Konferans Jeneral
Atansyon ak Dezyèm Tantasyon an
Konferans jeneral Avril 2025


11:36

Atansyon ak Dezyèm Tantasyon an

Pa kache pou moun k ap renmen w ak sipòte w yo, kouri al jwenn yo pito.

Sa gen dezan, lè m te vin gen 12 an, yo te envite m patisipe nan premye kan denui kowòm Pretriz Aawon an. Se te yon envitasyon m t ap tann lontan, paske papa m te yon dirijan nan kowòm nan epi souvan li te konn ale nan kan avèk jènjan yo nan pawas la pandan m te rete lakay mwen.

Lè jou a te rive, mwen te eksite. E mwen dwe admèt ke m te dezespereman vle entegre avèk pi gran jènjan yo. Mwen te detèmine pou m te fè prèv mwen. Nan efò sa a, sa pa t pran tan pou yo te teste m pou wè si m t ap jwe jwèt la epi vin fè pati gwoup la.

Tach pa m sete pou m te pran kle machin papa m nan pou yo te kapab fè yon blag sou dirijan yo. M pa sonje egzakteman sa m te di pou m te konvenk papa m, men tousuit apre, m te kouri al jwen jènjan yo avèk kle yo nan menm m, fyèr de akonplisman m nan.

Apresa mwen te resevwa pwochen tach la. Mwen te dwe ouvri pòt machin nan epi kwense yon baton ant dosye chèz chofè a ak klakson machin nan. E mwen te gen pou m te lòk pòt la pou ke lè klaksòn nan te tonbe fè bri nan nuit la, pa t ap gen okenn mwayen pou yo te antre nan machin nan pou retire baton an.

Kounyea , se la a istwa a te vin penibleman anbarasan pou mwen. Yon fwa m te fin mete baton an anplas, mwen te lòk pòt la epi m te kouri osivit ke m te kapab pou m t al kache nan buison tou pre a. Panda m te akwoupi atè a, m te santi yon gwo doulè. Nan fènwa a ak nan prese m nan, m te chita sou yon pye rakèt.

Pye rakèt pikan an.

Bri klaksòn machin nan te toufe kri doulè m yo, epi mwen pa t gen lòt rekou ke retounen ap bwate tou dousman nan machin nan, pou m te konfese “peche” m yo, epi chèche swen medikal debaz anbarasan.

Pou rès nuit sa a, mwen te kouche sou vant nan yon tant pandan papa m t ap itilize yon pens pou l te retire pikan rakèt la nan … bon, kite m jis di nou ke m pa t ka chita alèz pou plizyè jou apresa.

Mwen reflechi sou eksperyans sa a anpil fwa. Kounyea mwen kapab ri de foli jenès mwen an, menm si kèk prensip kache te vin klè pou mwen.

Anpil tandans nan konpòtman imen yo sanble yo komen nan lòm natirèl la—dezi pou n entegre, dezi pou pwouve tèt nou, krent pou nou pa rate anyen, ak bezwen ijan pou nou kache pou evite konsekans yo. Se sou dènye konpòtman sa a m ap konsantre jodia—kache apre nou fin fè yon bagay nou pa ta dwe fè.

Kounyea, mwen pa vle konpare blag danfans mwen avèk yon peche grav, men nou kapab etabli kèk paralèl ki kapab itil lè n ap rankontre eprèv nan sejou nou nan mòtalite a.

Nan Jaden Edèn nan, Adan ak Èv te nan yon sikonstans espesyal—manje an abondans, bote enkonparab jaden an—non sèlman yon jaden bote, men yon jaden ki pa t gen ni movèzèb, ni kaktis pikan.

Sepandan, nou konnen ke jaden an te limite pwogresyon yo te bezwen an. Jaden an se pa t yon destinasyon final, men yon tès, premye nan anpil, ki t apral mete yo aleprèv, prepare yo, epi pèmèt yo pwogrese al nan destinasyon final yo ki se retounen nan prezans Papa a ak Pitit Gason an.

W ap sonje ke te gen opozisyon nan jaden an. Lisifè te jwenn otorizasyon pou l te eseye tante Adan ak Èv. Li te tante Adan anpremye pou l te manje nan fwi pyebwa konesans byen ak mal la. Lè l te sonje kòmandman pou l pa t manje l la, Adan te reziste. Apresa sete tou pa Èv, ki te chwazi manje fwi a, epi li te konvenk Adan pou l te fè menmjan an.

Nan apre, Adan ak Èv te deklare ke desizyon sa a te nesesè pou akonpli plan Pè Selès la. Men nan pataje fwi a, yo te transgrese lwa a—yon lwa Papa a te ba yo dirèkteman. Rezilta a se te yon konpreyansyon akablan sou byen ak mal ki siman te kite yo nan yon angwas lè yo te tande vwa Papa a anonse retou Li nan jaden an. Yo te reyalize ke yo te toutouni, paske se vre, anfèt, yo t ap viv san rad, nan yon eta inosans. Men petèt, sa ki te pi fè mal pase lefèt ke yo pa t gen rad sou yo nan moman sa a, sete ke, kounyea, yo te ekspoze pou transgresyon yo a. Yo te san defans ak vilnerab. Yo te toutouni nan tout sans mo a.

Epi Lisifè, opòtinis la ki te konnen eta ekspoze ak fèb yo a, te tante yo yon fwa ankò—fwa sa a pou yo t al kache pou Bondye.

Tantasyon sa a—m ap rele l “dezyèm tantasyon”— se tantasyon ki ka pote pi gwo konsekans si nou sikonbe anba l. Asireman, evite tout premye tantasyon pou kraze lwa Bondye a pi bon, men nou konnen ke nou tout ap sikonbe a yon seri de premye tantasyon isit sou tè a. Pandan n ap pwogrese al nan matirite ak konpreyansyon nou, nou espere ke fòs nou pou n evite premye tantasyon yo ap kontinye ogmante pandan n ap fè efò pou nou vin plis tankou Sovè nou an, Jezikri.

Kèk moun gen dwa tante kache pou Bondye paske yo pa vle moun dekouvri yo oswa ekspoze yo, epi yo santi yo wont oswa koupab. Men, gen anpil ekriti ki anseye nou ke kache pou Bondye enposib. M ap pataje kèk avèk nou.

Senyè a anseye Jeremi atravè kesyon sa yo: “Gen kote yon moun ka al kache pou m pa wè l? Se Seyè a menm ki di sa. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a?”

Epi Jòb te aprann:

“L ap veye tout vire tounen lèzòm. L ap gade tout kote y ap mete pye yo.

“Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l wè sa mechan yo ap fè.”

Salmis David te pwoklame nan yon fason pi powetik:

“O Senyè, ou sonde m, ou konnen kimoun mwen ye.

“Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe, ou konnen tou sa k ap pase nan tèt mwen. …

“Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.

“Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou?

“Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou.”

Nouvo Konvèti yo

Pou moun ki fèk konvèti nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, dezyèm tantasyon an ka sanble patikilyèman difisil. Atravè batèm nou, nou fè alyans pou nou pran sou nou non Jezikri, ki pou anpil moun enkli yon chanjman nesesè nan jan yo viv. Change jan n ap viv pa fasil. Souvan sa mande pou nou chanje abitid ak pratik ak menm frekantasyon nou pou nou ka pwogrese nan direksyon Papa nou ki nan Syèl la.

Advèsè a konnen ke nou kapab vilnerab anba atak sibtil li yo. L ap eseye fè ansyen lavi w la, ki te kite w san satisfaksyon nan anpil fason an, vin sanble l enkwayableman atiran kounyea. Akizatè a, jan yo rele li nan liv Revelasyon an, pral tante w avèk panse ki sonnen tankou sa a: “Ou pa solid ase pou w chanje lavi w; ou paka fè sa; ou pa gen plas ou pami moun sa yo; yo pa p janm aksepte w, ou twò fèb.”

Si panse sa yo sanble yo sonnen vrè pou oumenm ki fèk antre sou chemen alyans lan, mwen sipliye ou pou w pa tande vwa akizatè a. Nou renmen w; ou kapab fè l; nou aksepte ou; epi, avèk Sovè a, w ap jwenn fòs pou w fè tout bagay. Nan yon moman kote ou plis bezwen lanmou ak sipò nou, pa kite yo desevwa w nan panse ke n ap rejte w si w fè yon pa an aryè tounen nan mòd devi pase w la. Gras ak pouvwa enkonparab Ekspyasyon Jezikri a, ou kapab antye ankò. Men si w kache pou Li epi w ekate w de kominote lafwa ou fèk jwenn nan, w ap ekate w de sous ki kapab ba ou epi ki ap ba ou fòs pou w simonte a.

Yon bon zanmi mwen, yon nouvo konvèti, te pataje kijan li difisil pou soutni lafwa nan izolasyon. Gen yon gwo fòs nan vini epi rete manm nan yon kominote ki solidè—tout moun ap trebiche men y ap pwogrese padan ke y ap beni pa lanmou Jezikri.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke “venk mond sa a se pa yon evenman ki rive nan youn oswa de jou. Li rive atravè tout yon lavi pandan n ap anbrase doktrin Kris la san rete. Nou kiltive lafwa nan Jezikri lè nou repanti chak jou epi nou kenbe alyans yo ki dote nou avèk pouvwa. Nou rete sou chemen alyans lan epi nou beni avèk fòs espirityèl, revelasyon pèsonèl, lafwa k ap grandi, ak ministè zanj yo.”

Si w sibi yon blesi fizik, kondisyon ou ka deteryore e lavi w ka menm vin menase si w pa chèche bon jan atansyon medikal. Se menm bagay la pou blesi espirityèl yo tou. Se sèlman blesi espirityèl ki pa trete yo ki kapab menase sali etènèl ou. Pa kache pou moun k ap renmen w ak sipòte w yo; kouri al jwenn yo pito. Bon evèk, bon prezidan branch, ak bon dirijan ka ede w jwenn aksè nan pouvwa gerizon Ekspyasyon Jezikri a.

Pou moun ki petèt ap kache yo, nou sipliye w pou w retounen. Ou bezwen sa levanjil la ak Ekspyasyon Jezikri a ofri a, e nou bezwen sa w ofri a. Bondye konnen peche w yo, ou pa kapab kache pou Li. Rekonsilye w avèk Li.

Antanke Sen Li, nou chak dwe ankouraje yon kilti apatenans nan Legliz la ki se renmen, aksepte, ak ankouraje tout moun ki vle pwogrese sou chemen Li a.

Atansyon ak Dezyèm Tantasyon an Suiv konsèy pwofèt yo, ni ansyen ni modèn yo, epi konnen ke ou pa kapab kache pou yon papa eman.

Olyedesa, pwofite pouvwa gerizon mirakile Ekspyasyon Jezikri a. Sa se vrè bi egzistans nou—pou nou jwenn yon kò ki fèb epi ki mòtèl ki “sijè anba tout kalite enfimite” epi k ap sikonbe malerezman anba anpil premye tantasyon; k ap pwogrese menm lè nou tonbe anba tantasyon sa yo; epi k ap chache èd divin apre sa fin pase, pou nou kapab vin plis tankou Sovè nou an ak Papa nou ki nan Syèl la. Sa se fason Li. Se sèl fason an. Konsènan verite sa yo mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.