Konferans Jeneral
Otorite Diven, Jènjan Siblim
Konferans jeneral Avril 2025


11:44

Otorite Diven, Jènjan Siblim

Mwen rekonesan ajamè dèske detantè Prètriz Aawon yo, avèk pouvwa, òdonans, ak devwa l yo, vrèman beni nou tout.

Mèsi, Èldè Andersen, pou bèl ekspresyon pouvwa pètriz la ak pouvwa ekspiyasyon Senyè a.

Yon Dimanch maten an Janvye sa a, pandan m te chita nan reyinyon sentsèn, yo te soutni plis pase yon douzèn jèn gazon pou yo te avanse nan Prètriz Aawon an. Mwen te santi mond lan ap chanje anba pye nou.

Mwen te reyalize ke tout kote nan mond lan, nan lè chak zòn, nan reyinyon sentsèn tankou sa a, dè dizèn de milye dyak, enstriktè, ak prèt—tankou zanmi Prezidan Holland lan maten an, Easton—t ap soutni pou òdinasyon nan ministè prètriz pou tout yon lavi ki kouvri tou lajè ak grandè rasanbleman Izrayèl la.

Chak Janvye, enpozisyon dèmen sou tèt apeprè 100.000 jènjan, pou konekte yo atravè òdonans avèk yon liy otorite klè ki remonte travèse epòk Retablisman an rive sou Joseph ak Oliver,pase pa JanBatis, epi rive jwenn Jezikri.

Kounyeya, Legliz nou an se pa yon Legliz demonstratif. Ladan, nou trè rezève.

Men toujou, lè m wè pakèt nouvo detantè prètriz apèn òdone sa yo k ap gaye toupatou sou tè a, mwen mande tèt mwen—nan sa a ki se yon “legliz lajwa” a—si nou pa ta dwe di l byen fò sou tèt kay yo. “Jodia,” mwen te panse, “ta dwe gen twonpèt ak senbal byen fò ak bouji Women tou limen. Ta dwe gen parad!”

Konesan pouvwa Bondye pou sa li ye vrèman an, nou se temwen boulvèsman ki fèt nan pratik yo nan mond sa a pa otorite divin ki ap anvayi latè a.

Òdinasyon sa yo angaje jènjan sa yo nan sèvis tout yon lavi pandan yo pral twouve yo nan moman ak sitiyasyon espesyal kote prezans yo ak priyè yo ak prètriz Bondye a yo detni an pral pwofondeman enpòtan.

Chèn reyaksyon kontwole sa a te kòmanse avèk ministè yon zanj Bondye te voye. Jan Batis, pwofèt ansyen tan an, resisite, te parèt devan Joseph ak Oliver, li te mete men sou tèt yo, epi l te di, “Sou nou menm sèvitè asosye m yo, nan non Mesi a, mwen konfere Prètriz Aawon an, ki gen kle ministè zanj yo, ak levanjil repantans lan, ak batèm plonje anba dlo pou padon peche yo” (Doktrin ak Alyans 13:1).

Jan te rele otorite sa a “Pètriz Aawon,” nan non frè ak konpanyon prètriz Moyiz la. Otrefwa, detantè prètriz Arawon sa yo te gen devwa pou anseye ak ede nan òdonans yo—òdonans ki te ede disip yo konsantre sou Mesi ki t ap vini an, Senyè a, Jezikri (gade Detewonòm 33:10).

Liv Resansman an klèman asiyen detantè prètriz Aawon yo responsabilite pou yo jere itansil òdonans yo. “Epi ou pral chwazi Aawon ak pitit gason l yo … epi yo pral responsab … tab la … ak istansil yo pou sanktyè a kote y ap sèvi a” (Resansman 3:10, 31).

Òdonans sakrifis bèt Ansyen Testaman yo te akonpli epi ranplase atravè lavi ak Ekspyasyon Sovè a. Ansyen òdonans sa a te ranplase pa òdonans nou rele kounya sentsèn Soupe Senyè a.

Senyè a konfye tout detantè prètriz Aawon modèn yo tach pou yo fè menm bagay yo ki te fèt lontan yo: pou anseye ak administre òdonans yo—ki tout raple nou de Ekspyasyon L la.

Lè dyak, enstriktè, ak prèt yo ede avèk sentsèn nan, yo resevwa benediksyon l yo menm jan ak tout lòt moun: si yo kenbe alyans yo fè yo pandan y ap pran endividyèlman pen an ak dlo a. Men nan pèfòmans devwa sakre sa yo, yo aprann plis konsènan responsabilite prètriz yo tou.

Prètriz Aawonik la rele prètriz preparatwa an pati paske òdonans li yo pèmèt yo fè eksperyans pwa ak lajwa ki genyen lè yo nan sèvis Senyè a, pou prepare yo pou sèvis nan prètriz la alavni, lè yo petèt jwenn apèl pou sèvi nan fason enprevi—ki enkli pwononse benediksyon enspire nan moman kote espwa ak rèv, e menm lavi ak lanmò, chita sou yon balans ensèten.

Atant serye sa yo mande yon preparasyon serye.

Doktrin ak Alyans eksplike ke dyak yo ak enstriktè yo “dwe avèti, eksplike, egzòte, ak anseye, epi envite tout moun vin jwenn Kris la” (Doktrin ak Alyans 20:59). Anplis opòtinite sa yo, prèt yo dwe, “preche … ak batize” (Doktrin ak Alyans 20:50).

Oke, tout sa sanble yo anpil, men nan mond reyèl la, bagay sa yo ap fèt tou natirèlman e tout kote nan mond lan.

Yon evèk te anseye nouvo prezidans kowòm dyak li a devwa sa yo. Konsa, jèn prezidans lan te kòmanse pale sou kisa sa vledi pou yo nan kowòm yo ak nan pawas yo. Yo te deside ke yo te dwe kòmanse vizite manm pawas ki granmoun yo pou yo te ka wè kisa yo te bezwen epi al fè sa.

Pami moun yo te sèvi yo, te genyen Alan, yon vwazen difisil, ki te souvan gwosye, e pafwa ostil. Madanm Alan, Wanda, te vin manm Legliz la, men Alan, jan n ta di, te mande anpil travay.

Malgre sa, dyak yo te fè travay yo, yo te inyore ensilt li yo nan yon fason komik, pandan yo t ap pèlte nèj epi al jete fatra pou li. Sa difisil pou yon moun rayi dyak yo, epi Alan te finalman te kòmanse renmen yo. Rive yon lè, yo te envite l vin legliz.

“Mwen pa renmen legliz,” li te reponn.

“Oke, ou renmen nou,” yo te di. “Konsa, vini akèk nou. Ou ka jis vini nan reyinyon kowòm nou an si w vle.”

Avèk otorizasyon evèk la, li te vini—epi li te kontinye vini.

Dyak yo te vin enstriktè, epi pandan yo te kontinye sèvi li, li te anseye yo kijan pou yo te repare machin ak konstwi anpil bagay. Letan pou dyak sa yo te soti nan-enstriktè-pou te vin prèt, Alan te rele yo “pitit gason m yo.”

Yo t ap prepare avèk dilijans pou yo t ale nan misyon epi yo te mande Alan si yo te ka fè pratik leson misyonè yo avèk li. Li te sèmante pou l pa t janm koute ni kwè, men, wi, yo te ka vin pratike lakay li.

Epi Alan te vin malad. Epi li te adousi.

Epi yon jou nan yon reyinyon kowòm, li te mande yo dousman pou yo te priye pou li pou l te ka sispan fimen, epi yo te fè sa. Men apresa, yo te swiv li ale lakay li epi yo te retire tout rezèv tabak li te sere.

Lè pwoblèm sante l te mennen l lopital ak nan sant reyabilitasyon, “pitit gason l yo” te sèvi li, nan trankilman montre pouvwa prètriz la ak lanmou san fay (gade Doktrin ak Alyans 121:41).

Mirak la te kontinye lè Alan te mande pou l te batize—men apresa, li te mouri avan l te kapab fè sa. Sou demand li, dyak li yo ki te vin prèt kounyea te pote sèkèy li epi yo te pale nan antèman li, kote yo te—selon devwa yo—avèti, eksplike, egzòte, anseye, epi envite tout moun vin jwenn Kris la.

Epi nan apre, nan tanp la, sete youn nan “pitit gason Alan yo” ki te batize ansyen prezidan kowòm dyak la pa pwokirasyon pou Alan.

Tout sa Janbatis te di pou fè yo, yo te fè l. Yo te fè sa dyak, enstriktè, ak prèt yo fè tout kote nan Legliz sa a ak ak tout kote nan mond la.

Youn nan bagay detantè prètriz Aawon yo gen tach pou yo fè enplike òdonans sentsèn nan.

Ane pase mwen te rankontre yon evèk enspire avèk mandanm ekstròdinè li. Yon Samdi maten resaman, spandan yo t ap kondui pou yo t ale nan batèm pitit gason yo a, yo te trajikman ak sibitman pèdi bèl pitit fi dezan yo a, Tess.

Nan demen maten, manm pawas yo te reyini pou yon reyinyon sentsèn ranpli ak konpasyon, men soufrans tou pou lanmò ti pitit fi pafè yo sa a. Pèsonn pa t atann ke fanmi evèk la t ap legliz la nan maten sa, men kèlke minit avan reyinyon an te kòmanse, yo te antre trankilman epi pran plas yo.

Evèk la te ale sou chè a epi li te mache kite plas abityèl li nanmitan konseye l yo epi l t al chita nan mitan prèt yo sou tab sentsèn nan.

Pandan nuit lapenn ak san somèy sa l te pase ap chèche konpreyansyon ak lapè a, li te resevwa yon gwo enpresyon sou sa fanmi li te vrèman bezwen—ak kisa pawas li te plis bezwen. Sete pou yo te tande vwa evèk yo a, prezidan Prètriz Aawon an, papa yo ki te nan lapenn nan, ap pwononse pwomès alyans sentsèn yo.

Konsa, nan moman apwopriye a, li te mete ajenou avèk prèt sa yo epi l te pale avèk Papa Li. Avèk tout emosyon ki te nan okazyon sa a, li te pwononse kèk nan pawòl ki te pi puisan ke yo te janm pèmèt yon moun pwononse awotvwa nan lavi sa a.

Pawòl ki gen pòte etènel.

Pawòl yon òdonans.

Pawòl yon alyans.

Enstriksyon ki konekte nou avèk vrè bi lavi sa a—epi avèk rezilta ki pi mayifik yo nan plan Papa nou ki nan Slèl la pou nou an.

Èske w ka imajine kisa kongregasyon an te tande nan chapèl sa a jou sa a—kisa yo te santi nan pawòl ke nou tande chak Dimanch nan chapèl nou yo?

“O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo. Amèn” (Doktrin ak Alyans 20:77).

Epi apre sa: “O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye [dlo] sa a pou nanm tout moun ki bwè ladan l, pou yo kapab fè sa nan memwa san Pitit Gason w lan, ki te koule pou yo; pou yo kapab rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo toujou sonje l, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo. Amèn” (Doktrin ak Alyans 20:79).

Bon manman ak papa sa a temwanye ke pwomès sa a te akonpli. Yo akonpli, anfèt, pou rekonfò etènèl yo, yo “gen Lespri Li avèk yo.”

Mwen etènèlman rekonesan ke detantè Prètriz Aawon yo, avèk pouvwa, òdonans, ak devwa l yo, beni nou tout atravè kle reyèl “ministè zanj yo, ak levanjil repantans lan, ak batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo” (Doktrin ak Alyans 13:1). Nan non Jezikri, amèn.

Remak

  1. Gade Patrick Kearon, “Byenveni nan Legliz Lajwa a,” Liahona, Nov. 2024, 36–38.

  2. Nan diskou konferans jeneral li a “Byenveni nan Legliz Lajwa a,” Èldè Kearon te voye nou nan referans 10 anba paj la, nan ansèyman Prezidan Gordon B. Hinckley a: “Lè, antanke prèt, ou mete ajenou bò tab Sentsèn nan epi w fè priyè a, ki te vini pa revelasyon, ou mete tout kongregasyon an anba alyans avèk Senyè a. Èske sa se yon ti bagay piti? Se bagay pi enpòtan ak pi remakab la” (“Prètriz Aawon an—Yon Don Bondye,” Ensign, Me 1988, 46).