Tankou yon Timoun Piti
Mwen temwaye ke tibebe yo ak timoun yo ak jèn yo se imaj wayòm Bondye a sou tè a nan tout fòs ak bote li.
Jezi te kòmanse dènye ane lavi L nan mòtalite a nan entansifye fòmasyon Apot Li yo. Si mesaj Li te entwodui a ak Legliz Li te etabli a te gen pou yote siviv Li, te gen plis pou L te devèse nan kè 12 mesye trè òdinè ki te konnen Li pou apèn 24 mwa.
Yon jou Jezi te temwen yon diskisyon pami Douz yo epi apresa te mande, “Kisa nou t ap diskite konsa nan mitan nou?” Aparaman anbarase, yo te “pa t di anyen,” rejis la di. Men pi gran nan tout enstriktè a te pèsevwa panse ki te nan kè yo epi Li te santi ladan premye pouse ògèy pèsonèl la. Konsa, Li te “rele yon timoun vin jwenn Li, …”
“Epi li te di, Sa m ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
“Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la.”
Fòk nou note ke menm anvan nesans Kris la, diskou orevwa Wa Benjamen an te enkli kòmantè pwofon sa a tou sou imilite yon timoun. Li di, “Paske lòm natirèl la se ènmi Bondye … epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa … vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou l vin tankou yon timoun, obeyisan, … enb, … ranpli avèk lanmou, … menm jan yon timoun [reponn] a papa l.”
Men, evidamman gen kèk tandans anfanten ke nou pa ankouraje. Sa gen vennsankan, pi gran pitit pitit gason m nan ki te gen twazan lè sa a te mòde tisè l la ki te gen senkan, nan bra li. Bofis mwen an, ki te anchaj timoun yo jou swa sa a, te frenetikman anseye pitit fi l la tout leson sou padon ke l te ka panse, epi l te di an konklizyon ke ti frè a te pwobableman pa t menm konn kisa yon mòde nan bra te sanble. Kòmantè byen konsevwa papa a te mache trè byen pandan anviwon yon minit, petèt yon minit edmi, jiskaske te gen yon gwo rèl ki te soti nan chanm timoun yo, kote pitit pitit fi m nan te kalmeman di byen fò, “Li konnen kounyea.”
Alò, kisa nou ta sipoze wè nan vèti lavi ekip timoun sa yo? Kisa k nan yo ki te fè menm Kris la Limenm te kriye nan sèn ki pi emouvan an nan Liv Mòmon an. Kisa Jezi t ap anseye lè L te rale dife selès ak zanj pwotektè desann pou te antoure timoun sa yo, pandan L te kòmande granmoun yo pou yo te “Gade timoun piti [nou] yo.”
Nou pa konn kisa ki te anjandre tout bagay sa a, men mwen panse ke sa gen pou wè avèk purete ak inosans yo, imilite ki andedan yo a, ak sa l ta ka pote nan lavi nou si nou kenbe li.
Poukisa gen yon pwofèt ki te kalifye jou dezespwa yo kòm “vanite dè vanite; tout bagay se vanite”? Nan ki fason “vye imajinasyon ak lògèy pitit lèzòm” se pawòl ki karakterize gwo kay byen laj la, ki si spirityèlman mouri a nan vizyon Leyi a. E Zoramit yo, gwoup sa a ki te priye nan yon fason plen ògèy la? Konsènan yo, Alma te di, “O Bondye, y ap priye w avèk bouch yo, men kè yo anfle anpil avèk bagay san valè mond lan.”
Pa kontras, èske genyon bagay ki pi bèl, pi pur, oswa pi enb pase yon timoun k ap priye? Se kòmsi syèl la andedan sal la. Bondye ak Kris la si reyèl, men pou lòt nan apre, eksperyans la ka vin pi sipèfisyèl.
Jan Elder Richard L. Evans te site sa gen plis pase 60 ame a: “Anpil nan nou pwofese ke nou se Kretyen, men nou … pa pran Li seryezman. … Nou respekte Li, men nou pa suiv Li. … Nou site sa L di, men nou pa viv selon yo.” “Nou admire Li, men nou pa adore Li.”
Ala lavi ta ka diferan si mond lan te bay non Jezi plis estim pase yon seri sèman pwofàn, ke yo pwononse tanzantan.
Men timoun yo vrèman renmen Li, epi lanmou sa a ka reflete sou lòt relasyon yo sou teren lavi a. Kòm yon règ, menm nan pi jèn ane yo, timoun renmen si fasilman, padone si vit, epi ri avèk sitèlman delis ke menm kè moun ki pi frèt ak pi andisi a ka adousi.
Bon, lis la long. Purte? Konfyans? Kouraj? Karaktè?
Vini avèk mwen pou nou wè imilite yon jèn zanmi ki trè chè pou mwen te demontre devan Bondye.
Jou 5 Janvye 2025 la,—sa gen 91 jou—Easton Darrin Jolley te resevwa Prètriz Aawon an ke yo te konfere sou li epi yo te òdone l kòm dyak nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Easton te toujou gen gwo dezi pou l distribye sakreman Soupe Senyè a osi lontan ke l ta ka sonje. Men opòtinite sakre sa a te akonpaye pa yon gwo laperèz nan lestomak li pou l pa t echwe, pou l pa t tonbe, pou yo pa t takinen li, oubyen pou l pa t anbarase tèt li ak fanmi li.
Nou wè, Easton soufri yon maladi ra ak destriktè, ki rele distwofi miskilè konjenital Ullrich. Maladi a pwogresivman ranpli jèn lavi li avèk gwo difikilte pandan ke l ap brize espwa l ak rèv li pou lavni. Byento, li pral nan yon chèz woulant an pèmanans. Fanmi l pa pale de sa k ap tann ni apresa.
Jou Dimanch apre òdinasyon l lan, Easton ta pral distribye sentsèn pou premye fwa. Epi motivasyon pèsonèl li te genyen sete pou l te ka prezante anblèm sakre sa yo bay papa li, ki sete evèk pawas la. Nan antisipasyon pou tach sa a, li te sipliye ak priye, li te kriye ak sipliye, pou l te jwenn garanti ke pa t ap gen pèsonn, okenn moun, ki ta pral eseye ede li. Pou plizyè rezon, ki pèsonèl a limenm, li te bezwen fè sa poukont li epi san èd.
Apre prèt la te fin kase pen an epi beni li—yon anblèm ki reprezante kò brize Kris la—Easton, avèk kò brize pa l la, te avanse pou l te resevwa plato pa l la. Men, te gen twa gwo mach ant sòl la nan chapèl la pou l te rive sou chè a anlè a. Konsa, apre l te fin resevwa plato l la, li te detire bra l osi wo ke l te kapab epi li te mete plato a sou sifas anlè ranp lan. Apresa, li te chita sou youn nan mach ki pi wo yo, epi avèk toulède men l,li te rale janm dwat li leve monte sou premye mach la. Apresa, li te rale pye goch li vin sou menm mach la, epi l te kontinye konsa jiskaske, penibleman, li te rive nan somè Mòn Everest twa mach pèsonèl li a.
Epi apresa, li te fè manèv rive nan yon poto ke l te ka kenbe pou l te ka leve kanpe. Li te retounen al pran plato a. Kèlke pa ankò epi li te kanpe devan evèk la, papa li, ki, avèk dlo ranpli je li ki t ap koule desann sou vizaj li, te oblije kenbe pou l pa t anbrase pitit gason pafètman kouraje ak fidèl sa a. Epi Easton, avèk soulajman ak yon gwo souri sou vizaj li, te kapab byen di, “Mwen glorifye [papa m epi] m fini travay [li te ban] m fè a.”
Lafwa, lwayote, purte, konfyans, onè, epi, alafen, lanmou pou papa sa a li te si anvi fè plezi a. Sa yo ak yon douzèn lòt kalite fè nou di tou,“Nenpòt moun … ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.”
Sè m ak frè m yo ak zanmi mwen, nan tèt lis pi bèl imaj mwen konnen yo, gen tibebe ak timoun ak jèn ki osi gen konsyans e ki gen yon valè inestimab tankou timoun nou te fè referans yo jodia. Mwen temwaye ke yo se imaj wayòm Bondye a ki ap fleri sou tè a nan tout fòs li ak tout bote li.
Nan menm espri temwayaj sa a, mwen rann temwayaj ke pandan l te jèn, Joseph Smith te wè sa l di li te wè a epi li te konvèse avèk moun li di li te pale yo. Mwen temwaye ke yon enb ak pur Russell M. Nelson se pwofèt òdone Bondye epi li se pwofèt ak vwayan enspire. Soti nan tout yon lavi lekti, mwen rann temwayaj ke Liv Mòmon an se liv ki pi rekonpansan mwen janm li epi li wòch santral nan ti demè m lan nan yon wayòm ki ranpli ak palè. Mwen rann temwayaj ke pretriz la ak lapriyè restore lavi mwen—pretriz Kris la ak priyè nou yo. Mwen konnen tout bagay sa yo se verite epi mwen rann temwayaj konsènan sa nan non pi lwayal ak pi enb nan tout pitit Bondye yo—Alfa ak Omega a, Gran Mwen Menm nan, krisifye a, temwen fidèl la— ki se Senyè a, Jezikri, amèn.