ap ede w konprann ke pou w genyen oubyen devlope yon temwayaj, sakrifis dwe fèt epi “sakrifis pote benediksyon ki sòti nan syèl.”

Lè w ap panse a sakrifis k ap vrèman beni lavi ou, tanpri konsidere epi priye konsènan envitasyon pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, kote l te mande “chak jèn gason ki diy, ki kapab pou prepare yo pou sèvi yon misyon. Pou jènjan Sen Dènye Jou yo, sèvis misyonè se yon responsablite prètriz. …

“Pou … jèn sè ki kapab yo, yon misyon se yon opòtinite puisan tou, men li se yon opòtinite opsyonèl.”

Ou ka resevwa apèl kòm misyonè sèvis oubyen misyonè pou anseye. Toude kalite misyonè sa yo kontribye a menm objektif la pou pote nanm bay Kris la, yo chak nan fason puisan ak unique yo.

Nan toude kalite sèvis yo, w ap montre Senyè a ke w renmen Li epi w vle vin konnen Li pi byen. Sonje, “Paske, kouman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt li pa sèvi, epi ki se yon etranje pou li, epi ki pa nan panse l ak desizyon kè l?

Nou tout, ke nou se premye jenerasyon nan levanjil la oubyen senkyèm nan, nou ta dwe mande tèt nou ki istwa sou lafwa, fòs ak angajman selès m ap pase bay jenerasyon suivan an?

An nou tout kontinye nan efò nou pou nou vin konnen Sovè nou an, Jezikri, pi byen epi pou nou fè L tounen pwen santral lavi nou. Li se wòch kote nou dwe bati a pou lè tan yo vin difisil, nou ka kanpe fèm.

An nou rete “fidèl nan lafwa paran nou yo ancheri a, fidèl nan verite martyr yo te peri pou li a, nan kòmandman Bondye yo, nanm, kè, ak men, fidèl ak vrè, n ap toujou kanpe.” Nan non Jezikri, amèn.